Haiti
Ti chèz ba

32zyèm anivèsè konstitisyon 1987 la

Ayiti : Sis òganizasyon ak pati lagòch kritike demach pou amande konstitisyon an


Ekri jou vandredi 29 mas 2019

Kominike 6 òganizasyon ak pati politik ki nan lagoch sou 32zyèm lane konstitisyon an (AKAO, Ayiti Djanm, BOURAD, GRML, KONTRAPEPLA, Rasin Kan Pèp la)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 29 mas 2019

32zyèm lane konstitisyon 29 mas 1987 la rive nan yon moman kote ekip PHTK ak Jovnèl Moyiz ak majorite palmantè yo mennen peyi a nan yon katchouboumbe ki mete ankòz endepandans peyi a ak sibzistans pèp ayisyen an.

Ekip ki sou pouvwa a sitèlman ap koupe rache, li foure sosyete a depi 9 mwa nan yon kriz sosyopolitik, sosyoekonomik ak finansye k ap mangonmen chak jou pi plis. Vòl, krim tout kalite, koripsyon, awogans, endesans ak enpinite fè jounen jodi a prèske tout sektè nan nasyon an vire do bay pouvwa a. Sèl bwa ekip sa a genyen dèyè bannann li se kèk fanmi nan klas dominant yo ansanm ak gouvènman ameriken an.

Gwoup fanmi sa yo mete ak enperyalis la pou kore prezidan an ak majorite raketè l la ki nan palman an poutèt liy restavèk yo a, ki mennen Leta ayisyen trayi Venezyela, izole tèt li nan Karayib la, vann pou granmesi resous natirèl peyi a genyen sou tè, anba tè ak anba lanmè.

Fòs sa yo, nan defann enterè pa yo ki depaman ak enterè peyi a, ap pouse ekip sa a fini pi plis toujou ak pwodiksyon nasyonal la nan kontinye louvri vant peyi a bay pwodui ki soti kay vwazen ak Ozetazini, pandan yap kite goud la vin pi fèb chak jou yon fason pou dola a se sèl kòk chante. Kòm konsekans, pèp la ap vin pi pòv epi ti minorite ki kontwole ekonomi an ap vin pi rich. Ayiti ap pèdi plis toujou nan souvrènte l ak diyite l. Pandan tan sa a, peyi a ap fin depafini.

33 lane apre Pèp ayisyen te gonfle fòs li, pou kapote rejim makout la, 32 zan apre li te vote an mas yon konstitisyon ki te vle tabli « yon Leta estab ak fò, ki kapab pwoteje valè, relasyon, souvrènte, endepandans ak vizyon nasyonal la», men ki kote klas dominant yo, nan konplisite ak anpi ameriken an, kondwi peyi a.

Pwojè pou fè palmantè yo amande konstitisyon 1987 la antre nan objektif pou kenbe sistèm dominasyon peze souse a, ki mete sou kote majorite popilasyon an. Yo vle rann Leta a pi fèb pou yo ka kontwole l pi plis toujou epi wete tout kannal patisipasyon ak kontwòl popilasyon an nan politik aktif peyi a. Nan amannman, yo vle bay konpayi etranje dwa propriyete nan peyi a pou yo fè dappiyank epi eksplwate jan yo vle tout richès peyi a. Pou yo rive la, yo bezwen palman sa a entwodwi amannman yo, fè KEP a òganize yon eleksyon pike kole pou pwochen palman vin vote amannman yo kap garanti y ap kontinye kenbe pouvwa a tennfas.

Pèp ayisyen an gen rezon l nan pla men l lè l ap kontinye leve kanpe jouk li jwenn satisfaksyon revandikasyon li yo epi rive pwoteje pi byen enterè nasyon an. Noumenm nan lagòch nou kanpe avè l.

Aktè konsekan nan sektè popilè ak pwogresis yo, nan mouvman sosyal yo, nan sosyete sivil la, nan sektè politik la ak nan sektè prive konsekan an dwe mache kontre epi tabli bonjan dyalòg politik nan mitan yo. Objektif prensipal demach sa a, se pou nou anpeche ekip PHTK, Jovnèl Moyiz ak alye yo rive vann tout richès peyi a, anpeche yo depatcha tout avanse demokratik Konstitisyon 87 la epi anpeche yo òganize lòt eleksyon fo mamit pou respekte angajman kout ponya yo pran ak zòt. Ann twouse ponyèt nou pou fòs pwogrè yo rive pran kontwòl peyi a, yon fason pou li rejwenn dwa grandèt li, epi konstwi yon sosyete san fòs kote tout moun kapab viv tankou moun.

Viv mobilizasyon manch long pèp Ayisyen an !

Viv yon altènativ konsekan pou wete peyi a nan tchouboum !

Viv inite nan mitan tout fòs pwogresis nasyon an !

Pòtoprens, 27 mas 2019

Aksyon pou Konstwi yon Ayiti Òganize (AKAO), Junot FÉLIX

Ayiti Djanm, Jean Jacques HENRILUS

Bourad pou remete Ayiti debou (BOURAD), Harry JEAN

Gwoup Refleksyon Moyiz Louvèti (GRML), Ernst MATHURIN

Konbit Travayè Peyizan pou Libere Ayiti (KONTRAPEPLA), J.R. Bob LIMONTAS

Rasanbleman Sosyalis pou yon Inisyativ Nasyonal tou nèf (RASIN) Kan Pèp la,

Marc Arthur FILS-AIMÉ