Haiti
Ti chèz ba

Ayiti : Konsènan metodoloji Komisyon Verifikasyon ak Evalyasyon Elektoral la


Ekri jou vandredi 13 me 2016

Claude Joseph*

Tradiksyon lib Roody Barthèlemy [1]

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 13 me 2016

Pyès moun pa bezwen ekspè nan estatistik pou konprann metodoloji Komisyon Verifikasyon ak Evalyasyon Elektoral la (KVEE) chwazi pou estime kantite fwod ak iregilarite ki genyen nan tout 13. 725 pwosèvèbal yo (PV) apati 2000 grenn PV, kidonk 15% popilasyon an, pa kòrèk (ni apwopriye), etandone egzijans moman an ak misyon Komisyon an. Sa se yon senp kesyon bonsans. Travay ansyen Komisyon prezidansyèl la te deja fè sou yon echantiyon aleyatwa prèske menm jan an, te deja konfime ipotèz fwod ki te genyen nan eleksyon prezidansyèl 25 oktòb 2015 yo. Rezilta travay sa a te bay kòm konklizyon te gen tan montre:

1) 46,9% PV yo te gen CIN ki pa t kòrèk ladan yo
2) 60% anvlòp yo pa t gen pwosèvèbal karans ladan yo
3) 57,1% PV pa t gen okenn siyati oswa anprent sou lis emajeman yo, epi
4) 30% PV yo gen nimewo CIN ki pa t figire okenn kote sou lis emajeman yo

Lè n konnen echantiyon sa a te chwazi sou baz aleyatwa epi estimasyon paramèt enterè yo te fèt sou baz 95% konfyans, nou gen dwa di kounye a, si nou pran plizyè echantiyon kote chak ladan yo ap reprezante 15% total 13.725 PV yo, kidonk 95 fwa sou 100, lè sa a karakteristik echantiyon an parèt kòm reprezantasyon fidèl popilasyon an. Sa vle di nan 95% ka, n ap jwenn yon seri entèval konfyans k ap reflete kòrèkteman paramèt estimasyon yo (paegzanp: valè ansanm PV ki gen CIN ki pa kòrèk yo ap sitiye ant [46,9% ± maj erè]). Men tou, sa ap vle di 5 fwa sou 100, echantiyon an ap parèt kòm yon reprezantasyon enfidèl popilasyon an (oswa 5% fwa, n ap jwenn yon seri entèval konfyans ki pa gen vrè paramèt estimasyon popilasyon an ladan). Etandone pwobabilite pou chwazi yon echantiyon sou baz aleyatwa ki pa parèt kòm ekspresyon fidèl tout PV yo globalman pa yon valè nil, kidonk, fòk nou pa etone nou sitou si nou wè Komisyon aktyèl sa a ta vin tonbe fwa sa a sou yon echantiyon ki montre pa t gen okenn iregilarite nan eleksyon yo. Se posib, e, sa se yon bagay ki kab gen 5% chans rive oswa 1 fwa sou 20 kòm evantyalite. Rezilta sa a t ap yon veritab tèt chaje, men ki t ap byen bon pou fwodè yo. Ebyen, men omwen youn nan rezon ki fè nou pa ta dwe ap bat lestomak nou, menm jan ak François Benoit, sou syantifisite (oswa “aspè syantifik”) metòd sa a.

N ap raple yon lòt fwa rapidman estimasyon ak tès ipotèz se 2 prensipal metòd estatistik enferansyèl. Tou 2 metòd sa yo pèmèt nou fè enferans sou karakteristik (paramèt) yon popilasyon total apati karakteristik (estatistik) yon echantiyon. Anjeneral, metòd sa yo itilize lè 1) popilasyon an pa asesib oswa 2) lè sa mande twòp depans (lajan, tan oswa enèji) pou resanse tout popilasyon ki konsène a. Konsa, metòd sa yo pèmèt nou gen apeprè yon ide, ki pa egzakteman presi, sou konpòtman paramèt popilasyon an. Sètènman, pito nou gen yon ide apeprè (pwobab) olye nou pa gen okenn ide ditou. Nan ka eleksyon 9 dawou ak 25 oktòb 2015 yo, gras ak menm metòd echantiyonaj sa a premye Komisyon prezidansyèl la te itilize a, nou gen yon ide apeprè sou dimansyon valè fwod ki te fèt; kidonk, daprè lwa pwobabilite yo, gen anpil chans pou yon lòt echantiyon aleyatwa menm valè a pwojte menm rezilta yo ankò. Men, lè nou “konsidere kontèks mefyans politik ki genyen nan peyi a” konsènan koze eleksyon sa yo, sa p ap sifi pou rezoud kriz la. Sa nou bezwen kounye a, se yon apwòch ki kab pèmèt nou jwenn tout verite a sou dewoulman vòt ki te eksprime yo pandan jounen 9 dawou ak 25 oktòb 2015 la. E, sèl fason pou fè sa se fè yon verifikasyon konplè tout PV yo. Pou nou rive kapab, daprè tèm referans yo, “fè epirasyon pwosesis vòt yo apati analiz lis emajeman, lis elektoral pasyèl, fèy kontaj, pwosèvèbal depouyman, pwosèvèbal karans, pwosèvèbal ensidans, bilten ak plent ki deja anrejistre yo,” fòk gen verifikasyon ki fèt sou totalite tout pwosèvèbal yo, osnon fòk yo ta rekonte tout bilten vòt yo. Pa ta dwe gen enferans sèlman sou pwopòsyon fwod ki fèt nan tout 13.725 pwosèvèbal yo apati yon senp echantiyon pwobabilis. Malgre tout merit metòd sa a, li pa gen plas li la a, nan kontèks sa a.

Lè nan eleksyon prezidansyèl amerikèn ki te fèt an 2000 yo Al Gore te mande pou rekonte bilten vòt yo nan yon seri rejyon (konte) Eta Florid pou te kab fè sèten tout vòt te konte regilyèman, se pa metòd echantiyonaj otorite yo te adopte. Lojikman, se te rekontaj konplè tout bilten vòt nan rejyon sa yo. Aprè 2 jou, swa nan dat 10 novanm, yo te gen tan fin rekonte tout bilten vòt nan 66 sou 67 rejyon sa yo atravè Florida. Al Gore ak patizan li yo ki potko satisfè ak rezilta yo te mande kounye a pou rekonte bilten vòt yo ankò alamen fwa sa a, e se aprè plis pase 30 jou dilatwa Lakou Siprèm Etazini te oblije entèvni pou tranche ak kite laviktwa pou George Bush ki te vin 43zyèm prezidan Etazini.

Nan ka pa nou an, nou tout konnen tout 13.725 pwosèvèbal yo asesib, kidonk, nou ta dwe pran tout tan nesesè sa mande pou byen analize yo, andetay, nan tout aspè. Sizoka 30 jou pa ase, nou ta dwe modifye tèm referans yo an konsekans, yon fason pou kapab pèmèt Komisyon an jwenn plis tan pou fè travay li. Nan pwen nou ye la a, pa gen rezon pou gen macheprese ankò. Epitou, se pou n fè atansyon ak politisyen ki toujou ap fè kwè peyi a pral efondre. Èske se pa menm yo menm nan ankò ki responsab peyi a anreta konsa a nan tout domèn ak nan tout nivo devlopman li? Aprè nou fin pase tout tan nou ap gaspiye tan swa nan fè koudeta, swa nan òganize eleksyon fomamit oubyen ankò pou rete sou pouvwa a san òganize eleksyon, politisyen nou yo pa gen okenn eskiz valab ki kab esplike enpasyans y afiche la a pou pa kab rete tann Komisyon Verifikasyon ak Evalyasyon Elektoral la fin fè travay li. Se pou Komisyon an pran tout tan sa mande, si nesesè, pou l founi yon travay ki kab omwen ede jwenn yon bon denouman nan kriz aktyèl la. “Pito nou mize nan wout men nou pote bon nouvèl.”

* Ph.D candidate in Public Policy
Adjunct professor – Fordham University
cjoseph20@fordham.edu