Haiti
Kwonik 100 an debakman ameriken an Ayiti

1915/100an : Palman an ratifye konvansyon ant Etazini ak Ayiti a sou presyon


Ekri jou vandredi 18 septanm 2015

Marin ameriken yo kontinye ap trake kako nan plizyè rejyon nan peyi a, pandan administrasyon ameriken pa sispann fè presyon pou Leta ayisyen siyen akò konvasyon ki bay Ameriken tout dwa pou kontwole peyi a, patikilyèman finans li ak ekonomi l.

Depi 16 septanm, egzekitif la te siyen konvansyon an, men palman an poko ratifye l. Sa se yonn nan gwo tèt chaje pou Ameriken.

Aktyèlman, presyon an se sou chanm depite a, ki reyini jounen 6 oktòb 1915 la pou ratifye oubyen rejte konvansyon an. Reyinyon sa a ap fèt nan kontèks kote gouvènman ameriken ap sere boulon Leta ayisyen li pa vle bay lajan pou l fonksyone tout tan konvansyon an pa ratifye nan tou 2 chanm yo.

Kwonik 100an debakman ameriken an Ayiti 7 seotanm 2015 by Alterpresse on Mixcloud

Komisyon chanm depite a ki gen pou etidye konvansyon an, fè rekòmandasyon pou asanble a vote l, men ak rezèv.

Yon manm komisyon an, depite Auguste Garoute, pran lapawòl pou fè konnen pozisyon pa l ki kont vòt la. Li di si lachanm nan ratifye konvansyon an, Ayiti pa yon peyi lib endepandan ankò.

Vòt la fèt. Se wi ki ranpòte laviktwa ak yon gwo majorite. 70 sou 81 prezan. 3 depite absan.

Apre depouyman an, depite Pilate, Raymond Vilaire Cabêche, pran kònn nan. Li move anpil. Li fè yon diskou kote li pwoteste kont konvansyon Dartiguenave-Wilson nan, ki retire dwa souverènte pèp ayisyen an. Menm kote a, ak anpil endiyasyon, li rache kokad depite ki te sou lestomak li a, li jete l nan asanble a epi li vire do l.

Nan moman sa a, plizyè lòt depite ki te anfavè konvansyon an pete ri, dapre sa jounalis rapòte.

…….

Apre chanm depite a, se tou pa sena a. Depi 23 septanm, yon komisyon senatè ap etidye konvansyon an.

Padanstan, Ameriken ap ogmante presyon. Nan kominikasyon ak speryè li nan Washington, Amiral Caperton fè konnen, opozisyon an ap plede fè taktik dilatwa pou vòt la pa fèt vit. Men, dapre li, gouvènman ayisyen an ap pran tout dispozisyon pou sa pa rive.

Nan milye eze enfliyan nan Pòtoprens, pozisyon yo ale anfavè ratifikasyon konvansyon an. Sa parèt klè nan yon sware ki fèt 17 oktòb nan Otèl Bellevue nan Pòtoprens. Foul moun ki t ap asiste yon resital atis Candio bat bravo san rete pou yon chante atis la kote li kritike moun ki kont konvansyon an. Nan finisman espektak la, yo rele « nou vle konvansyon ».

Se nan kontèks sa a, 38 senatè reyini 11 novanm pou pwononse yo sou konvasyon an, pandan bato degè ameriken mete yo an pozisyon devan Pòtoprens.

Senatè yo tande rekòmandasyon komisyon ki etidye dokiman an. Li di wi pou ratifye yon konvansyon ant Etazini ak Ayiti, men se pa sa a. Apre 4èd tan diskisyon, yo fè yon vòt an 2 tan.

Tout senatè vote wi pou prensip konvansyon an. Men kanta pou ranvwaye seyans la pou pase men kab fèt nan konvasyon an, li divize senatè yo. 28 senatè kont, 10 pou. Konvansyonalis yo soti satisfè.

12 novanm, bonè bonè, Washington voye felisitasyon bay amiral Caperton pou jan li kontwole sitirasyon an.

.........

Kwonik sa a fèt granmesi seri liv "Les blancs débarquent" istoryen Roger Gaillard ekri. Groupe Medialternatif ak Radyo Kiskeya di Fondasyon Roger Gaillard mèsi poutèt li bay otorizasyon sèvi ak liv sa yo kòm materyo pou pwodui kwonik yo.