Haiti
Kwonik 100 an debakman ameriken an Ayiti

1915/100an : Ameriken debake an Ayiti


Ekri jou lendi 27 jiyè 2015

Sanble pye gouvènman an ap pèdi tè nan Pòtoprens, kote gwoup kako ap marinen yon konplo pou jete Vilbrun Guillaume.

Fòk nou di, depi yon ti tan, gouvènman an koumanse fè represyon, epi moun ki santi yo menase, pran anbasad. Yon valè moun chita nan anbasad Lafrans, Angletè, konsila Pòtigal…

Wi, nan konsila Pòtigal, se la sèvo konplo a ta chita. Nouvèl yo fè konnen, nan apremidi 26 jiyè, konplotè yo ap antre ti gwoup pa ti gwoup nan lakou konsila a pou al kache nan yon ti rak bwa ki dèyè kay la. Men, konsil la pa la, li malad, li Petyonvil epi madanm li al wè l.

Temwen rakonte, vè 2 :30 dimaten, nèg ame yo pran direksyon Palè nasyonal. Vè 4 :00 dimaten zam marye. Batay la dire 4èd tan. Dapre enfòmasyon ofisyèl, 60 nèg mouri epi 150 lòt blese nan palè. Prezidan Guillaume, madanm li, pitit fi li ansanm ak minis, jeneral ak sòlda, tout kouri antre nan anbasad Lafrans.

Kwonik 100an debakman Ameriken an Ayiti 27 jiyè 2015 by Alterpresse on Mixcloud

Gouvènman tonbe, pèp souvren nan lari, nan jounen 27 jiyè sa a kote san koumanse koule depi maten. Pandan li nan anbasad, Guillaume pran kontak ak jeneral Charles Oscar Etienne k ap kòmande yon gwo pòs militè nan kapital la. Nan lèt sa a, Vilbrun Guillaume esplike sikonstans ki fè li pran anbasad epi li di jeneral la, l a aji ak konsyans li.

Nan vil la, pèp souvren deside pou al lage prizonye, jan sa toujou fèt lè yo fin jete yon gouvènman, alòske, pandanstan, jeneral la gen tan antre nan anbasad Repiblik Dominikèn.

Gwo sezisman lè moun koumanse rive nan prizon an. Dapre enfòmasyon yo, prizonye dwa komen yo gen tan lage, men tout 168 prizonye politik yo mouri sasinen ak bal anndan kacho yo. San gaye toupatou, sou tout mi epi ap koule nan rigòl. Pami viktim yo, gen ansyen prezidan Oreste Zamor.

Gwo lapenn ak endiyasyon pami foul moun ki rasanble alantou prizon an. Y ap konstate fanmi ki vin chèche kadav paran yo pou mennen nan simityè. Posesyon apre posesyon, men nan machwè. Men kòlè ap gwonde.

……..

Premye viktim kòlè popilasyon an nan jou dèy 27 jiyè a, se jeneral Charles Oscar Etienne. Temwayaj nan sous diplomatik fè konnen, yo pran l nan anbasad dominiken, yo rache l epi mete dife sou kò a. paralèlman, y al dechouke kay jeneral la. Yo kraze l rapyetè.

Rès kadav la rete nan rigòl pandan tout nuit la. E se nan maten 28 jiyè a lakomin ranmase l mennen nan simityè.

Sitirasyon an mangonmen nèt nan Pòtoprens, menmsi vil la parèt kal. Revolisyonè yo okipe kapital la. Gwo enkyetid bòkote diplomat Etazini, Angletè ak Lafrans. Depi nan finisman apremidi 27 jiyè, chaje dafè ameriken nan Pòtoprens la voye yon telegram bay Caperton ki Okap, pou di li fè vit antre Pòtoprens. Li mande pou Etazini voye bato degè, paske enfòmasyon k ap sikile, fè kwè yo kab atake anbasad Lafrans pou antre pran prezidan Guillaume.

……….

Sanble tansyon an fè yon lache nan maten 28 jiyè sa a. Men, pandan tout bagay kalm, yon gwoup rasanble epi pran direksyon anbasad Lafrans la, dapre temwen. Anviwon 80 moun konsa pran anbasad la pa sipriz vè 10 :30. Yo fè 2 operasyon fouye kay la pou chèche Vilbrun Guillaume.

Sou dezyèm fouy la, yo jwenn prezidan an kache nan yon douch. Yo met men sou li, yo trennen l sòti pandan y ap frape l an prezans madanm li ak pitit fi li. Malgre li di li inosan, se pa li ki te bay lòd touye prizonye yo, yo kouri ak li. Yo pase l sou tèt baryè a. Foul la ki te nan lari a pran l, touye l, epi trennen kadav la nan tout lari.

Caperton ki kite Okap lavèy abò Washington nan, fèk antre, pandan evènman yo menm, nan lanmè Pòtoprens. Li koumanse pran kontak, fè demach. Li fè chèche reprezantan franse, angle ak ameriken. Li reyini ak yo sou bato a. Yo deside se pou yon fòs militè enpòtan debake.

Men, dapre sous diplomatik, se yon komedi, piske depi anvan atak anbasad Lafrans la, Ameriken te deja pran desizyon l.

Bato a pwoche toupre kòt Pòtoprens la nan zòn Bizoton. Li lage lank. Li pwente kanno sou kapital la. Vè 4è apremidi Caperton bay lòd pou debake 330 militè. Menm kote a, militè ameriken yo koumanse debake.

……………

Kwonik sa a fèt granmesi seri liv "Les blancs débarquent" istoryen Roger Gaillard ekri. Groupe Medialternatif ak Radyo Kiskeya di Fondasyon Roger Gaillard mèsi poutèt li bay otorizasyon sèvi ak liv sa yo kòm materyo pou pwodui kwonik yo.