Haiti
Ti chèz ba

GRALIP mande jounalis ak medya yo rete tèt frèt


Ekri jou dimanch 29 septanm 2002

Not GRALIP sou dènye devlopman evènman ki konsène laprès ayisyen an

Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou Libète Laprès (GRALIP)
vle konseye konsè ak konfrè jounalis yo toujou kenbe
kalm yo, kontinye di bagay yo jan yo ye, malgre
otorite ki sou pouvwa an Ayiti yo lese konprann Laprès
ki rete granmoun tèt li a, ki pa deside voye monte
pou yo, ta nan konfyolo pou prepare yon swadizan
koudeta an Ayiti.

GRALIP ap atire atansyon tout moun, dèske
konsiderasyon prezidan 26 novanm nan, Jean Bertrand
Aristide, sot fè kont Laprès douvan fidèl lavalas yo
jou ki te 27 septanm 2002 a, pawòl piman bouk sa yo
sòti nan yon moman, kote gen yon seri atak k ap fèt
nan bi pou lage vèni sou metye jounalis la ak sou
medya yo ki se biznis pwofesyonèl.

Depi 2001 rive nan 2002, GRALIP konstate pouvwa
politik lavalas la pa chanje diskou, li kontinye akize
jounalis ak medya granmoun tèt yo, kòmkwa y ap
dodomeya nan fè montaj ak nan bay piblik la manti.

Nan mwa septanm 2002 a, kèk jou sèlman apre Direksyon
Jeneral Enpo fin obeyi lòd pou fè medya yo peye
kantite kòb taks li imajine, sekretè d Eta
Kominikasyon an Mario Dupuy te deklare medya yo ta ap
sèvi kòz pati politik matlòt lavalas yo. GRALIP chonje
se menm pawòl sa yo ki te soti nan bouch ansyen minis
Guy Paul lè òganizasyon lavalas « Dòmi nan Bwa » te
fin rache ak manchèt jounalis Brignol Lindor nan dat
3 desanm 2001 nan vil Ti Gwav, ki chita nan yon
distans 68 kilomèt konsa nan sid Pòtoprens.

Se menm estrikti lavalas sa a ki te anonse ta pral gen
sipriz, menm si jiska prezan se sèl jounal gouvènman
an Linyon ki ekri sipriz yo te anonse yo sou ankèt, k
ap rapousuiv toujou, ki arevwa ak dappiyanp ki te fèt
sou jounalis Radyo Karayib la Israel Jacquy Cantave.
Laprès ap tann rezilta ankèt, yo deklare ki deja
louvri, sou menas ki te fèt pou al boule Radyo Kiskeya
nan aswè 26 septanm 2002 a.

GRALIP ap fè chonje, nan mwa avril 2002, sekreteri d
Eta Kominikasyon an, olye li te chèche wè ki kalite
pwogram li ka mete andedan yon estrikti ki pa chita
sou okenn baz lalwa, li te pito met deyò pwoje lavalas
pou « fè laprès an Ayiti pran responsablite l », ak
yon swadizan Lwa sou Laprès.

Antretan, politik enfòmasyon ak liy jeneral « medya
Leta » yo deja montre ak ki linèt otorite ki sou
pouvwa yo wè sa yo rele Libète Laprès ak Dwa pou moun
jwenn Enfòmasyon. Kouman pi gwo otorite nan peyi a
kapab oze di se « gras a lavalas, vin gen Libète
laprès ak Libète Lapawòl » an Ayiti, alòske tout sa ki
ekri sou koze sa yo rekonèt se pa pyès otorite ki bay
dwa sa yo? Libète Laprès ak Libète Lapawòl se dwa
natirèl tout kretyen vivan sou latè.

Nan je GRALIP, fèy papye listwa konfime yon verite
jounen jodia an 2002 : pandan peryòd koudeta 30
septanm 1991 rive 1994 la, Laprès ki rete granmoun tèt
li a, ki pa deside voye monte pou pèsonn, te sibi gwo
domaj, lè li t ap pase opinyon popilasyon an sou
prensip demokrasi ki te vle pou lòd konstitisyon an,
yo te kraze a, te retabli.

Se verite sa a ki fè Laprès ki rete granmoun tèt li a,
p ap janm asepte fè jwèt kèlkilanswa panzouyis. Se
verite sa a ki fè Laprès ki rete granmoun tèt li a t
ap mete yon ipotèk sou misyon demokrasi a ba li,
sizoka Laprès sa a ta chwazi met brid nan bouch li sou
tout reyalite, tout bagay lèd k ap pase nan peyi a,
sou reny yon pouvwa politik anpil moun ap lonje dwèt
sou li, non sèlman akoz limyè ki blayi sou jan peyi a
te rate randevou eleksyon 2000 yo, men tou akoz
sitiyasyon katyouboumbe ki vin genyen nan lavi chak
fanm ak gason nan peyi a apre eleksyon 2000 yo.

Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou Libète Laprès (GRALIP)
konstate ak anpil satisfaksyon Laprès ki rete granmoun
tèt li pa deside vale okenn remèd chwal.

Nan sans sa a, GRALIP ap envite jounalis ak medya yo,
kontinye rete veyatif, kenbe lespri kritik yo, rete
tèt frèt pou bay nouvèl yo san paspouki, nan
kèlkilanswa sikonstans k ap prezante, sitou nan moman
kote yon seri desizyon gen pou soti nan jou k ap vini
yo, lè nou konsidere angajman ki te pran devan
kominote entènasyonal la.

Pòtoprens, 29 septanm 2002