Ti chèz ba

Kriz ak transfòmasyon sosyal an Ayiti depi 1986


dimanche 31 janvier 2016

Pierre-Michel Chéry *

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 27 janvye 2016

Men yon lis gwo evènman politik ki pase nan peyi a depi 1986 :

1) Levekanpe ki bout nan 7 fevriye 1986 la
2) Referandòm sou konstitisyon an 29 mas 1987
3) Operasyon Rache Manyòk avril-jiyè 1987 plis Masak peyizan jan Rabèl jiyè 1987
4) Masak riyèl Vayan nan Eleksyon 1987 yo
5) Mouvman ti sòlda avèk Sèjan Hebreux nan tèt ploton septanm 1988
6) Eleksyon 16 desanm 1990
7) Koudeta militè kont Aristide 30 septanm 1991
8) Retou Aristide oktòb 1994
9) Eleksyon Preval fevriye 1996-fevriye 2000
10) Lanmò Jean L Dominique avril 2000
11) Eleksyon Aristid fevriye 2000- fevriye 2004
12) Kriz politik 2000-2004
13) Eleksyon Preval Me 2006-Me 2010
14) Amannman konstitisyon an 2010
15) Eleksyon Martely Me 2011- fevriye 2016
16) Rezistans kont eleksyon 2015-2016 yo

Si nou byen konprann evènman sa yo, nou ka wè pa janm gen 2 evènman youn dèyè lòt ki ale nan sans pwogrè demokratik anndan peyi a. Li pi fasil pou pèp la fè bak olye pou li ta vanse sou wout chanjman reyèl anndan sosyete a. Se sa ki fè pèp ayisyen an twouve l nan sitiyasyon pou li toujou ap reziste kont gouvènman ki vle toufounen dwa li. Toujou gen yon prezidan nan tèt peyi a ki konprann li ka fè sa li vle ak lavi moun nan peyi a. Prezidan sa yo toujou jwenn militè lè lame a te la, oswa atache k ap sèvi prezidan an bra militè pou li ka fè represyon sou moun nan peyi a.

Tradisyon papa bonkè fè tout prezidan konprann se yo k ap vin sove pèp la. Pi rèd, yo konprann peyi a se pwopriyete prive yo. Nou ka sonje Janklod Divalye ki te mande : “Qu’avez-vous fait de mon pays ?”, lè li t ap reponn moun ki te pote plent kont li yo anndan yon tribinal. Se tankou peyi a pa pou lòt Ayisyen li t ap toupizi yo.

Lè prezidan yo rive nan etap foli sa yo, yo konprann yo vo plis pase peyi a. Se sa ki fè batay pèp la toujou sanble ak batay kont yon prezidan k ap vyole dwa moun. Se sitou zak vyolasyon dwa moun yo ki bay pèp la okazyon pou li mobilize kont dirijan yo. Se videyo moun lapolis t ap tòtire nan yon komisarya ki fè lòt moun vin gonfle kolonn moun ki te pran lari 22 janvye 2016 yo. Se masak legliz Senjanbosko ki fè sèten souzofisye nan lame a te kouri dèyè Prezidan Nanphy. Men, sa pa anpeche popilasyon an toujou idantifye pouvwa a ak yon sektè nan boujwazi ekonomik la. San pèdi tan, mobilizasyon yo pral pran fòm chirepit ant divès gwoup sosyal, soupwoletè, peyizan, franj tiboujwazi, franj makout, franj boujwa.

Si gen kriz, depasman kriz yo fèt pou yo mache ak gany oswa pèd pou kan ki fas pou fas yo. Gany yo oswa pèd yo fèt pou yo parèt nan politik la, nan ekonomi an oswa nan sosyal la. Se pa tout tan kan yo ap ka fè gany sou tout plan. Men, pou moun ki di yo nan kan pèp la, fòk yo ka wè ki gany, ki pèd pèp la fè. Se konsa yo depase sitiyasyon kriz nan tout sosyete. An 1986, pèp la fè yon seri gany sou plan politik men li pèdi sou plan ekonomik paske faktori soutretans yo deside yo pa ka evolye nan yon espas kote ouvriye ap reklame dwa yo. Prèske tout faktori yo kite peyi a. Si pa gen gany/pèd ki make moman an, se tankou yon lèt k ap bouyi sou dife ki desann pou kont li, lèt la ap retounen monte ankò, paske kriz la ap retounen pete ankò.

Mete yon gouvènman k ap vyole dwa sitwayen nan sitiyasyon pou li fè bak pa reprezante yon gany reyèl, paske se sa pèp la t ap pèdi li rive pwoteje. Pèp la depanse yon pakèt enèji jis pou li fè yon gouvènman fè bak. Men, menm enèji sa a te ka pèmèt li fè plis gany si te gen yon avangad k ap montre pèp la ki kote yo vle rive.

An nou imajine nou lane 1800-1801 kote Jeneral Tousen Louvèti ap kòmande tout zile a. Mas ansyen eklav yo ap rafinen rèv yo. Yo wè ki kote batay kont sosyete esklavajis la ka mennen yo. Yo ranmase tout sa ki monte nan rèv la, yo mete yo nan yon sèl fraz : TOUT MOUN SE MOUN, PA GEN MOUN PASE MOUN. An nou imajine, se vizyon san limit sa a ki fè bann kiltivatè yo pa janm bat ba devan lame Leklè a, an nou imajine se menm vizyon sa a ki bay 1804 la. Epi, 17 oktòb 1806, Lanprè Desalin pèdi lavi li nan yon zatrap… Depi jou sa a, sosyete a pral evolye nan de direksyon diferan, de direksyon depaman ki sòti nan menm matris lagè lendepandans la. Yon direksyon kontinye ap reklame : pa gen moun pase moun, yon lòt direksyon ap rapouswiv menm sosyete apated ki te alamòd nan koloni an. An nou imajine, an 1915, Meriken debake nan peyi a, li pral kontre bab pou bab ak rezistans peyizan yo. Okipasyon an pral rebrase 2 popilasyon yo ki t ap vin ansanm sou menm tèritwa a san youn pa remake lòt. Men, lè yon pati nan popilasyon an ap viv nan yon vizyon egalitaris ki di : pa gen moun pase moun epi li al pantan sou lòt pati a k ap redi pou l kenbe sosyete apated la, ki jan nou vle pou de vizyon depaman sa yo pa kreye kriz anndan sosyete a?. Si pa gen transfòmasyon nan sosyete a kalmi an pa ka dire.

Se transfòmasyon nan sosyete a ki ale nan sans aspirasyon majorite sitwayen yo k ap pote kalmi nan peyi a. Tank transfò¬ma¬syon yo ale lwen se tank kalmi an ap dire lontan. Kriz Leta a se kriz finansman Leta a ki fè yon seri chwa ekonomik depi sou Bwaye, ki pa pèmèt sosyete a kreye richès ase pou finansman Leta a, nonplis tou, chwa yo pa defini prensip ki pou pèmèt tout pitit peyi a benefisye richès peyi a. Kriz reyèl sosyete a se kriz 2 vizyon depaman ki pa ka akòde anndan sosyete a. Toutotan sosyete a pa depase nannan kontradiksyon sa a, sosyete ayisyen fenk kare nan kriz, menm si se vyolasyon dwa moun k ap sèvi popilasyon an pretèks pou li leve kanpe.

Sòti 1986 rive nan lane 2016 la, se yon kenzèn gwo kriz oswa evènman polititk sosyete a viv pou 30 lane. Kisa sa vle di ? Sa vle di machin sosyete a an pàn, sosyete a an renleng. Depi referandòm 1987 la, sosyete a pa fè okenn pwogrè reyèl ni sou plan politik, ni sou plan ekonomik, ni sou plan sosyal. Men sa yon teyorisyen revolisyonè, Leon Trotsky, di sou fason sosyete yo transfòme : “Diran yon peryòd nou pa ka mezire, tout rapò sosyal yo ap bouyi anba presyon lit entèn san bout k ap fèt anndan sosyete a. Sosyete a pa janm sispann chanje po. Chak etap devlòpman sosyete a sòti dirèkteman nan etap anvan an. Evènman yo mache ak tout karaktè politik yo paske yo pran fòm nan chirepit k ap fèt nan mitan divès gwoup moun nan sosyete k ap transfòme a.” [1]

Si nou pran egzanp sou referandòm pou Konstitisyon an, nou ka jwenn li make yon gwo diferans ant sa pèp la t ap viv sou Divalye ak nouvo dwa popilasyon an vin genyen. Men, lè nou analize kenzèn gwo evènman yo, lè pèp la pa mete tout enèji li nan batay la, nou jwenn li pi fasil pou kouch popilè yo soti pèdan pase pou yo ta fè gany. Kriz yo dekonstonbre sosyete a lè pèp la sòti pèdan. Kriz eleksyon 1987 la fini nan masak riyèl Vayan, koudeta 1991-1994 la, fè peyi a viv 3 zan anbago, yon bon valè militan politik ki t ap goumen nan katye popilè yo pati kite peyi a, san konte sila yo militè ak atache asasinen. Bisantnè Lendepandans la, an 2004, jwenn popilasyon an, san lidèchip, divize ant moun ki pou Lavalas ak sa yo ki kont Lavalas la. 2004 pral mennen yon dezyèm okipasyon tèritwa peyi a kote twoup Nasyonzini yo pral pote kolera nan peyi a. Amannman konstitisyon an pral fèt an prezans yon pèp san mwayen pou li reziste kont chanjman gouvènman Preval la ta pral fè nan konstitisyon an.

Èske sa vle di se pou pèp la evite kriz yo ? Non, pèp la pa ka evite kriz yo paske se sitiyasyon moun ap viv nan peyi a k ap degrennen kriz yo. Kriz yo se rezilta yon sosyete ki bloke. Nou deja di, se pwofondè ak kalite transfòmasyon k ap fèt nan sosyete a, granmesi kriz yo, k ap bay sosyete a kalmi li bezwen an. Menm jan gen yon pati moun nan sosyete ki vle viv nan sosyete apated la, se menm jan an gen yon lòt pati moun nan popilasyon an k ap reve pou yo viv nan yon sosyete kote pa gen moun pase moun.

Chak kriz fèt pou li pote transfòmasyon, piti kou l ye, anndan sosyete a. Kriz yo se rèl yon sosyete ki mande chanjman. Kriz yo vini pou yo ede sosyete a debloke. Se reskonsablite lidè popilè yo pou yo pwojte chanjman sosyal yo sou wout transfòmasyon ki kole sou vizyon : pa gen moun pase moun zansèt yo. Toutotan lidè sa yo pa manifeste yo anvan, pandan epi apre kriz yo, enèji pèp la ap toujou gaspiye nan mete raketè politik sou pouvwa, san sosyete a pa janm jwenn okenn transfòmasyon. Nivo konpreyasyon pwoblèm yo lakay moun ki bezwen chanjman nan sosyete a enpòtan anpil. Men nivo konpreyansyon an pi enpòtan toujou pou dirijan yo ki gen reskonsablite mennen pèp la sou wout laviktwa.

Kriz la se moman pou chak Ayisyen defini pozisyon yo sou transfòmasyon ki posib jounen jodi a anndan sosyete a apati vizyon : pa gen moun pase moun anfas vizyon apated kolonyalis la. Defi a se konnen dèyè ki gwo chanjman pou pèp la pati pou kriz la pa sèvi okazyon pou kandida jwenn pouvwa. Kèlkeswa chanjman ekonomik ak sosyal ki pou fèt nan peyi a, l ap toujou bite sou kriz finansman Leta a. Kriz finansman Leta a nan kriz sosyete a tou. Transfòmasyon ki pou debloke sosyete a chita nan kapasite ak entèlijans aktè sosyal yo, senp sitwayen yo, militan baz tankou dirijan aparèy politik yo.

Chanjman an se rezilta batay pèp la. An nou fè batay la pote rezilta konkrè.

* Jesyonè, ekriven

[1“Pendant une période dont la durée est indéterminée, tous les rapports sociaux se transforment au cours d’une lutte intérieure continuelle. La société ne fait que changer sans cesse de peau. Chaque phase de reconstruction découle directement de la précédente. Les événements qui se déroulent gardent par nécessité un caractère politique, parce qu’ils prennent la forme de chocs entre les différents groupements de la société en transformation” , Leon Trotsky, La Révolution Permanente, paj 19
http://classiques.uqac.ca/classiques/trotsky_leon/revolution_permanente/revolution_permanente.pdf