Haiti
Ti chèz ba

Nemours Damas : Omaj pou memwa yon militan pou demokrasi an Ayiti


Ekri jou mèkredi 31 janvye 2018

Zanmi Nemours Damas, militan ki batay depi lontan pou demokrasi an Ayiti epi ki mouri 14 janvye 2018 la, ap òganize yon sware pou rann li omaj, mèkredi 31 janvye a 5è apremidi, nan Bwapatat nimewo 36, Pòtoprens.

Damas mouri ak 62 an sou tèt li. Li te soufri anba maladi kansè. Antèman an fèt 27 janvye pase.

AlterPresse pibliye biyografi Nemours Damas

Nemours Damas

Li fet Potoprens jou ki 18 oktob 1955. Li fè etid primè, segondè ak teknik nan « Fère André », kolèj « Canado Haitien » kotel fini ak yon diplóm mekanisyen otomobil.

Byen bonè, Nemours te konn patisipe nan aktivite sosyokiltirel yo. Li se yon inisyatè sa yo rele « jwet korepondans ak jengason ak jen fi nan zón Potoprens la.
Li te renmen espó ampil. Li te fè karate. Li rive senti nwa nan karate.

Ak diplom mekanisyen l li te al travay nan pwojè DRIPP (Développement Intégré de Petit Goave et Petit Trou de Nippes). Epi apre li lale travay nan Haytian Tractor / Carepillar.

Ló li pran konsyans sitiyasyon politik ak ekonomik peyi a li deisde al enstalel nan pwovins kote li al jere yon koperativ peyizan nan Kan Perin

Jou ki 30 desanm 1980 li marye ak Mari Ipolit. Li te gen avèl de pitit : Noudi ki byen bóne kite fanmi a lól te gen 15 zan akóz yon kriz kadyak ak yon ti gason Janco.

Nemours te angaje nan batay ki tap fet kont diktati a sous Janklod. Lè rejim bout di a kapote an 1986 li kontinye goumen an nan de óganizasyon tankou FEDKA (Fedarasyon Komite Katye) ak lot óganizasyon pópilè. Li te rapouswiv lit mas pópilè yo nan ANOP (Asosyasyon Nasyonal Óganizasyon Pópilè yo ) ak Kolekti Mobilizasyon Kont FMI.

An 1988 li te pati lal viv Ozetazini pandan plizyè lane. Lótbó a li kontinye mennem batay la nan mitan óganizasyon diaspora yo. Li te manb komite egzekitif KBB (Komite Benwa Batravil), ak “At Large, kóm reprezantan SEDRA (Sant Enfómasyon Dokimantasyon ak Rechèch sou Ayiti) nan plisyè vil Ozetazini.
Li vin manb Sosyete Koukouy, branch Mayami, asosyasyon ki tap defan epi fè pwomosyon lang ayisyen an.

An 1996 li tounen na peyil Ayiti kote li te angaje tèt li nan ankadre asosyasyon peyizan yo nan tout rakwen peyi a.

An 2011 ansamb ak kek lót kanmarad li moute GMRL (Groupe de Réflexion Moise Louverture) asosyasyon li menmen na yon regwoupman pi laj yo rele MPDP (Mouvement Patriotique Démocratique Populaire).

An 2015 li youn nan prinsipal manb komite inisyativ MPDP pou rafrechi memwa nan kad san an depi okipasyon ameriken yo nan peyi Ayiti.

Li te manb 15 15 15 gwoup refleksyon sou okipasyon meriken nan peyi Ayiti ak konsekans li sou sitirasyon jodi a.

Eksperyans oganizasyonel li atire atansyon GRAHN (Groupe de Réflexion et d’Action pour une Haïti Nouvelle) ki te nomen li nan komite egzekitif GRAHN – Haiti.

Li te al travay nan misittè travo piblik. Epi le se yon antreprenè tou. Yon ventèn fanmi pou pipiti jwenn resous pour jere la vi yo nan kad fonksyonman antrepriz milti sevis (boulanjri, elatriye) li an « Groupe 42 » nan ri Josèf Janvye tou pre Gran Ri.

Patisipasyon militan konsekan Nemours Damas nan lit pópilè a grandyoz ampil.

Sete yon moun spirityel tou ki te konen ke genyon èt siprèm kap veye sou destin èt imen yo.
Li te yon mason pratikan ki te frekante an tan ke manb aktif « Loge Respectable de Port-au-Prince ».

Nemours pedi batay la kont yon kansè ki tap manjel, jou ki 14 janvye 2018 a laj 62 lane nan lopital Saint François de Salle.

……..

Foto logo a soti nan sit www.jancodamas.com/haiti/