Haiti
Ti chèz ba

Li lè li tan pou jwenn « solisyon kòrèk » nan kriz k ap brase bil Inivèsite Leta Ayiti a


Ekri jou madi 6 fevriye 2018

Analiz ak pozisyon Òganizasyoà sosyopolitik Ayiti Djanm sou agravasyon kriz Inivèsite Leta a

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 5 fevriye 2018

Aprè ensidan 12 jen 2017 la ak seri manifestasyon nan lari ak divès zak vyolans gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo komèt anndan Fakilte Etnoloji ak Syans Imèn ;

Aprè desizyon Konsèy Inivèsite Leta a pran pou mande entèvansyon Lapolis pou retabli lòd nan Fakilte Etnoloji ak Syans Imèn, sou baz demand yon gwoup plis pase 350 etidyan ak atik 34 konstitisyon 1987 la ;

Aprè gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo t al sakaje baryè prensipal Fakilte Syans Imèn vandredi 26 janvye a epi voye wòch pou te pwoteste kont mezi Konsèy Inivèsite Leta a epi kraze pwosesis matrikilasyon ki t ap fèt nan fakilte a kote yon bann etidyan t ap enskri pou reprann kou yo ;

Aprè entèvansyon Lapolis ak kout gaz lakrimojèn pou retabli lòd, sa ki te pwovoke gwo fraka nan katye a kote kout wòch ak kout gaz lakrimojèn te fè mikalaw. Sa ki te fè moun ki abite nan katye a te fache kont gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè yo ak alye yo epi te tonbe nan voye wòch sou yo ;

Aprè seri evenman regretab sa yo, Ayiti Djanm (AD) konstate ak kè sere kriz Inivèsite Leta a (ILA) ap vin pi grav, li pa sou wout pou jwenn solisyon dirab ki ta ka pèmèt 2 fakilte yo reprann fonksyonman nòmal yo. Enposiblite pou 2 fakilte sa yo relouvri pòt yo reprezante yon gwo defisi non sèlman pou etidyan 2 fakilte sa yo, men tou pou paran yo ak pou sosyete a anjeneral.

Defisi sa a soti prensipalman nan 1o) enkapasite ki parèt bò kote 2 pi gwo enstans dirijan Inivèsite Leta a pou tabli jiska prezan objektif estratejik ak taktik vyab, aseptab epi priyoritè ki pa depaman ak prensipal revandikasyon diferan aktè ki konpoze ILA a ak rès sosyete a, pou rezoud kriz la ; 2o) antètman gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè yo ak alye yo ki, sou pretèks jistès revandikasyon yo, vle enpoze pozisyon yo pa tout mwayen a tout lòt aktè ki nan ILA a ; 3o) silans, pouryanis, endiferans ak imobilis majorite etidyan ak pwofesè nan fakilte yo ki pi souvan enterese sèlman a ti kou yo, san montre okenn sousi ak enterè pou ta òganize yo pou ta enplike yo nan analiz, rechèch ak lit pou jwenn solisyon nan gwo pwoblèm k ap brase bil inivèsite a ak sosyete a anjeneral.

Anfas reyalite sa a, nan Ayiti Djanm (AD), nou kwè gen 2 aksyon ki ta dwe poze jodi a pou pèmèt tout aktè yo retwouve yo sou yon menm teren, nan yon klima dyalòg pou chache vrè solisyon kriz la, nan kad deba demokratik laj. De (2) aksyon sa yo se : 1o) Respè prensip otonomi , endepandans ak envyolabilite espas Inivèsitè Leta a ; 2o) Repriz kou yo nan Fakilte Syans Imèn ak nan Fakilte Etnoloji.

Prensip otonomi ak envyolabilite espas inivèsitè a se youn nan prensipal gany mouvman sosyal 1986 la, se youn nan gwo viktwa lit demokratik ak popilè yo. Gany sa a dwe prezève tout jan, nan tout sikonstans, non sèlman nan limit règ konstitisyon ak lalwa peyi a tabli, men tou nan tout desizyon enstans dirijan ILA yo ap pran ak nan konpòtman ak aksyon tout lòt aktè ki nan ILA a, menm lè gen gwo pwoblèm ak gwo kriz anndan Inivèsite a. Nan sans sa a, prezans Lapolis anndan Syans Imèn ka anvlimen kriz la epi kreye kondisyon pou Leta otoritè, antidemokratik, antipopilè ak antinasyonal la pwofite mete grif li deyò pou chache reprann kontwòl epi dezoryante ILA a.

Nan menm sans la, nan AYITI DJANM (AD), nou pa ka asepte nonplis bò kote gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè yo ak alye yo, pratik mennen bandi anndan ILA a pou simen laterè, nou pa ka asepte pratik fè menas sou etidyan ak pwofesè, pratik sèvi ak zam pou entimide ak pwovoke laperèz nan ILA a. Pi plis ankò, nou pa kapab asepte pratik badichonnen espas inivèsite a ak matyè fekal. Prensip otonomi ak envyolabilite espas inivèsite a pa danse kole nonplis ak mòd pratik sa yo, ni pa dwe sèvi dra pou kouvri osnon sipòte okenn gwoup nan aksyon antidemokratik ak anachik y ap poze pou bloke fonksyonman Inivèsite Leta a, kont enterè ak volonte majorite etidyan, pwofesè, paran ak ansanm kouch sosyal ki pi pòv nan sosyete a.

Nan Ayiti Djanm (AD) nou kwè kriz ILA a dire twòp. Jodi a, li rive nan yon kafou ki montre nan ki pwen egzistans, avni, otonomi ak endepandans inivèsite Leta a andanje. Nou kwè se moman pou pi gwo enstans k ap dirije inivèsite Leta a ranmase kouraj yo ak 2 men pou pran dispozisyon klè ki ka pèmèt yon solisyon kòrèk jwenn nan kriz la. Yon solisyon ki dwe soti nan deba enstitisyonèl ak demokratik anndan ILA a, pandan dirijan yo ak tout lòt aktè ki konsènen nan kriz la dwe fè jefò nesesè pou mete yo « à l’écoute » tout rès sosyete a, nan sousi pou jwenn yon solisyon dirab e konsyansyèl nan kriz la.

VIV RESPÈ OTONOMI AK ENDEPANDANS INIVÈSITE LETA A
VIV REPRIZ KOU YO NAN FAKILTE SYANS IMÈN AK NAN FAKILTE ETNOLOJI
VIV REZOLISYON DIRAB E KONSYANSYÈL KRIZ INIVÈSITE LETA A
ABA TOUT FÒM VYOLANS AK DERIV ANACHIK AK ANTIDEMOKRATIK NAN INIVESITE A

Pòtoprens, 02 fevriye 2018

Pou AYITI DJANM,

Ollery Saint Louis Jean Jacques Henrilus