Haiti
Ti chèz ba

Pozisyon kèk enstitisyon nan sektè demokratik ak popilè a nan mitan kriz la


Ekri jou lendi 2 Desanm 2002

POZISYON KàˆK ENSTITISYON
NAN SEKTàˆ DEMOKRATIK AK POPILàˆ A NAN MITAN KRIZ LA

Goumen..., fò n kwape lavalas,
men fò n kontinye veye...

7 fevriye 1986, mobilizasyon mas popilè yo kontre ak lòt eleman nan konjonkti entènasyonal la
bwote JanKlod DIVALYE ale. Revandikasyon fondalnatal mouvman 1986 se te pou ti peyizan
rive pwofite bonjan refòm agrè, savledi jwenn tè ak mwayen pou travay tè yo, se te pou rive tabli
jistis pou tout moun, se te pou n rive tabli yon sosyete kote tout timoun ka ale lekòl, tout moun ka
jwenn lopital ak travay, se tabli yon sosyete ki chita sou libète kote tout moun gen dwa òganize
yo, gen dwa pale libelibè. Se pou sa peyizan te mouri nan JANRABàˆL, nan PYAT, nan BOKOZàˆL,
se pou sa pòv malere te tonbe nan SITE SOLàˆY, nan SEN JANBOSKO.

Depi 1990, Lavalas ap trayi mas yo, li kase ren mouvman popilè a. Se enpinite, rekonsilyasyon ak
kriminèl dwètlong, dilèdwòg, ki bousòl Aristid ak Lavalas. Lavalas tabli, yon lòt fwa ankò,
baboukèt, laperèz ak represyon nan mitan popilasyon an. Li asasinen Jan Dominik ak Briyòl
Lendò, li mete Wozmon Jan nan prizon, l ap pèsekite pwofesè Jozye Merilyen, li tire sou jèn nan
Tigwav ak Gonayiv, li maspinen etidyan nan Inivèsite, san konte yon bann lòt moun ki viktim.
Tousa paske yo pale, yo òganize, y ap revandike. Chimè ak zenglendo mete tout popilasyon an
annotaj. Lavalas avili peyi a ak tout enstitisyon ki ladan l yo.

Lavalas kòwonpi, li san dekowòm, li vòlè leta, li trafike mizè pèp la. Lavalas bliye tout batay
mouvman popilè a mennen kont FMI ak plan neyoliberal la. Lavalas vann peyi a pou popatat: li
likide byen leta, li degèpi peyizan sou tè jaden pou fè zòn franch. Li lage pèp la yon men devan,
yon men dèyè. Peyi a pèdi tout dwa granmoun li.

Nan dènye jou sa yo, van mobilizasyon koumanse soufle. Mas popilè yo, atravè jèn yo, elèv yo ak
etidyan yo, di se twòp atò, yo bouke. Jounen jodi a mouvman popilè a gen plis rezon pase tout lòt
aktè yo pou di: Aristid, mache pòs ou, kite pèp la viv!

Menmlè tout moun ap rele kont Lavalas, kont Aristid, tout moun pap rele pou menm rezon.
Paske depi 1986, revandikasyon mouvman popilè a se te toujou kont tout gouvènman ki restavèk
enperyalis, tout gouvènman machann peyi, k ap pran lajan pèp la, k ap fè dèt sou do pèp la ak
pou anrichi tèt yo ak fanmi yo ak pou achte zam pou kraze zo pèp la.

Batay mouvman demokratik ak mouvman popilè a se pou yon pouvwa ki mèt tèt li, ki pa rete ak
okenn peyi etranje, yon pouvwa k ap fè bonjan refòm agrè nan tout peyi a san demagoji, k ap jije
tout kriminèl ak vòlè leta, yon pouvwa k ap mete bonjan lekòl ak lopital menm kalite toupatou,
yon pouvwa ki respèkte dwa travayè.

Fwa sa a, fò n pran dispozisyon pou n kontinye goumen pou nou bati yon lòt sosyete ki granmoun,
ki bay lamizè yon bwalong kenbe, yon peyi ki chita sou libète, respè ak lajistis pou tout moun.
Se vre, batay la long, nou pran move espant, men nou pa gen lòt chimen: se batay pou n kontinye
batay san rete, kont lenmi ayè ak lennmi jodi...
Deklarasyon sa fèt nan Pòtoprens, 2 desanm 2002.

Enstitisyon ki siyen deklarasyon sa se:

Enstiti Kiltirèl Kal Levèk (ICKL) - Marc-Arthur Fils-Aimé

Pwogram Altènativ Jistis (PAJ) - Carl-Henry Boucher

Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS) - Joseph Georges

Enstiti Teknoloji ak Animasyon (ITECA) - Willard Vancol