Haiti
Ti chèz ba

Pran leson sou Ayiti

New York Times (paj Editoryal/Op-Ed) - 6 Desanm 2001
Ekri jou mèkredi 13 fevriye 2002

Otè atik sa a, se HOWARD HIATT. Moun ki fè tradiksyon kreyòl se Guy S. Antoine, editè Windowsonhaiti. Li vin jwenn nou apati distribisyon Haiti Support Group.

Boston — Pami 28 milyon moun ann Afrik ki gen SIDA, ou pa twouve menm 25,000 ki jwenn medikamen. Sa w tande nan bouch ni responsab Nasyon Lemisfè Wès yo ni peyi kap soufri maleng sa — tankou Lafrikdisid ki chaje ak plizyè milyon moun ki bezwen trètman toutsuit, san reta — sè ke peyi pòv yo pa gen ase klinik, yo pa gen ase doktè, pa gen ase edikasyon pou pèmèt trete tout moun ki gen maladi sa. Se sa yo di tout tan nan diskisyon k ap fèt pou diskite zafè finansman entènasyonal pou konbat SIDA.

Men se pa verite a sa. Gen yon klinik ann Ayiti, youn nan peyi pi pòv ki genyen, kote responsab sante yo resi kontwole enfeksyon VIRIS SIDA menm jan yo fè sa Ozetazini. Sant sante sa, se "Partners in Health" (Patnè nan Sante) yon òganizasyon charitab ki afilye ak Fakilte Medsin Inivèsite Harvard nan Boston. Li posib pou repwodui tou patou menm siksè klinik sa genyen ann Ayiti si peyi rich yo deside met lajan deyò pou reyalize sa. Pwoblèm ki lakòz moun ki enfekte ak VIRIS SIDA pa twouve medikaman, pa chita sou mank responsab sante ni li pa chita sou mank edikasyon pèp yo. Rezon veritab la se mank volonte pou rezoud gwo pwoblèm sa.

Sant sante a nan mitan Kanj, yon ti kominote pòv kote w twouve ti kay tòl san planche. Anndan Kanj kòm andeyò l tou, responsab sante yo swenyen malad yo ak konpetans epi anpil konsiderasyon. Bon jan swen yo bay la kapab konpare ak sa w twouve nan Lopital Meriken k ap aprannn etidyan kouman pou yo pwofesyonèl tout bon nan metye yo.

Sant sante sa te kòmanse an 1983 pa doktè-antwopològ Paul Farmer k ap feraye nan Lekòl Medsin Inivèsite Harvard nan Boston, ak yon lòt asosye, Reveran Fritz Lafontant, ki limenm se se yon pè Ayisyen nan Legliz Episkopal. Gen plis moun toujou k ap travay sou kote Doktè Farmer ak Jim Yong Kim, yon lòt doktè-antwopològ tou. Pami moun sa yo n ap twouve doktè ayisyen ak enfimyè tou, plis apeprè 200 lòt moun ankò k ap travay nan domèn sante. Yo mete tèt ansanm, yo kreye yon klinik ki jwenn anpil siksè nan travay sa l ap fè a.

Anviwon mil kat sa (1.400) nan pasyan yo gen viris SIDA a. Yon santèn pami pi malad yo resevwa medikaman pi avanse meriken sèvi pou yo konbat SIDA lakay yo. Moun ki suiv trètman sa kapab fonksyone nòmalman jodi a. Responsab sante yo ki te resevwa fòmasyon yo nan sant sante sa menm, pran swen malad yo. Operasyon klinik la baze sou valè donasyon yo resevwa. Doktè yo fè konnen yo pare pou trete 100 lòt malad ankò ak menm medikaman yo, si yo ta resi konvenk konpayi famasetik yo ba yo kantite ki nesesè a.

"Parners in Health" (Patnè nan Sante) aplike menm prensip yo itilize nan Kanj lan nan yon sant sante nan Perou epi yon lòt ankò nan Meksik. Nan chak ka sa yo, fòmasyon anplwaye klinik sante kominote yo pèmèt devlòpman yon sistèm ki anmezi ofri yon trètman pwofèsyonèl san fay pou moun k ap soufri anba maladi ki pa fasil pou geri. Klinik ki nan vil Lima nan Perou a deja geri plis pase 80 pou 100 pasyan ki te enfekte ak tibèkiloz, yon maladi ki reziste medikaman — sa se yon bagay anpil ekspè maladi sa epi menm Oganizasyon Mondyal Lasante te panse yo pa t ap janm resi akonpli.

Sa responsab sante yo fè pou konbat viris ki lakòz SIDA a, se jis yon jefò tou piti li ye lò w gade voum pwoblèm SIDA ap simaye tout patou sou latè. Men gwo siksè yo reyalize deja nan ti kominote y ap travay la ban nou yon leson. Si nou pa trete milyon ven Afriken k ap mouri anba SIDA jodi a, se paske nou chwazi pou nou pa pran ka yo, se pa paske li enposib pou nou fè sa.