Haiti
Atik

Grandans : Moun Bomon swaf dlo


Ekri jou mèkredi 8 jen 2005

Potop. 8 jen 05 [AlterPresse] --- Nan komin Bomon ki chita kò l tou pre vil Jeremi nan depatman Grandans lan, dlo dous la poze anpil pwoblèm. Nan zòn sila pa prèske genyen sa yo rele dlo a. Kèk grenn tiyo ki plase nan vil la pa ase pou satisfè popilasyon an. Reskonsab yo pa fè dilijans pou bay tiyo menm yon fwa chak semèn, se sa yon abitan nan zòn nan fè konnen.

Daprè abitan sa a, moun kap viv nan Bomon sètoblije mache pandan yon bon bout tan pou al bouske dlo pou yo bwè. Dlo sa yo, yo pran yo nan sous tankou Digotri, Fontrankil, Bwa Kasanèt, nan Izin elatriye. Majorite nan sous sa yo, yo mare bèt nan tèt yo. Sa ki fè moun kap bwè dlo sa yo pa menm trete yo.

Danyèl, yon jenn eleman ki gen 19 rekòt kafe fè konnen moun ki pran dlo sa yo pou bwè se moun ki sòti nan sant vil la. Daprè sa l di, se yon seri moun ki pa janm al founi je gade nan tèt dlo a pou wè ak de nawè yo si kondisyon yo reyini pou bwè yon dlo konsa. Li fè konnen, moun ki pa wè ditou panse se yon bon dlo yap bwè, epoutan tout kalte zannimo, tankou kochon, bèf, kabrit mare nan tèt dlo sa epi yo fè tout bezwen yo ladan l.

Jenn eleman sa a ki fèk majè, sa vle di ki fèk gen laj pou vote, pa kwè eleksyon ap pèmèt rezoud pwoblèm dlo a. Daprè sa l di, lè politisyen bezwen moun vote yo, yo toujou al Bomon kote yo pwomèt yap mete tiyo ak elektrisite pou popilasyon. Daprè Danyèl, se yon bann pwomès ki pa janm kenbe paske lè moun sa yo fin pase nan eleksyon yo blije ki kote ki rele Bomon an. Francesca, yon ti fi 15 lane ki t ap lave nan sous Digotri a, mande pou gwo zotobre yo ta fè kichòy pou moun Bomon ki gen gwo pwoblèm dlo pou yo bwè.

Digotri se yon so gwo zotobre ak moun ki gen anpil lespri te ka esplwate menm janm ak So Matirin nan Kanperin pou mete limyè nan vil Bomon, se sa kèk peyizan ki abitye vizite So Matirin fè konnen. Daprè sa yo di, Digotri pa manke anyen pou l ta vin tankou So Matirin. « Si otorite yo kapte dlo sa, yo fè baraj, yap rive mete limyè epi bay moun Bomon dlo agogo », se sa Ti Moyiz, yon kiltivatè fè konnen.

Si swasannkenz pou san nan planèt tè a kouvri ak dlo. Katrevendisèt vigil senk pou san (97,5%) ladan l se dlo sale, sa vle di dlo lanmè. Dlo dous la reprezante sèlman de vigil senk pou san (2,5%). kretyen vivan kap viv sou latè benefisye sèlman 1 pou san (1%) nan dlo sa yo. Kidonk, pa prèske gen dlo pou moun bwè.

22 mas ki sot pase a, jounen mondyal dlo a te fete nan lemonn entye sou tèm « Dlo se sous lavi ». Zotobre nan Nasyon Zini te tou pwofite pou lanse yon pwogram k ap bout nan lane 2015, yon pwogram ki defini politik Nasyon Zini nan zafè dlo moun ap bwè. Nan diskou li te fè Ganeyen Kofi Annan, kise Sekretè jeneral Nasyon Zini an te fè konnen « plizyè milyon moun nan lemonn antye pa gen dlo. Plizyè milye timoun mouri chak ane akòz yo fè maladi ki sòti nan kalite dlo yap bwè ». Patwon òganizasyon Nasyon Zini an fè konnen gen anpil nan peyi ki pi pòv yo ki toujou fè faskare ak gwo katastwòf natirèl, tankou sechrès ak ewozyon.

Nan peyi Ayiti, dlo rete youn nan resous ki ra anpil menm si lè lapli tonbe nan kèk zòn sa pa anpeche gen gwo inondasyon ki fèt. Sa fè n sonje gwo inondasyon ki te fèt nan Fonvèrèt, Mapou ak nan vil Gonayiv kote plizyè milye kretyen vivan te fè vwal pou peyi san chapo. [do gp apr 08/06/05 09:00]