Haiti
Kwonik 100 an debakman ameriken an Ayiti

1915/100an : Kouman pou rezoud pwoblèm kako yo ?


Ekri jou madi 25 out 2015

Yon gwo kesyon k ap chipote lespri amiral Caperton nan finisman mwa out 1915 sa a, se kouman rezoud pwoblèm kako yo, ki toujou mobilize nan nò, nòdwès, nòdès, Plato santral ak Latibonit ? Konkrètman, kouman pou fè yo depoze zam yo ?

Yonn nan opsyon yo, se fè yon komisyon notab pou al pale ak chèf yo. Se peye chèf yo ak sòlda yo pou yo remèt zam yo, dapre pwopozisyon amiral la fè nan yon telegram li voye bay otorite ki sou tèt li nan Washington. Nan plan Caperton, li prevwa pou ta bay chak chèf kako 100 goud, chak sòlda 15 goud.

Men, pwopozisyon Caperton nan pa mache, alòske rebèl kako kontinye viwonnen vil Okap epi anpeche popilasyon vil sa a ki pa gen gwo mwayen rive reponn bezwen yo, paske pri manje ap monte. Caperton pa ekate lide pou atake kako yo, alòske gouvènman Sudre Dartiguenave la ap chèche wè kouman li kab fè kako yo kraze yon kite sa.

Kwonik100an debakman ameriken an Ayiti 24 out 2015 by Alterpresse on Mixcloud

Nou nan kòmansman septanm. Se pa sèlman Okap kako yo sènen vil la. Gonayiv tou se menm bagay, malgre patwouy marin ameriken yo ap fè chak swa. Malgre sèten moun wè kako yo mal, nouvèl ki vin jwenn nou fè konnen y ap òganize yo. Nan Poto, tou pre Gonayiv, paregzanp, y ap eseye òganize espas la. Yo nonmen yon majistra kominal ak kèk chèf seksyon.

Pandan komisyonè ap chèche pran kontak ak kako pou wè si y a poze, militè ameriken yo, bò pa yo, pa chome. Yo kontinye ap okipe kòt peyi d Ayiti. 6 septanm nan, sizyèm konpayi marin yo debake Jeremi epi yo pran ladwann vil la.

Onivo gouvènman an, se demisyon. Pauléus Sanon ak Antoine Sanarick se 2 minis ki t ap konbat akò Ameriken vle pou Ayiti siyen san wete san mete pou remèt li kontwòl total ekonomi ak finans peyi a. Yo remèt lèt demisyon yo 7 septanm bay prezidan Dartiguenave.

Nan lèt li ekri, Pauléus Sanon di li pa akseptab pou nou oblije siyen pwopozisyon akò ameriken an jan li ye a, pandan yo voye jete tout chanjman nou pwopoze.

………

Demisyon minis ki kont akò san wete san mete ak Ameriken yo, se bon siy pou Amiral Caperton. Li panse moman an favorab kounye a. Li di l nan yon telegram, e li kwè prezidan Dartiguenave pa kab tann pou siyen akò a.

Se sa nouvo minis zafè etranje a, Louis Borno, fè 16 septanm nan. San pèdi tan, li siyen akò a ak chaje dafè ameriken nan peyi a.

Enfòmasyon yo fè konnen fon dokiman an rete menm, malgre kèk chanjman kosmetik Ameriken yo aksepte pandan semèn Borno fè ap diskite ak yo.

Egzekitif la remèt akò a bay palman an pou li ratifye 17 septanm. Se menm dat la laprès ameriken anonse gouvènman Etazini rekonèt gouvènman Dartiguenave la.

Bòkote palman an, gen 2 jou depi yo fè yon seyans kote depite yo joure kako yo byen joure epi yo vote yon kredi 100.000 goud pou dezame rebèl yo.

Semèn nan fini an bote donk… E samdi 18 septanm nan, yon pati nan elit peyi a òganize yon resepsyon pou Ameriken nan Cercle Bellevue, nan Boudon. Pami envite yo gen plizyè wo grade ameriken.

.......

Kwonik sa a fèt granmesi seri liv "Les blancs débarquent" istoryen Roger Gaillard ekri. Groupe Medialternatif ak Radyo Kiskeya di Fondasyon Roger Gaillard mèsi poutèt li bay otorizasyon sèvi ak liv sa yo kòm materyo pou pwodui kwonik yo.