Haiti
Kwonik 100 an debakman ameriken an Ayiti

1915/100an : Ameriken ap prepare debakman militè an Ayiti (ekri/odyo)


Ekri jou madi 21 jiyè 2015

Alòske an Ayiti se twoke kòn pou pouvwa epi rezistans Rosalvo Bobo anfas volonte Ameriken pou pran kontwòl finans Ayiti, nan peyi Etazini, deklarasyon ap fèt pasi pala pou prepare opinyon piblik la pou apiye entèvansyon militè ameriken an Ayiti. Apre deklarasyon otorite ameriken fè ale pou vini nan laprès ameriken, nan koumansman 1915, yo rive anbake opinyon an nan pwojè yo.

« Tanzantan n ap resevwa apèl k ap mande nou pou nou pwoteje vi ak byen ameriken, gwoup revolisyonè k ap opere an Ayiti ak Repiblik Dominikèn mete an danje » : sa a se deklarasyon ki soti nan yon nòt pou laprès sekretè deta Franklin Delano Roosevelt pibliye 13 jiyè 1914 nan laprès.

Men, konbyen Ameriken k ap viv nan Pòtoprens ? Dapre estatistik anbasad ameriken, gen 32 Ameriken k ap viv nan kapital Ayiti a. 20 gason ak 12 fanm. Pa gen yonn nan yo ki gen yon kay ki rele l chèmèt chètrès.

Pou lòt etranje yo konte nan tout peyi a, se 2000 Franse, 1200 Angle, 300 Italyen, 210 Alman, 200 Dominiken ak 100 Kiben.

Kwonik 100an debakman Ameriken an Ayiti 20 jiyè 2015 by Alterpresse on Mixcloud

Administrasyon ameriken an ap travay kounye a fòmèlman pou fè entèvansyon militè an Ayiti, dapre tout eleman enfòmasyon ki rasanble. Prezidan Wilson remèt dosye a bay sekretè deta Bryan. Nan lèt li voye bay Brian 13 janvye 1915, li fè l konnen volonte l pou voye kèk komisyonè an Ayiti pou al pale ak chèf tout gwoup ki kanpe fas pou fas yo, pou di yo, ak anpil fèmte, Etazini pap kanpe bra kwaze devan sitirasyon revolisyonè ki tabli an Ayiti.

Monte desann diplomatik ap fèt nan kapital la. Dapre enfòmasyon ofisyèl, 2 komisyonè ameriken deja vin pale ak dirijan ayisyen yo. Ankenn rezilta ki satisfè ameriken pa soti. Twazyèm nan se Paul Fuller. « Mwen rekòmande pou Etazini debake marin » an Ayiti : se sa misye ekri nan rapò li voye 14 jen 1915 bay mezon blanch, apre misyon li fin echwe nan Pòtoprens.

Administrasyon ameriken resevwa rapò a, li analize l epi li aksepte l. Kounye a jwèt pou lame ameriken.

………..

Amiral Caperton rive nan lanmè Okap. Li abò bato degè ki rele Washington. L ap kòmande fòs ameriken ki vin kanpe devan vil la pou pwoteje vi ak byen etranje. Poko gen 10 jou depi komisyonè Fuller te fè rekòmandasyon pou debake an Ayiti.

Amiral Caperton deside fè demach bò kote gwoup ki kanpe fas pou fas nan zòn nò a pou fè yo konnen misyon li. Dapre enfòmasyon yo, se kapitèn Bleach, chèf deta majò ameriken, k ap fè premye kontak yo.

Yon premye lèt al jwenn jeneral Probus Blot, k ap kòmande twoup gouvènmantal yo ki nan vil la. Yon dezyèm lèt al jwenn twoup rebèl yo arebò vil la. Yo gen Rosalvo Bobo alatèt yo.

Dapre sa ki di nan lèt yo, mesaj amiral la klè : twoup gouvènmantal ak twoup rebèl yo pa fèt pou fè ankenn aksyon ame nan vil la. Paske aksyon sa yo ap mete vi ak byen etranje an danje. Si sa fèt, twoup ameriken ap blije debake Okap pou pote lamenfòt bay fòs lòd yo.

Fòk nou souliye, byen vit, Caperton jwenn akò twoup gouvènmantal ki tabli nan vil Okap. Yo santi yo konfòtab nan sitirasyon sa a. Dayè, jeneral Probus Blot reponn pozitif apre yon lèt Caperton voye ba li, 3 jiyè, pou fè l konnen li vle enstale yon estasyon radyo kominikasyon nan ga Okap la. 11 marin debake pou akonpaye yon teknisyen k ap enstale radyo a. Se premye debakman.

…….

Gouvènman Vilbrun Guillaume manifeste dispozisyon pou kolabore ak militè ameriken yo. Jeneral Probus Blot fè amiral Caperton konn sa nan yon lèt li voye ba li 8 jiyè. Li di li resevwa enstriksyon pou ba yo tout fasilite.

Nan kondisyon sa a, Moun Okap wè marin ameriken mete pye yo atè 9 jiyè, alòske bri ap kouri pou di pisans etranje vin ede gouvènman Vilbrun Guillaume nan.

Rebèl yo, yomenm ki anba lòd Rosalvo Bobo, yo kenbe plizyè zòn nan Nò a kote y ap sakaje fòs gouvènmantal. Se yon geriya k ap devlope, e analiz ameriken fè konnen gen posiblite pou geryewo yo goumen san rete pandan plizyè mwa.

Enfòmasyon sa yo lage enkyetid nan milye gouvènmantal yo nan Pòtoprens. Vilbrun Guillaume tanmen yon michan represyon kont fòs opozisyon nan kapital la.

……………

Kwonik sa a fèt granmesi seri liv "Les blancs débarquent" istoryen Roger Gaillard ekri. Groupe Medialternatif ak Radyo Kiskeya di Fondasyon Roger Gaillard mèsi poutèt li bay otorizasyon sèvi ak liv sa yo kòm materyo pou pwodui kwonik yo.