Haiti
Ti chèz ba

Fanm yo mande mobilizasyon san pran souf pou yon lòt kalte politik an Ayiti


Ekri jou lendi 25 novanm 2002

"...nou lanse modòd pou tout sektè konsekan nan peyi a antre nan mobilizasyon san pran souf pou nou gen yon lòt kalite politik nan peyi Dayiti ki chita sou bezwen ak entèrè fanm yo ak tout rès popilasyon an."


Komite Kòdinasyon Nasyonal K ap Fè Pledwaye Sou Dwa Fanm Yo

25 novanm 2002

DEKLARASYON

Komite Kòdinasyon Nasyonal k ap fè Pledwaye sou Dwa Fanm yo pa kab kenbe endiyasyon li devan kalite sitiyasyon nou ap selebre 25 NOVANM, Jounen Entènasyonal Kont Vyolans sou Fanm ane sa a. Nou estomake pou wè depi 15 lane fanm yo kenbe yon mobilizasyon pou batay san pran souf pou kaba ak vyolans sou fanm, se atò fanm ap viktim vyolans sou tout fòm toupatou nan peyi a. Gouvènman ale, gouvènman tounen, san fanm yo ak san pèp la kontinye koule, timari pa monte, timari pa desann; Okontrè, se konplotay, makonnay tribò babò Lavalas-Makout-Konvèjans k ap rann sitiyasyon vyolans sou fanm lan vin pi mangonmen.

Nou konnen klè pwoblèm vyolans sou fanm mare ak sistèm patriyaka a ki konsakre pouvwa gason sou fanm. Men nan kontèks kote gouvènman Lavalas la ap kale ensekirite, sitire gang zenglendo vòlè, kadejakè, nan yon kontèks kote iresponsabiltite gouvènman lavalas la pwovoke gwo kriz ekonomik, goud la pa sispann pran souflèt devan dola a, lavichè vle depafini nou kote gen anpil manman pitit k ap pase 3 semèn yo pa janm limen dife.

Nan kontèks kote batay san gade dèyè pou pouvwa nan mitan klas politik tradisyonèl la vle fè kwè peyi a divize an 2 kan. Move pratik politik ki chita sou demagoji ak koripsyon vin tounen la règ, anyen pa kab konstwi, pa gen ankenn enstitisyon ni nan sektè piblik kou prive ki kab mache kòmsadwa. Prensip 2 kan sa a sèvi pretèks pou simen laterè nan peyi a epi mete baboukèt nan bouch sektè demokratik ak popilè ki vle di mo pa yo sou sa kap pase nan peyi a. Nou kab pran pou egzanp, represyon ki fèt sou edityan ak sou fanm, sou elèv lekòl, sou dirijan koperativ, dirijan sendika edikasyon, jounalis ak bon jan òganizasyon popilè ki pa mare nan pye tab ankenn Pati Politik.

Kriz jeneralize sa a, lakòz fanm peyi d Ayiti plis ekspoze anba vyolans. Lè nou konnen:

Fanm nan Matisan, nan Site Solèy ak nan anpil lòt katye popilè nan peyi a pa fouti mache nan lari. Gang ap kidnape yo fè kadejak sou yo san kè sote, piplis toujou, gang sa yo sèvi ak kò fanm yo tankou teritwa lagè yo. Tout sa fèt paske gen sitirans nan sosyete a, lajistis pa fè travay li, pirèd atò, chè gang yo jwenn benediksyon Prezidan Lavalas la ki resevwa yo nan Palè.

Tout fanm ap viv nan kè sote paske zenglendo ap fè ravaj, vòlè, fè kadejak sou fanm ak tifi toupatou nan peyi a. Gason k ap fè vyolans sou fanm ap aji san kè sote paske sistèm lajistis la pa bay fanm pwoteksyon kont vyolans sou fanm. Ane apre ane, nou jwenn ka fanm mari yo touye. Lane 2001 an, lavèy 25 novanm, Jean Lamartine yon ajan sekirite touye madanm li anba bal nan Pòtoprens; nan fen mwa septanm ane 2002 la, nan Jakmèl, Gédéon Liscard yon predikatè, direktè lekòl bat madanm li jouk li touye li, madanm la te ansent 6 mwa.

Zak vyolans sou fanm ap miltipliye, kriz politik peyi a ap travèse depi plizyè lane bloke tout inisyativ òganizasyon fanm yo pou nou te rive genyen bonjan lwa ki pwoteje fanm kont vyolans sou fanm, pou mete bon jan estrikti pou pèmèt leta pran fanm viktim yo anchay, defini politik pou kaba ak vyolans sou fanm, jan sa prevwa nan Platfòm Aksyon Beijing Gouvènam Ayisyen te siyen en 95. Jan sa prevwa tou nan Konvansyon Belem do Para òganizasyon fanm yo fòse Palmantè ayisyen ratifye an 1996.

25 Novanm 2002 a, kote nou wè van mobilizasyon an koumanse soufle kont kalite politik mantò, politik koken, politik kòwonpi, vòlò, politik imoral ki pa gen anyen pou wè ak bezwen popilasyon yo. Nou menm nan Komite Kòdinasyon Nasyonal k ap fè Pledwaye sou Dwa Fanm yo, nan non Yvonne Akim Rimpel, yon militant feminis, yon militant politik ki t ap goumen pou libète laprès ki te sibi zak maspinay ak kadejak anba men Franswa Divalye, paske li te yon fanm. Nan non Yvonne, nou lanse modòd pou tout sektè konsekan nan peyi a antre nan mobilizasyon san pran souf pou nou gen yon lòt kalite politik nan peyi Dayiti ki chita sou bezwen ak entèrè fanm yo ak tout rès popilasyon an.

ABA VYOLANS LETA AP FE SOU POPILASYON AN

ABA VYOLANS SOU FANM

Pou Komite Kòdinasyon an,

Danièle Magloire, Enfofanm

Yolette Jeanty, Kay Fanm

Olga Benoit, Sofa