Ti chèz ba

Ayiti-Eleksyon : Atake yon konseyèz pa ka rezoud pwoblèm elektoral yo


samedi 17 décembre 2016

Pozisyon plizyè òganizasyon ak pèsonalite nan sektè sosyal la, patikilyèman mouvman feminis la

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 16 desanm 2016

Depi KEP (Konsèy elektoral pwovizwa) la fin pibliye rezilta preliminè eleksyon 20 novanm 2016 la, yon koukouwouj difamasyon, presyon ak menas lage dèyè konseyèz Marie-Frantz Joachim. Nou menm ki siyen nòt sila a, nou vle di endiyasyon nou fas ak vye atak malonèt k ap fèt sou konseyèz la, kòm manm KEP epitou kòm fanm, epi nou vle pote solidarite nou ak li.

Òganizasyon ak pèsonalite te pote kole nan demach pou deziyen yon moun ki soti nan mouvman fanm nan, pou ale patisipe nan KEP la. Moun k ap syeje nan KEP la, pa la pou defann enterè yon gwoup an patikilye, li reprezante tout nasyon an nèt, etan l ap pote makfabrik sansibilite sosyal li. Nan ka sa a, se respè dwa sitwayèn ak sitwayen yo kòm moun epi patisipasyon fanm. Òganizasyon ak pèsonalite konsène yo te kore chwa Marie-Frantz Joachim an, paske se yon fanm konpetan, ki konnen sa ki rele enterè jeneral, ki kwè kòz fanm nan dwe defann nan tout espas, epi ki demontre depi lontan li gen angajman ak konviksyon. Yon fanm ki gen kapasite pou kenbe kap li ak tout konsyans sitwayèn li, ki pa mare nan pye tab pyès moun, ki pa nan pran dikte nan men moun.

Marie-Frantz Joachim se yon feminis k ap batay depi digdantan, ansanm ak kanmarad li yo, pou rive fè politik yon lòt jan. Nan kad eleksyon yo sa vle di : a) Fè tout sa ki posib pou konpetisyon elektoral la pase byen, san paspouki, nan respè règ jwèt la ; b) Fè pwomosyon pou patisipasyon san diskriminasyon ; c) Ankouraje prezans pi plis fanm nan machin elektoral la, epi veye pou dwa kandidat yo respekte ; d) Fè dekwa pou gen chif sou sèks ak laj moun ki vote yo ; e) Veye pou rezilta yo tonbe daplon ak chwa elektris ak elektè yo.

Menm jan ak konseyèz la, nou rete kwè sa ki pi enpòtan nan eleksyon yo, se laverite sou vòt la. Kelkanswa moun ki ranpòte lamayòl la, menmsi nou pa kanpe sou menm bit ak li. Aksepte prensip eleksyon, sa vle di swiv yon chimen ki trase, san wete dwa fè kontestasyon pou sila ki santi yo leze. Sandipetèt, gen divès pwoblèm nan sistèm elektoral la. Kesyon sa yo ta dwe regle byen anvan eleksyon. Men kalbenday fè nou pa janm ka chita pou regle yo tout bon kòmsadwa.

Nivo patisipasyon an ak rezilta preliminè yo, mande pou bon jan refleksyon fèt pou : a) Chache konprann kisa ki fè pifò elektora a fè abstansyon, kisa ki motive yon pòsyon ale vote, epi kisa ki detèmine vòt la ; b) Eseye konprann kisa ki mennen nan sitiyasyon sa a jodi a. Angiz travay ak seryozite pou rive jwenn chanjman ki nesesè nan peyi a, gen sèten moun ki pito ap maniganse, ap eseye sal repitasyon yon sitwayèn onèt. Sa pa fouti yon repons pou kesyon enpòtan sa yo.

Mòd ajisman sa yo fè sitwayèn ak sitwayen konsekan, ki ta kapab vin osèvis peyi a, pito rale kò yo nan jesyon zafè piblik pou evite non yo ap bavade sou miray ak nan medya. Sa vle di, se pi plis plas k ap fèt pou atoufè kontinye taye banda nan enstitisyon Leta yo, pou peyi a kontinye ap anvlope anba inegalite ak medyokrite.

Sila ki siyen yo di konseyèz Marie-Frantz Joachim kontinye fè travay li kòmsadwa ak tout konsyans li, jan konstitisyon peyi a ak dekrè elekoral la mande sa.

Fè politik yon lòt jan, se pa yon senp eslogan, se yon vizyon !

Pòtoprens, 15 desanm 2016

Pou otantifikasyon : Danièle Magloire, Kay Fanm

Sila ki siyen yo : Kay Fanm, Fanm Deside, AFASDA (Asosyasyon fanm solèy d Ayiti), GADÈS (Groupe d’appui au développement du Sud), Comité d’appui à la santé des femmes, MOUFHED (Mouvement des femmes haïtiennes pour l’éducation et le développement), CPFO (Centre de promotion des femmes ouvrières), SOFA (Solidarite fanm ayisyèn), Altènativ aksyon vèt, Tania Félix, Monique Clesca, Carine Clermont, Djénane Ledan.