Ti chèz ba

Ayiti : Endiyasyon devan agresyon vèbal ak menas seksyèl Martelly fè sou yon fanm nan Miragwàn


samedi 1er août 2015

Pozisyon sou agresyon Prezidan Martelly fè sou yon fanm nan Miragwan

AlterPresse resevwa dokiman sa a 31 jiyè 2015

Yon lòt fwa ankò, Prezidan Michel Martelly raple popilasyon an li toujou sou brenzeng Sweet Micky li. Madi 28 jiyè, pandan yon miting politik nan Miragwàn, li fè gwo vyolans sou yon fanm ki t ap kenbe tenn fas avèk li parapòta deklarasyon li t ap fè sou reyalizasyon pouvwa li a. Prezidan kominote entènasyonal la ba nou an chwazi dat komemorasyon 100 lane okipasyon meriken an pou li avili fanm ak peyi a ; yon dat senbolik kote fanm ak gason òganize t ap reflechi sou konsekans okipasyon an.

Se ak raj, se ak vye mo sal prezidan an atake madanm nan. Li atake diyite li kòm moun, kòm sitwayèn. Li atake li kòm fanm, ak menas pou fè vyolans fizik ak seksyèl sou li.. Konpòtman prezidan an montre ke, pou limenm, fanm pa gen dwa lapawòl ; fanm dwe soumèt devan lotorite gason, sitou lè se chèf ; fanm la pou sèvis gason ki vle pran plezi yo. Se sa ki nan tèt prezidan an, lè li envite madanm nan vini sou podyòm nan pou li ka sèvi avèk li. Konpòtman mesye Mately montre jan li meprize fanm. Lè alatèt yon gouvènman aji konsa, sa tou vle di se yon pòz, lè l ap pale de zafè respèkte dwa fanm ak patisipasyson politik fanm. Anplis manke sitwayèn nan respè, yon lòt fwa ankò, prezidan an derespete tout peyi a nèt, li trenenen li nan kanivo. Nasyon an ak lemond antye te tande yon prezidan k ap grennen betiz.

Ajismam prezidan an estomake nou, revolte nou. Nou konsène kòm moun, kòm defansèz dwa moun, kòm sitwayèn k ap lite pou diyite moun respekte nan peyi a. Jouman prezidan an sou kò fanm, se ankourajman pou tout kalite vyolans sou fanm, espesyalman kadejak. Sila ki t ap plede ri yo, se konplis mòd ajisman sa yo ; se moun ki toujou pare pou bat bravo lè chèf ap fè abi ; se moun ki pa refelchi sou move konsekans mòd zak sa yo nan sosyete a.

Zak Mesye Mateli a, se yon zak machis, seksis, ki derespekte fanm kòm moun. Prezidan an abitye joure gason k ap bat chalbari dèyè li, jan sa fèt pandan kanpay elektoral nan Nòdès ak Nòdwès. Men li pa janm rantre nan vye koze sèks ak yo.

Se pa yon aza, si se sou gouvènmam Mateli anpil gany mouvman fanm nan menase. Se pa yon aza, si se sou gouvènman li a Ministè Fanm nan ap degrenngole, jouk de lè li tounen yon zouti pwopagann pou pouvwa a. Se pa yon aza, si se sou gouvènmam Mateli a zafè tizonnay sou fanm nan administrasyon piblik la vanse tounen de bagay nòmal. Agresè yo pa janm jwenn pinisyon. Okontrè, yo konn jwenn pwomosyon pou pi gwo pòs, pandan viktim yo menm oblije nan kouri. Kadejakè pa jwenn sanlsyon yo merite. Nan premye moman gouvènman an, pou ankouraje etranje vin vizite peyi a, prezidan an te mete fanm pami bagay li kapab ofri touris yo. Nan emisyon televizyon li te fè ak laprès an Frans, nan mwa novanm 2014, prezidan an te fè konprann aktivite fanm defavorize yo, se mache grennen pitit.

Daprè atik 116 ak 117 Dekrè elektoral la, tout kandida/kandidat ak patizan yo gen obligasyon pou adopte yon atitid kòrèk, pou yo aji ak moderasyon, respè ak bon sans. Nan moman kote l ap fè kanpay pou manm pati Tèt kale li a, tout konpòtman mesye Mateli pase anba pye prensip dekrè elektoral la. Konsèy elektoral la dwe pran dispozisyon ki nesesè pou gen sanksyon, menm jan sa ta fèt pou kèlkeswa moun nan.

Ajisman Prezidan Mateli konsène tout sitwayen ak sitwayèn, paske li bafwe libète lapawòl, dwa pou entegrite fizik ak moral moun respekte.

Fanm yo an majorite pami moun ki gen Kat idantifikasyon nasyonal yo. Ak bilten vòt nou, nou ka sanksyone Prezidan Mateli, nan bay kanè pou tout kandida ak kandidat pati Tèt kale a, ansanm ak lèzòt ki soti nan menm sous la.

Lè n a va rive derasinen nan aparèy Leta machis k ap denigre fanm, peyi a va mache sou yon lòt kadans, kote fanm ak gason egalego epi dwa tout moun respekte.

Aba machis ! Viv lit fanm yo ! Viv mouvman feminis ayisyen an !

Lis òganizasyon ki siyen

1. Afasda - Asosyasyon fanm solèy d Ayiti /Association des femmes soleil d’Haïti
2. Cpfo - Centre de promotion des femmes ouvrières
3. EnfoFanm
4. Fanm Deside /Femmes décidées
5. Fanm Yo La / Les femmes sont là – Collectif féminin haïtien pour la participation politique des femmes
6. Fanm SAJ /Femmes du groupe SAJ
7. Gades - Groupe d’appui au développement du Sud
8. Kay Fanm /Maison des femmes
9. Moufhed - Mouvement des femmes haïtiennes pour l’éducation et le développement
10. Sofa - Solidarite fanm ayisyèn /Solidarité des femmes haïtiennes
11. Refraka – Rezo fanm nan radyo kominotè ayisyen /Réseau des femmes des radios communautaires haïtiennes
12. Rnddh – Réseau national de défense des droits humains.

Lis pèsonalite ki siyen

1. Lisane André
2. Ginette Chérubin
3. Carine Clermont
4. Katia Henrys
5. Lynn-Mitzy Hyacinthe
6. Maryse Jean-Charles
7. Mirlène Joanis
8. Sabine Lamour
9. Colette Lespinasse
10. Sabine Manigat
11. Rachèle Magloire
12. Tatiana Magloire
13. Adeline Magloire-Chancy
14. Magguie Rigaud
15. Robert Paret.

Pou otantifikasyon
Marie-Frantz Joachim, Sofa
Danièle Magloire, Kay Fanm