Haiti
Kwonik 100 an debakman ameriken an Ayiti

1915/100an : Ameriken ratibwaze kako nan Latibonit ak nan Nò


Ekri jou mèkredi 2 septanm 2015

Nan Gonayiv, kako yo ap mennen yon taktik geriya ki sanble bay rezilta. Yo toujou anpeche vil la jwenn pwovizyon ak dlo. Okap sitirasyon an difisil tou, men gen plis menas nan Gonayiv.

Nan vil sa a, 18 septanm, kako atake ameriken, 2 jou apre gouvènman ayisyen ak anbasad meriken fin siyen konvansyon ki bay Ameriken tout dwa sou ladwann ak finans peyi a.

Paralèlman, komisyonè rive sou plas pou negosye ak kako yo pou yo kab depoze zam. Gen chèf kako ki pa dakò paske lajan yo ofri yo twò piti. Gen lòt ki mande pou Rosalvo Bobo, ki tabli nan Kiba, tounen vin ranplase Dartiguenave.

Men, amiral Caperton pa bay revandikasyon sa yo twòp enpòtans. Enfòmasyon kolonèl Waller ak kolonèl Cole ranmase nan yon ankèt yo fè nan zòn nò a fè yo konnen afè kako yo pa bon ditou. Yo ta menm ap fè egzaksyon pou yo kab pa mouri grangou.

Kwonik 100an debakman ameriken an Ayiti 31 out 2015. by Alterpresse on Mixcloud

Twoup militè ameriken ki nan Gonayiv yo, se 5 ofisye ak 104 anwole. Majò Butler, k ap dirije twoup yo, resevwa lòd pou pwoteje tiyo dlo yo ak ray tren. Se mesaj sa a li voye bay chèf kako nan Gonayiv yo, jeneral Benoit Rameau.

Batay pete ant kako ak marin 20 septanm nan aswè. Dapre enfòmasyon yo, se kako ki tire anvan.

Militè ameriken yo te fin manje nan finisman apremidi lè yo resevwa yon kout telefòn yonn nan avanpòs yo, ki fè konnen kako yo ap mete dife nan ray tren.

Menm kote a, marin yo pati dèyè kako san yo pa mete chemiz sou yo. Se sa Butler rakonte nan rapò li. Li di se yon gwo chòk pou kako yo, ki gen 8 blese pami yo, tandiske marin yo soti sennesof.

Li di tou, yon gwoup 50 militè ameriken pran wout rive nan Poto, tou pre Gonayiv, yonn nan baz kako yo. Se la Butler rankontre fas pou fas ak chèf kako Gonayiv yo. Li mande l pou siyen yon akò ak Ameriken epi pou mete zam li atè. Men, pawòl sa antre nan yon zòrèy Rameau, li soti nan yon lòt.

…………

Jeneral Rameau deplase ak twoup kako yo. Dapre nouvèl ki rive Sen Mak, kako yo pran vil Desalin 24 septanm, apre sa yo antre Ti Rivyè nan 25.

Kapitèn ameriken Underwood, ki tabli Senmak, kite vil la, 26 septanm, pou al twoke kòn ak kako yo. Batay la fè 3 mò ak 9 blese bò kote kako yo, men, yon sèjan ameriken mouri tou ak yon bal nan tèt.

Aloske kako yo sèvi ak popilasyon an yon fason ki fè li pè yo, militè ameriken yo fè alyans ak grandon Latibonit atravè Polynice Maurice Ducasse, kòmandan awondisman Sen Mak.

Se jeneral Ducasse ak kèk kavalye ayisyen ki kontinye talonnen kako yo pandan militè ameriken yo rantre nan Senmak ak kadav kòlèg yo a. Twoup ayisyen yo pati nan tout mòn kawo ak nan mòn Lasèl dèyè kako yo.

Enfomasyon yo fe konnen, firamezi kako yo pèdi pye nan Latibonit. Dènye nouvèl la, chèf yo, jeneral Rameau, blije rann tèt li. Li fèmen nan prizon Pòtoprens.

…………….

Nan nò, yo rapòte yon sitirasyon tansyon nan zon Wodikap, kote militè ameriken yo detèmine pou repouse kako yo. Kounye a yo fè patwouy andeyò vil la. Men chak fwa, kako yo ap chèche mete pikan kwenna sou wout marin yo.

Bout pou bout, gwo awontman fèt jou 26 septanm nan maten ak apremidi ant ameriken ak kako nan zòn Wodikap ak sou wout pou ale Plenn di nò. Bilan 160 ayisyen mouri anba kout zam, 10 ameriken blese.

Ameriken yo kontinye ap vanse. Kounye a, yo okipe Katye Moren, kote kako yo te tabli katye jeneral yo. Se la yo siyen yon akò ak jeneral Morancy epi jeneral Jean-Baptiste Petion, ki di kako yo dezame epi tout kako yo jwenn ak zam nan men yo, y ap konsidere yo kòm bandi.

Lòt kote nan peyi a, tankou Jeremi, popilasyon nan vil la pa tolere militè ameriken fè abi. Nouvèl yo fè konnen jenn gason mare goumen ak sòlda ameriken.

............

Kwonik sa a fèt granmesi seri liv "Les blancs débarquent" istoryen Roger Gaillard ekri. Groupe Medialternatif ak Radyo Kiskeya di Fondasyon Roger Gaillard mèsi poutèt li bay otorizasyon sèvi ak liv sa yo kòm materyo pou pwodui kwonik yo.