Ti chèz ba

Franck Laraque kite nou


vendredi 26 août 2016

Omaj Tontongi

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 25 out 2016

Se avèk dlo nan je nou aprann nouvèl lanmò zanmi nou Franck Laraque, youn nan pi gwo gason vanyan peyi Ayiti met sou latè. Li trepase lakay li nan Bouldè, eta Kolorado, nan mèkredi 24 dawout a 6 zè dimaten, pa swit konplikasyon konjesyon serebral ak nemoni. Franck Laraque te gen 94 zan.

Depi apre l antre nan Nouyòk, Etazini, an 1957, Franck Laraque toujou rete yon prezans konbatif nan lit pou liberasyon pèp d Ayiti kit kont dominasyon diktatè sanginè, kit kont dominasyon boujwazi eksplwatè ouswa dominasyon enperyalis. Lè frè li Paul Laraque jwenn li nan lekzil nan Nouyòk an 1961, yo fòme yon koup aktivis, veyadò enfatigab pou enterè pèp oprime ayisyen an e pou sa yo rele a « Dezyèm Endepandans » Ayiti. Yo itilize tout mwayen legal posib, petisyon, reyinyon piblik, atik jounal, manifestasyon nan lari, elatriye, pou ekspoze malè peyi d Ayiti devan lemonn antye e pou denonse koupab anndan ak koupab deyò ki te reskonsab malè yo.

Li pase venn-twa zan ap anseye nan City College, nan Nouyòk, kote etidyan l yo konsidere l kou yon resous endispansab ; nan prefas dènye liv Franck Laraque la, L’Instrumentalisation de la pensée révolutionnaire, Frantz-Antoine Leconte di pwofesè Laraque « ankouraje kreyasyon kou envantif nan literati, filozofi, sosyoloji, relijyon, sikoloji an kreyòl ayisyen ak sou istwa nwa-ameriken, li ret toujou fidèl ak misyon pou l agrandi, ouvri orizon konesans etidyan yo. (...) Se te yon gran lonè pou aprenan yo lè li te fasilite yo eksplore yon monn yo te defann yo konnen : monn mati etazinyen ki te goumen, nan risk pou lavi yo, pou emansipasyon tout moun ».

Max Manigat te konn Franck lè l t ap anseye nan City College, men temwayaj li bay sou li nan liv Franck lan, L’Instrumentalisation de la pensée révolutionnaire : « [Franck Laraque] ak kèk lòt pwofesè pran devan pou yo kreye yon depatman Black Studies lan kolèj la. (...) Depi jou Depatman Black Studies City College la derape Frank konsidere li tankou yon ti pyebwa li te plante ; se li ki pou okipe li, veye li ap grandi. Li lage tout entelijans li, tout devouman li pou Depatman an devlope : kreyasyon nouvo kou, chèche bon pwofesè, enterese etidyan pran kou yo, mande etidyan yo menm pou yo sijere kou yo ta renmen. Kanta pou etidyan ayisyen yo, li toujou ankouraje yo aprann lang yo, literati yo, istwa yo. Se konsa li te fè mete kat kou lan kourikoulòm lan – m ta di espesyalman pou yo : Creole Languages in the Caribbean ; The Haitian Revolution and the Black Experience ; Black Literature of French Expression, Fanon and the Third World. Devan pouryanis anpil jenn Afriken-Ameriken, Karibeyen-Ameriken ak Ayisyen-Ameriken, lan kolèj la, k ap mache san direksyon, li pouse pou Depatman an adòpte lòt kou tankou : Negritude as a Cultural Movement ; Race and Politics in the Caribbean ; Caribbean Leaders ; Malcom X : His Life. Leadership and Legacy ; Martin Luther King Jr. and the Mass Non-violent Movement ; The Politics of Hunger. (...) Frank pa te pwofesè sèlman ; li te “mentò” [gid, konseye] tou. Se pa yon manyèl konduit li te prete etidyan yo pou yo te aprann bon prensip. Non ! Non ! Se konpòtman li ki te liv la. Nan gade li ap viv yo te aprann : disiplin, ak solidarite – pa lan bouch ase, men toutbon vre ; jan pou yo te kanpe sou pozisyon politik ki korèk ; jan pou yo toujou kenbe pawòl yo : wi se wi, non se non. Biwo li te yon apye kote etidyan te monte desann pou vin pran konsèy ak plis eksplikasyon sou sa ki te di lan klas yo pa te fin byen konprann. Si m pa twonpe m, gan ansyen etidyan ki jouk jounen jodi pa janm lage li poutèt bon enfliyans li te gan sou yo depi plis pase trant, karant an. »

Depi lè li te ti jèn ofisye nan Lame d Ayiti pandan premye mwatye ane 1950 yo, an pasan pa pwofesora li nan City College nan Nouyòk, rive nan retrèt li de ansèyman (yon « retrèt » ki pa anpeche l kontinye kontribye, nan medya ayisyen yo, etid, atik ak kòmantè kritik sou tout grann evennman, kesyon ak katastwòf ki akable peyi d Ayiti), Franck Laraque toujou rete yon lespri lib, sètadi yon konsyans kritik ki demistifye tout move mit e refize tout entèdiksyon, keseswa entèdiksyon onivo ide, posiblite, ouswa onivo rèv pou reyalize.

Nan posfas mwen ekri pou L’Instrumentalisation de la pensée révolutionnaire, mwen pale kouman Franck Laraque te nwaye nan mitan powèt lè li t ap leve kou ti jèn jan : dabò Paul ak Guy, men tou Émile Roumer, Jean F. Brierre, René Bélance, Regnor Bernard, Fernand Martineau, Hamilton Garoute, Raymond Chasssagne, Josaphat-Robert Large, elatriye. Mwen pale tou de enterè misye te montre nan Jacques Roumain ansanm ak atirans li pou ekonomi politik, epi sitou ensistans li pou nou adopte yon praksis ki ankouraje aplikasyon anpirik konsèp revolisyonè yo, sètadi bati lekòl pou timoun aprann, bati lopital pou swaye malad, òganize kowoperativ pou regwoupe resous peyizan yo, fonde gwoup daksyon pou fouye kanal, rebwaze tè tèt kalbas yo, an brèf, yon liy daksyon « otojèn », sètadi yon pwogram daksyon ak ajisman ki konte sou pwòp fòs ak resous pa nou, eke noumenm nou mennen sistematikman jiskobou.

Nan posfas la, mwen rann temwayaj de penetrasyon analiz Laraque yo ansanm ak pèsistans konviksyon li yo san konte sous enspirasyon zèv li yo genyen. Kan tout bagay fin di, apre tout gwo diskou, kesyon ekonomik yo, kouwè Marx te montre eke Laraque vin konfime, toujou rete kesyon prensipal yo paske yo se motè lit de klas yo. Sa Marx rele priz de konsyans oprime a, Franck Laraque rele l « alfabetizasyon ekonomik » oprime a, etap endispansab konsyantizasyon ak liberasyon li.

Antanke nonm ki renmen literati, misye konnen li pat ka rivalize avèk de frè l – Paul ak Guy –, men, kou nou wè nan liv li Révolte dans le théâtre de Sartre, san wetire bèl lirik li ekri sou Jean Brierre, Jean Métellus, Jean Métellus, Cauvin Paul, Marie Chauvet, Guy Laraque, ansanm ak tradiksyon powèm pitit fi li Marie-Hélène Laraque nan liv li Haïti : La lutte et l’espoir, Franck Laraque rete nan nanm li yon powèt, men ou ta di, yon powèt ki vann vè li yo pou l ka bay kominote a manje. Li ekri Défi à la pauvreté apre La Révolte dans le théâtre de Sartre, yon tèks kritik chaje ak pwezi sibtil, an soudin, an lonè zèv teyat gran filozòf libète a.

Nan yon peryòd de 16 zan, Franck Laraque pèdi kat moun ki te trè chè ak li, dabò frè li Guy Laraque (1991), pitit fi li Marie-Hélène Laraque (2000), madanm li Anne-Marie Dupuy Laraque (2002), epi frè li, kanmarad lit li, Paul Laraque (2007). Byenke trajedi sa yo boulvèse l anpil, li toujou rete fò pou sa k ret dèyè yo ; li toujou dirije lespri l sou sa k fèt pou rann prezan nou ak fiti nou miyò. Li toujou parye sou lavni.

Jiskalafen, Franck Laraque rete yon imanis ki renmen moun e ki renmen lavi. Li toujou reve de yon Ayiti ki libere e ki fè aplike jistis sosyal ak egalite politik, kiltirèl, lengwistik e ekonomik. Lefètke l met aksan sou resous aktyèl e potansyèl peyi a, ansanm ak sou kapasite ine pèp la genyen, li rann menm lè a posib sa yo te panse ki enposib nan paradigm depandans anvè asistans lan : yon modèl devlopman ki solid, aksesib e otantik. Sa ki te enposib vin posib, paske Franck Laraque ret toujou kwè peyi a ak pèp la gen mwayen nesesè yo pou materyalize aspirasyon yo genyen pou yon chanjman kalitatif, yon chanjman ki rann peyi ak pèp la vin chèmètchètrès lakay yo, nan yon vi ki libere, kote tout moun gen manje pou yo manje, tout moun gen aksè ak edikasyon e elevasyon ansanm ak respè diyite tout kretyen vivan.

Nou voye tout kondoleyans nou bay tout fanmi Franck Laraque ki siviv li, dabò pitit li Michèle ak Grégor Laraque, Michelle Gayle, Hatuey ak Keila, Jérémie ak Brooke, Kodid ak John ; pitit Marie Hélène yo : Noni, Hye, Siku ak Pauloosie, Danielle, Marc ak Luigi Arena, Karèn Bogat, Fabienne Laraque Ho, Ronald ak Gilbert Laraque, Max Laraque, Serge Laraque, Reine Fontaine Bélizaire, Ady ak Gladys Blanchet, Ginette Mangonès, Ghilda Laraque, Carmen Laraque Miot, Elizabeth Martineau, Serge ak Pierrete Rameau, Hilda Woel, Hilda ak Lou Auguste, Alex Dupuy, Frantz ak Gigi Gardère, Nicole Gardère, Edith Dreyfus Hudicourt, Yanick ak Hervé Gautier, ak tout lòt yo nou pa site la a.

Nou voye kondoleyans nou bay tou tout zanmi Franck yo, anpil nan yo gen amitye avè l ki dire plis ke yon demi syèk. Georges Jean-Charles te di m nouvèl la destabilize l, de menm pou Denizé Lauture ki di sa boulvèse li. Max Manigat di li ba li tèt vire. Franck te gen bon rapò solid avèk tout zanmi li yo.

Pèsonèlman, Franck Laraque ap manke m anpil, depi plis ke twa dekad mwen konnen li, li toujou reprezante yon sòt de fanmi pou mwen ak fanmi mwen. Li toujou rete yon nonm janti, jenere anvè jèn yo e anvè tout koz pou avansman peyi d Ayiti. Li vizite Boston plizyè fwa pou patisipe nan konferans ak reyinyon patriyotik. Li te yon gason vanyan k ap ret yon enspirasyon pou tout jenerasyon k ap vini yo. kenbe la, kanmarad !

- Tontongi, 25 dawout 2017

Antèman Franck Laraque ap fèt nan lendi 29 dawout a midi sonan, nan ponp finèb Crist Mortuary, nan adrès 3395 Penrose Place, Boulder, Colorado 80301 (tel. 303-413-1533). Vizitasyon ap louvri depi 11 zè dimaten. Li ap antere nan simityè Mountain Cemetery, nan Bouldè, Kolorado.

Franck Laraque’s funerals will be held on Monday October 29th at 12 PM at the funeral home Crist Mortuary, 3395 Penrose Place, Boulder, Colorado 80301 (tel. 303-413-1533). Visitation open at 11 AM. The burial will take place at Mountain Cemetery.