Ti chèz ba

Ayiti-Kriz : Pèp la ki okipe beton an dwe fè atansyon pou l pa pran nan « solisyon makiyaj », dapre Ayiti Djanm


dimanche 31 janvier 2016

Kominike òganizasyon sosyopolitik Ayiti Djanm

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 30 janvye 2016

AYITI DJANM ap di ayibobo pou mobilizasyon popilè a ki 22 janvye 2016 la rive fòse kominote entènasyonal la (Core Group), gouvènman makout restavèk Mateli-Pòl la, KEP koupyon Opon an ak sektè prive Fowòm Ekonomik la fè bak sou konplo eleksyon-seleksyon yo t ap marinen pou bay Jovnèl Moyiz pouvwa a.

AYITI DJANM salye 22 janvye 2016 la kòm yon jounen viktwa pou pèp ayisyen an nan batay l ap mennen pou liberasyon l anba dominasyon, esplwatasyon, rasis ak mepri kominote entènasyonal la, miltinasyonal yo, gwo boujwa lokal yo ak Leta restavèk la.

22 janvye 2016, kominote entènasyonal la (Core Group) pran yon kalòt marasa. Li pèdi yon batay men li pa pèdi lagè. Pèp la poko gen okenn garanti revandikasyon ekonomik, politik ak sosyal li yo ap satisfè. Konbin sou konbin. Blan an kontinye ap mitonnen konplo pou lage peyi a nan katchouboumbe. Guy Filip ap brandi menas konfwontasyon ame, menas lagè sivil, menas pou koupe peyi a an 2.

Depi dimanch 24, patizan PHTK nan lari, zam nan men, ap reklame seleksyon. Tout sa se siy lòbèy blan an vle pete nan tout peyi a pou l parèt annapre kòm bon papa, bon sovè k ap vin mete lapè, mete lòd nan dezòd pou ranfòse gouvènay li nan peyi a epi lave lawont Klintonn yo ki te mete Mateli opouvwa ki pa janm resi fè pa menm yon grenn eleksyon.

AYITI DJANM kwè viktwa 22 janvye a enpòtan anpil pou pèp ayisyen an, malgre mas pèp ki sou beton an pa genyen okenn kontwòl sou diferan lidè, gwoup, òganizasyon ak pati politik ki sanse nan direksyon batay la. Absans kontwòl popilè sa a, fè li enpòtan anpil pou pèp la vijilan pou veye non sèlman konplo ak mannigèt Kò Gwoup la, gwo boujwa lokal yo, gouvènman makout la ak tout lòt kabrit tomazo parèy yo ap manniganse. Men tou pou veye konpòtman, pozisyon, ajisman ak pwopozisyon diferan lidè, gwoup, òganizasyon ak pati politik ki nan batay la ap fè pou soti peyi a nan kriz la.

Wi, pèp la dwe veye sou mannigèt CORE GROUP la, meriken ak ajan li yo espesyalman, ap mennen anba anba pou simaye divizyon, latwoublay, laperèz ak laterè nan peyi a. Epouvantay lagè sivil ak menas pou koupe peyi a an 2 Guy Filip lanse nan Grandans lan sanble tèt koupe ak menm jwèt makab sa a. Vyolans ak zam yo di gouvènman an ak PHTK ap gaye toupatou nan peyi a kapab yon lòt sèn nan menm senaryo a. Nan kad sa a, Fòk pèp la evite tout fòm pwokasyon zagoloray yo.

Jodi a, devan tout mannigans sa yo, AYITI DJANM kwè pèp la ki okipe beton an dwe rete veyatif pou revandikasyon ekonomik, politik ak sosyal li yo pa sèvi sèlman kòm parad ak mach pye. Li dwe goumen pou egzije revandikasyon l yo enskri an gwo lèt nan pwopozisyon ak demach k ap fèt pou chache solisyon nan kriz la. Pèp la dwe rete trè trè veyatif pou pwopozisyon k ap fèt yo pa koresponn anba anba ak pwojè ekonomik, politik ak sosyal Kò Gwoup la ak boujwazi antinasyonal ak antipèp la.

Pèp la ki okipe beton an, sosyete a ayisyèn nan anjeneral dwe fè atansyon a tout solisyon mache prese pa ka tann ki pap kapab mennen lòt kote pase nan solisyon makiyaj pou kache kontinuite ak apwofondisman pwojè enperyalis la, oligachi a ak Leta restavèk la.

Pou tout rezon sa yo, AYITI DJANM kwè pèp la dwe rete mobilize pou egzije pou omwen revandikasyon minimòm li yo jwenn satisfaksyon. Revandikasyon tankou : respè vòt li, nan egzije yon komisyon pou verifye eleksyon 9 dawou ak 25 oktòb yo, nan mete kanpe yon nouvo KEP pou òganize eleksyon ak mwayen Leta a, nan mete MINISTA deyò, nan tabli yon GOUVÈNMAN DEMOKRATIK POPILÈ pou konbat lavichè, stope dola a ki pa sispann monte, bese pri gaz la, soutni pwodiksyon agrikòl peyizan yo, ogmante salè mizè travayè ak travayèz yo, anile tout dekrè ak arete gwo ponyèt gouvènman Mateli a, elt.

Pou rive la, AYITI DJANM kwè mas pèp la dwe pran tèt li pi oserye. Li dwe konprann li se sèl aktè ki toujou montre kapasite pou bloke epi kase ren lenmi tradisyonèl peyi a, chak fwa li reyisi òganize l epi deplwaye fòs mobilizasyon l. Tout istwa peyi a montre sa, nan ansyen tan yo, tankou nan nouvo yo. Se pou sa mas popilè yo dwe pwofite monte jodi a pwòp òganizasyon konbatif pa yo nan tout katye popilè yo ak nan tout bitasyon yo, pou kontinye mennen an granmoun batay liberasyon an, pou yo sispann sèvi mach pye.

ABA DOMINASYON AK ENJERANS FÒS ENPERYALIS YO
ABA MINISTA, ABA OKIPASYON, ABA LETA RESTAVÈK
ABA TOUT FÒM ELEKSYON SELEKSYON
VIV DWA GRANDÈT MAJÈ PEYI A
VIV OTODETÈMINASYON AK SOUVERÈNTE PÈP AYISYEN AN
VIV ÒGANIZASYON GRANMOUN PÈP LA POU L SISPANN SÈVI MACH PYE

Pòtoprens 27 janvye 2016

Pou otantifikasyon,

Jean