Haiti
Ti chèz ba

Frankofoni, Kreyolofoni, Alfalafoni


Ekri jou sanmdi 19 oktòb 2002

Guy S. Antoine - Editè, Fowòm Ayisyen / creoletalk.com

18 oktòb 2002

Mesyedam, mwen gen yon dividal kesyon ki toubiyonnen nan tèt mwen depi yon nèg abòde kesyon sou mouvman Lafrankofoni an. Kòm kesyon sa yo ale depi A rive sou Z, mwen rele yo yon ALFALAFONI. Si m ta rive reponn tout kesyon sa yo kòrèkteman, e byen alfalafoni sa ta tounen yon senfoni. Yon SENFONI pou pèp ayisyen an. Chak kreyolis se yon jwè nan gran òkès filamonik sa, kidonk mwen envite nou ede m rasanble patisyon an. Pran l lan mitan, pike tèt li, tape l sou dèyè, rantre lan nenpòt ki fant nan 26 pòt yo mwen pral louvri piba-a pou nou.

A. KI PLAS LAFRANKOFONI NAN ZAFàˆ AYITI?

B. Eske frankofoni se yon bagay pou entelektyèl nou yo, lelit nou yo, pousuiv oswa se yon bagay pou nou rejete kareman, kategorikman?

C. Rejete lafrankofoni, eske sa vle di rejete lang franse a?

D. Ki objektif frankofoni a?

E. Ki rezilta li kapab genyen e ki efè li genyen deja?

F. Eske rezilta sa yo favorab ou defavorab pou pèp ayisyen (sètadi, an gwo: lelit, mas pèp la, tout kouch sosyal yo, ansanm ansanm)?

G. Eske nou kapab kreye yon mouvman paralèl a frankofoni an, nou kapab rele KREYOLOFONI?

H. Eske selebrasyon mwa Kreyòl nan Monreyal, fèt Kreyòl nan Kiba ki fèt fini la, Fowòm Ayisyen an menm nou sou li kounyè a, prezantasyon nouvèl nan bwaPiwo (elatriye), eske yo reprezante eleman valab nan mouvman kreyolofòn sa?

I. Ki lòt eleman nou dwe site si nou vle fè evantè yon mouvman reyèl sou Kreyolofoni?

J. Eske Kreyolofoni (nan konsèp si se pa nan sibstans) angè kont Frankofoni, ou eske Frankofoni ranje an kwa sou wout Kreyolofoni an? Eske chak nan mouvamn sa yo nan gòjèt lòt la?

K. Eske yo kapab ko-egziste pasifikman?

L. Eske li menm posib pou yon mouvman ta kab ranfòse lòt la?

M. Eske FONI = FOLI? Eske Frankofoni, pa egzanp, vle di FOLI PALE franse ou FOLI KILTI franse yo?

N. Si FONI plis pase FOLI, ki sa gwo kouran sa yo reprezante ojis? Ki dinamik sosyal ou politik ki kache anba kouran sa yo?

Kesyon anlè a sijere frankofoni vle di plis pase voye monte lang franse a, kreyolofoni ta vle di plis tou pase voye monte lang kreyòl la. Si se vre:

O. Ki vrè vizaj frankofoni an? Ki sa li reprezante jodi a pou Lafrans e pou Ayiti tou?

P. Ki vrè vizaj kreyolofoni an? Ki sa li kab reprezante pou Ayiti e pou lòt sosyete kreyolofòn yo tou?

Annou kite sou kote lòt aspè enpòtan KILTI pèp ayisyen an, pou nou konsantre yon ti moman sou sitiyasyon jeo-politik nou e gran kouran mondyalizasyon k ap fèt nan òd ekonomik la:

Q. Ki benefis ekonomik FRANKOFONI ap pote pou pèp nou?

R. Ki benefis KREYOLOFONI genyen pou pèp nou?

S. Ki konsekans yon mouvman ANGLOFONI ta genyen pou pèp nou, si li kontinye anplifye? [Pa di m mouvman sa pa egziste! (menm si se an pratik, se pa sou papye ofisyèl)]

T. Kilès nan twa gran kouran sa yo ap pote pi gwo benefis pou pèp la, lò nou konsidere: a) lang li pale deja; b) lang vwazen li yo nan Karayib la; c) lang predominan nan echanj kiltirèl e ekonomik li yo

U. "SI" REZILTA FRANKOFONI dezirab pou lelit, men li "TA" negatif pou mas pèp la, eske gen yon fason pou DEPATAJE bagay sa?

V. Eske dinamik foni yo reprezante yon lit klas, yon lit sosyo-politik, kote patikilarite lang yo se bagay sipèfisyèl yo ye?

W. Eske dinamik foni yo reprezante yon lit ekonomik ant nasyon, kote patikilarite lang yo se bagay sipèfisyèl yo ye?

X. Eske dinamik foni yo reprezante yon lit sivi kiltirèl, kote se kilti youn kab anvayi lòt la opwen pou l ta menm fè l disparèt?

Y. Konstitisyon an di gen yon sèl lang (nasyonal) ki ini tout pèp la: se Kreyòl. Men li di tou ke gen 2 lang ofisyèl, se lang Kreyòl ak lang Franse. Nan pratik, nou konnen se lang Franse ki toujou an premye, lang Kreyòl toujou an dezyèm plas. Eske Kreyolofoni an fèt pou sèvi kòm yon zouti politik pou ekilibre sitiyasyon sa?

Z. Ki mwayen pratik e efikas Ayisyen kab itilize pou yo vanse Kreyolofoni an si se kouran sa yo chwazi naje ladan: Enstiti Kreyòl, Akademi Kreyòl, Kreyolizasyon TOUT dokiman ofisyèl peyi a, elatriye?

Mwen remèsye nou davans pou kontribisyon nou, alfalafonikman e filamonikman.