Haiti
Ti chèz ba

Ayiti : « Li lè li tan pou n ranmase karaktè n »


Ekri jou madi 18 me 2021

Diskou Rektè Inivèsite Leta a, pwofesè Fritz Deshommes, pou fèt drapo ak inivèsite 18 me 2021

Otè a transmèt dokiman sa a bay AlterPresse

Ki kote peyi d Ayiti rive la a menm jounen jodia? Ki wout peyi nou an ap pran la a ? Wi peyi d Ayiti. Peyi k te fè 18 me 1803 a ? Peyi ki pa t janm nan jwèt ak kolon blan sou kesyon libète, endepandans ak dwa granmoun li ? Ki estasyon ki rete ankò sou chimen kalvè pèp sa a ?

Yonn nan dènye aktyalite nan soufrans pèp ayisyen an rele kidnapin. Kidnapin nan pa respekte pèpap. Zotobre, ti machann, lapolis, pè, mè, frè, pastè, mason lòj, oungan, manbo, komèsan, endistriyèl, mekanisyen, etidyan, pwofesè, doktè, enfimyè, avoka, jij, etranje, pa gen yon sektè, pa gen yon kategori moun ki sennesòf. Ou konn lè w soti, ou pa konn lè w ap rantre, si w ap rantre. Nan yon ti kadè ou ka pedi tout sa w genyen, tout sa w te pase lavi w ap konstwi. Si se pa lavi w ou pèdi nètalkole. San konte estrès, kè sote, lapèrèz, kalkil ki anvayi tout sitwayen, tout kretyen vivan.

Nan moman kidnapin nan ap fè lalwa, nou ka di nou pap viv.

Sa k pi rèd la, nan moman sa a, nou pa gen pèsonn ki ka di yon mo pou nou. Pèsonn ki pou pran defans nou. Wi, fanmi, zanmi, bon pwochen ap degaje yo kon Mèt Janjak pou chache sove lavi nou, kase tèt yo pou rasanble mezi lajan yo mande a, menm si se pa montan lajan moun abitye konte. Ak anpil doulè, ak anpil lapenn. Pa gen yonn nan enstans nou chwazi pou veye sou nou yo, yonn nan òganism nou peye pou pwoteje nou yo ki montre bonjan kapasite pou yo pran responsablite yo. Yo pa menm ka idantifye kote zam kidnapin yo soti, ki moun ki voye yo, ki moun ki resevwa yo, ki moun ki distribye yo, kote lajan tranzaksyon yo pase. Yo pa menm ka anpeche konpayi telefòn yo vann SIM bay moun yo pa idantifye. Alewè pou yo ta rive swiv lajan kidnapin yo nan labank, nan pò, nan ayewopò, sou fwontyè, nan ladwàn, kay notè, nan tranzaksyon tè, kay, machin, biznis, elatriye.

Nou lage 2 bra balanse, san rekou, san sekou, sanzazil. Nou chak ap tann tou pa nou.

An verite an verite, se pa konsa moun viv, se pa konsa sitwayen viv. Se pa konsa yon peyi fonksyone.

Eske n ap kite yo tchwe nou tout, grenn pa grenn ? Eske n ap kite peyi a depafini nan men nou, an senèryen, tankou se ta yon fatalite k ap mache sou nou, k ap mache pran nou … ?

Non ! Non ankò! Nou pa merite sa! Zansèt nou yo pa merite sa. Pitit nou yo pa merite sa. Li lè, li tan pou n leve kanpe, frape pye n fò, reveye n pou n di : ASE. SA SE TWÒP ATÒ !!!.

Li lè li tan pou n ranmase karaktè n, pou n reprann lavi nou, reprann peyi nou, reprann dwa granmoun nou, reprann desten nou. Pou n montre nou se bonjan pitit mesye dam ki te fè 18 me 1803 yo.

Li lè li tan pou n leve kanpe kont kidnapin ak ensekirite.

Ki jan pou n fè sa ?

Nou pap pote boure je fèmen. Okenn nan nou pa ka genyen batay sa a pou kont li. Nou tout menase. Okenn nan nou pa gen enterè pou fenomèn sa a kontinye ap anpwazonen lavi nou. Okenn nan nou, kèlkeswa kote n plase nan sosyete a. Okenn nan nou, menm moun ki te inisye l yo, menm moun ki nan tèt li jounen jodi a.

Eske se pa yon bon rezon pou nou met ansanm, pou n sove tèt nou, sove pitit nou, sove peyi nou ? Jan fenomèn sa a tanzantan ap vale teren sa a, se tout fòs nou pou nou ranmase pou fè yon sèl. Fòs Leta a, fòs sosyete a, fòs pouvwa a tankou fòs opozisyon an, fòs patwon tankou fòs travayè, fòs grandon tankou fòs demwatye, fòs zotobre tankou fòs pwoletè, fòs nou tout ki anvi viv, ki anvi viv ansanm, nou tout ki kwè nan peyi a, ki fini pa konprann sèl kote ki rele n chèmèt chèmètrès, se peyi d Ayiti.

Jan sitiyasyon an prezante la a, se oswa n genyen ansanm, oswa n peri ansanm.

Nou byen konnen pou tèt ansanm rive tabli, fòk gen kondisyon. Fò n kreye kondisyon pou tout moun an konfyans, pou nou tout santi lè peyi a bon se pou nou tout l ap bon, se nou tout ki gen dwa sou li, se nou tout ki gen enterè pou l bon.

Pou nou rive jwenn bonjan solisyon, nou dwe chache konnen ki kote fenomèn lan soti, ki sa k mennen l.

An nou gade ansanm ki sa nou fè ak peyi a pandan 35 dènye lane yo?
-  Nou kraze Leta a ak tout enstitisyon l yo ;
-  Nou kraze ekonomi peyi a. Nou fini ak sektè agrikòl la, nou ratibwaze endistri yo, sitou sa k te konn travay pou mache lokal la ;
-  Nou mete sou kote tout faktè ki te konn kenbe lyen sosyal yo djanm, tout faktè k te konn fè w santi ou fyè dèske w se Ayisyen ;
-  Nou gaspiye resous peyi a ; nou derefize ba yo valè. Nou kreye tout kondisyon pou yo pa ka itilize yo, pou yo rete deyò, keseswa resous moun ki blije pati oswa nou pa bay travay, resous lajan nou prefere kenbe nan labank olye nou envesti yo, resous latè k ta ka pwodwi bon jan manje, resous flè, fèy, ekòs rasin ki ta ka fè bonjan remèd. Nou gaspiye yo pandan n ap plenyen jan nou pòv.

Fòk nou byen presize se pa yon bagay ki vin pou kont li, kòm ki dire dirijan yo pa t konnen. Se te yon politik byen kalkile, ki gen non ak siyati, ki gen mèt ak patwon. Tout politik yo rele neyoliberal yo, privatizasyon entrepriz rantab peyi a ; louvri vant peyi a bay manje , rad, djanni pèpè rantre libelibè ; retire Leta peyi a mete ONG ki sou lobedyans lòt Leta. Se sa n fè pandan 35 dènye lane yo. E se sa n kontinye fè jouk jounen jodi a, ak lafwa, ak konsyans, ak konviksyon.

Nou fè egzakteman tout sa popilasyon an te di l pa t vle yo, tout sa l te rele « remèd chwal » yo. Pou nou voye jete tout sa l te goumen pou yo, tout sa l t ap reklame pou l te chanje lavi l.

Li nòmal pou peyi a vin pi mal, pou gen plis chomaj, plis malsite, plis mizè. Li nòmal pou Leta a pèdi plis dwa granmoun li. Li nòmal pou gen plis mekontantman, plis revandikasyon, bò kote popilasyon an. Lè sa a, olye chèf yo pran wout tande, wout koute, yo pito kontinye ap pike devan nan menm politik yo k ap lage n nan twou pi rèd. Nan menm mouvman an, yo panse tou, e sa a se pa jounen jodi a sèlman, fòk yo kreye fòs paralèl pa yo, milis pa yo pou yo kwape mekontantman, pou yo kenbe pouvwa yo oswa pou yo pran pouvwa. Listwa bay fòs paralèl sa yo plizye non : tonton makout, atache, chimè, bandi legal, elatriye. Fòs paralèl sa yo jwenn zam, pouvwa ak otorite pou yo fè e defè dèyè do lalwa.

Chak jou k pase, chak gouvènman k monte, fenomèn nan ap laji, plis zam fann fwa ap rantre, ap distribye. Senatè, depite majistra vin rantre nan won an tou. Dezomè, nan koze eleksyon, se pa plis vwa k konte. Se ekip ki gen pi bon zouti yo, ki ka make plis teritwa sou fòs ponyet li a, se ekip sa a ki ka genyen. Nan lane 2018, Chef Lapolis la deklare nan yon deba ofisyel nan Sena a : 80% zam kò sekirite Senatè ak depite ap itilize yo se zam ilegal. Wi, Senatè ak depite ki la pou vote lwa ak kontwole gouvènman an !!!

Se menm rezònman an anpil gwo patwon nan sektè prive a fè. Pou yo pwoteje tèt yo, pou yo genyen pi bon pozisyon sou mache a, fòk yo chak gen ti fòs pa yo, ti gwoup pa yo, ti milisyen pa yo, mete bon jan zam nan men yo, zam legal, zam ilegal.

Jiskaske nou rive yon moman, makout sa yo, atache sa yo, chimè sa yo, bandi legal sa yo vin ap pran otonomi yo, vin ap travay ak pwòp tèt pa yo oswa ak lòt patwon ki ka bay plis avantaj. Yo vin pran yon lòt dimansyon. Yo vin pa sou zòd premye patwon yo t ap sèvi a. Oswa yo ka bay plizyè patwon sèvis alafwa. Patwon politik, patwon ekonomik. Yo ka chanje mèt; yo pa chanje metye.

Kòm Leta sou lagraba, kòm politik dwat e gòch yo kontinye, kòm popilasyon an toujou pa kontan, ensekirite a toujou ap vale teren, kidnapin nan vin pran dimansyon n konnen an pandan yon pati popilasyon bidonvil yo sanble apiye bandi yo.

Kidonk ensekirite a ak kidnapin nan pa sot nan syèl, tankou yon papa toudenkou. Se pa yon fatalite. Yo se konsekans tout politik neyoliberal nou konnen yo. K ap kontinye fè dega jouk jounen jodia.

Sa vle di tou gen solisyon pou yo. Ki solisyon ?

Fòk tout moun ki pase nan tèt peyi a pandan 35 dènye ane sa yo, kit yo nan pouvwa a, kit yo nan opozisyon an, ta pare pou yo fè meyakoulpa yo, pou yo rekonèt erè yo te fè oswa y ap kontinye fè nan mete kanpe move politik ki fin ak peyi a, sitou politik neyoliberal yo.

Fòk yo tou ka admèt jounen jodia priyorite a se konstwi peyi a. Se bay chak sitwayen enterè, anvi, kapasite pou l patisipe nan yon konbit k ap pèmèt li reprann chimen lespwa nan lavni peyi d Ayiti.

Fòk yo pran konsyans li lè, li tan pou yo rale bak sou « remèd chwal » neyoliberal yo, kase tèt tounen pou vin aplike oryantasyon peyi a te bay tèt li depi plis pase 30 lane, pou kreye yon lòt Leta. Sa vle di :
-  Yon Leta djanm, ak reprezantan ki soti nan bonjan desizyon majorite pèp la ;
-  Yon Leta ki nan sèvis tout popilasyon an ;
-  Yon desantralizasyon toutbon pou Leta a ka vini Leta tout peyi a ;
-  Yon refom agrè fètefouni an favè vrè kiltivatè k ap pwodwi manje pou peyi a ;
-  Yon sektè agrikòl solid kòm premye baz pou chita yon ekonomi solid ;
-  Yon endistri ki makònen ak resous tout kalite peyi a ;
-  Yon sistèm edikatif kote tout timoun al lekòl pou yo aprann renmen peyi yo, pwoteje anvironman yo, valorize kilti yo, ranmase tout konesans itil ;
-  Yon sistèm sosyal kote dwa manje, bwè, dòmi, dwa lasante, travay, lajistis, asire kòmsadwa pou tout sitwayen ;
-  Yon sistèm jistis kote jij yo soti nan toyo Asanble Kolektivite Teritoryal yo dekwa pou lajistis la pa depaman ak enterè popilasyon an ;
-  Yon peyi kote tout pitit li gen menm dwa, menm devwa, menm opòtinite ;

Se peyi sa a n te vle konstwi, se Leta sa a n te vle mete kanpe, se pou sa n t al vote Manman Lwa peyi a nan dat 29 mas 1987.

Se wout ki pi kout, si nou vle tout peyi a nan tout kwen l mete ansanm pou fè yon koukourouj kont kidnapè, kont bandi ak tout machann ensekirite, kit yo se ayisyen, kit yo se etranje, kit yo se moun k ap bay lòd, kit yo se moun k ap pran lòd. Si se pa sa, n ap pèdi peyi a. N ap kite l pou bandi. Pèp ki nan malsite a pap fè diferans ant bandi ak sitwayen onèt. N ap kontinye pèdi souvrènte n. N ap toujou blije chita tann desizyon blan an, chak fwa n ap bezwen mete oswa retire yon gouvènman.

An verite an verite, nan kafou n rive jodi a, se swa n genyen ansanm, se swa n pèdi ansanm. Pa gen wout pa bwa.