Haiti
Ti chèz ba

Ayiti-Kriz : Yon valè òganizasyon demokratik ak popilè leve kanpe kont "tranzisyon pèpè"


Ekri jou dimanch 7 fevriye 2016

Refleksyon ak pozisyon ki soti nan Konferans Patriyotik sou konjonkti a divès òganizasyon sosyal, enstitisyon ak pati politik demokratik popilè te òganize jedi 4 fevriye 2016

Òganizatè yo voye dokiman sa a bay AlterPresse

Òganizasyon sosyal, enstitisyon fòmasyon, òganizasyon dwa moun ak pati politik ki siyen nòt sa a, konstate peyi a ap viv yon kriz elektoral san parèy depi 9 dawout 2015. Men anreyalite, kriz elektoral sa a se manifestasyon kriz sosyete pwofon sistèm enjistis, inegalite ak dominasyon ki tabli nan peyi a depi 1806. Okipasyon ak piyaj destriksyon enperyalis meriken tabli nan peyi a apati 1915 te vin ranfòse sistèm peze souse sa a, pou kenbe l tennfas jouk jounen Jodi a.

Kriz elektoral n ap viv nan peyi a depi plis pase 30 lane, chak fwa pou renouvle pèsonèl politik nan ekzekitif ak lejislatif la, se youn nan siy ki montre sistèm dominasyon ak esplwatasyon enperyalis la, oligachi mafreze a ak Leta restavèk la rive nan tobout li. Sistèm peze souse a ap madebat li jodi a pou l wè kòman kenbe tèt li anfas pèsistans rezistans ak lit mas popilè yo ki pa janm renonse ak pwojè mouvman sosyal 1986 la ki mande “chanje sosyete ak Leta” a. Yon pwojè okenn gouvènman ki pase alatèt peyi a depi 1986 pa janm pran oserye epi gouvènman Mateli a te soti pou touye nèt nan toufounen tout gany demokratik ak popilè mouvman sosyal 1986 la. Pwojè chanjman sa a jodi a ankò, nan tèt mas pèp la epi li mete yo nan lari a pou di non : “enperyalis ak sibreka l yo pap kontinye enpoze peyi a sa yo vle, jan yo vle.”

Dènye kriz elektoral 2015-2016 la, se reflè grav difikilte sistèm dominasyon an ki malgre tout mannigèt ak fòs li deplwaye pa rive kwoke nan gòj pèp la koudeta elektoral li te prepare pou te pèmèt li kontinye san pwoblèm pwosesis esplwatasyon ak piyaj tout resous ak richès peyi a. Malgre enperyalis yo ak oligachi sibreka yo a nan yon enpas pou enpoze dirijan yo vle a, yo kontinye ap fè tout kalite mannigèt nan palman defakto a, ak Prezidan Mateli, ak 1e Minis Paul, ak divès pati politik tradisyonèl epi lòt aktè nan sosyete sivil la pou mete kanpe yon gouvènman pwovizwa. Menm nan sektè sa yo genyen sèten rezistans pou swiv yo nan plan anti demokratik ak anti nasyonal sa a. Prensipal preyokipasyon yo se kouri mete yon gouvènman pwovizwa pou kontinye prese prese ak dezyèm tou seleksyon 25 oktòb yo. Nan kad sa a fòk mouvman demokratik popilè a chache pwòp altènativ pa l nan kriz yo a.

Mouvman demokratik popilè a dwe klè sou nesesite pou l kontinye batay la anfas kèlkeswa gouvènman ki tabli apre 7 fevriye a pou egzije :
1. Evalyasyon ak verifikasyon eleksyon 9 dawou ak 25 oktòb yo epi mizanplas estrikti ak mekanis pou òganizasyon eleksyon lib, onèt, an granmoun ak mwayen Leta ayisyen ;
2. Trennen tout manm KEP a devan lajistis pou yo reponn akizasyon ki pandye sou tèt yo ;
3. Pran mezi ijan pou satisfè revandikasyon ekonomik ak sosyal imedya mas popilè yo tankou : desann pri gaz la, bese lavichè a, revize lwa sou salè minimòm nan pou ogmante salè travayè ak travayèz yo, ogmante pwodiksyon nasyonal la, nan bay peyizan yo akonpayman teknik ak finansye yo bezwen pou yo pwodui manje nan bon kondisyon;
4. Netwaye lapolis la, restriktirè l epi fè l jwe wòl li sou tout teritwa peyi a kòmsadwa ;
5. Tabli yon kalandriye pou MINISTA kite peyi a pi vit posib epi fè demach bò kote Nasyonzini pou li dedomaje viktim kolera yo ;
6. Anile tout dekrè ak arete pouvwa Mateli a pran dèyè do konstitisyon an epi sispann tout kontra sou eksplwatasyon min yo, annatandan yon veritab deba nasyonal fèt sou kesyon enpòtan sa a ;
7. Kanpe sou tout akò liberalizasyon Leta ayisyen siyen ak pisans entènasyonal yo oubyen ak enstitisyon finansye entènasyonal yo ;
8. Fè odit jesyon pouvwa Tèt Kale a, mete kòd lajistis nan kou tout piyajè dwèt long ki gen men yo tranpe nan lajan taks pèp la;
9. Retabli konstitisyon 1987 la epi jete baz refondasyon Leta a ak restriktirasyon administrasyon piblik la ;

Aba eleksyon fo mamit
Aba tout fòm tranzisyon pèpè
Viv yon Ayiti ki granmoun tèt li
Viv lit pèp la

Pòtoprens 4 fevriye 2016

Lis òganizasyon sosyal òganizasyon dwa moun ak pati politik ki siyen nòt sa a :

Rasin Kan pèp la / MPDP
AKAO
MOLEGHAF
UNNOH
KROS / MPDP
TET KOLE TI PEYIZAN AYISYEN/MPDP
FEMODEK
MPP /MPDP
FGPB / MPDP
Chandel
SEPJASA
KONTRAPEPLA
modod / MPDP
Kay la
CLUB TAINO AYITI
KRPBB / MPDP
Konbit Fanm Saj
kpla / MPDP

Pou otantifikasyon,

Marc-Arthur Fils-Aimé
Rasin Kan Pèp la

INISYATIV MPDP
sek gramsci/MPDP
sofa / mpdp
modep / mpdp
bourad
MPNKP / MPDP
AYITI DJANM / MPDP
MOGPK / MPDP
GARR
kpn / MPDP
FASCH
Antèn Ouvriye
UNNOH
FENAPRIH / MPDP
GRML / MPDP
CIDEV
KAY FANM / MPDP
PREPLA / MPDP

Michel Legros
FEMODEK