Haiti
Ti chèz ba

Deklarasyon yon dizèn òganizasyon ak enstitisyon nan sosyete sivil la Sou kontèks politik la


Ekri jou madi 24 Desanm 2002

Pòtoprens jou ki 16 desanm 2002

Depi kèk semèn sitiyasyon boulvès k ap brase bil peyi a pran yon vitès siperyè. Lit sosyal ak politik yo relanse. Flanm mobilizasyon popilè tout bon vre a kòmanse limen. Yon lòt fwa ankò, se jenès la (etidyan, elèv) ak divès lòt sektè ki deside avanse yon fason total kapital nan chimen lit ak mobilizasyon an.

Nou apiye òganizayon ki kwè li nesesè pou ankouraje kokenn chenn mobilizasyon sa a, òganize l pandan n ap poze kesyon sou pwoblèm fondal natal sosyete a nan konjonkti sa a. Nou kwè li nesesè pou kan popilè a bay lavalas ak prezidan Aristid kanè paske yo pa fè anyen pou satisfè revandikasyon pèp la tankou:

Batay pou tout moun viv tankou moun epi travay pou chanje kondisyon lavi sa ki pi pòv yo;

Batay pou fè respekte dwa yon seri kategori sosyal pou viv komsadwa, ouvriye, ti peyizan chomè, atizan, elatriye;

Batay pou fè respekte dwa grandèt majè peyi a;

Batay pou tabli yon politik ekonomik ki chita an premye sou resous peyi a ak pwoteje pwodiksyon ti pwodiktè yo, tankou ti peyizan, atizan, elatrye epi tou pwoteje anviwonman peyi a;

Batay pou yon seri revandikasyon popilè jwenn bon jan repons: kochon kreyol, refom agrè, kredi, kredi agrikol…;

Batay pou plis jistis sosyal epi rapouswiv tout moun ki enplike nan masakre ti peyizan, soti nan masak Jan Rabel la pou rive nan koudeta 91 lan.

Lavalas ak Aristid krache sou pwojè sa.a. Yo fè alyans ak panzouyis 30 sektanm yo, y ap aplike medsin chwal FMI, Bank mondyal. Yo fè peyi a tounen sèvyèt pye gwo peyi enperyalis yo ogmante pi plis la mizè mas yo, yo itilize malsite kèk moun nan mas popilè yo pou fè yo tounen chimè pou komèt krim politik pou defanm privilej gwo chabrak rejim la. Lavalas trayi lit pèp la e li trennen popilasyon an nan yon sitiyasyon twou san fon.

Men nou vle di ak tout lòt sektè konsekan yo fòk nou kenbe tèt frèt. Mas yo pa gen pou kwape kadav pou ale ranmase sèkey. Sa vle di :

1- Menm si nou bouke, menm si n ap batay pou kwape lavalas ak Aristid se pa pou okenn lòt sektè nan fòs reyaksyone yo pran woulib. Batay la rèd, sitiyasyon an difisil, men nou dwe bare wout ak kelkeswa kouran reyaksyonè ki pare pou aplike tèt bese politik bout di ak politik neyoliberal la :

2- Nou pa dwe konte sou okenn fòs etranje oubyen peyi enperyalis nan batay nou. Solisyon pwoblèm pèp la se nan men pep la li chita. Nou dwe goumen kont sitiyasyon kote peyi a ap vin pi restavèk.

3- Priyorite sektè popilè a jodi a se bay òganizasyon yo jarèt,, mobilize pandan nap konstwi yon altenativ demokratik ak popile. Etidyan, ouvriye, elev, fanm, peyizan, ti machann, chomè, se sèl nou menm ki ka angage tout bon vre peyi a sou chimen chanjman total kapital la. Batay la jounen jodia nan yon kalfou danjere. Nou dwe kwape Lavalas anmenm tan n ap kouche ankwa sou chimen retou lame ak tout lòt fòs reyaksyonè yo. Batay la konplike, men se sèl chwa konsekan nou ka fe jounen jodi a.

Mo dòd la se dekwoke Lavalas / Aristid ak tout lòt fòs reyaksyonè pandan n ap konstwi epi voye monte altènatif pèp la .

Oganizasyon ki siyen:

PAPDA, ICKL, SAKS, Kay Fanm, SOFA, PAJ, COHPEDA, SAJ, CRAD, ANDAH