Haiti
Ti chèz ba

Ayiti : Poukisa awogans ak ensolans Michel Martelly nan Migragwàn etone nou?


Ekri jou dimanch 2 out 2015

Joseph Harold Pierre

Tèks sa a vin jwenn AlterPresse 31 jiyè 2015

Poukisa ? M pa kwè gen rezon pou sa.

Pou nou eskize tèt nou, nou toujou vle separe Sweet Micky ak Martelly ? Pou mwen menm, se menm moun nan. Dayè, si nou vle fè diferans, se pa Michel Martelly ki te genyen eleksyon yo. Se te Sweet Micky. Di sa nou vle, se Blan ki te mete l, se pa Blan ki te mete l. Sa ki vre, nan yon peyi tankou Ayiti, li ranpli kondisyon yon gwo lidè (paske pa genyen) pou l te ka prezidan.

Se pou n poze vrè kesyon yo ? Kisa ki pèmèt Sweet Micky rive prezidan ? Eske pifò moun k ap kritike l yo gen otorite moral, gen koyerans pou fè sa ? Ann fè yon senp ti refleksyon byen kout.

Tout kote sou latè gen yon gwoup moun ki pou mennen sosyete a ? An jeneral, moun ki rive eli nan tèt peyi a e ki ba l direksyon, se yon moun ki soti nan yon gwoup (elit nou kapab di) ki gen anpil volonte ak konviksyon. Repiblik Dominikèn ban nou egzanp lan ak Juan Bosch, yon sitwayen konsekan ki batay jouk sa kaba pou mete peyi li sou ray demokrasi ak devlopman. An Ayiti, sa pa egziste ditou. Pou w mete yon peyi tankou Ayiti sou ray developman ak demokrasi, gen de (2) travay enpotan ki pou fèt : youn teworik, epi yon lòt pratik.

Travay teworik la pa vle di pale bèl fransè ; li pa rete tou nan repete kou jako rèpèt sa savan te di, men sa vle di pito chache konprann reyalite a nan bon jan analiz ki chita sou lasyans (syans sosyal, jeni, syans medikal, elatriye). M vle presize analiz sa yo mande itilizasyon matematik ak estatistik. Men tou, fòk sila yo k ap fè analiz yo gen bon jan konpòtman nan sosyete a. Fòk yo rekonèt moun sa yo nan sosyete a tankou moun ki pa nan koripsyon, ki pa nan volè, ki pa nan sa ki pa sa, epi k ap lite pou redui grangou ak lamizè (paske se pi gwo pwoblèm nou). Konbyen ayisyen yo wè konsa nan peyi a ? Nou konnen gen kèk, menm si se pa anpil. Men de ou twa ki ta gen karakteristik sa yo pa mete tèt yo ansanm pou yo fe yon ekip, men chak moun fè zafè pa yo pou kont yo, pou pwòp glwa pa yo. M pa kwè yon moun ka di lekontrè, paske nan eleksyon k pral gen la a, gen kandida tankou pate cho, tankou boul bòlèt. Avan w bat je w, ou tounen kandida, ou wè w kandida, yo mete w kandida. Kòm eleksyon yo se bòlèt pa gen anyen ki di w p ap fè lamayòl, tankou Michel Martelly an 2010.

Sonje byen, m te di se de travay ki gen pou fèt, youn teworik ak youn lòt pratik. Moun k ap fè bon jan analiz, ki konprann reyalite a, epi ki serye tou (serye enpòtan anpil anpil !), moun sa yo ap fè yon gwo travay; men sa pa sifi ditou ditou nan yon peyi tankou Ayiti. Travay teworik la se twòkèt la, men chay la dèyè. Travay pratik la se li ki chay la a, se li ki nannan koze a.

Fòk moun k ap panse reyalite a aji sou li tou. Kijan yo ka fè sa an Ayiti ? Se nan travay ak mas pèp la, ak peyizan yo, ak jèn yo, ak timoun nan lari yo, ak fanm yo, brèf, ak tout moun sosyete a mete sou kote, sila yo sosyete a pa vle. Fòk moun sa yo ki gen bon jan konpreyansyon ta travay nan tèt ansanm, ta mete bon jan ekip sou pye pou travay nan tout rakwen peyi a nan alfabetizasyon pandan y ap pwofite fòme konsyans moun yo, ouvri je yo devan pawòl tèt anba, degrenn gòch tout kalite polisyen vòlè, eskanmòtè ak kriminèl ap di yo pou vire lòlòj yo. Fok “elit” sa a ta ede mas pèp la yo konprann sou ki kritè pou yo vote politisyen ki serye, ki renmen peyi a (nou mèt kwè m : genyen kèk). Fè yo konprann tou responsablite yo genyen pou patisipe nan devlopman kote yo rete a. Pa sèlman di yo sa, men ede yo, nan montre yo plante ak èd bon jan agwonòm, ede yo trete dlo larivyè oubyen pi kote yo jwenn dlo pou yo bwè. Lot bagay enpòtan se ede yo devlope medsin natirèl, paske se li sèlman yo genyen, pa gen klinik kote yo rete a epi menm wout pou bourik pa genyen , alevwa pou ta gen wout machin pou yo al lopital nan zil tik lè yo malad. Atansyon! Kite m fè nou sonje se pa de politisyen m ap pale, men de gwoup nan sosyete sivil nou ta rele “elit” la.

Mas pèp la, peyizan yo wè “nèg ak fanm save” tankou lènmi yo (amwenske ou se pitit ki soti nan kòt zantray yo); men yo gen rezon tou. Yo p ap janm vote pou moun k ap gade yo ak mepri. Gen anpil mouvman k ap fèt, kòmkwa ta gen konsyans nan peyi a pou ede pòv yo. Nan fon kè nou, nou konnen se manti, se blòf. Epi mas pèp la konprann sa tou, se sa k fè yo vote moun yo kwè nan yo. Pèp la pa egare jan nou panse a. Si yo te egare, yo pa t ap vote Martelly. Se li pou yo vote, paske se li yo konn wè, se li menm ki konn fè yo danse, se li menm ki konn fè yo defoule nan di gwo vye betiz sal. Se tris, men se reyalite a! Lè fanm ak gason save komanse siwonnen tout peyi a toutan (pa sèlman nan eleksyon!) pou ede yo konstwi lavi yo, ede yo konstwi sosyete yo, lè sa a, y ap vote fanm ak gason save, lè sa a y a kwè nan yo, lè sa yo p ap vvote kandida tankou Martelly ankò. Men malerezman, sa m sot di la a, se pa bagay ki fasil ditou. M pa di sa a enposib, sèlman paske m kwè, tout bon vre, tout kote k gen moun ka gen chanjman (pozitif oubyen negatif).

Kounye a, m vle pale de evènman ki montre responsablite pifò moun k ap kritike Martelly nan briganday, lawont, sitiyasyon tèt anba k ap pase nan peyi a epi imilyasyon ayisyen ap sibi nan peyi lòt bò dlo ak lòt fwontyè. Evènman sa yo se peryòd aprè Arisitd pèdi pouvwa a an 2004 ak tranbleman tè a.

Depi ane 2001, te gen yon opozisyon pwennfèpa kont Aristid jiskaske ak èd kominote entènasyonal la, yo rive lage misye atè an 2004. Men kote opozisyon sa a te pase aprè Aristid te fin tonbe? Si yo te kwè nan yon bagay, si yo te kwè nan peyi, opozisyon an t ap kontinye batay la nan yon lòt fason. Li t ap fè travay teworik ak pratik m sot di la yo pou yo te mete peyi a sou ray pou l soti nan katchouboumbe kote l ye la a. Men se pa t sa yo te wè. Opozisyon an te vle de bagay: lage Aristid atè pa rankin pou fè vanjans, mete latwoublay menm jan Aristid t ap fè a; epitou soti nan lari chak jou fè kanaval pou defoule yo. Lè Preval pran pouvwa a an 2006, opozisyon an rele anmwe. Men yo bliye si yo te gen de zan (2004-2006) devan yo pou te prepare eleksyon nan travay tout bon vre, sere sere ak mas pèp la, sitou ak peyizan yo.

Aprè tranbleman tè a, opozisyon kont Preval monte wotè syèl epi mande dechennen. Men yon ti tan aprè briganday la te la komanse, chak moun te fè wout pa yo. Epi Martelly ki te jwe yon bon boul la, fè dekabès nan tiraj (eleksyon) 2010 la. Lè Sweet Micky komanse nan tèt pouvwa a, nan konpòtman li, li kontinye fè bal, fè kanaval, di betiz, fè kè mas pèp la kontan, menm jan li te toujou konn fè sa. Pandansetan, menm moun ki te konn fache lè Martelly te konn di betiz kòm mizisyen kontinye fache, men anpil landan yo bliye se iresponsablite, mechanste ak divizyon nan mitan yo ki fè Martelly rive prezidan. Men tou, rayi chen an di dan l blan, menm si pouvwa sa a ap benyen nan koripsyon tankou ou plis pase lòt ki pase yo, yo ta sanble vle devlope kèk bagay tankou touris (men malerezman, sanble yo pa fin konprann sa y ap fè a).

Mezanmi, sa fè m mal, kòm jèn ayisyen, wè peyi a nan eta sa a. Sa fè m mal wè pou yon jèn gason oubyen yon jèn fi jwenn travay, fòk li fè pwostitisyon jan Martelly mande madanm nan fè sa Miragwàn nan. De twa lopital ak doktè ki gen nan peyi a pa ka fè anyen pou 10 milyon moun, aloske jèn ki gradye nan medsin ak enfimyè an Ayiti, Repiblik Dominikèn ak Kiba pa ka jwenn travay. Tousenpleman, paske yo pa vle yo travay.

Anpil moun ap kritike konpòtman Daniel Supplice pou lèt li ekri Martelly a, kote li di tout verite. Se vre, kòm anbasadè, li pa t dwe pale konsa. Se « djòb » la pou l pa t pran. Men tou, gen yon lòt bagay ki enpotan anpil, eske ou ka defann yon moun ki genyen 50 oubyen 60 lane depi l ap konstwi yon kay pou pitit li; men ki manje lajan pou achte tè kote pou kay la konstwi, ki manje lajan siman, ki manje lajan pou peye bòs mason, (ki pouse do pitit li al vann fòs yo, kò yo ak nanm yo kay moun), epi ki genyen sèlman lajan pou achte 2 ti po penti ? M pa kwè sa. Moun ki defann moun sa malonèt. Ebyen Martelly senbolize sila a ki vle konstwi kay la. Li reprezante tout lot dirijan ki pase avan li yo.

Gen yon ekspresyon panyòl ki di « ou pa ka bouche lesyèl avèk yon dwèt ». Kidonk, ak de twa pawòl dwat e goch, nou pa ka kache ke PIDIH a se yon echèk total kapital. Sou reyalite asyisyen k ap viv an Repiblik dominikèn, nou kapab di kit yo rete kay vwazen san papye ou ak papye, kit yo voye yo ayiti, y ap toujou nan kondisyon menm bèt pa viv. Vrè pwoblèm nan se mizè an Ayiti. Solisyon se devlopman Ayiti. Kanpe nan yon liy anba gwo flanm solèy pandan plizyè jou pou bay papye ou byen resevwa yon kat, se yon gwo imilyasyon pou moun sa yo. Epi sa pa anyen devan imilyasyon y ap viv chak jou, kit se an Ayiti, kit se Ladominikani.

M espere yon jou nou p ap fòse ameriken vin okipe nou ankò. M espere yon jou nou p ap mete de pye nou nan yon sèl grenn soulye devan Dominiken, akòz iresponsablite, mechanste ak koripsyon nou; m espere yon jou ayisyen p ap travèse fwontyè pou al chache lavi kote antrepriz, Leta ak ONG eksplwate feblès ak soufrans yo. M espere yon jou nou pap akize blan, dominiken ak boujwazi kòm sèl responsab mizè nan peyi a. M espere yon jou prezidan peyi dAyiti p ap trete fanm tankou “yon bagay ki pa vo anyen”, men tankou fanm ki gen diyite ak onè. M espere yon jou p ap gen 70 kandida pou prezidan ankò. M espere yon jou Ayiti va devlope.

Jou sa a se lè sila yo ki konprann epi ki genyen va chwazi travay tout bon vre ak mas pèp la ak peyizan yo e sitou ak fanm yo.

Joseph Harold PIERRE

Sitwayen ayisyen

Kodonatè NAPSA, yon gwoup jèn etidyan ak pwofesyonèl k ap travay ak jèn epi peyizan pou devlòpman peyi d Ayiti.