Haiti
Ti chèz ba

Wanament : rezilta asanble rejyonal Kowalisyon Mounvan Pèp nan Amerik la


Ekri jou jedi 24 oktòb 2002

Premye Asanble COMPA nan Rejyon Karayib la
Wanament, Ayiti

14 -15 - 16 Oktòb 2002

Deklarasyon

150 reprezantan òganizasyon nan mouvman sosyal nan Karayib la te reyini nan Wanament, soti 14 pou rive 16 Oktòb 2002, pou reyalize premye asanble rejyonal Kowalisyon mounvan Pèp nan Amerik la (KOMPA). Pami delegasyon ki te prezan yo, gen moun ki te soti toupatou an Ayiti, an Repiblik Dominikèn, nan Sent Lisi, Jamayik, Babad, Trinidad ak Tobago.

Nou te analize sitiyasyon ekonomik, sosyo-politik ak kiltirèl peyi nou yo ki anba gwo boulvès akòz sistèm ekonomik kapitalis mondyal la ki an kriz. Nou wè politik neyoliberal san gade dèyè k ap aplike nan peyi nou yo, pote anpil move konsekans sou lavi pèp nou yo.

Nou konstate kouman kondisyon lavi majorite popilasyon nan peyi nou yo ap degrade chak jou pi plis akòz gwo frap y ap pran anba pwogram privatizasyon pi fò antrepriz Leta ak sèvis piblik yo. Nou wè pèp nou yo pa ka jwenn pwodui ki pi enpòtan yo bezwen pou yo viv, chomaj la ap ogmante, pwodiksyon nasyonal la ap depafini; defisi nou fè nan komès ak lòt peyi ap ogmante. Chak jou pi plis, nou vin pi depandan ekonomikman, finansyèman, kiltirèlman, politikman.

Nou voye jete tout vye politik bouyon rechofe, òganizasyon finansyè entènasyonal yo ansanm ak ameriken, nan konfyolo ak klas politik lakay nou yo, pa janm sispann foure nan gòjèt nou. Politisyen sa yo ap aplike san gade dèyè yon bann politik k ap fè plis moun nan pèp nou yo soufri. Yo òganize eleksyon fomamit ki anpil fwa vire an siklòn politik k ap fin detwi peyi nou yo. Nou denonse awogans reprezantan Depatman Deta te manifeste vizavi chèf deta peyi CARICOM yo nan moman yo t ap negosye sou tarif ladwann yo. Administrasyon Bush la pa gen okenn lejitimite pou l fè presyon sou CARICOM nan negosiyasyon sa yo, paske nan jou sa yo, ameriken ap plede pran yon bann mezi pou pwoteje pwodiksyon lakay li.
Noumenm ki te reyini nan Wanament, nou salye kouraj peyizan Pitobè k ap lite kont pwojè enstalasyon yon zòn franch nan plenn Maribawou, ak pou fè respekte dwa fondamantal yo kòm pwodiktè, kòm peyizan.. Nou kondane desizyon iresponsab dirijan ayisyen yo pran pou fè yon pwojè konsa nan yon bon tè plenn ki gen anpil posibilite pou l fè manje.

Nou egzije nan men gouvènman ayisyen an, mezi ak mwayen nesesè pou pèmèt gen bon jan irigasyon nan plenn Maribawou, epi pou peyizan yo jwenn bon jan ankadreman k ap ede yo pwodui pi byen.

Zòn franch pa ka sèvi kòm potomitan pwogram devlopman yon peyi oswa yon zòn. Chimen endistriyalizasyon yon peyi dwe chita an priyorite nan ranfòse dabò mache lakay li, nan respè dwa tout kretyen vivan, kote an premye se lavi moun ki nan sant tout bagay. Zòn franch yo se yon sistèm peze souse, ki pa respekte lavi travayè ak travayèz, ki toujou mete fanm travayèz yo anba presyon vyolans, e ki detwi anviwonman an. NOU PA VLE ZON FRANCH!

Nou kondane swadizan entegrasyon k ap fèt nan mache enfòmèl ki sou fwontyè ant Ayiti avèk Repblik Dominiken yo. Jan komès enfòmèl sa a ap devlope a, se pito wout k ap louvri pou pwodui etranje, tankou pwodui ki soti Etazini yo, vann pi byen, detan y ap chanje tout abitid ak koutim nou yo. Nou reklame pou echanj sou fwontyè a sèvi pito enterè fanm ak gason k ap travay nan zòn sa a.

N ap denonse oryantasyon pwogram " Fon Ispayola " a vle pran, nan fason yo vle sèvi ak yon pòsyon nan lajan dèt Ayiti ak Repiblik Dominiken ap ranbouse peyi yo dwe. Yon lòt fwa ankò, n ap fè sonje dèt sa a ki sou do peyi nou yo, se yon fado enjis, illegal e ki dwe anile. Anplis de sa, plan Ispayola a mete an danje dwa granmoun leta ayisyen sou zòn fwontyè a, paske li louvri pòt pou ranfòse prezans lame sou tout liy fwontyè a, li louvri pòt pou ranfòse tout sistèm sekirite nasyonal ak sistem krazezo lapolis ki pa p manke pa sèvi ak zouti represyon li gen nan men l yo, pou fè pèp sou fwontyè a soufri.

Nou denonse tou kalite mòd entegrasyon ipokrit y ap tabli la a, kote zòt ap mande pou tout pòt louvri pou lajan, machandiz ak sèvis sikile san pwoblèm, alòske chak jou pèp nan peyi nou yo ap rankontre plis difikilte pou yo vwayaje soti nan yon peyi ale nan yon lòt peyi. Nou reklame libète pou moun ka antre-soti libelibè nan tout peyi nan Karayib la.

N ap pwofite voye yon gwo kout chapo pou deklarasyon final ki soti nan rankont entènasyonal "Kont rasis ak pou Reparasyon" ki te fèt nan peyi Babad nan koumansman mwa oktòb 2002 a. Nou apiye revandikasyon ki soti nan rankont sa a kote patisipan yo egzije peyi Lafrans pou l remèt bay pèp ayisyen an 150 milyon fran lò li te fòse l peye pou swadizan dèt lendepandans la.

N ap salye tou gwo mobilizasyon pèp nan Amerik Santral la tanmen kont Plan Puebla a nan Panama a. Plan sa a, menm jan ak plan Ispayola a, menase dwa granmoun leta yo, e l ap akselere kontwòl gwo antrepriz transnasyonal yo sou resous nou yo. Grasa mobilizasyon nou, pwojè pou enstale yon Zòn Lib Echanj nan Amerik la(ZLEA), p ap pase.

Pwojè ZLEA a reprezante yon menas pou dwa granmoun peyi nou yo. Se yon lòt kò sosyete ki sanble tèt koupe ak tout lòt ki te gen anvan yo tankou ALENA, AMI, yo tout ki la pou pwolonje menm politik privatizasyon an k ap likide tout ti byen peyi nou yo posede, k ap detwi tout sektè nan ekonomi peyi nou yo. ZLEA, se yon plan ki pral mete peyi nou yo ajenou devan gwo antrepriz transnasyonal amerikèn yo, paske se antrepriz sa yo ki pral met e seye, ki pral fè lalwa nan tout bagay.

Premye Asanble branch Karayib Kowalisyon Pèp nan Amerik la(CONPA) konsidere se yon devwa pou l mete lit kont ZLEA kòm priyorite nan kad travay y ap fè pou ranfòse òganizasyon de baz yo nan tout sektè. Mobilizasyon kont ZLEA se yon pwosesis ki enpòtan, ki ka pèmèt nou reprann dwa granmoun peyi nou yo, epi ede nou travay pou n konstwi nan Karayib la yon lòt idantite ki chita sou istwa nou ak kilti nou.

Oganizasyon nan Karayib la, ki te prezan nan rankont Wanament la, deside pou yo patisipe an granmoun nan tout mouvman pèp kontinan Amerik la ap mennen pou dechouke ZLEA epi pou avanse nan yon lòt pwosesis ki, limenm, ap garanti nan kontinan an bon jan demokrasi, patisipasyon, respè souverènte nasyonal nou, kilti nou, anviwonman nou. Nou deside rele anmwe kont eskandal piblik sa a kote tout pouvwa ekonomik ak sosyal nan kontinan an chita nan men yon ti gwoup.

Se nan sans sa a, noumenm reprezantan òganizasyon nan Karayabib la, nou deside patisipe nan tout aksyon pou kanpe yon gwo mobilizasyon nan tout kontinan Amerik la kont ZLEA epi avanse nan konstwi pwòp akò pa nou antre noumenm pèp. Nan sans sa a, òganizasyon nou yo deside lanse yon gwo kanpay mobilizasyon pou sansibilize ak edike popilasyon nou yo sou ZLEA. Kanpay sa a pral mennen nan yon referandòm kont ZLEA n ap òganize nan mwa avril 2003. Nou rekòmande pou referandòm sa a fèt nan tout peyi nan Karayib la.

Nou lanse yon apèl bay tout òganizasyon ak mouvman sosyal nan Karayib la, pou yo patisipe ak tout fòs yo, apati pwòp reyalite pa yo, nan divès jounen rezistans kont pwojè enstalasyon Zòn Lib Echanj nan Amerik la(ZLEA), k ap fèt nan vil Kito, peyi Ekwatè soti 27 oktòb pou rive premye novanm 2002 ak nan dezyèm rankont kontinantal kont ZLEA k ap fèt nan la Havane, peyi Kiba, soti 23 pou rive 28 novanm 2002. Nou mande tout òganizasyon ki manm COMPA yo pou prepare yo, dekwa pou asanble kontinantal la gen yon gwo siksè, e pou l pèmèt nou fè yon pa annavan nan konstwi ansanm bon jan altènativ kont sistèm kapitalis la nan kontinan nou an.

Rankont COMPA Karayib la te reflechi tou sou move kondisyon lavi fanm nan Karayib la. Fanm yo se youn nan sektè ki plis sibi anba politik baryè lib k ap aplike nan zòn nan. Nou mande pou gen yon gwo travay sansibilizasyon, fòmasyon ak edikasyon ki fèt pou fanm ak pou jèn yo, epi pou yo rekonèt yo kòm prensipal aktris, kòm prensipal aktè veritab devlopman n ap chache a.

Nou deside òganize yon manifestasyon ak yon siting, nan mwa novanm 2002, an Repiblik Dominikèn, nan moman kote chèf deta nan peyi Amerik la ki pale Panyòl, pral reyini antre yo. N ap kontinye fè mobilizasyon sa yo nan tout gwo reyinyon entènasyonal k ap fèt nan rejyon an tankou reyinyon OEA, Asanble jeneral ONI, reyinion Inyon Ewopeyen eksetera.

Asanble jeneral Compa Karayib la te tonbe menm moman ak plizyè dat enpòtan pou nou. N ap raple 15 Oktòb se jounen entènasyonal fanm peyizà n yo; 16 oktòb, jounen mondyal alimantasyon, jounen entènasyonal lit kont lamizè; 17 oktòb, jounen pou n sonje Jan Jak Desalines, ewo-fondatè patri ayisyèn nan ki te pote byen wo drapo revolisyon kont lesklavaj an Ayiti. Fèt sa yo te ba nou anpil fòs pou n kontinye batay pou fè respekte dwa granmoun pèp yo pou jwenn manje; yo te ba nou kouraj pou n kontinye goumen kont tout sistèm esplwatasyon ki lakòz popilasyon nou yo ap vin pi pòv chak jou pi plis e k ap detwi peyi nou yo. Dat sa yo te ba nou jèvrin pou n kontinye mache ak fanm yo pou liberasyon total kapital yo, pou n lite kont ZLEA ak pou n fè respekte dwa granmoun nou pou n chache pwòp devlopman nou, detan n ap soti anba tout fòm opresyon.

Nan non Jose Marti ak tout lòt militan ki te kanpe pou defann dwa granmoun Karayib la, noumenm pèp nan Karayib la, nou deklare: NOU PA VLE ZLEA. NOU DI WI POU LAVI! Dwa granmoun peyi nou yo pa ni pou vann, ni pou achte!

Se reprezantan tout òganizasyon ki te patisipe nan rankont la ki siyen deklarasyon sa a.

Wanament., 16 oktob 2002.