Haiti
Ti chèz ba

Ayiti : Plizyè òganizasyon politik mande anile eleksyon 9 dawout ak 25 oktòb yo


Ekri jou mèkredi 30 Desanm 2015

Pozisyon divès òganizasyon ak pati politik demokratik, pwogresis ak popilè sou pwosesis elektoral 2015 la

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 30 desanm 2015

Apre pouvwa Tèt Kale a fin pase 4 lane ap piye resous finans Leta ayisyen an, nan louvri vant peyi a bay konpayi entènasyonal, kraze tout enstitisyon ki la pou fè kontwòl nan Leta a, retounen ak sistèm gwo ponyèt epi fè kòripsyon layite kò li nan tout espas Leta a;

Apre 4 lane kote pouvwa Tèt Kale a fè tou sa li kapab pou yo pa janm respekte
konstitisyon an epi pa janm fè eleksyon;

Aprè 4 lane jwisans ak sitirans peyi enperyalis yo ki gen 2 syèk depi y ap rapouswiv
yon menm pwojè pou fè Leta ayisyen an pa janm ka pran desizyon politik ak
ekonomik ki ka pwoteje enterè peyi a epi ki bon pou majorite popilasyon an;
Pouvwa Martelly-Paul la, makonnen ak kowalisyon oligachi lokal la ansanm ak Kò
Gwoup la, planifye epi mete kanpe pandan lane 2015 lan, yon pwosesis elektoral ki
retire dwa politik pèp ayisyen genyen pou chwazi moun pou dirije Leta a, yon jan pou
yo ka kontinye kenbe menm sistèm eksplwatasyon ak eksklizyon an.

Se konsa :

• Nan dat 9 dawou, yo reyalize yon seleksyon lejislativ ki chita sou vyolans ak
kraponnay pou pèp la pa al vote epi vini ak yon metòd kontaj bilten pou
seleksyone Senatè ak Depite yo vle.

• Nan dat 25 oktòb, yo vini ak yon lòt estrateji kote yo mete anplas yon sistèm
fwod ki chita sou vòl, boure bwat bilten, elimine vòt ak fè fo pwosè vèbal nan
sant tabilasyon epi kòripsyon nan tribinal elektoral.

Malgre anpil denonsyasyon ak mobilizasyon divès sektè sosyal ak politik peyi a,
kowalisyon nasyonal ak entènasyonal anti chanjman sa a, vle fè pèp ayisyen an vale
koulèv koudeta elektoral la, nan mete chita yon seri komisyon tèt chat pou bay
maskarad elektoral 9 dawout ak 25 oktòb la yon swadizan lejitimite.

Pou fè konplo koudeta elektoral la pase pi byen, kowalisyon anti pèp, antinasyonal sa
a, mete anplas yon kanpay pwopagann nan laprès pou fè pèp la vale eleksyon
malachong yo a kòm sèl chimen ki kapab retire Ayiti nan enpas politik ak ekonomik yo
menm ankò mete l lan. Mete sou lavichè ak represyon lapolis k ap taye banda, fòs
piblik konstitsyon an bay manda pou garanti sekirite kite yon klima ensekirite ak

vyolans ap blayi nan peyi a, yon jan pou dekouraje pèp la kontinye leve kanpe.
Devan sityasyon malouk sa a, òganisayon ak pati politik ki siyen nòt sa a, lanse yon
apèl bay mas popilè yo, bay tout sitwayen responsab, pou yo louvri je yo, pou yo
mobilize epi reziste kont pwojè anti demokratik, antipèp, antinasyonal epi kont sistèm

maskarad elektoral Nasyonzini, peyi enpeyalis yo, oligachi a ak pouvwa Martelly-Paul
la mete anplas pou yo ka kontinye domine peyi a epi eksplwate pou granmesi resous
peyi a ak fòs travay majorite pèp ayisyen an.

Òganizasyon ak pati politik ki siyen nòt sa a, sonnen lanbi rasanbleman pou yon tèt
ansanm nasyonal ak popilè pou rive fè yo anile eleksyon 9 dawout ak 25 oktòb yo, epi
mete anplas kondisyon pou debarase pwosesis elektoral la an Ayiti ak tout pratik sèvi
ak lajan pisans etranje k ap bay dikta pou pran kontwòl eleksyon an, sèvi ak gang pou
simen latwoublay epi kraze eleksyon, sèvi ak lajan dwòg pou mennen kanpay, achte
elektè ak mandatè. Nou dwe batay jodi a pou mobilize tout fòs sosyal ak politik nan
peyi a ak nan dyaspora a pou 7 fevriye 2016 nou mete yon bout nan pouvwa anplas la
epi tabli yon pouvwa tranzisyon konsekan, ki ka rive:

1. Retire Ayiti anba titèl Nasyonzini;

2. Tabli kondisyon politik pou yon woumble nasyonal ak desizyon fèm sou tout
dosye politik, ekonomik, sosyal ak anviwonmantal k ap brase bil peyi a.

3. Mete sou kote tout akò ki siyen ak konpayi min yo pou eksplwatasyon richès
ki anba tè ak anba lanmè peyi a, annatandan gen bon jan deba ki fèt sou
kesyon an;

4. Mete sou kote tout dekrè ak arete ilegal gouvènman defakto Martelly-Paul la
pran dèyè do konstitisyon an ak lwa peyi a;

5. Pran bon jan mezi pou pèmèt popilasyon an rale souf anba pwoblèm grangou
ak lavichè a;

6. Ogmante salè minimòm nan pou l ka resi rive koresponn ak ogmantasyon
kou lavi a epi pèmèt ouvriye yo rale souf anba move lavi;

7. Mete kanpe yon komisyon odit, verite ak jistis pou fè limyè epi pwopoze
rekòmandasyon sou tout piyaj, gagòt, detounman ak koripsyon ki fèt nan

Leta a depi 5 dènye lane yo;

8. Defann enterè ak dwa ayisyen ak desandan ayisyen ki Dominikani yo k ap
sibi move tretman;

9. Mete anplas yon Konsèy Elektoral Endepandan ki pou tabli yon sistèm
eleksyon transparan kote se Leta ayisyen k ap finanse an granmoun tout
pwosesis la epi reyalize eleksyon demokratik ak patisipativ pou pèp la chwazi
dirijan politik libè-libè;

Aba eleksyon fo mamit!

Aba tout fòm tranzisyon pèpè!

Viv lit pèp la! Viv yon Ayiti ki granmoun tèt li!

Pòtoprens 30 desanm 2015

Pou òganizasyon ak pati politik ki pran pozisyon sa a :

Junot Félix /AKAO ..............................................................................

Harry Jean /BOURAD ..........................................................................

Jean Willian Jeanty /KONTRAPEPLA ......................................................

Ernst Mathurin /Inisyativ MPDP ............................................................

Oxygène David /MOLEGHAF .................................................................

Westner Polycarpe /MRA ......................................................................