Haiti
Ti chèz ba

3 avril 2002, 2 an apre kò sasinay sou Jean Léopold Dominique ak Jean-Claude Louissaint

Menm si tribinal poko di anyen, Opinyon Piblik la gen pou di laverite sou lotè zak la


Ekri jou lendi 1e avril 2002

Pòtop., 1 avr. 02 [AlterPresse]--- Malgre tout baryè yo mete sou chimen jistis la pandan 2 an ki sot pase yo, mobilizasyon k ap fèt nan peyi a ak lòt bò sou krim 3 avril 2000 la gen pou bay la verite sou kò sasinay ki te fèt sou Jean Leopold Dominique ak Jean-Claude Louissaint. Se sa Michele Montas, madan Jean Dominique, deklare bay ajans AlterPresse ki te pale ak li nan okazyon dezyèm lane depi yo te sasinen nan lakou Radyo Ayiti Entè Prezidan Direktè jeneral ak gadyen estasyon an.

" Franchman, nou pa konnen ki jan dosye a pral mache nan jou ak mwa k ap vini yo, paske gen anpilpikan kwennan. Gen de lè n ap mande tèt nou èske nou mezire kantite moun ki dèyè krim san parèy 3 avril 2000 lan, lè nou konsidere blokaj nou jwenn nan nivo Lajistis. Men, toutotan limyè poko fèt, n ap kontinye batay pou laverite blayi. Si se pa devan yon tribinal andedan sistèm lajistis la, n ap jwenn jistis devan tribinal opinyon piblik la ", dapre sa michele Montas fè ajans AlterPresse konnen.

Akòz degenn gwoup chimè lavalas yo, fanmi Jean dominique sètoblije annile yon rasanbleman piblik yo te konte òganize 3 avril 2002 a ak patisipasyon plizyè atis sou youn nan plas piblik Pòtoprens yo.

Men, ajans AlterPresse aprann Komisyon katolik Jistis ak Lapè prevwa fè yon seri brase lide ak chita pale andedan legliz nan tout peyi a pou fè chonje dat 3 avril lan. Gen peyizan ki konte tou òganize kèk aktivite divès kote sou teritwa peyi d Ayiti a, menm si yo p ap fè gwo rasanbleman plizyè milye moun akoz danje ki genyen nan moman an.

Nan okazyon 3 avril lan, Oganizasyon Amnesty International met deyò yon papye espesyal sou dosye Jean Dominique et de Jean-Claude Louissaint an. Reporters Sans frontières(RSF), ki se òganizasyon entènasyonal k ap defann dwa jounalis ak libète laprès, ki gen biwo prensipal li an Frans, fè sòti yon espòt an akreyòl ak franse, kote li reprann revandikasyon Jistis pou Jean Dominique ak Jean-Claude Louissaint, Jistis tou pou jounalis Brignol Lindor òganizasyon " dòmi nan bwa " te rache ak manchèt nan dat 3 desanm 2001 nan Ti Gwav.

3 avril 2002 la, Repòtè San Fwontyè pral bay yon konferans pou la près nan Pari sou kesyon an tou. Gen lòt aktivite mobilizasyon ki gen pou fèt Okanada ak Ozetazini, nan okazyon dezyèm lane depi kò sasinay lan te fèt nan lakou Radyo Ayiti Entè.

Gen tou yon Alyans entènasyonal, ki gen ladan anviwon 200 atis ak ekriven, k ap kontinye mande Jistis pou Jean Dominique et Jean-Claude Louissaint. Lòt jou la a, aktè nwa ameriken Denzel Washington, ki fèk sot resevwa gwo Pri ki rele Oska Pi gwo Aktè Sinema 2002 a, te pote solidarite l bay Michèle Montas nan vil Wachintonn, alòske aktè Danny Glover te remèt bay madan jean Dominique yo ti estati an memwa jean Dominique.

"Mwen te konprann solidarite a ta pral mouri firamezi tan ap pase, men ka Jean Dominique ak Jean-Claude Louissaint an rete yon senbòl pou anpil òganizasyon entènasyonal dwa moun, yon ka ki rezime tout batay k ap mennen an favè Lajistis depi 200 an an Ayiti", dapre sa Michele Montas di AlterPresse li santi.

Nan sans sa a, Fondasyon Eko Vwa Jean Dominique pral eseye ranmase yon ti kòb pou Radyo Ayiti nan dat 3 avril 2002 a, pandan li pral pase fim Jonathan Demme ki rele " Agwonòm lan ". Gen anpil moun ki te wè yon premye moso fim sa a nan Reks Teyat nan ane 2001 an.

Nan mwa k ap vini yo, gen yon konpak dis k ap soti ak plizyè editoryal, analiz politik Jean Dominik te fè sou evenman ki te pase nan listwa peyi d Ayiti, tankou analiz li te fè an 1980 anvan 28 novanm ki te rele " bal lan fini, bon apeti mesye ". Gen yon liv tou ki gen pou parèt ak yon seri tèks sou konstitisyon , sou manda yon chèf leta ak lot sijè ankò. Liv sa a te an chantye anvan kò sasinay 3 avril 2000 lan, e Jean Dominique te deja jwenn yon tit pou liv sa a.

Blokaj sou chimen lajistis la pa dwe fè nou bat ba

Michele Montas di li an kòlè jodi a lè li wè kouman enstitisyon nasyonal yo pa sanble deside fè limyè sou kò sasinay 3 avril 2000 lan. Menm jan ak òganizasyon k ap defan dwa moun yo, li mande pou otorite yo rele jij Claudy gassant retounen sou dosye a, yo te remèt an janvye 2002 bay yon lòt jij san okenn esplikasyon ni transparans.

" 2 an apre, malgre tout pwomès ki te fèt yo, nou wè dosye Jean Dominique ak jean-Claude Louissaint an bloke, ni bò kote Lajistis, ni bò kote Pouvwa Ekzekitif, lapolis ak Sena. Li klè gen gwo enterè kache dèyè kò sasinay 3 avril 2000 lan. Moun ki te voye fè krim, ki gen anpil pouvwa politik ak pouvwa lajan kapab anpeche Lajistis mache sou kozman an ", dapre sa Michele Montas konsidere. Madan Jean Dominique di li posib pou yo bay yon jistis fòs kote, yo kapab di " men moun ki koupab yo, pwen final, yo pa konnen ki yès ki te peye pou fè zak lan ".

Sa fè l di òdonans, desizyon ki pou soti pou pwosè a fèt, bloke nèt. Dapre lalwa, yon jij pa gen dwa revele sekrè enstriksyon l ap mennen, ni li pa kapab fè arete oswa deklare kòm konplis, yon moun ki anba pwoteksyon, pwoteksyon Lachanm. Se vre, dosye Jistis sou krim 3 avril 2000 lan bloke nan nivo Prezidans 26 novanm nan ki kontinye manda Claudy Gassant an.

" Mwen pa di Gassant, se sèl jij ki ta kapab anchaje dosye a, men pandan 16 mwa li t ap fouye zo nan kalalou, dosye te fè yon ti vanse. Misye te fè arete yon komisè Polis , yo te vin lage an apre ak konplisite Lajistis, ak konplisite Pouvwa Ekzekitif la. Rezon an, se paske yon moun ki polisye an Ayiti li pi wo pase lalwa. Yon " ti jij enstriksyon ", jan yo t ap rele Claudy Gassant, pa ka pretann li ka fè arete oswa poze yon polisye kesyon ", dapre sa Michele Montas presize.

Prezidan 26 novanm nan te lage sou do ministè lajistis chay pou konnen èske l ap kontinye oswa li p ap kontinye ak manda jij enstriksyon. Se sa Jean bertrand Aristide te deklare bay la près konsènan mandan 4 jij enstriksyon (pami yo manda Claudy Gassant an), jou ki te jedi 28 mas 2002, lavèy 15 an depi yo te vote Konstitisyon 29 mas 1987 la, pandan li t ap pale devan yon moniman sou konstitisyon sou Chann Mas nan Pòtoprens.

Michele Montas gen gwo enkyetid pou dosye kò sasinay jean dominique ak jean-Claude Louissaint an pa antere nèt, paske li pa santi jij yo mete sou dosye a byen okouran tout detay afè a. Se enpresyon sa a li genyen apre jij sa a te konvoke l. Si se jij sa a ki pral kontinye ankèt la, sa ka pran anpil tan pou l reli repons apeprè 90 moun, jij Claudy gassant te deja tande sou kozman an.

Pandan 2 an ki sot pase yo, gen 2 moun yo te sispèk nan kò sasinay lan, Jean Wilner Lalanne ak Panel Renelus, ki twouve lanmò yo yon fason dwòl, pandan yo te sou kont Lapolis. Anplis, yon demann pou retire privilèj ansyen ofisye militè Dany Toussaint trennen pandan 6 mwa nan Sena 2000 lan, san okenn desizyon pa soti.

Michele Montas kwè li pa gen jodia sipò li te sanble jwenn nan premye ane kote yo t ap fouye pou konnen ki yès ki dèyè kò sasinay 3 avril 2000 lan. Li pa gen sipò : ni bò kote Pouvwa Ekzekitif la ki la pou veye si ennstitisyon piblik yo ap mache kòmsadwa, ni bò kote lajistis ki se yon sistèm pouri, ni non plis bò kote pati Lafanmi lavalas ki sou pouvwa a.

" Sa y ap mande jij enstriksyon an depaman ak lalwa. Yo vle pou jij enstriksyon an di yo sa k andedan enstriksyon an, sètadi yo vle pou yo gen prèv senatè an koupab anvan yo kite Lajistis rapousuiv li".

Montas mande pou gen yon seri dispozisyon ki pran sou dosye Jean Dominique ak Jean Claude Louissaint ki se yon ka delika, sansib, ki konplike. Li di li nesesè pou gen yon bidjè (tankou sa te fèt pou pwosè masak Kafou Fèy ak pwosè masak Raboto) pou jij enstriksyon, se pa sèlman peye sekirite, se pa sèlman bay mwayen teknik, men gen anviwonman, gen bagay konkrè, gen kesyon pwoteksyon temwen tankou sa te fèt nan pwosè Raboto. Si yon jij deside fè bagay yo mache sou kò sasinay 3 avril 2000 lan, si li pa gen pwoteksyon, l ap mouri demen maten.

" Li klè, lè ou konsidere moun ki tonbe an relasyon ak dosye Jean Dominique ak jean-Claude Louissaint an, lavi yon jij enstriksyon p ap reprezante anyen, si moun ki te peye pou fè krim nan deside antere dosye a lè yo ta peye pou kraze jij k ap travay sou dosye a ", dapre sa Michele Montas fè chonje.

Gen ti pa ki fèt pandan 2 an, malgre menas yo

" Koulyela a, yon moun p ap asepte yo mache sou pye l. Se bagay yo te konnen an 1987-1988 anvan mobilizasyon an te vin mouri. Yo konnen yo gen de dwa parapo ak yon pouvwa, kelkilanswa pouvwa a, ak moun ki pisan ki rich, kelkilanswa moun ki rich la. Nan sans sa a , ka kò sasinay 3 avril 2000 lan, se yon ka senbòl nou p ap kite mouri. Menm si nou pa vanse sou chimen jistis la, nou jwenn ti rezilta pou sa ki konsènene revandikasyon anfavè jistis, tankou : ka jounalis radyo Ayiti yo te maspinen nan Site Solèy, ka moun yo te touye nan Site Solèy, kote kèk viktim te pote plent ".

Michèle Montas panse tou gen anpil kesyon ki vin parèt nan lespri moun lè jij enstriksyon an te poze Dany Toussaint kesyon. Ki wòl Lajistis, èske lajistis granmoun vrèman parapò ak Pouvwa Ekzekitif la. Se yon seri prensip konstititisyon an prevwa, men ki poko antre nan tèt, sitou nan tèt moun ki ta sipoze fè aplike Konstitisyon an.

" Sa fè 30 an depi kesyon diktati a nan tèt anpil moun ki pa kapab retire l nan tèt yo jiska prezan. Jij enstriksyon yo, ki gen pouvwa, ki gen anpil pouvwa, te koumanse leve tèt yo sou wòl yo gen pou jwe nan sosyete peyi d Ayiti ".

Kontrèman ak lòt kò sasinay ki te fèt deja, kote " 2 an apre, tout bagay fini, tout peyi frèt ", madan Jean Dominique bat bravo dèske mobilizasyon an pa mouri pandan 2 an ki sot pase yo, pou mande jistis pou mari l ak gadyen Radyo Ayiti Entè a. Esperyans dènye ane ki sot pase yo pwouve se sèlman 1 an apre, yo chonje krim ki te fèt, tankou : ka pè Jean-marie Vincent (yo te sasinen 28 out 1994 devan legliz Sen lwi Wa frans), ka Antoine Izmery ( yo te touye 11 septanm 1993 devan legliz sakre kè pòtoprens) , ka avoka Guy Malary (yo te touye 11 oktòb 1993 toupre legliz sakre Kè pòtoprens).

Pou Michele Montas, li enpòtan pou marye batay anfavè Jistis pou Jean Dominique ak Jean-Claude Louissaint avèk Lit kont enpinite, lit pou gen pinisyon pou lotè krim yo.

" Denpi 1804, moun pa janm peye pou krim yo fe, se kèk ra esepsyon kote moun peye pour krim yo fe nan listwa peyi d Ayiti. Lè gangrenn enpinite a ap vale teren, yo p ap kapab pale de Demokrasi ", dapre sa Michele Montas souliyen.

Madan Jean Dominique pa t kache bay Ajans AlterPresse kouman " batay pou fè Lajistis blayi " ede l kenbe, depi 2 an, ede l kontinye kanpe doubout, ede l reziste, kraze doulè ki nan kè l, paske Jean Dominique pa bò kote l, yon nonm li te pase 28 an nan vi l ansanm avè l.

" Mwen pa janm okipe menas yo, paske sa k te ka rive grav nan vi m rive deja ".

Anpil fwa, dapre sa l di, menas yo rive, yo toujou la, pa telefòn oswa pa lèt, men li pa kite l kaponnen. Esepte yon fwa, kote ekip Radyo Ayiti a, ki te gen kè kase, te rele Lapolis.

Reyalite politik ak sitiyasyon Laprès an Ayiti

Sitiyasyon an Ayiti a pa pi rèd, men li diferan jodia an Ayiti, li mande pou yon moun toujou rete veyatif. Se vre, li trè difisil jodia pou yon jounalis konnen ki jan pou l jere metye pwofesyonèl la. Li trè difisil pou idantifye lenmi a jodia, dapre sa Michele Montas konsidere.

" Sa ki pi grav jodia, kou a ka soti nenpòt ki kote : yon moun nan lari pa renmen sa ou di, li kraze w, li sifi pou yo bay moun sa a yon ti kòb pou l kraze yon lòt. Kesyon enpinite a, nou gen Brignol Lindor ak kaponnay sou jounalis. Lè ou retire ka Jean Dominique la, se tankou w ap leve yon baraj, dlo a koumanse desann, koulye a dlo a ap bwote yon seri jèn jounalis ki pa janm konnen sa yo rele travay nan di, ki twouve tèt yo anba menas. Anvan, ou te konnen kote kou ou ta pral pran an soti, ou pa t gen pou w veye devan, dèyè, sou kote, ou te gen pou veye yon sèl kote, se te pouvwa a, ou te konnen kouman ou blije mache pou pouvwa a pa frape, pa kraze w twò bonè, sou ki sa ou dwe pale, ki lè, nan ki moman. Se te yon espès ekilib ou te genyen sou diktati a (diktati Divalye a ak diktati militè yo). Se vre, se te yon ekzèsis difisil ".

Montas di AlterPresse li pa t panse lanmò ta ka frape Jean Dominique nan ane 2000 la, jan sa rive a, nan moman li rive a, apre Jean Dominique fin pase tout reny diktati ki te tabli an Ayiti pandan 30 an.

Jiska koulye a, li pa kapab di èske lanmò a ta gen arevwa ak eleksyon 2000 yo te anonse pou fèt yo. Men, li fè chonje mari l te lonje dwèt sou yon seri move bagay, sitou li te denonse koripsyon ki te blayi nan pouvwa lavalas, andedan pati Lafanmi Lavalas ki sou pouvwa a.

" Se pètèt la pwoblèm nan te ye. Sa m konnen, Jean Dominique se te yon moun ki pa t kite anyen pase : li te vle pou gen yon gwo patisipasyon nan eleksyon sa yo, yon bagay ki te fè anpil moun pè. Konsa, li pa t ap janm dakò pou yon seri moun vin kandida oubyen vin jwenn dizon moun ki pral vote yo an apre ", dapre sa l fè ajans AlterPresse konnen.

Se poutèt sa Michèle Montas kwè se gwo vid dèske Jean Dominique pa sou teren an. Gen yon seri move mès ak move pratik koripsyon ki ap pran jarèt nan peyi a, tankou bagay ki ta nòmal nan lavi a. Move mès sa yo pa twoke kòn yo ak konsiderasyon " yon vwa piblik k ap fè chonje an piblik gen yon seri prensip moun dwe respekte. Jèn ki gen 17-18 an pa menm konnen ki sa ki byen ki mal, yo pa menm konnen se te yon jouman trè fò lè ou te di yon moun volò sa gen 30 an. Koulye a, vòlò pa jouman ankò. Si jèn yo gen yon bagay pou yo aprann de Jean Dominique, se pou peyi a pase anvan enterè pèsonèl, se pou peyi a gen priyorite sou enterè pòch ".

Pou kore pawòl sa yo, Michèle Montas fè chonje pawòl ansyen prezidan direktè jeneral Radyo Ayiti a, ou ka jwenn nan fim Jonatan Demme, kote, pou reponn moun ki t ap rele " Dominique, Dominique, Dominique " an 1986 lè li te soti an ekzil, Jean Dominique te pito di " Ayiti, Ayiti, Ayiti ". [rc apr 01/04/02 04:00]