Documents

Èske moman an rive pou Ayiti pran kap li ?


jeudi 14 février 2019

Pierre Michel Chéry*

Tèks sa a vin jwenn AlterPresse 14 fevriye 2019

Enpòtans politik manifestasyon 7 fevriye 2019 la

Manifestasyon 7 fevriye 2019 la se manifestasyon ki pi politik nan tout manifestasyon, ki fèt nan peyi a, depi popilasyon an ap pran lari pou li reklame dwa li anba rejim Tèt Kale a. Menm si manifes¬tasyon 7 fevriye 2019 la pa ta gen menm kantite moun ak manifestasyon ki te fèt anvan yo (6-7 jiyè 2018, 17oktòb ak 18 novanm 2018), se pou nou di depi rejim Tèt Kale a monte sou pou pouvwa a se manifestasyon ki mete do pouvwa Tèt Kale a atè. Men pou ki rezon :

1) Sou plan senbolik, M. Jovenel Moïse pa t gen mwayen pou li fete dezyèm anivèsè li sou pouvwa a ansanm ak fanatik li yo. Manifestasyon 7 fevriye a pran tout espas medya yo. Sa vle di, li anpeche pouvwa a jwenn podyòm pou li fè pwopagann ak bèl pwomès. Mete sou sa, yon anivèsè se yon moman senbolik pou kèlkeswa pouvwa a. Si pouvwa a pa ka pwofite dat anivèsè a, li pa ka fè tankou li pa tande rèl popilasyon an.

2) Sou plan sekirite, gen de (2) konsiderasyon pou nou fè. Premye konsidera-syon : Kantite moun, ki sòti tout kote, ki pran lari nan manifestasyon 7 fevriye 2019 la, anpeche pouvwa a itilize eskadwon lanmò yo ak mèsenè etranje yo, tankou sa te fèt nan dènye manifestasyon an kote frantirè etranje (sniper) t ap rale manifestan ki te sou barikad nan longvi, pou yo vide yo atè ak yon bal nan tèt. Dezyèm konsiderasyon : reyaksyon ki fèt avèk vyolans sou lokal lapolis ak sou machin lapolis, nan Mibalè, nan Okap, nan Pòtoprens, nan Gonayiv montre popilasyon an te sòti ak volonte pou li reponn tèk pou tèk ak pouvwa a, sizoka li ta chwazi fè represyon sou popilasyon an.

3) Sou plan politik, apati 7 fevriye 2019 la, desten peyi a pa nan men pouvwa Jovenel Moïse la ankò. Tank Jovenel Moïse rete sou pouvwa a, se peyi a l ap fè pèdi tan pou granmesi, se tan peyi a ap pèdi pou li monte sou wout li dwe pran an. Gen Ayisyen ki te limite revandikasyon yo nan Petwo Karibe sèlman. Yo kòmanse konprann kesyon jistis la se yon kesyon politik nan nannan l. Okenn pouvwa politik p ap vin kite lajistis jije zotobre ki tranpe nan dosye Petwo Karibe a. Mete sou sa, diskou chanje Leta a, chanje sistèm nan ap fè wout li nan pifò sektè nan lavi nasyonal la. Pati politik ki pre pouvwa a, tankou OPL, ap kite bato a tankou rat. Sèten pèsonalite, tankou Boulos, ki te patisipe nan mete M. Jovenel Moïse sou pouvwa a ap pran pozisyon piblik kont pouvwa a.

4) Chak klas sosyal, chak sektè nan sosyete a, chak klik, chak klan deja ap foubi zam yo paske pawòl chanje Leta a, chanje sistèm nan ap pale. Pa gen okenn fòs sosyal k ap kite yon lòt vin kontrarye enterè li san li pa reyaji. Kouch popilè yo dwe mete yo pre pou jou k ap vini yo.

Eritaj Leta a yon pwa senkant pou avansman sosyete a

Tankou jan anpil opsèvatè abitye repete li, Leta apated Petyon ak Bwaye taye kòm sistèm nan peyi a rive nan toubout li. Gen plizyè rezon ki esplike pou ki rezon se kounye a Leta apated la ap fè bèk atè. Premye rezon an, se chanjman mantalite ki fèt nan popilasyon an : tout moun vle pou yo respekte dwa yo, kit li se fanm, kit li se gason. Tout moun vle viv tankou moun nan sosyete a, kit li se moun lavil, kit li se moun andeyò, kit li se grannèg, kit li se malere, kit li se moun afè miyò nan klas mwayèn nan, tout moun vle viv jan yo wè televizyon ap montre kouman moun ap viv nan peyi etranje. Chanjman mantalite sa a, ki rive nan kouch popilè yo tou, l ap bouskile yon sistèm valè ki chita sou mepri majorite popilasyon an. Tout paran bezwen pou pitit yo ale lekòl, tout chomè bezwen travay, tout jenn gason ak jenn fanm bezwen gen yon metye kòdyòm ki pou pèmèt yo viv nòmalman. Peyizan refize viv nan vizyon izòlman Kòd Riral yo taye pou sèten kategori moun nan sosyete a, espesyalman pou abitan yo.

Bwaye te negosye dèt lendepandans la sou do danre abitan, espesyalman kafe. Se chwa sa a ki bay Leta a eskanp ekonomik li, se li ki donnen lamizè nan peyi a tou, paske Leta te toujou nan kouri pou li jwenn resèt ladwann pou li peye peye enterè ak manman lajan prè li te fè pou dèt Lendepandans la. Se tankou Bwaye te kondane pou tout benfis peyi a fè, nan swè travay abitan, pou yo te ale jwenn Lafrans. Premye lajan prete sa a ouvè tout kalite vàn lanmò sou do peyi a : enterè k ap monte sou manman lajan, koripsyon, koutay pou moun ki negosye epi koutponya pou peye dèt tounen yon pratik ki pèmèt raketè ak politisyen kòche kès Leta a. Se konsa resèt ladwann pral tounen sèl sous finansman Leta a. Lavi sosyal la pral mare ak bon osnon move rekòt kafe. Klik piyajè, ki toujou sou pouvwa nan peyi a, pa janm deparye ak lide jesyon Leta a vle di koutay, koripsyon, favoritis, likidasyon richès peyi a bay etranje. Li difisil pou nou jwenn 3 gouvènman nan 19e syèk la ki te gen sousi pou yo byen jere Leta a. Diran 213 lane, nou ka konte sou dwèt yon sèl men, konbyen gouvènman ki te gen reskonsab Leta ki te konprann obligasyon yo anfas tout pèp la.

Si pouvwa Jovenel Moïse la pa reskonsab fòm Leta ki la depi 1806 nan peyi a, men mantalite Prezidan an, vizyon li kòm bizismann, patisipasyon dirèk li nan yon seri eskandal finansye, montre lespri li taye pou bras, li monte sou pouvwa a tou pare pou li swiv pratik piyajè ki toujou ap souse kès Leta a. Nou ka wè sa nan respè fòmalite ki pa egziste, epi nan transparans ki pa genyen nan lajan k ap depanse pou karavàn yo.

Jodi a, tochanj, 90 goud pou yon dola ameriken, pèmèt pifò moun nan popilasyon an konprann peyi a pa ka viv san pwodiksyon. Peyi a dwe pwodui byen ak sèvis li bezwen yo, peyi a dwe pwodui byen ak sèvis pou li voye vann aletranje, dekwa pou li ka jwenn lajan pou li voye achte sa li pa ka pwodui yo. Ti ponyen pwodui peyi a ap ekspòte yo, kantite lajan transfè dyaspora a, ti èd k ap sòti nan men enstitisyon entènasyonal oswa bilateral yo pa ka pèmèt popilasyon an jwenn tout sèvis l ap tann yo nan men Leta a.

Gen peyizan k ap pwodui yon pati nan sa moun ap manje nan peyi a, gen travayè ki nan domèn konstriksyon, gen kèk lòt sektè (soutretans) tou fèb k ap pwodui nan peyi a. Apa ti sektè sa yo, tout lòt byen ak sèvis peyi a bezwen, se aletranje gwo komèsan ak ti komèsan al chache pote vin vide nan mache peyi a. Nan ane 50-60 te gen yon endistri soulye nan peyi a, ki te anfas Lopital Jeneral, te gen pakotiyèz ki t ap fè rad pou peyizan nan ri Makajou ak ri Dèseza… Epi enkapasite Leta a pou li fè fas devan katastwòf pral ofri enperyalis meriken yon seri opòtinite, youn dèyè lòt, pou li detwi ti atelye pwodiksyon ki t ap miltipliye nan peyi a. Anvan rad pèpè te vin prensipal mwayen pou pèp la abiye, te gen rad sinistre ak manje sinistre pèp la te rele odeyid apre siklòn Azèl, vin gen rad kenedy ak manje sinistre apre siklòn Flora. Lè rad pèpè, manje pèpè ak zagribay rive nan peyi a, enperyalis la te deja detwi tout ti atelye pwodiksyon familyal yo ak pil rad sinistre plis manje sinistre.

Peyi a genyen yon ti ponyen kapitalis ki kontwole flonn lajan k ap antre soti nan peyi a. Pifò nan kapitalis sa yo se etranje ki gen paspò ayisyen tou. Depi kapitalis sa yo fin antipile lajan nan peyi a, yo lib pou y al fè kapital la fè pitit nan lòt peyi (Sendomeng, Florida, eks) ki gen plis estabilite pase Ayiti. Pouvwa blankofil ki toujou nan tèt peyi a, ede yo antipile kapital yo nan peyi a, apre sa, yo deplase mago yo, y al envesti yo nan peyi etranje, san yo pa bezwen fè okenn konsiderasyon moral ni pou peyi, ni pou moun k ap viv nan peyi a. Istoryen Roger Gaillard, nan seri liv "Les Blancs Débarquent", li esplike kouman anpil Siryen ak Libanè te konn sèvi ak paspò ameriken yo pou yo fè reklamasyon kòm etranje apre chak "revolisyon" ki fin fèt nan peyi a. Gen anpil grannèg nan peyi a popilasyon an pran pou gwo boujwa ayisyen. Anpil nan boujwa sa yo envesti plis lajan nan peyi etranje pase sa yo envesti nan peyi a. Nan mantalite kapitalis etranje sa yo, ki gen paspò ayisyen tou, peyi a bon pou biznis si gen rakèt, bras ak paspouki sou do Leta a, egzanp : kontra kouran, kontra kit, eks.

Sosyete a bezwen yon nouvo kontra

Gwoup ki kontwole sistèm koripsyon ak kontrebann nan peyi a, p ap vini nan negosyasyon yo ni anba etikèt kontrebandye, ni anba etikèt kowonpi. Kontrebandye yo, kowonpi yo, brasè yo, raketè yo, yo tout ap met rechany nasyonalis yo, pou yo vin defann rakèt yo, anba chal, avèk pretèks se travay y ap bay malere nan peyi a.

Peyi a rive nan yon kafou kote rapò sosyal yo pral chanje, se pwa ak entèlijans chak klas sosyal nan kriz la, ki pral di si transfòmasyon ki pral fèt yo ap nan avantaj pèp la, kont pèp la, osnon si anyen p ap chanje. Chanjman yo inevitab, se moman pou kouch popilè yo montre yo gen kapasite pou yo oryante desten peyi a nan sans enterè reyèl yo. Se detèminasyon kouch popilè yo ak klèvwayans yo k ap di ki chanjman ki pou fèt nan sosyete a, ki chanjman ki pou fèt nan ekonomi an, ki chanjman ki pou fèt nan Leta a. Si kouch popilè yo pa gen mwayen pou yo kontwòl devlòpman kriz la, tankou sa toujou fèt chak fwa gen kriz nan peyi a, se teknokrat, k ap travay pou sistèm apated la, ki pral fè pèp la asepte yon chanjman sou po ki pa koresponn ak nivo revandikasyon yo, ni aspirasyon yo.

Fòk pèp la deja pare tann, aferis ak politisyen pral chache bay sèten lidè oswa sèten moun ki parèt devan nan lit la yon seri avantaj pou yo ka kalme, tankou jan yon radyo te fè l avèk Ti Jinyò. Ti Jinyò se jenn gason ki te pete kriye nan yon "voice" (vòys) pou l di li grangou, li pa kapab ankò. Jounalis ki t ap fè demach pou ede Ti Jinyò a, li te byen presize : se Ti Jinyò ki kriye, lòt moun ki nan grangou yo, yo pa kriye yo menm. Se konsa, moun ki abitye ak pouvwa nan peyi a konnen pou yo rezoud pwoblèm yon moun, san yo pa rezoud pwoblèm pèsonn nan sosyete a. Depi sou Akawo, peyi a ap viv mòd pratik sa yo. Youn nan kou politisyen rat do kale gen anba men yo, se pèmèt moun ki gen revandikasyon yo ekri tout sa yo vle sou papye lè ponyèt yo gonfle. Se konsa yo te woule sendika anseyan yo nan ane 1990 yo.

Chak kriz se yon okazyon pou sèten transfòmasyon fèt nan sosyete a. Si pa gen chanjman, kriz la se prèske yon gaspiyay. Transfòmasyon sosyal vle di gany ki pou vin jwenn pèp la apre kriz la sou fòm dwa reyèl ak aksyon konkrè. Transfòmasyon yo dwe montre peyi a ap pran kap pou malere jwenn byennèt y ap chache a nan peyi a. Jounen jodi a, nivo konsyantizasyon ki travèse kouch popilè yo ka pèmèt yo pouse transfòmasyon yo nan yon nivo radikal, kit se nan rapò sosyal yo, kit se nan rapò sitwayen yo ak Leta a, kit se nan òganizasyon ekonomi peyi a. Men, pou pèp la jwenn fwi batay li, sa mande pou avangad kouch popilè yo gen yon vizyon klè sou enjistis sosyal yo, sou chanjman ki pou fèt yo epi sou mwayen ak wout k ap pèmèt chanjman yo ateri toutbon vre. Si pa gen avangad politik ki nan nivo atant popilasyon an, politisyen pral woule pèp la nan farin.

Nivo dekonpozisyon sosyete a ak pwofondè kriz la, ta dwe pèmèt peyi a jwenn yon transfòmasyon radikal. Transfòmasyon yo dwe manyen chapant Leta a nan nannan l, nan òganizasyon Leta a, nan fonksyònman Leta a, nan rapò Leta a avèk sitwayen yo, nan itilizasyon resous Leta yo, epi nan òganizasyon ekonomi peyi a. P ap gen transfòmasyon [pou pèp la] si lwa yo ak nouvo pratik sosyal yo pa fèt nan lide sa yo : pa gen moun pase moun, tout moun egal ego, fanm kou gason egal ego. Pa gen transfòmasyon si pèp la asepte pou lwa peyi a divize popilasyon an ant moun lavil ak moun andeyò (dekoupaj teritwa peyi a, pou eleksyon yo, fèt sou baz lavil/andeyò ; yon sèl sistèm pou tout sitwayen yo nèt). Peyi a fèt pou li genyen yon sèl kategori sitwayen.

Sou plan ekonomik, transfòmasyon radikal la vle di : sòti nan sistèm ekonomik ki chita sou enpòtasyon an sèlman, san pwodiksyon nasyonal, ki fè ladwann tounen pi gwo sous resèt Leta. Toutotan ekonomi peyi a chita sou enpòtasyon sèlman, l ap difisil pou mas jenn gason ak jenn fanm, k ap diplome chak ane yo, jwenn travay nan peyi a. Tan eslogan, pawòl nan bouch san nannan an, fini.

Transfòmasyon radikal la, vle di Leta adopte yon lòt filozofi. Devlòpman aksyon li fèt nan sousi pou Leta satisfè bezwen primè popilasyon an nan respè diyite moun. Sa mande pou otorite Leta yo ak gwo fonksyonè yo chanje fason yo konprann relasyon Leta avèk sitwayen yo. Sa mande pou fonksyonè yo adopte lòt konpòtman ki pou pèmèt yo sèvi popilasyon an avèk respè. Jounen jodi a, kèlkeswa moun ki sou pouvwa nan peyi a, li konprann li se yon papa/manman bon kè k ap fè moun ki vin devan l favè oswa lacharite. Relasyon sitwayen yo avèk otorite yo dwe chita sou lwa ki respekte dwa moun epi ki pwoteje diyite moun. Dwa yo pa la pou patizan oswa kliyantèl politik yon otorite, dwa yo la pou kèlkeswa Ayisyen an, depi li ranpli kondisyon lalwa fikse yo.

Si yon Leta bay tèt li misyon pou li sèvi popilasyon an, fòk sa parèt nan bidjè peyi a. Bidjè peyi a dwe montre kouman Leta konsidere bezwen primè popilasyon an. Bidjè peyi a pa yon zouti politik pou otorite ki sou pouvwa fè chantaj sou popilasyon an ak sou advèsè politik yo. Chak Ayisyen dwe gen fòmasyon ak enfòmasyon pou li konprann kouman yo prepare bidjè peyi a pou li ka patisipe nan montaj bidjè a. Fòmasyon an dwe pemèt sitwayen yo patisipe nan defini priyorite yo apati lis bezwen primè yo. Egzanp : bidjè peyi a kouvri 100% frè eskolè elèv ayisyen sòti 3 zan rive 17 an, fòmasyon debaz plis yon pwofesyon manyèl. Bidjè peyi a dwe konsidere tout popilasyon peyi a nèt, pa dwe gen yon sèl lokalite nan peyi a ki pou ap plenyen : Leta a pa konnen si li egziste. Se prensip egalite a nan sistèm repibliken an ki mande sa. Sa ap fèt nan patisipasyon ak brase lide, depi nan seksyon enimerasyon, pase nan seksyon kominal, monte nan komin yo, jouk li kouvri tout peyi a.

Nan eta peyi a ye la a, an 2019 la, menm peyi a genyen pou li monte yon sistèm kontwòl ki pèmèt li elimine franchiz, kwape vòlò, kowonpi ak kontrebandye epi pou tout biznismann ta peye taks yo nòmalman. Malgre sa, Leta a p ap jwenn ase lajan pou li satisfè tout bezwen primè popilasyon an. Gen lòt pwoblèm dèyè ki esplike pou ki sa. Pwoblèm sa yo mare ak ekonomi enpòtasyon an ki pa pèmèt peyi a devlope lòt branch aktivite. Konsekans : twòp chomè ki pa ka peye taks, yo pa ka patisipe kòm pwodiktè nan ekonomi peyi a. Epi, nivo pwodiktivite yo nan prèske tout lòt branch aktivite yo twò ba. Egzanp klasik la se sistèm transpò nan peyi a ki koute chè san li pa konfòtab. Sa mande jefò pou nou kontinye elimine avantaj ak privilèj legal ki vin jwenn otorite ak gwo fonksyonè yo. Gen yon rado devire otorite yo ka fè nan lajan Leta a pou yo mete avantaj sou sa yo deja genyen. Sou kesyon avantaj ak privilèj la, fòk prensip la di : okenn privilèj pa posib si gen yon sèl moun nan peyi a ki pa ka satisfè bezwen primè li.

Deside ki sa ki pou fèt ak resous Leta yo, se yon travay ki mande anpil sans konpwomi ak konpreyansyon. Gen bezwen primè k ap mande pou popilasyon an separe ak yon lòt kominote. Sa ki pou gide Ayisyen nan oryantasyon ak repatisyon bidjè a se prensip ki di : bouch tout moun fann, si gen pou youn, gen pou de (2).

Ki transfòmasyon ki pou fèt nan ekonomi peyi a ?

Si jounen jodi a, peyi a rive nan 90 goud pou yon dola, se paske lajan dyaspora a ap voye nan peyi a pa ka kouvri tout byen ak sèvis peyi a ap achte aletranje yo. Men, gen yon dezyèm rezon atifisyèl ki fè dola a monte. Chak fwa patwon faktori soutretans yo bay ouvriye yo ogmantasyon nan goumen, Anbasad ameriken monte tochanj dola a, ak fòs gwo ponyèt li, pou li depresye goud la. Dekwa pou pwofi fim ameriken ki gen faktori nan peyi a ka rete nan menm nivo a. Ajisman san repons sa yo montre nou lachte otorite Leta ayisyen yo (BRH, Ministè Finans) devan Anbasad meriken. Konsa tou, si gen tout jenn gason ak jenn fanm sa yo, ki diplome, ki pa ka jwenn travay, se paske peyi a pa janm gen yon boujwazi nasyonal ki pozisyone peyi a kòm antite ekonomik ki gen pwòp enterè li anfas lòt peyi. Boujwazi peyi a fè chwa estratejik enpòtasyon ak soutretans, kote y ap vann fòs kouray travayè ayisyen tankou analfabèt bon mache. Nan kondisyon sa a, jenn gason ak jenn fanm ki gen diplòm yo pa koresponn ak pwofil travayè patwon faktori soutretans yo ap chache yo. Men, chwa sa yo koresponn ak chwa Leta a tou. Lòt pwoblèm nan chwa resèt ladwann nan, se paske jaden kafe yo ak plantasyon danre yo disparèt. Chay kafe a te tonbe sou do abitan sèlman. Espekilatè, espòtatè ak Leta pa t janm montre yo sansib pou manman bèf yo t ap souse a.

Tout moun rekonèt se yon anomali pou yon peyi prèske pa pwodui anyen, epi pou l ap voye achte tou sa li bezwen aletranje. Men, se depi nan 19e syèk la pou peyi a te pran kap pou li devlope mache entèn pou pwodui peyi a. Estrateji enperyalis la ki defini wòl peyi a kòm rezèv bra pou plantasyon nan Kiba ak Sendomeng, depi sou Lokipasyon, pa janm pèmèt gouvènman yo pran wout devlopman yon mache nasyonal. Dènye prezidan, ki viktim tantativ sa a, se Estenio Vincent. Kriz 90 goud pou yon dola a, montre peyi a poko pare pou li sòti nan kriz. Men, jan sitiyasyon peyi a ap degrade a, pa gen wout pa bwa, peyi a oblije pran desten li nan men.

Men, pou kouch popilè yo konprann difikilte ekonomik k ap tann yo, yo fèt pou jwenn kouman pou yo trete kesyon sa yo :

i) Pifò gwo komèsan ak enpòtatè ki kontwole komès ak finans peyi a pa gen okenn atach reyèl ak peyi a. Nou deja di sa. Menm jan yo se Ayisyen an, yo gen yon paspò etranje nan men yo. Anpil ladan yo deklare yo viv pi byen Miyami pase Ayiti. Sa vle di, yo pa gen okenn preyokipasyon pou Ayiti soti nan sa li ye a ;

ii) Yon kapitalis pa oblije swiv okenn lojik renmen peyi oswa travay pou pèp. Se òganizasyon Leta a ki pou anpeche yon kapitalis aji kont enterè Leta a. Etan kapitalis Ayisyen yo p ap bay DGI bon bilan yo, yo oblije deklare tout lajan yo fè nan peyi a bay Leta ameriken. Tonton Sam pa mande pèsonn renmen Etazini, men li gen mwayen pou li fè kèlkeswa biznismann nan konfòme l. Yo pa ka mande yon enpòtatè diri ki wè avantaj li nan enpòtasyon pou li antre nan plante diri paske pèp ayisyen ap mouri grangou. Men, Leta dwe gen mwayen pou li anpeche li enpòte yon ti mamit diri anplis si se sa lalwa deside nan peyi a ;

iii) Moun pa chanje metye tankou yo chanje chemiz. Aktivite pwodiksyon pa mande menm kalite konpetans ak enpòtasyon machandiz. Sa vle di, li pa fasil pou komèsan yo jete kazak enpòtatè yo, epi pou yo pran kazak direktè izin yo. Nou ka pran egzanp sou mèt faktori yo nan peyi a. Depi nan lane 1970 yo, patwon izin ayisyen ap vann fòs kouray ouvriye ayisyen an tankou analfabèt bon mache. Nan lide patwon yo, kondisyon analfabèt san fòmasyon lakay ouvriye yo se yon avantaj konparatif pou yo. Chwa sa a montre limit konpetans kapitalis ayisyen yo pou yo metrize chenn pwodiksyon ki pi konplèks pase koud rad. Men, li montre tou, pa gen okenn lespwa pou eskòt jenn fi ak jenn gason, k ap diplome nan lekòl pwofesyonèl yo ak nan fakilte yo, pou yo ta jwenn travay nan yon modèl ekonomik ki chita sou fòs kouray travayè analfabèt ;

iv) Gen yon pakèt prejije sosyal ki ranfòse anpil kapitalis ayisyen "po klè" yo nan konfò pou yo kenbe sistèm nan jan li ye a. Fòk nou pa bliye Leta Petyon-Bwaye a bati sou modèl kolonyal nou jwenn nan Kòd Nwa 1685 la. Sa garanti yo yon estati sosyal ki chita sou koulè po yo ak orijin etnik yo. Ayiti, peyi kote moun ap repete pa gen moun pase moun pa dwe asepte mòd rejim sosyal sa yo.

Èske sa vle di peyi a kondane ? Non, kriz peyi a ap viv la, montre sosyete a pa ka kabre ankò. Peyi a oblije pran wout pou li te pran depi dat la. Ayisyen dwe travay pou yo pwodui pou mache nasyonal la, apre sa pou yo pwodui pou mache etranje.

Pifò pwodui konsomasyon k ap soti aletranje ( Sendomeng, Etazini, Brezil) se pwodui Ayisyen ta gendwa fè nan ti atelye fabrikasyon (5-10 anplwaye). Volim pwodui peyi a voye achte aletranje yo, volim bezwen chak gwoup sosyal genyen ki pa satisfè yo, yo tout, yo reprezante yon nich opòtinite pou yon jenerasyon pwofesyonèl diplome ki p ap ka mete konpetans yo nan modèl analfabèt bon mache a. Se okazyon pou aspiran "chomè" sa yo, regwoupe yo ansanm, nan koperativ, nan ti atelye pwodiksyon, ki pa mande tout kapital yon gwo izin bezwen pou yo ka devlope yon lòt konsepsyon biznis ki chita sou pwodiksyon byen ak sèvis pou mache nasyonal la, anvan yo atake mache entènasyonal la. Estrateji a mande pou Ayisyen aprann demonte chak pwodui, ki soti aletranje, pou yo aprann refè yo pi byen, epi pou yo vann li sou mache nasyonal la. Yon estrateji konsa mande pou kouch popilè yo deja rezoud pwoblèm Leta a ki kont nasyon an. Se yon estrateji an chenn, ki pou kòmanse depi nan sant fòmasyon yo, kote etidyan yo ap aprann demonte, etidye pwodui yo sou tout aspè yo (konpozan, kou, ekipman, sous apwovizyònman, fezabilite nan kontèks peyi a, rantabilite, eks). Apre sa, pou yo pase nan etap aprann refè yo "pi byen", epi akonpayman Leta a pou yo ka ekoule yo nan yon mache pwoteje. Se pa yon inisyativ grenn endividi ka pran pou kont li. Fòk Leta a prezan nan tout etap devlòpman estrateji sa a : fòmasyon, enplantasyon, akonpayman, pwoteksyon, eks. Fòk gen sant fòmasyon ki oryante ansèyman ak devlopman konpetans ki chita sou ranplasman pwodui komèsan ap pote vin vann nan peyi a, kit se pwodui pou moun manje, kit se pwodui fabrikasyon lejè, kit se lòt ki pi konplèks toujou. Solisyon estratejik pwoblèm chomaj la nan mwayen tèm chita nan devlopman filyè pwodiksyon pou mache nasyonal la. Fòk pwodiktè ayisyen yo chache plas yo ant yon gwo izin ven mil mèt kare, 2500 ouvriye, ak yon atelye 50 mèt kare kote se 5 teknisyen ki met tèt yo ansanm pou yo pwodui pou mache a. Teknoloji a pèmèt yo redui espas ekipman yo te konn mande. Epi, mache nasyonal la se vitrin peyi a kòm magazen pou deyò.

Ayisyen pa renmen diskite chif. Nan lareyalite, se sèl fason yon moun genyen pou li konnen ki lè yon moun ap bay ak ki lè li p ap bay manti. Se chif yo ki pou montre popilasyon an, lè li leve pye li, ki kote l ap ka mete l. Se chif yo ki pou pèmèt Ayisyen prevwa ki kote chwa yo ka mennen peyi a. Men, sa ki pi enpòtan an, se chif yo ki pou di si peyi a ap gaspiye fòs kouray travayè osnon si l ap fè chemen pou plis jenn gason ak jenn fanm ka sòti nan kondisyon chomè avi a.

Konklizyon

Chak kriz se yon okazyon pou pèp la fè yon seri gany sou plan politik, sou plan sosyal oswa sou plan ekonomik. Se kapasite repons òganizasyon kouch popilè yo devan defi politik yo k ap di ki kalite gany yo ka rache nan men advesè yo. Pèsonn pa ka mande yon moun ki grangou pou li rete trankil. Repons ekonomik yo se yon nesesite nan moman an. Nou te oblije fè yon rapèl sou istwa peyi a, sou chwa politik ak chwa ekonomik ki mennen peyi a kote li ye la a, pou lektè yo ka konprann kouman kat la mare. Analiz nou fè yo chita sou solisyon estratejik ki posib pou peyi a. Reskonsablite Ayisyen ki nan avangad kouch popilè yo se itilize dokiman sa a tankou yon zouti ki pou pouse sitwayen ki nan kouch popilè yo konnen gen solisyon ki posib si yo kontinye òganize yo, si yo kontinye fè inite. Paske, si rapò fòs politik yo baskile nan avantaj yo se pou yo gen solisyon derechany yo tou pare, paske si yo pa gen solisyon pou yo pote pou pwoblèm yo, se tankou se te yon kriz pèdi tan, l ap repete ankò.

9 fevriye 2019

* Manm Akademi kreyòl ayisyen (Aka)
Enfòmatisyen