Ti chèz ba

Doulè Kowòdinasyon rara nan Sid anpil, apre lanmò 38 moun nan aksidan Latibonit

Aksidan dimanch maten 12 mas 2017 nan Opoto (Gonayiv)
lundi 20 mars 2017

Nòt Kowòdinasyon Rara nan Sid (KORASID)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 20 mas 2017

38 FRE AK SE RARA NOU YO NAN LATIBONIT PA DWE MOURI POU GRANMESI

Noumenm, reprezantan Kowòdinasyon Rara nan Sid (KORASID) Ki gen ladan plis pase 120 bann rara k ap feraye nan divès seksyon nan komin Chantal, Kanperen, Tòbèk, Senlwi Disid ak Koto nou voye nòt sa a pou di kijan nou santi nou endiye, kouman n ap soufri, lè nou aprann kouman 38 manm rara nan Latibonit mouri krabinen epi plizyè lòt blese. Yo di nou se yon bis anraje ki t ap kouri ak tout boulin, ki vare sou 3 bann rara, pase sou moun yo tankou pil fatra, detan yo t ap amize yo sou wout nasyonal nimewo 1 an, nan antre vil Gonayiv, maten dimanch 12 mas 2017 la.

Nou di fanmi konpatriyòt sa yo, KOURAJ ! Kou a fè nou mal anpil. Noumenm bann rara nan Sid, nou santi soufrans la jous nan trip nou.

N ap fè remake se pa premye fwa dram sa yo rive sou wout nasyonal nou yo, men se petèt premye fwa yon kantite moun konsa mouri yon sèl kou. A chak fwa dram sa yo rive, otorite yo pa janm pran okenn mezi pou anpeche sa rekoumanse. Yo senpman voye senpati ba nou apre sa tout bagay rete tennfas. Fwa sa a, sa pa dwe kontinye konsa. Bèl pawòl, bèl antèman pa sifi pou lave san pakèt inosan sa yo.

Dram sa a rive akòz fason yon bann moun nan peyi a gade bann rara yo ak anpil prejije. Yo mete nan tèt yo, nou se move moun, nou se dyab. Yo panse mouvman kiltirel nou an ki soti nan zantray pèp la, ki egziste depi peryòd lesklavaj ak kolonizasyon, se yon move bagay. Gen nan yo ki pa kwè nou se moun tout bon, menm jan kolon blan yo pa t kwè moun nwa te gen nanm, yo te moun vre. Konsa, yo panse yo ka fè nou nenpòt ki bagay, pase sou nou jan yo vle, apre sa pou yo di se lòt bagay yo te wè. Depi lontan yo mete nou sou kote, yo pa bay sa nou fè okenn valè. Leta pa akonpaye nou, Ministè Lakilti pa pran nou pou anyen. Nou ta renmen tande vwa Minis kilti a sou dram sa a. Eske l pa minis nou tou ?

N ap fè tout moun konnen, mouvman rara a se yon gwo mouvman kiltirèl peyi Dayiti genyen e ki makonnen ak lakou yo, ak peristil yo ak lavi peyizan yo ak kilti latè. Nan yon peyi kote yo bliye jenn peyizan yo, kote pa gen okenn aktivite lwazi pou pèp malere an pwovens yo, sila yo rele moun andeyò yo, se noumenm ki fè kou nou konnen pou mete divètisman, pou kreye animasyon nan veye, nan ranje wout, pou ede moun yo pase kalkil, dekwa pou yo kapab kontinye egziste. Se noumenm pi fò ki nan gwoup konbit yo, k ap ede moun yo chante, danse, plante, rekòlte. Se noumenm ki nan fè jaden tou pou bay fanmi nou ak pitit nou manje, voye yo lekòl. Se noumenm, jan nou kapab, k ap pwoteje ti rès pyebwa ki rete nan peyi a. Men yo toujou mete nou sou kote.

Rara yo se yon mouvman kote moun yo ap danse detan y ap mache, detan y ap travay. Poutèt sa, nou blije mache sou wout yo, nou blije travèse lari paske rara lè l ap fonksyone li blije mache, pou soti yon kote pou l ale yon lòt kote. Se yon pratik ki soti lwen, depi lontan, paske lontan nou pa t gen dwa pran yon ti detant lajounen e youn pa t ka al wè lòt. Se lannuit nou te ka fè sa. Kidonk, rara a, se yon mouvman ki soti nan istwa peyi a, nan tradisyon nou, e nou pa ka krache sou li konsa. Rara yo merite jwenn RESPÈ AK PWOTEKSYON nan men Leta ak nan men tout nanchon an. Lè y ap fè wout, lè y ap fè sikilasyon, yo dwe sonje nou egziste. Otorite yo dwe pale ak chofè yo, paske yo tout kounnen nan epòk karèm gen yon seri zòn tankou nan Latibonit, nan Leyogàn, nan zòn Senlwi Disid, Tòbèk, Chantal ak anpil lòt kote ankò, kote gen rara ki soti, k ap danse sou wout yo. Lapolis dwe pran dispozisyon pou ban ou pwoteksyon Bò kote pan ou, gen prekosyon nou pran. Paregzanp, nou mete pòt drapo devan pou anonse nou la. Men nou wè sa pa sifi toujou, paske chofè yo pa respekte senbòl sa yo ankò.

Noumenm rara nan Sid, nou te soufri anpil anba prejije. Otorite yo, gwoup modèn yo te konn meprize nou. Yo pa t janm envite nou nan okenn aktivite, paske yo pa t konsidere nou kòm moun. Se poutet sa, depi lane 2008, nou te deside mete tèt nou ansanm pou fè yo rekonèt kòm yon mouvman total kapital menm jan ak tout lòt yo. Depi lè sa a, nou koumanse òganize nou an federasyon rara pou nou soti dèyè rido a. Nou sispann chirepit antre nou, e nou reflechi anpil sou sa nou ye, sou sa nou vo nan peyi a.

Detan n ap rale mouchwa nou pou n ede fanmi viktim yo siye dlo nan je yo, detan n ap voye kondoleyans nou bay tout bann rara Latibonit yo, n ap mande yo òganize yo pou yo sispann mouri pou granmesi. Noumenm rara, nou se yon gwo fòs nan peyi a, yon fòs mistik, men nou pa dyab pou sa, yon fòs pou travay latè, yon fòs ki bay anpil moun pouvwa nan eleksyon, yon fòs ki ka ede chanje peyi a.

NOUMENM KOWÒDINASYON RARA NAN SID, NOU MANDE JISTIS AK REPARASYON POU TOUT MOUN SA YO KI MOURI NAN LATIBONIT NAN RARA YO. NOU MANDE GOUVÈNMAN POU BAY FANMI VIKTIM YO SIPÒ PANDAN OMWEN 3 LANE POU YO KA REPRANN KAP YO. NOU MANDE SEKIRITE POU RARA YO PA KONTINYE VIKTIM ANKÒ NAN KONDISYON SA A.

Men moun ki siyen pou Kowòdinasyon Rara nan Sid (KORASID),

Louis Jacob Vildes, prezidan ....................

Jean Leonel Roger, Sekretè ....................

Joseph Remé Lebossiere, delege depatmantal ....................

Julina Angel Genis, trezoryè ....................

Men lis rara ki fè pati Korasid e ki dèyè nòt sa a :

1) Komin Senlwi Disid
-  Dieu ki fe bon son
-  Tann pou tann
-  Sa m a jwenn
-  Nouvo moun bon son
-  Fok gen nanm
-  Bebi lòv
-  Apre Dye
-  Di malè
-  Pa Sansib

2) Chantal (3zyèm seksyon Kafou Kanon)
-  San rankin
-  Pa Sansib
-  Chache lavi
-  Touche m dous Makaya
-  Senk etwal
-  Rèv
-  Pazapa
-  Delma
-  Miki
-  Le bon son
-  Kè poze Vatre
-  Kè poze Felix
-  Ala fraz
-  Egzante malè
-  Kris kapab
-  Kaliko
-  Se jwèt

3) Kanperen
-  Yo sezi
-  Inyon
-  Bann granmoun
-  Siwo nimewo 2
-  Krezi lòv
-  Kòlta
-  Triye
-  Pa pile
-  N a triye
-  San pitye
-  Manman penba
-  Kafe rat
-  Ansyen mak
-  Pi piti
-  Si yo vle
-  Chaba
-  Lèzanj
-  Kè pòpòz
-  Zèl nan do
-  San Lizyè

4) Tòbèk, 3zyèm seksyon
-  Sen Inosan
-  Siwo
-  Fè m pipi
-  Fè m dous
-  Bèl plezi
-  Aganman
-  Wozo
-  Rache Pengwen
-  Sitadèl
-  Magnonm Ponpeya
-  Abòlèkò
-  Mèsi Dye

2zyèm Seksyon Tòbèk
-  Plenn nan kè
-  Sent Famiy
-  Pa mele
-  Travay Dye
-  Sen Jozèf
-  Dipi
-  Laflè
-  Tèt ansanm
-  Lajenès

Elatriye