Haiti
Ti chèz ba

Ayiti : Yon Leta 2 men nan pòch nan yon peyi toutouni


Ekri jou vandredi 9 jen 2017

Yon tèks Djems Olivier [1]

AlterPresse resevwa tèks sa a 8 jen 2017

Dènye evènman k ap devlope nan peyi d Ayiti nan jou sa yo montre aklè kijan Leta Ayisyen fin depatcha chak jou pi plis. Sa nou ta rele otorite nan peyi a ta plis sanble ak yon gwoup moun ki, apre yo fin jwenn konfyans yon pati nan popilasyon an, òganize yo pou kontinye souse ti rès resous ki rete yo. Majorite popilasyon an, de bra balan, kontinye ap benyen nan salami (nou tout konn kisa m vle di) san yo pa konnen devan pye ki sen pou yo al woule chaplè ankò. Pandanstan, yon ti minorite zwit ap gagote tout richès peyi a. Ti minorite sa a ki pa depase 10% popilasyon an posede plis pase 47.7% resous peyi d Ayiti; poutan se sèlman 0.7% nan richès peyi a ki al jwenn 10% moun ki pi pòv yo (Sakiko Fukuda-Parr, 2009). Sitiyasyon sa a se yon prèv anplis ki fè nou konprann pi byen peyi d Ayiti kòm peyi ki gen plis inegalite sosyal nan tout kontinan ameriken an. Richès yo mal separe. Yon ti minorite pran tout, majorite a menm pa souse yon mant. Sitiyasyon vyolans estriktirèl sa a se youn nan pi gwo konsekans fenomèn globalizasyon an (Abélès, 2008). Se yon sitiyasyon ki kreye tout kalte lòt vyolans nan anpil sosyete, kote ou konn rive jwenn yon latriye moun ki tèlman fristre, akoz yon ti gwoup kenbe tout richès yo, oblije tonbe nan fè zak malonèt yon mannyè pou ka jwenn yon lavi miyò. Bandi, chimè, kokorat, grapyay ak lòt ankò, se divès kalte non yo bay kategori moun sa yo.

Bò kote zak malonèt ki pa janm sispann fèt sou popilasyon an, pandan mouche leta kwaze 2 bra l, youn nan bagay ki atire atansyon anpil moun ki itilize rezo sosyal yo se imaj yon etranje ki pran lari toutouni, pandan yon seri moun pran plezi filme sèn sa a ak telefòn yo. Etranje sa a ki se yon fanm blanch ta sanble pèdi tèt li. Nan bon Kreyòl ayisyen nou te ka di dam sa a pèdi kèk fèy. L ap kouri nan lari Pòtoprens toutouni jouktan li rive antre nan yon otèl senk etwal. Sa kapab parèt banal lè nou konsidere se pa premye moun ki pèdi yon fèy nan peyi d Ayiti. Men tou, sa kapab atire atansyon moun paske se yon etranje. Yon blanch! Nan yon sitiyasyon konsa, li t ap pi bon si dam sa a ta jwenn yon sipò sikolojik pou ta ede l reprann kap li. Dayè, direksyon etranje sa a pran an ta vle fè nou konprann li se yon touris. Yon moun ki vin jwi kòb li nan yon peyi kote chen ap jape ata wòch ; nan yon peyi kote si wap manje zong wap jwenn yon lot moun kanmèm vin mande w ba l ti kal. Si se yon touris vre, ki siyal nou voye bay lòt peyi, lè nou gade kijan otorite yo toujou ap pale de touris la kòm youn nan sektè ki ka ede peyi a pran chimen devlopman? Nou pa ekate posiblite tou pou “fanm blanch” sa a ta yon anplwaye ONG paske nou konnen depi kèk tan Ayiti tounen yon repiblik ONG, yon gwo mache travay ki atire anpil touris imanitè.

Yon peyi toutouni

Imaj “fanm blanch” sa a kap sikile sou tout rezo sosyal yo – menm jan ak lòt imaj ki ta sipoze bay moun kè plen, men k ap dodomeya sou fesbouk, watsap, elatriye depi entènèt ak tout lòt teknoloji ki vini avè l yo fin kolonize lespri nou – se youn nan senbòl ki montre aklè nou gen yon leta toutouni ki kontinye ap mache 2 men nan pòch, kote nou jwenn majorite grangozye sa yo pa sispann ogmante lajan pansyon yo, kreye fo vwayaj pou fè pèdiyèm, foule bidjè pwojè yo yon mannyè pou fè plis koutay, mete sou sa yon latriye depans ki pa gen anyen pou wè ak pwoblèm pèp. Mouche blan tou gen dwèt li tranpe byen fon nan koze sila ki sanble kou wè 2 gout dlo ak yon konplo pou souse san pèp Ayisyen an. Si mouche blan deside mete men nan gagann pèp Ayisyen an nan kondisyon sa se paske li mare sosis li ak moun k ap dirije peyi a. Si nou antre nan trip listwa, nap wè Leta ayisyen pa t tann dènye evènman malouk sa a yo (kriz politik, kriz ekonomik, katastwòf yo di ki natirèl yo, okipasyon militè, elatriye) pou anganman tout koulè te kòmanse dezabiye l. Depi apre gwo batay ki te mennen liberasyon 1804 la, konplo pou anpeche peyi sa a genyen yon Leta ki garanti byennèt popilasyon an te gentan pouse rasin. Tout moun konnen se menm konplo sa yo ki te lakòz zak sasinay ki te fèt sou papa nasyon an, anperè Jan Jak Desalin, nan dat 17 oktòb 1806. Aprè lanmò Desalin, operasyon pou deboulonnen Leta ayisyen ta pral kontinye ak yon lòt kolonizasyon tounèf lè blan meriken te deside okipe peyi a pandan 19 lane. Malgre kèk ti jefò k te fèt, Ayiti pa rive genyen jouk jounen jodi a sa anpil espesyalis nan syans sosyal rele yon Leta “modèn” (Pierre-Etienne, 2007). Sa k pi rèd la nan lane 1957 popilasyon an ta pral konnen yon lòt epizòd malouk nan listwa li avèk eleksyon Doktè Franswa Divalye ki ta pral tabli yon rejim bout di nan peyi a pandan 29 lane jouktan divès leve kanpe nan 4 kwen peyi a ta pral deboulonnen l.

Mouvman sosyal ki te kapote rejim sa a ta pral bannou yon Leta pèpè ki te gen nan tèt li anpil ansyen bawon nan gouvènman Divalye a. Evènman ki vin pwodui aprè yo montre aklè mouvman sa a pat gen okenn vizyon pou te pèmèt peyi a pran chimen demokrasi ak devlopman. Se menm mouvman sa a ki ta pral ede pè Jan Bètran Aristid rive sou pouvwa a nan lane 1991, epi patisipe nan gwo mobilizasyon pou li te tounen sou pouvwa a aprè 3 lane koudeta an 1994.

Politik Newoliberal

Briganday politik yo pa sèl eleman ki patisipe nan dezabiye peyi d Ayiti. Konplo pou depatcha Leta ayisyen an ranfòse nan kòmansman lane 1980 yo lè enstitisyon finansyè entènasyonal yo tankou FMI, Bank Mondyal mete zam nan tèt zotobre ayisyen pou aplike plan newoliberal yo. Eliminasyon kochon kreyòl yo – ki te reprezante kanè bank peyizan yo – sou pretèks pou konbat maladi lapès, ouvèti baryè lib pou fasilite pwodui pèpè anvayi peyi a ak privatizasyon antrepriz leta yo, se dènye kout mato ki ta pral klouwe peyi a pou li pa janm anyen. Se nan menm peryòd baryè lib sa a, diri pèpè, rad pèpè, vye machin pèpè ki soti nan peyi Etazini anvayi mache ayisyen an. Peyizan ayisyen yo vin tèlman dekouraje, anpil nan yo oblije nan pase anba fil pou al bouske lavi kay vwazen nan Dominikani osnon pran kanntè pou ale Miyami kote anpil nan yo pa gen chans rive, se reken ki manje yo nan lanmè.

Kanta pou privatizasyon antrepriz piblik yo, gouvènman an te oblije aplike, sou presyon entènasyonal, yon politik depa volontè. Anpil sitwayen ki tap travay nan antrepriz sa yo, tankou TELEKO, MINOTRI, elatriye, te oblije al chita lakay yo. Anpil nan yo ki pat gen gwo mwayen ta pral ateri nan bidonvil nan Pòtoprens sou kont Bondye ak ONG.

Yon aktè toupwisan nan yon peyi toutouni

Tout eleman sa yo, mete sou divès katastwòf natirèl (siklòn, inondasyon, tranblemanntè) ta pral debouche sou yon lòt fòm kolonizasyon nan peyi a. Depi apre divès siklòn nan lanne 1950 yo ONG yo pran plas Leta. Se yo k ap touye vè nan vant popilasyon an. Prezans ONG yo tap pral ranfòse nan peyi a nan lane 1990 lè Kominote Entènasyonal la te konstate kijan ONG yo reprezante yon aktè enpòtan ki kapab ede yo nan operasyon deboulonnen Leta a atravè yon politik yo rele “bon gouvènans”. Depi lè sa a, pwogram devlopman peyi pòv yo ta pral chanje non pou vin tounen pwogram lit kont povrete/malsite. Poutèt anpil obsèvatè te wè yo tankou aktè ki pi pwòch popilasyon an, ONG yo ta pral tounen pi gwo patnè Kominote Entènasyonal la nan konplo pou dezabiye leta a sou pretèks se yon leta kowonpi. Pi fò èd ki vin jwenn Ayiti depi lè sa a, se ONG yo ki benefisye l. Ladotyen nan ONG sa yo menm rive kreye aprè yon gwo katastwòf fin frape Ayiti a. Gen lòt menm se te pwojè enstitisyon entènasyonal te finanse ki vin tounen ONG. Nou kapab site yon ONG tankou IDEJÈN ki se te yon pwogram USAID te finanse. Anpil lòt tankou JP/HRO rive pran rasin aprè gwo tranblemanntè ki te frape Ayiti nan dat 12 janvye 2010 la, kote anpil kretyen vivan te fè vwèl pou peyi san chapo.

Majorite ONG entènasyonal yo, ki fonksyone tankou antrepriz k ap vann charite, tabli nan peyi a yon soutretans nongouvènmantal sou pretèks yo vle travay ak gwoupman lokal yo nan kad yon relasyon patenarya. Yo itilize ti òganizasyon lokal yo tankou papye twalèt nan objektif pou jwenn lejtimite sou teren an, epi pou bay pwojè yo vizibilite. Pi fò nan ONG yo pa respekte okenn prensip ki tabli nan peyi a. Yo pa gen kont pou rann leta e gen ladan yo ki menm sèvi espyon pou gouvènman lakay yo. Youn nan bagay anpil nan ONG sa yo fè lè yo rive sou teren an, se kase tout mobilizasyon mas pèp la gen entansyon fè pou jwenn jistis sosyal, pandan y ap pote ti èd bay kèk moun nan popilasyon an ki ta vle pran lari pou fòse Leta pran men l.

Sitiyasyon malouk k ap travèse peyi a kreye yon fòm prekarite ki afekte tout kouch nan sosyete a. Nou tèlman vin prekè, menm moun ki swadizan te gen karaktè vin tounen souflantchou. Entèlèktyèl, boujwa grandon, klas mwayèn, politisyen, tout moun ap viv nan prekarite jounen jodi a. Sitiyasyon moun ap viv nan peyi d Ayiti jounen jodi a montre aklè kijan Leta ayisyen vin tounen yon Leta toutouni k ap fòse mache 2 men nan pòch san l pa kenbe kont pwoblèm tout kalte k ap bwase bil popilasyon an. Li klè jodi a, Leta ayisyen sanble ak yon Leta vanpi k ap souse san pèp la pandan l ap chache pwoteje yon ti gwoup ki posede tout richès peyi a. Dènye desizyon ki pran pou ogmante pri gaz la san yo pa kenbe kont goud la k ap pèdi valè l chak jou pi plis, ak yon salè minimòm ki pa pèmèt ouvriye ak ouvriyèz yo repwodui tèt yo kòm moun k ap vann fòs kouraj yo, montre aklè ki mòd Leta nou genyen. Mete sou sa divès kalte kriz k ap bwase bil divès enstitisyon Leta yo. Lekòl Leta, inivèsite Leta ak lòt bwat ki la pou bay popilasyon an sèvis pa ka fonksyone osnon tounen byen prive gwo zotobre.

Boutofen, jèn k ap grandi nan peyi toutouni sa a ki gen yon Leta nan tèt li kap mache 2 men nan pòch, pa gen lòt objektif: jete yo Chili pou al bouske lavi miyò. Menm dirijan sa yo ki pa janm dòmi reve pou yo kite peyi a fè yon pa kita yon pa nago, oblije voye fanmi yo al viv nan peyi lòt bò dlo yon fason pou pwoteje fanmi yo kont fatra, kont dlo k ap bwote moun al lage nan bwadchèn ak lòt fòm ensekirite. Okipe moun nan peyi blan, tankou Kanada, Etazini, Lafrans, elatriye, sa mande anpil repondong. Kidonk, si ou antreprenè politik osnon gran manjè nan ekonomi k ap fè ti malere travay pou degouden soti 6 zè nan maten pou rive 6 zè nan aswè, ou pap ka bay fanmi laswenyay sou teritwa kote se lajan vèt ak ewo ki sèl kòk chante. Se ti resous Leta toutouni 2 men nan pòch sa a k ap kontinye peye konsekans lan.

[1Ansyen Etidyan nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA), Djems Olivier ap prepare yon tèz doktora nan Université Paris 8 Vincennes Saint-Denis (Laboratoire Dynamiques Sociales et recomposition des espaces, LADYSS CNRS 7533) apre li te fin diplome nan Université Paris 1 Panthéon Sorbonne (Institut d’Etudes du Développement Economique et Social, IEDES). Rechèch li yo konsène pwoblematik vyolans, povrete ak travay ONG yo nan peyi d Ayiti, espesyalman depi apre goudougoudou te fin ravaje peyi a.