Haiti
Kwonik 100 an debakman ameriken an Ayiti

1915/100an : Ameriken pran ladwann Ayiti an gwo ponyèt epi mete peyi a anba lwa militè


Ekri jou madi 18 out 2015

Apre palman an fin eli Sudre Dartiguenave prezidan an prezans marin ameriken yo, se kesyon akò ant Etazini ak Ayiti pou Ameriken kontwole ladwann ak finans peyi a k ap diskite. Fòk akò sa a siyen pou Etazini kab rekonèt ofisyèlman gouvènman Dartiguenave la. Se mesaj sa a anbasadè ameriken an pote nan palè jou 17 out la.

Nan dokiman sa a, Etazini mete sou tab la, anplis kontwòl ladwann peyi a, li mande tabli yon kò jandam k ap anba lòd ofisye ameriken epi pou gen yon konseye finansye ameriken ki nan tèt administrasyon piblik la.

Pandan akò sa a ap diskite, yon mesaj radyo enpòtan sòti bòkote Lamarin nan Washington. Darpe dokiman an, fòs okipasyon yo fèt pou mete men sou ladwann 7 lòt vil anplis Pòtoprens, Senmak ak Okap. Vil sa yo se Jakmel, Okay, Jeremi, Miragwan, Tigwav, Pòdpè, Gonayiv.

« W ap sèvi ak lajan w ranmase pou òganize ak kenbe yon kò jandam epi w ap fè travo piblik pou bay sòlda yo te revoke nan lame yo travay, pou bay popilasyon ki grangou yo manje epi soutni gouvènman Dartiguenave la », se sa mesaj la ajoute.

Kwonik100an debakman ameriken an Ayiti 17 out 2015 by Alterpresse on Mixcloud

Lòd pou kontwole ladwann 10 vil fè Caperton reflechi e li blije renka. Nan repons li voye bay siperyè li, li fè konnen se yon operasyon delika k ap fèt an Ayiti epi ki jwenn rezistans. Se rapidite fòs ameriken yo ki fè yo make pwen anvan bat je, anvan popilasyon an konprann nan kisa l ye. Angwo li di, si pou li fè operasyon yo mande l yo, fòk li gen lòt fòs ak lòt mwayen epi se yon operasyon ki pou rete an sekrè.

Li konkli konsa : « tout tan kò jandam nan poko kanpe epi tout tan twoup nou yo pa kite peyi a, fòk Etazini fè atansyon pou pa choke diyite ak prestij Ayisyen yo ».

Nan nivo gouvènman ayisyen an, gwo diskisyon ap fèt sou pwopozisyon akò ameriken an, pandan tèt popilasyon cho ak nouvèl k ap vin jwenn li tanzantan sou abi Ameriken ap fè nan Pòtoprens. 2 minis ki pi kanpe an pwennfèpa, se minis afè etranjè a, Pauléus Sanon, ak minis travo piblik la, Antoine Sansarik.

Plizyè pati nan akò a bay tètchaje, patikilyèman kontwòl ladwann ak prezans yon konseye finansye ameriken pou kontwole ekonomi peyi a. Bagay yo mangonmen, malgre tout diskisyon, gouvènman an ap fè rezistans. Li ta prefere yon akò ki satisfè enterè 2 peyi yo. Finalman, minis Sanon prezante 23 out an pèsonn nan anbasad ameriken nan Pòtoprens, kote li depoze yon nòt ki fè konnen si Etazini pèsiste pou li fè sa l vle san li pa konsidere pozisyon gouvènman an, prezidan an ak tout gouvènman an ap demisyone.

……

Nouvo fòs ameriken debake 31 out, alòske diskisyon ap kontinye sou akò a. Se prèske 1000 nouvo militè ameriken ki desann nan Pòtoprens. Antou, kounye a, Ameriken gen prèske 2000 sòlda ak prèske 90 ofisye ki prezan sou teritwa a. Ak fòs sa yo, Ameriken kite zafè negosyasyon, yo mache pran an gwo ponyèt vil ak ladwan Gonayiv 31 out, Tigwav premye septanm epi Pòtoprens, 2 septanm. Gwo emosyon nan popilasyon an. Pwotestasyon gouvènmantal.

Sezisman pi rèd. lè popilasyon an li yon kominike ki plake sou plizyè mi nan Pòtoprens. Amiral Caperton anonse kapital la ak tout teritwa ki anba men Ameriken twouve yo dezòmè anba lwa militè. Obsèvatè ap mande si desiszyon sa a pa ranje Dartiguenave, ki te santi chodyè popilasyon an koumanse ap bouyi ?

4 septanm, rekonsab militè ameriken konvoke laprès pou fè konnen Lwa militè a konsène fonksyonman medya yo tou, ki te konn pibliye ale pou vini enfòmasyon sou abi Ameriken ta fè. Konprès sou fwon laprès : otorite militè ameriken yo fè jounalis ak reskonsab medya yo konnen klèman yo pap tolere enfòmasyon cho kou dife ki pa pote gouvènman ameriken ak gouvènman ayisyen an byen.

.......

Kwonik sa a fèt granmesi seri liv "Les blancs débarquent" istoryen Roger Gaillard ekri. Groupe Medialternatif ak Radyo Kiskeya di Fondasyon Roger Gaillard mèsi poutèt li bay otorizasyon sèvi ak liv sa yo kòm materyo pou pwodui kwonik yo.