Haiti
Ti chèz ba

Moun pòv se moun yo ye?


Ekri jou madi 12 mas 2002

Guy S. Antoine

Sa pa gen lontan Prezidan Ayisyen ak Prezidan Dominiken te rankontre nan lakou vwazen nou yo. Gen anpil bèl pawòl ki te pale. Yo di, Ayiti ak Dominikani se tankou de zèl menm zwazo a. Gen moun ki bat bravo lakontantman lò yo tande pawòl sa yo. Men pawòl sa yo fè lòt moun enkyete tou, paske yo di yo pa janm wè yon zwazo vole lò youn nan zèl li yo kase. Lakesyon kounyè a sètasavwa ki lès nan de zèl sa yo ki kase, e ki antibyotik nou plis bezwen pou swenyen maleng lan pou zwazo sa vole ale anvan gwo malfini fin retire tout plim sou do l.

Pa kouri leve men pou bay repons non... lave zòrèy an nou anvan, pou nou koute sa MoUnPa nou yo (Mo-st Un-reliable Pa-rtners) ap diskite deja sou do nou pou yo sa garanti bonè (an nou).

Se konsa, yon Dominiken yo rele Pedro Delgado Malagón, ki tèlman dòmi reve Ayiti chak jou, li drese yon plan pou l sove peyi nou pou nou. Alajanti! Plan sa te parèt nan revi dominikèn yo rele Rumbo, le 18 fevriye 2002.

(referans: Tradisyon fransèz atik Pedro Delgado Malagón lan )

Angwo, men sa l pwopoze:

- Aksyon militè. Mete peyi anba okipasyon yon lame miltinasyonal, konpoze de 10 a 12 mil sòlda.

- Aksyon politik. Fòme yon lòt konsèy gouvènman (ankò) ak senk manm ladan l. Nan senk manm sa yo, mete 2 Ayisyen sèlman kòm kouvèti, men prezidan konsèy la fòk li soti nan 3 lòt manm yo ki yo menm se fonksyonè òganizasyon benevòl la yo rele Nasyonzini.

- Aksyon ekonomik. Eliminasyon tout tarif, privatizasyon tout sa ki poko privatize, elatriye.

- Aksyon sosyal. Fè an sòt tout Ayisyen gen soulye nan pye yo.

- Kontwol migratwa. Fèmen fwontyè dominiken an, siveye konbyen Ayisyen ki prale nan peyi blan, fasilite deplasman tout Ayisyen ki vle retounen nan Ginen, ba yo tikè sans inik pou y ale nan jeng Lamerik Disid yo, voye chache 50 a 60 mil fanmi Ewopeyen blan (bon moun wi!) vin egzèse metye ke petèt yo pa kab egzèse lakay yo nan peyi d Ayiti.

Pou fini, li rezime plan "mete Ayiti anba titèl" la konsa: Lokipasyon sa se pou fè pèp ayisyen tounen yon pèp ki "edike e pwogresis". Fè zannimo tounen moun, pou zannimo sa yo sispann travèse nan lakou yo, al degrade bèl ti kominote yo a, yo rele Kiskeya.

Mezanmi, ki sa nou ka di lò nou tande zòt pran swen nou konsa?

Genyen nan vwazen nou ki fè tout karyè politik yo sou do bourik "antihaitianismo" an. Men nou pa menm bezwen rete nan domèn politik la. Chèf legliz peyi a (fòk nou di se yon peyi ki preske 100% katolik), KARDINAL Santo Domingo a, ki gen grad toujis anba grad PAP la, se yon nèg ki daprè teyoloji relijyon katolik la, sèvo l prepare pou l resevwa "LESPRI SEN" a nenpòt ki moman. E poutan, suivan sa m tande, se yon nèg -eskize m, se yon blan ki rasis anpil, ki pa soufri Ayisyen lakay li. Msye soti nan youn nan GRAN FANMI Dominiken yo, ki kenbe pouvwa politik la nan men yo pandan plizyè jenerasyon. Se klas politik sa ki detanzantan dèyè depòtasyon masif nèg Ayisyen (e pafwa nèg dominiken tou) sou lòt bò frontyè yo, sou bò frontyè pa nou. Nou twò lèd, nou twò "LA".

Nouvo prezidan dominiken an gen kèk jou l ap evètye tèt li pou li twouve yon solisyon pou "pwoblèm ayisyen" an. Kounyè a, se msye ki pran pou chay pou l mande lòt nasyon pran ka Ayiti paske yo pa kapab kontinye sipòte Ayisyen ap rantre kemande lakay yo nan lari Santo Domingo. Si Ayisyen te fè wòl yo, epi plis rete nan chantye sik yo, nan chantye kafe ak kakao yo, sa pa ta pi mal. Ekonomi dominikèn lan toujou pwofite de eksplwatasyon sistematik travayè agrikòl ayisyen. Epi fanm ayisyen fè bon jan domestik tou pou fanmi klas mwayèn dominiken yo. Ayisyen travay di, yo pa touche anpil, epi (sitou) yo pa kapab fè twòp bri, paske yo san papye. Anpil nan yo pa menm genyen batistè. Alò de ki prevyen? Jis fè travay yo ba ou fè a, aksepte de ou twa peso, epi disparèt lan nwasè po ou ki menm koulè ak lannuit. En pwen sè tou. Men Ayisyen se pèp ki san wont. Ayisyen se pèp ki frekan. Yo fè tout sa yo kapab pou rann tèt yo pi vizib. Yo pa gen papye, epi yo panse ke yo gen dwa tankou tout moun pou yo twouve lavi miyò. ALADETRAKA PAPA!

Nou twò LàˆD. Nou twò LA. Nou pa satisfè rete travay sou plantasyon yo. Nou pran lavil pou nou. Nou espòte povrete nou. N ap anvayi Santo Domingo ak fanm rachetik nou yo, ak ti bebe gwo vant chive rouj yo. N ap deranje biznis yo, paske lò moun ki moun wè nou, sa endispoze yo. Eskè nou pa konnen ke menm si yo anplwaye nou pou nou fè wout, tinèl, ak tout lòt kalite travay konstriksyon nan kapital la jodi a, eske nou pa konnen ke gen yon lè pou nou disparèt de la sikilasyon tou? Si yo pa ofri nou viza touris, pou ki sa nou pa chita lakay nou, pou ki sa nou ensiste pou moun ki moun menm konnen nou egziste? Alapèp gen move odas se Ayisyen!

Epi nou genyen yon odè espesyal tou. Yon odè fò k ap endispoze anpil Dominiken ki byen souvan blije sèvi ak menm transpòtasyon piblik avèk nou. Yo di TOUT Ayisyen santi fò. Nou pa sèvi ak deyodoran. Epi pou ki sa nou fout sye konsa?

Nou twò LàˆD. Nou twò LA.

Nenpòt ki lè konsa, yo touye de ou twa nan mitan nou. Pi souvan se nan jounal misyon diplomatik nou aprann abi sa yo. Yo pa kab pwoteste, ou pito menm si yo pwoteste yo blije mezire bouch yo. Lò yo pa fè sa, se ADIOS AMIGO! Fè malèt ou, gouvènman peyi w a chache yon lòt djòb pou wou. Kòm ou konn pale panyòl, y a voye o Meksik oswa Lespay? Who cares? Men bay peyi a vit!

Men sa pa janm rezoud pwoblèm lan. Plis yo touye Ayisyen, se plis Ayisyen rantre nan peyi a. Nou san wont. Nou pa moun. Pi gwo endesans lan, NOU Pà’V. Wi, nou fout pòv. Nou ba tout moun, moun ki moun, degoutans!

Sak fè n ap fè bri konsa? Kounyè a ti avoka ayisyano-dominiken pilile tou patou y ap chache defann dwa nou. Men ki pwoblèm nou? Eske se sistèm lan nou pa konprann? Woy! Nou twouve Pedro Ruquoy, yon pè katolik belj ki pa konprann wòl li, epi li panse li kapab defye YON KADINAL epi travay chak jou pou l amelyore kondisyon travayè nan batey yo. Adje, sanble gen pè ki pa konprann sasèdos yo ditou.

Nou twouve Solange Pierre ak òganizasyon li MUDHA ki gen odas pou li di ke si yon bebe fèt sou teritwa dominiken, se dominiken li ye, e fòk yo ba li tout menm privilèj ak pitit moun ki moun tout bon. Li di tou ke fanm ansent yo, yo fèt pou yo twouve tout swen lopital menm jan ak fanm dominiken ki ansent. Men Solange Pierre sa, sa li konprann li ye? Li wo, li chèch, li pa sanble vedèt. E poutan lemonn antye ap pale de li. Men de ki prevyen? Ou kwè se Dominikèn li ye vrèman? Li di se Dominikèn li ye, men alewè si se vre!

Bon gen evidans, manman l se Ayisyèn, men li fèt sou teritwa dominiken, ala yon enkonvenyans papa! Ou kwè konstitisyon sa aplikab pou desandan Ayisyen? LI dwe lè pou yo vote yon amandman pou di senpman si w pa moun ou pa kapab sitwayen. En pwen sè tou! Alaj de trèz an, li t ap fè demonstrasyon anfavè manman l ak kondisyon lòt fanm k ap travay sou batey to, yo te mete l nan prizon. Ou kwè li te aprann kèk choz? Men non, li gen san Ayisyen, ki sa ou vle l konprann? Depi l sot nan prizon li kontinye fè manifestasyon pi rèd. Fanm sa...

E vwalatilpa, nan konferans sou Dwa Lòm yo fè nan Venezuela, Pedro ak Solanj al pale sou tribilasyon Ayisyen ap pase nan Dominikani. Alò, la yo depase lèbòn!!! Sa se gwo anbarasman pou tout nasyonalis Dominiken. Kadinal monte sou pilpit pou li denonse yo. Kouzen Kadinal la, ki limenm se yon gwo depite, di bagay sa se trayizon, yo pa kapab pèmèt etranje ap difame yo konsa nan yon konferans entènasyonal. Fòk yo depote yo! Editoryal ekri gochdwat kont "etranje" malelve sa yo. Menas sou vi yo tonbe fèt. Atanta fèt sou vi yo tou. Men ki sa lepap di nan bagay sa? Eske li raple kadinal la pou konsiltasyon? (Lò konsiltasyon sa fèt, nou va fè m konnen.)

Annatandan, Pedro MANDE e resevwa pwoteksyon Leta kont tout moun ki ta pito l disparèt oubyen fè chimen l. Sonya menm (se Solanj, wi) l ap kontinye feraye pi rèd chak jou nan defann dwa Ayisyen ak Ayisyano-Dominiken, tou patikilyèman dwa fanm yo ak dwa timoun yo.

Men ki dwa timoun genyen? Manman yo ak papa yo pa menm moun menm, epi n ap pale de dwa timoun. Nou dwe fou? Nou pa konnen non, men nou gen imajinasyon. Men ki dwa nou imajine timoun genyen:

1) Dwa lavi, lasante, pwoteksyon e egalite
2) Dwa pou grandi nan yon atmosfè lapè
3) Dwa ou gen yon non, yon fanmi, san konte nasyonalite dominiken (Dios mà­o!)
4) Dwa lapawòl ak patisipasyon
5) Dwa edikasyon e menm dwa pou divètisman

(referans: [Por Una Justa Integración en la Sociedad - Por el respeto al nombre y la nacionalidad dominicana de niños y niñas de ascendencia haitiana->http://gajma.com/windowsonhaiti/mudha2.shtml)

Ou wè sa m t ap di nou la? Nou frekan, n ap mache sou moun, nou panse se moun nou ye! Men ki kote nou jwenn lide sa?

Si povrete nou an pa te ase, nou genyen you malfòmasyon lakay nou ki fè nou pap janm rive nan menm nivo ak moun ki moun tout bon. Nou Satanik. Nou danse tanbou. Nou fè wanga. Nou pa aksepte Bondye blan an ki pwoteje tout moun ki sèvi li. Gen sa ki di menm, nou menm fè sakrifis ti bebe! Ki evidans nou bezwen ankò pou demontre ke nou pa moun, nou se fatra, nou pa limanite, nou se bestyalite.

Monchè, si w pa dakò ak sa m di la, koute m byen: Eske lakay ou se moun ou ye? Si w pa moun lakay ou, eske w kapab vin moun nan lakou yon lòt???

Fòk ou ta moun lakay ou dabò!

Mas 2002