Haiti
Kwonik 100 an debakman ameriken an Ayiti

1915/100an : Okipasyon militè ameriken an akouche yon premye prezidan


Ekri jou lendi 3 out 2015

Militè ameriken koumanse okipe kapital la piti piti finisman apremidi 28 jiyè a.
Men, gen yon Komite Revolisyonè Pòtoprens ki pran pouvwa a apre lanmò Vilbrun Guillaume Sam. Alatèt li Charles de Delva. Li gen ladan l Charles Zamor, Edmond Polynice, Léon Nau, Ermane Robin, Eribert Saint-Vil Noel ak Samson Monpoint. Li deklare etadsyèj, li entèdi moun pote zam epi li bay kouvrefe.

Caperton voye kapitèn Bleach pran kontak ak divès notab nan kapital la epi vizite jounal yo. Pandanstan, li mande ranfò nan Washington. Marin kontinye debake.

Nan nò fòs kako Rosalvo Bobo yo toujou kanpe sou pwenn fè pa. Devan sitirasyon sa a, Ameriken pwopoze pou yon komite notab monte epi al chèche tabli lapè nan nò. Komite a gen pou l pote yon mesaj Caperton voye bay Bobo : rantre Pòtoprens san zam. Epi, kòm sivil, li kab kandida nan eleksyon ki gen pou fèt. Pami moun ki gen entansyon poze kandidati yo, gen prezidan sena a, Sudre Dartiguenave.

Kwonik 100an debakman Ameriken an Ayiti 3 Aout 2015 by Alterpresse on Mixcloud

Komisyon pou lapè a gen ladan l, antwòt, Monseyè franse Conan, ki gen anviwon 75 an, epi Zamora k Polynice, ki soti nan Komite revolisyonè a.

Apre demach, Bobo aksepte patisipe nan yon reyinyon ak yo jounen 4 out la nan Karakòl. Temwen fè konnen rankont la pase nan yon anbyans kalm, san tansyon. Bobo dakò prezante Pòtoprens, pou diskite pou lapè kab tabli an Ayiti.

Se gwo fèt popilasyon an fè Okap jou 5 out la lè Rosalvo Bobo rive nan vil la. Li sou wout pou al Pòtoprens. Okap, li aprann se sou bato degè Jason vwayaj la ap fèt. 25 patizan l ap pati ak li.

Bato a leve lank a 3è apremidi jou 5 out la. Yon temwen fè konnen, sou bato a, marin yo izole Bobo. Yo mete l poukont li epi rès zanmi l yo rete apa. Sanble se pa yon onè. Sa plis parèt tankou yon arestasyon.

………

Nan Pòtoprens, marin ameriken yo kontinye mete men sou pòs enpòtan, pandan palman an ap pare pou reyini pou fè eleksyon. 5 out, yo pran Fò Nasyonal. Se gwo sezisman. Ayiti anba okipasyon, se sa popilasyon rannli kont ansanm ak Komite revolisyonè a.

Jounal Le Matin 6 out la soti ak deklarasyon kapitè Bleach ki di klè pou lapremyè fwa : « nou la pou okipasyon militè. Konbyen tan okipasyon sa ap dire ? nou pa konnen ».

Se menm jou sa a, Bobo ak patizan l rive Pòtoprens abò bato Jason. San desann atè, yo mennen l al nan reyinyon ak Amiral Caperton nan premidi sou bato Washington.

Li difisil pou konnen egzakteman tout sa k di nan rankont sa a. Temwayaj yo pa kole ansanm. Men, sa k sèten, anvan Bobo desann atè, li fè telegram pou mande twoup li yo depoze zam epi li pa konsidere tèt li kòm chèf ankò. 7 out, Bobo anonse laprès li pral nan eleksyon.

……….

Eleksyon ap fèt 12 out nan palma an, pandan lame ameriken rive gen kontwòl tout pwosesis la. 4 kandida, pami yo Sudre Dartiguenave ak Rosalvo Bobo.

Nan dènye minit, Komite revolisyonè a pran dekrè 11 out pou disoud palman an epi mete yon gouvènman pwovizwa sou pye. Yo reyalize, san dout, eleksyon an se yon manje ranje.

Mannèv sa a mete amiral Caperton tètanba. Dapre enfòmasyon yo, nan yon reyinyon ki fèt nan anbasad ameriken, li fè yon ofisye anonse manm komite a, li kase Komite revolisyonè a. Li fè yo konnen Etazini ap konsidere yo kòm reskonsab pèsonèl tout dezòd ki ta gen nan Pòtoprens 12 out la epi li fè menas pou touye tout manm Komite a.

Apre yon nuit van siklòn ak lapli palmantè yo pare pou vote dapre jan Ameriken prepare operasyon yo. San sipriz, Dartiguenave eli ak 94 vwa. Sèl 3 vòt ale anfavè Bobo. 2 lòt kandida, Luxembourg Cauvin fè 14 vwa, Emmanuel Thezan fè 4.

Abò yon bato franse, ki pral Jeremi epi Repiblik Dominikèn, Bobo pran egzil 15 out. Anbasad ameriken nan Santo Domingo pase lòd pou li pa antre nan peyi a. 31 out li rive Kiba. Nan Pòtoprens, gen anviwon 2 semèn depi palman an deja ratifye konvansyon ki bay Ameriken kontwòl peyi Ayiti.

.........

Kwonik sa a fèt granmesi seri liv "Les blancs débarquent" istoryen Roger Gaillard ekri. Groupe Medialternatif ak Radyo Kiskeya di Fondasyon Roger Gaillard mèsi poutèt li bay otorizasyon sèvi ak liv sa yo kòm materyo pou pwodui kwonik yo.