Haiti
Ti chèz ba

Enkyetid GARR ak PADPA sou enstalasyon zon franch nan fwontyè a


Ekri jou lendi 8 avril 2002

Konferans pou Laprès, lendi 8 avril 2002

Sa fè kèk tan depi koze zòn franch nan tout liy fwontyè a ap pale. Men depi apre vizit prezidan Aristid nan Santo Domingo, 16 janvye ki sot pase la, gen yon vitès siperyè ki pase. Nan mitan mwa fevriye a, Direksyon Jeneral Enpo(DGI), avèk alatèt li Mesye Jocelerme Privert, te rann li nan Wanamaent ansanm ak plizyè teknisyen dominiken pou yo apante yon kantite tè kote gouvènman Ayiti ak gouvènman dominiken chwazi pou enstale premye zòn franch yo nan Nòdès. Dapre laprès dominikèn, nan jou sa yo, 2 chèf Leta yo(Jean Bertrand Aristid ak Hipolito Mejia) gen pou yo inogire ofisyèlman koumansman enstalasyon premye zòn franch bi-nasyonal yo.

Dapre menm enfòmasyon yo, se gwoup M, yon gwoup bizisman ki enstale deja an Repiblik Dominikèn plizyè zòn franch, ki pral tabli faktori sa yo sou fwontyè a. Gwoup sa a te fonde nan lane 1980 yo, lè mouvman dechoukay te tanmen an Ayiti pou l te kapab pwofite de faktori ki ta pral kite Ayiti akòz sitiyasyon politik la ki te koumanse mangonmen.

Tout nouvèl sa yo ki konsène pwojè zòn franch sa yo, se nan laprès dominikèn nou jwenn yo. Gouvènman ayisyen an ki toujou ap preche transparans, pa janm bay okenn enfòmasyon sou sa.

Nan Wanament, yo monte sou pi bon tè ki genyen nan plèn Maribawou, yo penetre nan lakou moun yo pou fè apantaj. Lè moun yo mande yon ti esplikasyon, pèsonn pa reponn yo. Tout otorite nan zòn nan bèbè sou kesyon an, oubyen yo di yo pa konnen sa k ap pase.

Devan tout manèv anbachal sa yo, nou gen anpil enkyetid e nou fè konferans sa a pou nou di enkyetid nou, pou nou di jan nou estomake devan konpòtman gouvènman ayisyen an k ap mennen tout aktivite sa yo nan non nasyon an, san li pa founi okenn esplikasyon, san li pa fè okenn deba, alòske pwojè zòn franch sou fwontyè a pral gen anpil konsekans sou lavni peyi a.

Noumenm GARR ak PAPDA n ap poze tèt nou kesyon sa yo :

1. Ki plan amenajman gouvènman ayisyen an genyen pou depatman Nòdès la ?

2. Ki rapò ki genyen ant enstalasyon zòn franch yo ak rès ekonomi peyi a ?
Kisa k ap fèt pou zòn franch sa yo pote debon e non malè pou lòt sektè
pwodiksyon yo, tankou sektè agrikòl la ?

3. Kijan Leta ayisyen ap fè pou kontwole mouvman popilasyon ki vle pa vle pral vin chache travay nan zòn sa yo ? Kisa ki prevwa pou travayè yo jwenn manje, dòmi, sekirite, edikasyon, laswenyaj eksetera ?

4. Nan ki kondisyon yo pral travay ? Ki salè y ap touche ? Anba labanyè ki kòd travay yo pral fonksyone ? Eske se Kòd travay ayisyen oswa kòd travay dominiken ?

5. Ki pwoteksyon espesyal k ap pran pou dwa fanm yo respekte ? Eske ouvriye yo ap gen dwa fè sendika ?

6. Kilès k ap reskonsab sekirite nan zòn sa a? Eske se Polis Nasyonal la oswa Lame Dominikèn?

7. (?)

8. Yo di se yon zòn franch jimèl ki pral tabli nan Nòdès la, sa vle di yon
zòn franch ant ayisyen ak dominiken k ap separe ak yon pon. Kijan travay la pral separe ant bizisman toulède peyi yo ? Eske zòn franch sa yo pa pral ogmante vyolasyon dwa moun ki toujou ap fèt sou fwontyè a?

Fas a tout enkyetid sa yo, noumenm GARR ak PAPDA, nou mande :

· Pou akò 2 prezidan yo fè antre yo pou zòn fwontyè a suiv chimen nòmal sa Konstitisyon ak Lwa pwyi a prevwa pou adopsyon tout akò ak lòt peyi. Se pou tout akò peyi a ap siyen ak Repiblik Dominikèn respekte diyite Pèp ayisyen an.

· Pou tout moun ak tout òganizasyon nan peyi a pote kole ak revandikasyon peyizan Nòdès yo ki mande pou yo pa rache tè agrikòl yo nan men yo pou plante beton zòn franch. Si gouvènman Lavalas la vle bati zòn franch, se pou li fè sa nan yon rejyon ki pa gen bon tè ; se pa pou l gaspiye ti kal bon tè ki rete nan peyi a kote peyizan yo rive jwenn toujou yon ti lavi.

· Se pou pito Ministè Lagrikilti pran tout dispozisyon pou ede pwodiktè
peyizan yo travay tè yo pi byen, mete irigasyon nan plèn Maribawou a pou peyizan yo fè plis manje, plis pwodui agrikòl dominiken yo deja ap achte nan men yo sou fwontyè a.

· Nou mande pou Leta ayisyen tabli yon politik klè pou tout zòn fwontyè a. Pou l defini yon plan amenajman pou tout depatman Nòdès la kote yo vle koumanse ak zòn franch yo. Plan sa a dwe fèt nan tèt kole ak tout aktè ekonomik ak sosyal nan depatman an. Plan sa a dwe teni kont de zòn agrikòl yo, de posiblite anviwonman zòn sa a ofri. Pou koumanse, Leta ayisyen kapab sèvi avèk etid ki pote tit "Liv Blan Depatman Nòdès la" Ministè Planifikasyon te deja prepare.

· Leta dwe reyalize tou yon etid ki va montre ki konsekans, ki enpak zòn franch la pral genyen sou zòn kote l ap enstale a. Etid sa a enpòtan anpil pou yon peyi ki fin devaste anba 500 lane piyaj ak iresponsablite Leta. Etid sa a enpòtan anpil lè nou konnen jeneralman zòn franch, akòz salè mizè yo peye ouvriye yo, toujou trennen dèyè yo yon flonn bidonvil ak anpil dega sou anviwonman an.

· Se pou Leta ayisyen esplike bay popilasyon an sou ki kritè y ap pataje reskonsablite zòn franch yo ant bizisman ayisyen ak bizisman dominiken. Enfòmasyon nou jwenn fè konnen tout sèvo izin sa yo ap tabli lakay vwazen, e se sèlman bra travayè ayisyen yo y ap bezwen. Si se konsa, ki avantaj nasyon an ap jwenn nan zòn franch sa yo ? Nou aprann Repiblik Dominikèn deja soti yon dekrè pou bese de yon tyè salè minimòm ki pral pratike nan zòn franch sou fwontyè a. Eske zòn franch sa yo pa yon lòt mwayen pou yo kontinye anfèmen nou nan yon lojik lamizè ki vle fè kwè sèl sa nou ka ofri nan rejyon an se bra nou ak syè nou pou anrichi kapitalis yo.

· Nou mande ankò pou gouvènman Lavalas la esplike nou aklè kijan zòn franch sa yo ki pral enstale nan fwontyè ap ede rezoud pwoblèm ki egziste deja ant 2 peyi yo sou kesyon migrasyon an. Yo pretann zòn franch yo pral frennen kantite moun ki pral janbe fwontyè a pou ale lakay vwazen. Nan sans sa a, yo prezante zòn franch yo kòm yon estrateji pou konstwi yon gwo basen pou kenbe ayisyen, pou anpeche yo travèse fwontyè a. Alòske pou noumenm, se lekontrè. Zòn franch yo pral atire anpil moun nan zòn fwontyè a, avèk risk pou konfli yo ogmante. Epi, kouman Leta ayisyen prevwa kontwole mouvman popilasyon sa a?
Ki fòs ki pral fè kontwòl sa a? Eske Fòs Lame dominikèn pa pral itilize pretèks feblès lapolis ayisyèn nan pou fè yon okipasyon degize sou tout liy fwontyè a ?

· Nou mande gouvènman ayisyen an pou l bay esplikasyon klè sou ki relasyon ki genyen ant pwojè zòn franch sou fwontyè a ak revandikasyon pèp la pou anilasyon dèt peyi a. N ap fè sonje se pa 2 mobilizasyon ki te fèt andedan peyi a pou mande retire fado dèt imoral sa a sou do nou, epi pou sèvi ak lajan sa a pou fè pwojè edikasyon, pwojè sante, pwojè pou apiye agrikilti ak ti antrepriz. Nou sezi tande gen yon makònay ki fèt anwo ak yon bann gwo zouzoun ayisyen ak dominiken, san patisipasyon moun ki t ap reklame anilasyon dèt la, pou yo mete kanpe yon fon"Ispayola" ak lajan anilasyon dèt 2 peyi yo.

Nou deklare kont mal taye sa a pa t pote okenn avantaj pou ayisyen ak dominiken pòv ki plis soufri anba fado dèt la. Okontrè, dil sa a reprezante yon gwo souflèt pou tout moun ki t ap lite kont dèt la ak pou tout zansèt nou yo ki, nan memwa endyen yo kolon te masakre, te batay zile a veritab non li apre lendepandans.

N ap fè remake se depi 1969 n ap tande fo pwomès plizyè gouvènman ki pase nan tèt pouvwa a ki vle fè n kwè peyi nou an dwe tounen " yon ti Taiwann nan Karayib la) avèk enstalasyon zòn franch kòm motè devlopman. Men istwa ekonomik peyi sa a montre pawòl sa yo se manti. Soutretans la an Ayiti se yon sektè fèmen ki pa makonnen ak okenn lòt sektè aktivite nan ekonomi. Ansuit, se yon endistri pye lejè ki pa estab, ki pa dirab, ki kouri leve tant li depi gen yon ti pwoblèm. Se yon sektè kote yo souse san travayè yo, espesyalman fanm yo, e ki kale bidonvil ak lamizè. Sèl fason pou zòn franch la ta pote yon ti kichòy pou peyi a, se si li te antre nan yon plan devlopman pi laj, yon plan ki klè, ki byen panse e ki makònen ak lòt sektè. Lè sa a, zòn franch la t ap vini kòm yon diplis, yon konpleman, men li pa p janm kapab tounen motè devlopman peyi a.

Pou n fini, n ap mande poukisa gouvènman ayisyen an chwazi faktori pito? Poukisa li pa envesti nan apiye peyizan yo k ap plante e k ap vann yon seri pwodui ki an demann jounen jodi a an Repiblik Dominikèn ak sou mache entènasyonal la ?

PAPDA ak GARR, 8 avril 2002