Haiti
Atik

Ayiti-Politik : Gouvènman an ak opozisyon an sonje viktim masak 29 novanm 1987 yo, nan riyèl vayan Pòtoprens


Ekri jou vandredi 30 novanm 2018

Pὸtoprens, 30 novanm 2018 [AlterPresse]--- Gouvènman an salye memwa moun, yo te asasinen nan riyèl vayan, Pòtoprens, nan dat 29 novanm 1987, ki te sipoze wè premye eleksyon lib nan peyi d Ayiti, apre 30 lane diktati Divalye yo.

Nan okazyon 31 lane, depi militè ak atache te sasinen anpil moun ki ta pral vote, sekretè leta pou kominikasyon gouvènman an, Eddy Jackson Alexis, envite tout politisyen yo respekte chwa pèp ayisyen an te fè nan eleksyon 2016 yo.

Alexis di li pa dakò ak konpòtman anpil dirijan nan klas politik la, ki ta vle pran pouvwa san yo pa pase nan eleksyon.

Pou limenm, sa ta kapab fè peyi d Ayiti reviv yon lòt 29 novanm 1987.

Eddy Jackson Alexis deklare administrasyon Moise-Céant an p ap aksepte moun k ap komèt zak vyolans yo rete san pinisyon.

« Zak boule moun, touye moun, pa rantre nan ezèsis demokrasi a ».

Yon lot bὸ, sektè demokratik ak popilè a, ki gen ladan l plizyè òganizasyon sosyopolitik, depoze yon bouke flè nan riyèl vayan, jedi 29 novanm 2018 lan, pou salye memwa viktim yo, 31 lane aprè.

Dat 29 novanm 1987 fè sonje volonte popilasyon an te montre pou vire do, bay rejim diktati a ki te dire 29 lane, dapre sa Depite twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, Belizaire Printemps, eksplike.

Se nan dat dimanch 29 novanm 1987 peyi d Ayiti te sipoze konnen premye eleksyon lib li, aprè 30 lane diktati François ak Jean-Claude Duvalier (soti 22 septanm 1957 rive 7 fevriye 1986).

Jou dimanch maten 29 novanm 1987, fòs lame Ayiti te louvri kout zam sou plizyè fanm ak gason, ki te vin ranpli devwa sitwayen yo nan lekòl nasyonal Ajantin Bèlgad, ki nan riyèl vayan, Pòtoprens.

Pou pi piti 14 moun te mouri ak plizyè lòt blese nan masak 29 novanm 1987 lan, nan friyèl vayan Pòtoprens. [emb rc apr 30/11/2018 10:00]