Haiti
Kwonik 100 an debakman ameriken an Ayiti

1915/100an : Ameriken ap pran teren, men kòmandan Charlemagne Péralte pa remèt yo Leyogàn


Ekri jou madi 11 out 2015

Depi 12 out 1915, yon nouvo prezidan pran mayèt la an Ayiti. Se Sudre Dartiguenave. Militè ameriken, yomenm, y ap konsolide espas yo okipe epi y ap vanse nan operasyon okipasyon an.

Anbasad Etazini nan Pòtoprens anonse Ameriken nonmen yon reskonsab kontwol militè, se kolonèl Eli Cole, epi yon reskonsab zafè sivil, se kapitèn Beach k ap travay ak amiral Caperton depi okoumansman.

Ameriken revoke tout sòlda nan lame, dezame tout kako ki te nan kapital la epi fè yo tounen an pwovens. Yo deja mete men sou Kazèn Desalin ak Fò nasyonal.

Nan lari, yo wè marin ameriken k ap fè patwouy. Y ap fouye machin, fouye moun. Yo rapòte menm yon kòtèj maryaj pase anba fouy.

Sepandan, dapre enfòmasyon yo, rezistans la koumanse ap òganize l tou. Nan jounal Nouvelis 7 out la, Moravia Morpeau kritike kèk sitwayen ki bay lanmen ak Ameriken pou koumanse okipe vil la moso pa moso.

Nou aprann tou, 10 out la, avoka Georges Sylvain fè reyinyon ak kèk zanmi l pou fòme Inyon Patriyotik, pou defann pasifikman dwa granmoun Ayiti.

Kwonik100an debakman ameriken an Ayiti 10 out 2015 by Alterpresse on Mixcloud

15 out, kèk semèn apre premye debakman an, yon bato de gè debake 850 marin nan Pòtoprens. Ameriken ki nan twoup yo temwaye : sou bouch Ayisyen ki te kanpe ap gade lè n ap debake, nou pat wè yon souri. Nan je yo, nou pat wè siy zanmitay.

17 out, kolonèl Eli Kol pran desizyon voye yon nouvo kontenjan militè ameriken nan Okap pou konsolide okipasyon an.

Pou apiye twoup ki okipe Pòtoprens yo, twoup marin yo antre nan Sen Mak, vil ki pi pre kapital la nan nò, ak Leyogàn, vil ki pi pre kapital la nan sid.

Nan Leyogàn, kòmandan awondisman an, se Charlemagne Péralte, ki gen sou kont li, Leyogàn, Gran Gwav ak Ti Gwav.

……..

Militè ameriken yo rive Leyogàn 17 out abò tren. Kòmandan marin nan fè konnen l al wè ak jeneral Charlmagne Peralte kòm premye jès nan okipasyon vil la.

Nan yon mesaj radyo li voye bay amiral Caperton apre rankont sa a, li fè l konnen, lè Charlemagne wè li parèt, kòmandan ayisyen deranje. Li di l, prezidan Dartiguenave pat avèti l debakman an t ap fèt Leyogàn. Charlemagne menm voye telegraf bay prezidan ayisyen an pou mande l kisa l dwe fè.

Nan yon lèt Pauléus Sanon, minis afè etranje, ekri chaje dafè ameriken an Ayiti jou 28 out la, li denonse abi okipan yo koumanse fè. Yonn nan abi yo, se jan kòmandan twoup nan Leyogàn yo al mande jeneral Péralte pou remèt yo kay kote l rete a ki se biwo l tou, pou yo kab mete marin yo dòmi.

Péralte pa remèt biwo a. Li bay pwòch li lòd pou antere fizi yo. Drapo ayisyen an toujou ap flote, pandan marin yo blije monte tant yo nan estasyon tren an, kote yo dòmi leve.

Men, san pèdi twòp tan, prezidan Dartiguenave pran desizyon revoke Charlemagne Péralte. Li ranplase l ak Maubert Cassy. Dezòmè, militè ameriken yo alèz pou antre fon anndan vil la.

Charlemagne Péralte kite Leyogàn, li antre Pòtoprens, kote li pase 15 jou. Li nan wout pou ale Ench, nan Plato santral kote li fèt.

...........

Kwonik sa a fèt granmesi seri liv "Les blancs débarquent" istoryen Roger Gaillard ekri. Groupe Medialternatif ak Radyo Kiskeya di Fondasyon Roger Gaillard mèsi poutèt li bay otorizasyon sèvi ak liv sa yo kòm materyo pou pwodui kwonik yo.