Haiti
Ti chèz ba

Rachèl, si ou te la …

Pawòl pou Rachel Beauvoir
Ekri jou jedi 11 janvye 2018

Pierre Michel Chéry*

Tèks sa a vin jwenn AlterPresse 9 janvye 2017

Pèmèt nou ouvè pawoli a avèk yon pawòl nou jwenn nan Jan 11 vèsè 21, "Seyè, si ou te la, frè m nan pa ta mouri". Pawòl sa a sòti nan Labib, yon liv sakre pèp izrayelyen ekri pou li vann istwa li ak lejann li bay lòt pèp. Si nou prete pawòl sa yo nan liv sakre yon lòt pèp, se paske nou konnen okenn lòt kilti, okenn lòt sivilizasyon pa ka defalke kilti pèp ayisyen an, okenn lòt kilti, okenn lòt sivilizasyon pa ka fè sivilizasyon pèp ayisyen disparèt san kite tras. Nou di sa, paske, matris kilti nou an, nou menm Ayisyen, matris sivilizasyon nou an sòti nan batay kont demounizasyon ak lesklavaj, li kanzo nan batay kont rasis ak prejije, li donnen chè nan batay pou egalite ak libète.

Ki pawòl, ki rèv pou limanite ki ka ale pi lwen pase yon pawòl tout ti Ayisyen ap repete tou natirèlman tankou se ta yon pawòl tout moun sou latè dakò ? ki pawòl, ki rèv pou limanite ki ka ale pi lwen pase pawòl nou an ki di : " tout moun se moun, pa gen moun pase moun " ? Anpil Ayisyen konprann, yo ka pran premye pati a ki di : "tout moun se moun" nan, epi pou yo kite dezyèm pati a "pa gen moun pase moun" nan tonbe. Non! Tou de (2) bout pawòl yo fè yon sèl, yo mache ansanm, yo pa ka separe yo : "Tout moun se moun, pa gen moun pase moun". Se sou pawòl sa yo fòs rezistans nou chita tennfas. Chemen nou sou wout sivilizasyon tou trase nan pawòl sa yo. Pawòl la pa pou nou menm sèl pèp ayisyen, "Tout moun se moun, pa gen moun pase moun" li pou tout limanite. Ki pawòl, ki rèv pou limanite ki ka ale pi lwen pase pawòl sa yo ?

"Seyè, si ou te la, frè m nan pa ta mouri", nou vini ak menm pawòl la pou nou di Rachel si ou te la nan epòk Rejete, ou t ap ansanm avèk Jacques Roumain, ou pa t ap kite yo pike dife nan kay lwa yo, si ou te la, ou pa t ap kite yo boule tanbou lwa yo, yo pa t ap boule mouchwa lwa yo, yo pa t ap bwote relik sakre pèp la pote al mete nan mize aletranje. Epi, pou vizitè ap mache griyen dan sou eritay yon pèp ki te chwazi demake sivilzasyon oksidantal la. Yon sivilizasyon oksidantal ki chita sou rasis, sou prejije, ak sou esplwatasyon. Rachel si ou te la, lè rasis yo te vini detwi jèvrin rezistans nou ki fè lyann nan kilti nou, yo t ap jwenn ou kanpe doubout pou w di yo sa pa ka fèt. Kouman fè se nou menm, pèp ayisyen k ap kache pou nou viv tradisyon nou ? Kouman fè se nou ki twouve cheve grenn nan ak po nwa a pa fè nou byen ? Jou gen 100 Rachel nan peyi a, Okenn fòs politik p ap ka oblije pèp ayisyen mande lapèmisyon pou Ayisyen onore danti li yo, okenn pouvwa p ap ka oblije Ayisyen al kache nan fè nwa pou li sèvi lwa li yo jan yon otorite relijye te di a.

Rachel si ou te la, ou pa t ap kite rasis yo koupe pyebwa nou yo, ou pa t ap kite yo bouche sous dlo nou yo pou yo fè SHADA, paske ou t ap deja wè ki mechanste ki nan kè yo, ou t ap deja wè se repozwa lwa yo, se matris kilti a yo vin detwi. Rachel, ou t ap deja wè se ren rezistans abitan yo vin kase, poutèt se abitan ki te leve kanpe kont lokipasyon. Rachel, ou t ap konnen, paske ou etidye nan liv okipan yo ak restan kolon yo etidye, ou t ap konnen, Rachel, paske sa yo konnen an, ou konnen li tou. Ou t ap kanpe pou w di sa pa gendwa fèt, sa pa dwe fèt. Ou t ap defann kilti pèp ou. Ou pa t ap pran bèl pawol nn bouch yo, paske sa yo konnen an sou sosyete a, ou konnen li tou. Ou pa t ap koube tèt devan yo.

Rachel, ou pa sèl save ayisyen ki etidye nan liv rasis yo, ou pa sèl Ayisyen ki konn ki sa kolon modèn sa yo ap chache. Men, pa gen anpil ki t ap chwazi pote fòs konviksyon yo devan nouvo kolon yo pou yo di : NON! Pa gen anpil Ayisyen ki etidye k ap pran chans defann kilti peyi yo, kilti pèp la devan woulo konpresè k ap mache detwi tout sa lòt pèp sou latè fè ki pa antre nan chema Loksidan.

Rachel, Akademi Kreyòl Ayisyen an pran yon gwo kou lè nouvèl la pran lari. Menm jan ou t ap goumen pou w defann kilti pèp ayisyen an, anpil Akademisyen t ap tann ou, nan Akademi Kreyòl Ayisyen an, pou w vin ede yo defann lang pèp la, paske, fòs konviksyon w, konesans ou, konpetans ou t ap ede nou makonnen lang pèp ayisyen an pi di ak kilti li, pi sere ak reyalite lavi li. Nou menm nan Akademi Kreyòl Ayisyen an, nou konnen se lè nou fè lang pèp la fè yon sèl kò avèk kilti pèp la, l ap gen tout repondong li pou li toujou rete doubout. Se maryaj sa a ki pou fè lang nan ak kilti pèp la rete kòm yon trezò pou pèp ayisyen an, yon trezò pou tout limanite.

Kou a fè nou mal, men nou pa ka chita gade, nou pa ka rete ap plenyen. Gen yon flan nan kilti pèp la ki san defans. Gen yon twou nan defans kilti pèp la ki pou bouche. Nou menm fanm vanyan, nou menm gason vanyan ki soti nan nanchon Rachel la, fè yon jan pou 100 mil Marijann vin kenbe plas Rachel la. Fè yon jan pou 100 mil Marijann leve vin pran flanbo a nan men Rachel.

*Manm Akademi Kreyòl Ayisyen
Dèlma, 8 janvye 2018