Documents

Konprann « Premye rezolisyon sou òtograf lang kreyòl ayisyen » an


mercredi 28 juin 2017

Renauld Govain*

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 27 jen 2017

Entwodiksyon

Akademi kreyòl ayisyen an (AKA) fèk pibliye premye rezolisyon sou grafi kreyòl ayisyen an (KA). Se yon siy ki montre enstitisyon an ap travay pou akonpli prensipal misyon li ki fè yo kreye li a. Men, ki sa ki nouvo ladan ? Plizyè medya kontakte mwen pou m kòmante li. Mwen refize chak fwa. Men, lè mwen konsidere yon seri fay nou kapab detekte fasilman ladan, mwen kwè li enpòtan pou mwen idantifye yo pandan mwen espere remak mwen yo va kapab fasilite yon pi bon konpreyansyon defi travay nan nivo sa a reprezante.

Yon refòm ki manke eleman nouvo

Rezolisyon sa a se yon mini-refòm ki gen objektif pote rezilta Ayisyen ap tann depi trannsenk an : « Sa fè plis pase trannsenk (35) lane depi òtograf 1979 la ki te nan esperimantasyon pou 4 lane, ap tann rezilta ». Yon refòm se yon aksyon ki itil, nesesè epi ki pote chanjman nan yon sitiyasyon, yon enstitisyon, yon sistèm yo vle ki bay pi bon rezilta. Li vize amelyore, senplifye, korije yon sitiyasyon yo jije ki pa satisfezan lè nou konsidere objektif yo te fikse yo. Lè nou ap monte yon refòm, nou dwe chèche konnen si li nesesè, itil, aplikab epi si li pwomèt yon bon nivo koreksyon sitiyasyon yo rekriminen an. Refòm nan kapab minè oswa majè, men li oblije pote kichòy ki nèf.

Sa ki nouvo nan rezolisyon sa a, se sitou apostwòf la yo retire, avèk tirè a yo pwopoze, menm si nou va wè manke rigè sou jan yo konseye pou nou sèvi ak tirè a. Mwen apresye preferans rezolisyon an pou espresyon « aksan grav » olye « aksan fòs ». Mwen konprann volonte pou nou adapte tout eleman yo an kreyòl, men mo « fòs » la pa jistifye : ki fòs li pote anplis la ? Anplis, si nou refize sèvi ak mo « grav » la, fòk nou ta refize sèvi avèk « aksan » tou. Rezolisyon an prefere sèvi ak espresyon « vwayèl oral / nazal » nan plas « vwayèl bouch / bouch nen » yo pwopoze nan kèk liv pou aprann fonksyònman kreyòl la. Li merite gwo aplodisman pou sa !

Rezolisyon an souliye li se konklizyon yon seri diskisyon yo te fè nan yon atelye sèt (7) jou AKA te òganize, kote li te envite anpil teknisyen, bò kote yo kèk kòlèg nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA). Mwen te pami kòlèg ki te patisipe yo, men mwen te pase yon jounen edmi sèlman. Konsta tout patisipan te ka tabli, sèke anpil teknisyen otorize tèt yo yon espètiz lengwistik wo nivo ki ta ka kite anpil moun konprann lengwistik se yon syans ki tèlman fasil ou pa bezwen etidye li pou ou espè ladan. Rezolisyon an se angajman konsèy syantifik AKA a jan li note sa : « Soti desanm 2015 rive me 2016, komisyon syantifik Akademi an te evalye pwopozisyon ki te soti nan atelye yo. Se nan Asanble Jeneral Akademi an, nan dat 3-5 jen 2016 la, Akademisyen yo te adopte rezolisyon sa yo ». Patisipasyon mwen nan atelye a pa te long ase pou ta pèmèt mwen jije rigè demach jeneral ki debouche sou rezilta sa yo. Men, mwen kapab mezire jistès yo.

Kounye a, an nou idantifye kèk fay nan rezolisyon an, jan mwen te anonse li nan entwodiksyon an.

Konsiderasyon son « oun » an se yon erè

Kèk otè tankou Cadely (2002), Vernet (1980) siyale egzistans yon vwayèl nazal (Ṽ) nan KA. Men son sa a sanble se youn nan espresyon tras lang afriken ki kontribye nan nesans KA. Nou jwenn li nan yon seri mo tankou ‘oungan’, ‘ounsi’, ‘ounfò’, ‘vodoun’ (vokabilè vodou) ki soti nan rasin‘houn’ nan lang fon peyi Benen, ki siyifi lespri byenfetè. Nou ta gendwa konsidere kèk lòt mo tankou ‘bounda’, ‘madoungoun’, ‘founda’, ‘kandjanhoun’, eks. Brousseau ak Lefebvre (2002), Fadaïro (2001) souliye egzistans Ṽ[ĩ] tankou nan sìn (dlo), epi [ũ] tankou nan fún (pwèl). Nou jwenn yon varyant atik endefini an nan depatman Sid Ayiti ki fonksyone sou fòm [ĩ] nazalize ki koresponn ak ‘yon’, oswa ‘on’.

Men nou pa toujou santi reyalizasyon li : gen moun ki pwononse‘ougan’, ‘ousi’, ‘oufò’, ‘bouda’, ‘madougou’, eks., lòt konn di ‘ongan’, ‘onsi’, ‘onfò’, ‘bonda’, eks. Anplis, gen moun ki kwè nou jwenn son [ũ] sa a nan kèk mo ki genyen yon kontèks fonolojik ki fasilite nazalizasyon an. An nou konsidere egzanp sa yo nou pran nan Cadely (2002) : ‘moun’, ‘voum’, (pou [ũ]) oswa ’min’, ‘larim’ (pou [ĩ]). Nan chak egzanp sa yo, nou jwenn yon konsòn ki fasilite nazalizasyon an. Epi, nou p ap bliye vwayèl ‘ou’ ak‘i’ kite nazalizasyon an touche yo fasilman, menm si yo pa koresponn ak okenn Ṽ. Nan ka sa a, nou pa annafè ak yon Ṽ, men avèk yon vwayèl nazalize. Kon sa tou, si AKA pran [ũ] an konsiderasyon, li ta gendwa pran [ĩ] a an konsiderasyon tou. Men, nou dwe rekonèt nou pa ka pran tout fenomèn oral nou anrejistre nan diskou nou yo an konsiderasyon, paske se pa yo tout ki genyen yon pètinans fonolojik.

An reyalite, [ũ] se yon varyant estilistik, men li pa yon vwayèl ki genyen yon pètinans fonolojik enkontestab. Valdman (2015) ak Zéphir (2005) gen rezon pa pran li an konsiderasyon nan envantè yo fè sou sistèm fonolojik KA. Mwen pa konnen fonksyònman lang fon an ase, men mwen ta menm gendwa kesyone egzistans fonolojik Ṽ [ĩ] ak [ũ] paske nou jwenn yon anviwònman egzanp otè yo pwopoze yo ki fasilite nazalizasyon an. Nou kapab ajoute sou sa vwayèl ‘ou’ ak ‘i’ sansib anpil anba presyon nazalizasyon. Kon sa, de (2) vwayèl sa yo genyen yon valè fonetik men pa yon valè fonolojik.

Absans afrike yo regretab

Envantè sistèm KA pa konsidere afrike [ʧ] ak [ʤ], esepte Sylvain (1936), Zéphir (2005), Valdman (2015). Jeneralman, yo analize yo chak tankou de (2) fonèm diferan : ‘t’ + ‘ch’, epi ‘d’ + ‘j’. Nou jwenn yo nan kòmansman mo tankou : ‘tchak’ ‘djak’ ; nan pozisyon mitan : ‘matchòk’ ‘madjòk’ ; oswa nan finisman mo : ‘match’, ‘badj’, eks. Jan egzanp sa yo montre sa, nou jwenn pè minimal nan kòmansman, nan mitan, sof nan finisman. Men nou jwenn anpil mo ki genyen de (2) afrike yo nan finisman, menm si yo pa fòme pè minimal. Jan nou kapab wè li nan egzanp sa yo, pè minimal la se yon « koup mo ki prezante menm fòm, sof nan yon sèl pwen, epi ki pa genyen menm sans » (Gardes-Tamine, 1990 : 13). Li enpòtan pou pran yo an konsiderasyon nan sistèm fonolojik KA.

Nesesite pou entwodui yon lòt siy dyakritik ki ta kapab aksantegi

Dispozisyon 7 rezolisyon an te okazyon pou entwodui yon lòt siy dyakritik pou nou mete sou ‘o’, lè li vini anvan ’n’ pou li ka konsève son [o], men pa [ɔ̃]. Menm jan an tou, nou ta kapab mete li sou ‘e’, lè li vini anvan ’n’ pou li kapab bay son [e], men pa [ɛ̃]. Dyakritik sa a kapab aksantegi. Paregzanp, nou konn tande [ʒɔ̃] ’jon’, [ʒɔn] ‘jòn’oswa [ʒon] ‘jón’ ; kon sa tou nou abitye tande moun di [sejɛ] ‘seyè’, [sɛ̃jɛ] ‘senyè’ oswa [senjɛ] ‘sényè’. Si nou pa ajoute dyakritik sa a nou p ap kapab jwenn son orijinèl [o] oswa [e] nan kontèks sa a. Nou ta gendwa sèvi avèk dyakritik sa a tou nan menm kontèks la sou ‘a’ pou nou kenbe son [a] pase pou nou ta sèvi avèk aksan grav tankou nan egzanp 32 rezolisyon an.

Nan nivo tèminolojik

Rezolisyon an manke jistès nan chwa tèminolojik li yo. Sanble li konfonn òtograf, alfabè, grafi yon pa, epi yon lòt pa, li konpòte tèt li tankou yon trete òtograf, jan nou kapab verifye sa nan dispozisyon 2, 4, 5, 8, 9. Dispozisyon 4 ak 5 pa konsène òtograf KA, li plis konsène chwa nou genyen ant plizyè posiblite. Men tou, pwopozisyon ki konsène tirè a pa fin konplè, kote egzanp yo pwopoze de (2) siy diferan pou menm reyalite tirè a.

Poze diferans ant òtograf, alfabè, grafi ak ekriti sanble enpòtan. Alfabè a deziyen yon kantite (lis) siy presi nou prezante jeneralman nan yon lòd konvansyonèl epi ki sèvi pou note fonèm yo. Paregzanp, nou konnen alfabè franse gen 26 lèt. Pa KA a gen yon ti kras mwens pase sa (ni franse, ni kreyòl sèvi ak alfabè laten). Òtograf la se ansanm règ ak izaj ki reprezante nòm pou moun ekri kòrèkteman mo ki sèvi pou fòme enonse nan pratik diskou nan yon lang. Règ sa yo konsène akò gramatikal ak leksikal. Ekriti a deziyen tout sistèm grafik ki sèvi pou ekri yon lang. Sistèm sa a tante reprezante inite siyifikatif oral lang nan. Oral la dewoule nan tan epi li gen yon sipò natirèl (lapawòl) alòske ekriti a dewoule nan espas selon yon sipò teknolojik. Semyografi etidye siy ekri sa yo ki se espresyon mo yo jan yo ye nan diksyonè, men li anglobe òtograf gramatikal tou. Grafi a menm deziyen mànyè yo ekri nan yon lang espesifik. Nou kapab asosye grafi a ak òtograf, men tou, nou kapab menm opoze yo. Reyèlman, grafi a deziyen konbinezon diferan eleman alfabè a kote yo chak reprezante yon fonèm, ki vle di inite minimal nou pa ka dekonpoze nan reprezantasyon fonolojik yon segman oral.

Yo konsidere grafi KA a fonografik paske li tabli yon korespondans fidèl ant inite fonik yo ak reprezantasyon grafik yo. Kon sa, nou ka konsidere li transparan. Sa fè li vle sanble avèk pa espànyòl la oswa finwa a. Men, transparans sa a pa vle di senplisite. Li ase konplèks lè nou konsidere fenomèn ki soti nan « sandhi » ki se rezilta lyezon KA eritye nan franse. E se sitou eleman sa yo ki bay kèk ti pwoblèm nan ekriti a. Ministè Edikasyon nasyonal te menm parennen òganizasyon yon atelye sou sa an 2013, men sa pa te bay rezilta nou te kapab ap tann yo.

Tretman eleman sa yo chita sou yon nivo fonksyònman lang nan ki pi sofistike ki se fonoloji. Li mande yon seri règ ki pi konplèks pase sa yo pwopoze pou grafi ofisyèl la ki merite refòme a. Dimansyon fonografik sa a mete tèt li o sèvis semyografi a (Fayol et Jaffré, 2008).

Kèk erè konseptyalizasyon

Lide pou pwopoze 3 egzanp pou chak fonèm yo pèmèt yo teste kapasite yo chak genyen pou parèt nan 3 pozisyon yo : kòmansman mo, mitan, finisman. Nan yon silab, nou atann nou konsòn kapab okipe 2 pozisyon espesifik : nan atak (pozisyon konsòn ki vini anvan nwayo silab la ki toujou yon vwayèl) epi nan koda (pozisyon konsòn ki vini apre nwayo a). Kon sa, nan pwen 1.2.1 rezolisyon an, gen twa egzanp ki pa gen okenn valè agimantatif, yo sèlman jwe yon wòl ranplisay : li pa posib pou fè ‘h’ parèt nan pozisyon koda. Donk, twazyèm egzanp lan pa te nesesè.

Yon lòt kote, nou jwenn son [ŋ] ‘ng’ reprezante a nan koda sèlman. Kon sa, yon sèl egzan te sifi. De (2) lòt yo vin ranpli espas. Men, rezolisyon an byen fè lè li pran son sa a an konsiderasyon : li gen yon pètinans nan sistèm fonolojik KA. Lè nou ap dekri sistèm fonolojik yon lang, nou tabli envantè diferan eleman fonemik ki parèt nan pratik diskou lokitè yo. Se apre sa nou idantifye fonèm ki nan pozisyon distenktif yo pandan nou ap sèvi avèk teknik pè minimal la. Envantè sa a dwe chita sou fonèm ki genyen yon egzistans fonolojik nan lang nan, men tou sou reyalizasyon kontekstyèl yon fonèm. Men, si nou konsidere kontèks nou jwenn [ŋ], nou va wè li kapab li se rezilta yon asimilasyon nazal, kote [g] ki vini apre yon Ṽ (ki kapab [ɑ̃], [ɛ̃] ou [ɔ̃]) transfòme an [ŋ]. Se sa ki rive nan egzanp ki pral vini la yo lè yo soti an franse rive an KA : /lɑ̃g/ > [lɑ̃ŋ], /pɛ̃gʁ/ > [pɛ̃ŋ], /kɔ̃gʁ/ > [kɔ̃ŋ]. Kon sa, [ŋ] pa fòme okenn pè minimal ak okenn lòt fonèm li tan nan opozisyon fonksyonèl ak li. Se nan pozisyon koda sèlman nou jwenn li.

Yo ta gendwa di gen kèk mo tankou ‘ling’, ‘zing’ kote [ŋ] pa vini antan okenn Ṽ. Men, mwen t ap reponn jeneralman ‘i’ kite nazalite a travèse li fasilman, menm si li pa gen okenn Ṽ ki koresponn ak li fòmèlman. Se poutèt sa lè yon mo fini ak ‘i’ ki vini pye-pou-pye apre yon konsòn nazal ([m] oswa [n] paske [ŋ] pa ka vini nan pozisyon sa a : nou fèk ekri li toujou nan pozisyon koda), li rele detèminan nazalize ‘an’ : ‘pitimi an’, ‘cheni an’. [ŋ] parèt souvan apre yon Ṽ ki vini anvan [k] oswa [g] kote gen yon lòt fenomèn yo rele velarizasyon, ki lyannen avèk nazalizasyon, ki fasilite li, men li pa fè [k] oswa [g] disparèt. Men, nou pa ekri li nan ka sa a. Nou abitye tande li, kon sa, nan kèk mo tankou ‘bengo’ yo pwononse [bɛ̃ŋgo], ‘bankal’ > [bɑ̃ŋkal], ‘kongo’ > [kɔ̃ŋgo], ‘senk kòb’ > [sɛ̃ŋkɔb], eks. Nou menm abitye tande moun pwononse mo ‘tankou’ [tɑ̃ŋku]. Esperyans sa a pa espesifik a KA. Li prezan nan kèk lòt lang tankou angle.

Twazyèm ka a ki gen karaktè yon espektak, se egzanp ‘sèr’ ki pou yo fè‘r’ parèt nan pozisyon koda silab. Fòm sa a egziste nan Nò se vre, men yon grafi pa mete aksan sou tout patikilaris yo paske yon trete òtografik ap detaye sa. Pratik pi gwo kantite lokitè a se sa ki enterese demach sa a pandan nou dwe rekonèt egzistans patikilaris yo.

Rezolisyon an fè erè lè li konsidere ‘w’ et ‘y’ kòm « demi vwayèl » oswa « demi konsòn ». Si nou pran tan pou nou byen obsève twa egzanp li pwopoze yo, nou va wè yo fonksyone tankou nenpòt konsòn.

Yon lòt pa, rezolisyon an mal konseptyalize izaj tirè a. Kòman pou li kapab fè « make yon dire, yon entèval, oubyen pou nou òdone yon lis », san nou pa asosye li avèk youn oswa plizyè lòt eleman ? An reyalite, se pa tèm tirè a yo te dwe anplwaye nan kontèks sa a, men se trèdinyon ki kapab itil jan mwen ap pwopoze sa nan yon atik ki an preparasyon.

Konklizyon
Rezolisyon an montre volonte AKA pou fè koz kreyòl la vanse nan bon direksyon. Li merite pou nou salye li pou sa. Men li montre kèk ti feblès ak lejète nan jan li konseptyalize kèk nan diferan eleman dispozisyon yo. Enstitisyon an te dwe pran tan pou li plis devlope refleksyon li sou yon sijè ki enpòtan kon sa. Men nesesite pou remanyen grafi a evidan. Sa pouse nou kwè akademisyen lengwis yo pa mete tout pwa yo nan balans lan. Petèt yo sibi lwa majorite a. Men majorite a pa toujou gen rezon. Sitou nan domèn syantifik.

* Dwayen Fakilte Lengwistik Aplike

Referans nou site yo

Brousseau Anne-Marie & Lefebvre Claire (2002), A Grammar of Fongbe. Berlin, De Gruyter Mouton.
Cadely Jean-Robert (2002), « Le statut des voyelles nasales en créole haïtien ». In Lingua, vol. 112 n° 6, 435-464.
Fadaïro Dominique (2001), Parlons Fon, langue et culture du Bénin. Paris, L’Harmattan.
Gardes-Tamine Joëlle, 1990, La grammaire. 1 / Phonologie, morphologie, lexicologie. Paris, Armand colin.
Jaffré Jean-Pierre & Fayol Michel (2008), Orthographier, Paris, PUF.
Sylvain Suzanne (1936), Le créole haïtien. Morphologie et syntaxe. Port-au-Prince, Chez l’auteur et Wetteren (Belgique), De Meester.
Valdman Albert (2015), Haitian Creole. Structure, Variation, Status, Origin. Sheffield, Bristol : Equinox.
Valdman Albert (1978), Le créole : structure, statut et origine. Paris, Klincksieck.
Vernet Pierre (1980), Technique d’écriture du créole haïtien. Port-au-Prince, Le Natal.
Zéphyr Flore (2005), « Rôles respectifs du créole et du français dans l’identité culturelle de la diaspora haïtienne ». Dans Valdman, Auger et Piston-Hatlen (dir.), Le français en Amérique du Nord. État présent, Québec, Presses de l’Universitaires Laval, 455-475.