Haiti
Ti chèz ba

GRALIP voye yon gwo kout chapo bay Laprès Endepandan an


Ekri jou dimanch 29 septanm 2002

Not GRALIP - Okazyon 30 septanm 2002

Nan okazyon 11 lane depi koudeta beny san 30 septanm
1991 lan, GRALIP voye yon gwo kout chapo bay tout
jounalis ak medya ki rete granmoun tèt yo. Jounen jodi
a, menm jan ak yè, jounalis ak medya sa yo ap fè jefò,
pou yo pa rete restavèk enfòmasyon ofisyèl, men pou
pèmet tout kalite pawòl ki anfavè demokrasi pale nan
espas yo genyen.

Pandan koudeta a, bèl travay sa a te pèmèt pawòl gwoup
moun yo mete sou kote yo jwenn konsiderasyon. Li te
pèmèt plizyè milye moun te fè tande vwa yo, malgre yo
te nan mawon. Se gras a kouraj laprès endepandan an,
ki fè anpil moun nan peyi a ak lòt bò dlo te pran
konsyans jan zak briganday panzouyis yo t ap fè yo, se
bagay ki grav anpil. Se gras a travay yo, ki fè
aktivite rezistans ki t ap mennen andedan peyi a ak
enfòmasyon sou negosyasyon politik yo, te gaye byen
lwen.

Se tout imaj chaje ak emosyon, fotograf ak kameramann
konsekan te pran, se repòtaj ak atik ki te soti nan
laprès sou trajedi popilasyon peyi d Ayiti t ap viv,
ki te gaye toupatou sou latè, ki te pèmèt opinyon
piblik la konprann sa ki t ap pase an Ayiti.

GRALIP gen nan memwa l sitiyasyon medya endepandan yo
nan epòk sa a, kote toulejou konsè ak konfrè jounalis
yo te oblije, anvan yo pran lari a, fè ti pale antre
yo pou antann yo sou ki fason ki pi bon pou yo afwonte
represyon ak klima entolerans, panzouyis yo te enstale
nan peyi a. Se angajman sa a, jounalis yo te genyen
an, ki te pèmèt popilasyon an te mobilize epi reziste
pou lòd konstitisyon an rive retabli.

Jounen jodi a, lè li konsidere kantite difikilte
jounalis yo ap rankontre pou fè travay yo kòmsadwa,
GRALIP santi l kontan, lè l wè kijan se ak menm
kouray sa a, jounalis ak medya granmoun yo kanpe
doubout pou kontinye bay enfòmasyon onèt sou divès
reyalite nan peyi a, san yo pa mete yon brid nan bouch
yo.

Pi espesyalman, GRALIP apresye anpil, kouraj ak jefò
travayè Laprès ki pa ezite antre nan katye ki sansib
oswa ki chaje ak pikan kwennan, travayè laprès ki pran
kouray yo ak 2 men pou trete dosye ki delika, yon
fason pou garanti Dwa fondalnatal tout moun genyen pou
jwenn Enfòmasyon. Konpòtman sa a gen plis merit
toujou, lè nou konsidere nan ki kondisyon ekonomik
malouk, e nan ki klima menas, presyon ak enpinite,
fanm ak gason sa yo ap travay. N ap raple klima
entolerans ak sitirans sa a deja lakòz lanmò nan mitan
jounalis yo, san konte gwo domaj anpil nan yo sibi.

GRALIP konstate jodi a gen yon seri diskou ak
konpòtman politik ki ta vle fè chonje mannigans moun
tan lontan yo.

Nan sans sa a, GRALIP ap ankouraje tout sektè ki vle
demokrasi tabli nan peyi a tout bon, pou yo kontinye
soutni, san rete, travay Laprès endepandan an. Se pa
ni yon Laprès zonbi tèt-bese bèkèkè, ni yon Laprès
sousou, k ap pèmèt deba demokratik fèt nan sosyete
nou an. Se sèlman yon Laprès endepandan, ki granmoun
tèt li, k ap kapab ede popilasyon an byen konprann
reyalite l ap viv la epi bouske bon jan solisyon nan
pwoblèm k ap bat li yo.

Nan okazyon 11 zyèm lane koudeta sa a ki te frape
Laprès byen fò, e ki te lakòz tou plizyè milye fanm ak
gason soufri, GRALIP mande otorite yo, tanpri souple,
pa fè Laprès endepandan an sèvi dra pou peye
enkapasite pa yo pou pote repons a priyorite peyi a ki
devan yo.

GRALIP konsidere tankou yon souflèt pou listwa ak pou
laverite, yon seri pawòl, tankou deklarasyon chèf leta
a te fè devan manm pati li a jou vandredi 27 septanm
nan, kote l mete nan menm panye ni panzouyis, ni moun
k ap chache fè konnen sa k ap pase nan peyi a. Pou
GRALIP, mòd pawòl sa yo se tankou kat blanch yo bay
tout moun ki deja pa vle wè laprès endepandan an, pou
yo kontinye agrese yo, jan yo vle. Mòd pawòl sa yo, se
yon pa anplis rejim lavalas franchi nan estrateji li
genyen pou gade Laprès endepandan, tankou yon matlòt,
tankou yon lenmi.

Olye pou pouvwa a wè koudeta nan travay jounalis yo,
GRALIP envite li poze zak konkrè pou pwomès li yo
tounen reyalite, yon fason pou Laprès an Ayiti kapab
evolye nan yon anbyans pwòp, ki san tèt chaje.

Pòtoprens, 29 septanm 2002