Haiti
Atik

Ayiti : Sanble gouvènman an fele


Ekri jou mèkredi 15 jen 2005

Pòtop., 15 jen. 05 [AlterPresse] --- Medya nan Pòtoprens resevwa 14 jen kopi lèt demisyon minis jistis la Bernard Gousse adrese bay premye minis Gerard Latortue.

Ofisyèlman pa gen anyen ki di sou demisyon an. Nan lèt ki al jwenn medya yo, Gousse fè konnen li vle rete « fidèl » anrapò ak prensip pou « pouvwa jidisyè a endepandan tout bon vre ».

Kèk sous fè AlterPresse konnen, li posib pou ta gen pase men ki fèt nan gouvènman an nan jou k ap vini yo. Nan yon diskou li fè 14 jen an, Latortue anonse gen desizyon enpòtan ki gen pou soti nan finisman semèn nan, sitou nan sa k gen pou wè ak dosye sekirite.

Si demisyon minis jistis la vin ofisyèl, sa rive nan yon moman kote anpil presyon ap fèt sou li parapòta dives dosye, tandiske pwoblèm ensekirite a pran yon dimansyon ki fè Ayisyen mete men nan tèt.

Nan koumansman semèn nan, laprès an Ayiti pale sou yon lèt 10 senatè demokrat meriken voye bay Sekretè d Etat Condoleeza Rice pou mande l fè presyon sou gouvènman an pou mete minis Gousse atè, paske, se li ki fè kenbe ansyen premye minis Yvon Neptune nan prizon san rezon. Palmantè meriken yo mande tou pou Etazini mete lajistis peyi Ayiti anba kontwòl.

Lèt sa a fè gwo eskandal nan peyi Ayiti. Sektè politik, dwa moun, jiris, reyaji pou mande meriken rete nan wòl yo. Paul Denis nan à’ganizasyon Pèp k ap Lite (OPL), di se yon radiyès pèmèt. Evans Paul, nan Konvansyon Inite Demokratik (KID), konsidere palmantè sa yo aji an gwo soulye.

Palmantè meriken yo fache poutèt ansyen premye minis neptune fèmen nan prison. Depi jen 2004, misye te pote tèt bay lapolis apre lajistis te fin mete manda dèyè l, pou li kab reponn sou ka yon bann moun patizan ansyen gouvènman an te touye nan Sen Mak (Nò peyi a) an fevrie 2004. Se kèk jou anvan pouvwa lavalas ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide la te tonbe.

Pi gwo tribinal an Ayiti te kase yon demann Neptune te fè pou jij Sen Mak pat jije l. Apre sa li te vin fè yon grèv grangou. 25 me, li te parèt devan jij Sen Mak apre gouvènman an te fin fè yon tantativ pou voye l al pran swen nan Repiblik Dominikèn. Men Neptune te fè egzijans pou yo wete tout chay sou do l anvan l ale. Gouvènman an te konsidere sa inakseptab. Pandanstan, se te gwo lòbèy sou kesyon sa a nan peyi a.

Kominote Ekonomik Karayib (CARCOM) te foure bouch nan kesyon an, menm jan ak à’ganizasyon Leta Meriken (OEA) ak Misión Nayonzini pou Estabilizasyon Ayiti (MINUSTAH).

Direktè Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun (RNDDH) mande gouvènman ayisyen an pa okipe palmantè meriken yo k ap egzije pou lage Neptune. Li di moun sa yo pa respekte pèp ayisyen.

Kanta pou kesyon ensekirite a, l ap vale teren nan Pòtoprens, kote ansasinay ak kidnapin fè kenken. Toulejou gen lo pa li. La polis nan lari, kas ble nan lari, men popilasyon an pa wè rezilta. 13 jen atoufè touye yon lòt polisye nan katye Bèlè nan mitan kapital la. Direksyon lapolis la anonse gen 2 polisye, Dorleans Dieudonné ak Frantz Moise, direksyon lapolis la mete nan izolman poutèt yo sipèk yo nan konfyolo ak bandi.

Lapolis fè konnen gen yon brigad espesyal ki kanpe pou mate kesyon sa a. 12 jen gen kanadyèn Vegette Boulay yo kidnape. 11 jen yo tante kidnape direktè Radyo Metropole, Richard Widmaier. Misye defann tèt li anfas bandi yo epi li rive chape. Gen dezoutwa lòt ka konsa yo rapòte, pami yo rektè inivèsite leta a, Pierre Marie Paquiot, semèn pase. Li pat kite atoufè yo mete men sou li.

Nan atmosfè sa a, kesyon eleksyon an toujou alapaj. 14 jen sa a 17 pati politik siyen yon dokiman pou yo respekte règ demokratik nan kad aktivite eleksyon yo. Pami sektè sa yo, gen ansyen depite Rudy Herivaux, ki siyen kòm dirijan Fanmi Lavalas.

Men, 4 mwa anvan eleksyon yo prevwa fè yo, se sèlman 2.5 % elektè ki rive enskri jiskaprezan, sou 4,5 milyon moun ki gen laj pou vote. [gp apr 15/06/2005 10:30]