Ti chèz ba

Trump-Ayiti: Reziste anfas rasis!


mardi 23 janvier 2018

Marie Célie Agnant*

Tèks sa a se tradiksyon yon atik [1] otè a te soumèt AlterPresse 14 janvye 2018

Defen ekriven Stefane Hessel, nan yon ti liv ki rele ‘’Indignez-vous’’ [2] di konsa : ‘’santiman endiyasyon yon moun ka epwouve, se limenm ki sous tout rezistans.’’ Se sa ki fè, pa gen mwayen pou yon moun pa sezi, e anmenmtan, pou l pa santi endiyasyon, fas makonay betiz ki pa gen non, sotiz ki pa gen parèy, mank edikasyon ak bonsans, e sitou, absans konpasyon ak respè, ki, semen pase a, dikte yon zannimo kelkonk kankou Donald Trump, yon seri pawol rasis. Nou konpare mouche Trump ak zanimo men anmenmtan, nou santi se sal nou sal bèt yo ak konparezon sa a, pase, yo pa merite sa. Ositou, nou oblije mande bèt yo padon.

Pawol malveyan Donald Trump yo, mete anpil moun an kolè. Sepandan, eske pawol sa yo, nan bouch yon moun kankou Trump, dwe ba nou sezisman? Eske nou kapab espere li sèvi yon lot diskou ? Fo nou kapab fè yon ti rezonman byen semp, sa yo rele yon rezonman ‘’deductif’’ ki vle di A+B = C, e pou nou di tou senpleman : ‘’wi, se sa menm ! Misye Trump akouche salopri, men, joumou pa donnen kalbas! Li akouche salopri ki nan chita nan trip li yo, salopri ki fome sèvèl li! Li deblatere konsa jodi a, demen l ap deblatere menm jan, pase, li pa koukont li. Mouche Trump gen nan san li, yon ideoloji ki fèt ak menm matyè fekal lap pale a, ideoloji sa a, se yon fason panse, yon fason li wè limonite, ki se yon kokenn danje. Se sa yo rele rasism. Se yon fason panse, ki pèmèt jounen jodi a, san kè sote, y ap van nèg nan mache esklav kankou pil vyann!

Se nan nannan ideoloji sa a Trump fèt, se limenm ki metel omond, se ideoloji sa a menm ki pèmèt li prezidan. Se fason panse sa a, ki otorize polisye nan peyi Etazini tire sou nenpot ki Neg, san sa pa deranje moun ki sou pouvwa yo vreman.

Pa gen lontan, nan menm peyi sa a, yo te kon pann nèg nwa nan pyebwa. Yo te konn lenche yo; oganize spektak kote Blan te konn al asiste, kankou yale nan teyat osnon nan sinema. Enben, jan bagay la ye jounen jodi a, si sa kontinye sou bit nou ye a, genlè se sa nou pral wè nan pa lontan!

Men kouman pou nou reziste kont sitiyasyon rasis sa a? Nou kwè premye pa a, se konprann toutbon kijan sistèm rayisman sa a fonksyone, kote li soti, ki fos ki kenbe l anplas, ki pèmèt li travèse tout epok, malgre moun k ap goumen kont li.

Nou di donk, se rasism la menm ki bay moun kou Trump pouvwa li genyen an jouktan pou li vin prezidan, se li ki pèmèt yo gade nan prizon yon militan koz amerendyen yo, kankou Leonard Peltier, ki se yon veritab prizonye politik – nan yon peyi ki proklame tèt li chanpyon lalibète, ki fèmen militan dwazimen sa a depi 40 ane, nan prizon Kansas. Rasism la se donk yon ideoloji ki gen rasin li byen fon nan peyi Etazini. Se li ki fondasyon peyi a, se avek li yo konstwi l, se li ki poto mitan yon bann lot peyi devlope, e se limenm tou ki anpeche chanjman veritab nan yon bann lot peyi ki, kankou Ayiti, gen kom eritaj menm baz sosyo-ekonomik la, ak menm ideoloji rasyal ansyen kolon yo.

Donald Trump sèvi ak menm pawol fomasyon Ekxtrem dwat yo. Vwa fomasyon sa yo ap vin pi fo chak jou e, y ap kwape tout lot vwa ki pa menm ak yo, kraze brize tout rezistans toupatou. Ideoloji mouche Trump, se men ideoloji KKK, Ku Klux Klan. Se sa kite bay Hitlè ak kolonn li yo, mwayen voye nan lanmo kantite milyon Juifs, boule yo nan fou a gaz, ansanm ak yon bann Gitan, ak plizyè lot minorite.

Mouche Trump santi li toupwisan, li gen gwo ponyèt, donk li se yon mas. Enben, li bay la prèv li se yon mas K.K ki an misyon salisaj. Epitou, yon peyi ki aksepte pou yon kalite fatra konsa dirije l, dwe konsidere tèt li pi mal pase twou sa yo Trump panse l ap denigre a. Nou di pawol sa yo, ak tout konpasyon nou genyen andedan nou, ak tout respè nou santi nou genyen, fas kouray yon bann ak yon pakèt moun k ap viv nan peyi kote Trump prezidan an, e ki oblije pran kouraj sa a a de men toulejou, pou yo reziste kont kalite anbyans malouk ki gen nan peyi yo a, depi li rive sou pouvwa a, ak kolonn rasis li yo, yon bann atoufè, ki mete lavi tout minorite andanje.

Peyi sa a, ki pa kapab jwenn kouraj pou li repare kokennchenn erè yo fè, lè yo remèt Belzebuth pouvwa a, ap benyen nan yon latrin ki sanble anpil ak sa sistèm ki mete l sou pouvwa a ap mache fouye toupatou, anba gwo kout zam krazabrize, ak yon bann fwaye lagè y ap limen pasi pala, pou yo ka kontinye mete lapat sou tout richès depi se peyi ki gen sou latè.

Nan epok ‘’’Deuxième Guerre mondiale la, gen yon ofisye allemand, yon nazi, ki antre nan atelye youn nan gran atis pent panyol yo, Picasso. Li gade yon tablo ki rele Guernica [3],e li mande atis la : ‘’Ki moun ki fè sa a?’’ Picasso reponn li : ‘’Se Oumenm!’’

Se konsa, nou oblije di mouche Trump ak aloufa parèy li yo, bann gringo ki tout tan an misyon piyay , mache pran, fè dappiyan, pasi pala, nou di yo donk, yo trè byen plase pou yo konnen ki kote tout twou KK sou planèt la ye. Rezon an byen senp : se yomenm menm ki fouye twou yo! Tout moun konnnen nan peyi d’Ayiti se yo ki fouye twou a, ak okipasyon militè ale pou vini; se yo ki ranfose l, solidifye l, ak metod kraze zo yo transmèt militè ak tonton makout yo, nan lekol pou assassen yo rele Ecole des Ameriques la. Se yo ki soutni tout lougawou eskadwon lanmo ki bwè san pèp la pandan konbyen lane.

Se pa yomenm ki enstale, nouri, soutni pandan konbyen tan gadyen twou a, François Duvalier ak pitit li, de sanmanman, ki fèt ak menm matyè Trump gen andedan tèt li ak nan lestomak li a? Eske se pa yomenmmenm, ki kore rejim assassen sa yo, ki kondane pèp Ayisyen ap trenen douvan pot dènye moun depi tandtan?

Wi, si Ayiti se latrin, se latrin Trump ak tout ras li fouye. Pase, apre Divalye fin vole gagè kankou yon malpwop li te ye, Etazini ak tout lot nasyon gwo ponyèt yo, bann machann demokrasi avarye yo, mete ansanm ak sa yo rele yon klas posedant (san yo pa janm pran tan ekxplike laplipa nan yopa posede anyen, sof yo konn volè byen) yon bann, sèvitè Belzebuth, yo fè tout sa ki posib pou okenn netwayaj veritab pa janm fèt nan peyi Dayiti. Se konsa, sistèm nan pa janm ka chanje. Li kontnye ap akouche yon kalite dirijan ki fè pitye, e ki pa fè pèp vanyan sa a onè ditou. Pase, sa Trump pa konnen, pèp la vanyan! Li montre l konbyen fwa malgre sistèm kraze zo a.

Sepandan, sa ki dwe enkyete nou, sa ki dwe fè san nou bouyi, se silans san fen, silans koupab tout moun ki pretann yo se lidè gro nasyon, e ki fèmen trap yo epi kap gade. Ki bliye genyen yon konvansyon pwoteksyon dwamoun, sa yo rele Deklarasyon Inivèsèl dwa tout moun. Yo fèmen bouch yo, menm jan yo fè l sou zafè pèp Palestinyen y ap krabinen depi dikdantan; menm jan yo fè sanblan yo pa konprann gen yon pwoblèm grav, yon sitiyasyon k ap vin pi grav chak jou sou planèt la, ki se inegalite ant rich ak pov; menm jan yo fèmen je yo sou sistèm finansye mondyal la, k ap degoje moun, e ki kondane yon bann pep pou yo vinn pi pov dejouanjou, lage yo sou tout chimen, nan chache lavi miyo alos ke yomenm, lajan ap soti nan twou nen yo.

Sa ki dwe enkyete nou, se kokenn danje ki genyen nan ideoloji pwennfèpa sa a, nan fason panse ki vle pou chak koukouy klere pou je yo a, yon ideoloji k ap plonje limanite tout moun ansanm nan yon abim.

E, lè nou konnen silans koupab sa a n ap pale a, te toujou ekziste, nou ka mande tèt nou, si se silans sa a ki dwe sousi prensipal nou. Eske nou pa ta dwe enkyete nou pito, sou pwop ajisman pa nou, sou desisyon nou pran pou fèmen jè osnon louvri je, sèlman lè se enterè pa nou ki menase? Eske nou pa dwe enkyete nou, pou kalite chwa nou fè, osnon chwa nou pa f è, enkyete nou sou atitid nou ka di se manifestasyon endijans pwop lespri pa nou, enkyete nou, pou yon seri makonay nou aksepte, osnon konpwomisyon ki ta mande pou nou mache tet bese?

Se petèt la a, nan refleksyon sa a, nou ka jwenn veritab sans apèl a rezistans Stephane Hessel lanse, nan ti liv nou site a, ki te pibliye nan lane 2010. Nan men liv sa a, Stephane Hessel site filozof franse Jean Paul Sartre : ‘’ Fok nou eseye eksplike pouki rezon, epok n ap viv la, ki yon epok chen manje chen, se yon moman selman li ye nan devlopman istwa limanite, yon devlopman ki long, anpil. E, kom depi touttan, lespwa toujou reprezante yon nan fos prensipal tout revolisyon, ak tout soulèvman, sa pèmèt mwen di, pou mwenmenm, mwen konsidere jouk kounye a, ke lespwa reprezante lavni, li reprezante demen miyo. ‘’

Kanta moumenm, si nou vle pale de yon demen miyo, fok nou di, nou konnen gen yon fos k ap pote tout moun. E, menm moun ki retwouve li jouk nan kou, anfwi anba plizyè ton fatra, osnon pawol ki gen odè fatra , ki soti nan bouch Trump, menm moun sa a, ap reve demen miyo, paske, lespwa se youn nan lwa ki kenbe moun anvi. Enben, moun sa a, malgre kote li ye a, yon jou ou lot, li fini pa gen anvi pou li wè moso ke rad syèl ble a, epi, li fini pa rale l, pou li kroke ladan l. E, lè sa a, pa gen anyen ki ka rive dekroke l.

Montréal 14 janvier 2016

* Ekriven

[2Stéphane Hessel, Indignez-vous, Editions Mille Babords 2010 - En anglais : Time for Outrage

[3Guernica se yon tablo atis pent Pablo Picasso te reyalize, kote li montre ratibwazaj lame alman ak italyen te fè lè yo bonbade vil Guernica. Tablo a te reyalize nan koulè gri nwa e blan, e li reprezante moun ak bèt k ap soufri, batiman ki detwi.