Haiti
Kwonik 100 an debakman ameriken an Ayiti

1915/100an : Vilbrun Guillaume pran pouvwa, Rosalvo Bobo mande pèp la pran zam kont Ameriken (ekri/audio)


Ekri jou lendi 13 jiyè 2015

Gouvènman Davilmar Théodore la an difikilte.

Rosalvo Bobo, minis enteryè, poto mitan gouvènman an, monte bato Leta ayisyen Pacific 8 fevriye 1915. Yo panse l al nan nò. Menm kòmandan militè ameriken ki chita sou bato Wheeling, k ap veye nan bè Pòtoprens la, panse sa tou. Li voye enfòmasyon Washington pou di Rosalvo Bobo al Ouanaminthe ak Monte Christi pou deklanche yon lòt revolisyon pou jete gouvènman an.

Poutan, se yon misyon l al fè an Repiblik Dominikèn pou chèche konkou gouvènman dominiken, kòm anvwaye estwòdinè pouvwa Davilmar Théodore. Dapre enfòmasyon yo, li jwenn bon akèy nan men gouvènman dominiken an, ki gen nan tèt li prezidan Jimenes.

Men pandan minis enteryè gouvènman Davilmar Thèodore la twouve l Puerto Plata, an Repiblik dominikèn, kote l ap diskite avèk plizyè pèsonalite wo plase pou chèche sove pouvwa a an Ayiti, enfòmasyon tèt chaje gaye : Vilbrun Guilaume Sam antre Potoprens 27 fevriye. Gouvènman Davilmar Théodore tonbe. Palman an eli Vibrun Guillaume Sam 7 mas pou pran gouvènay peyi a.

Pandan sitirasyon sa a ap deplòtonnen an Ayiti, Rosalvo Bobo fè kap pou San Juan nan Puerto Rico toujou abò bato Pacific. Li gen pou repase Monte Christi, pou rantre an Ayiti.

Kwonik 100an debakman Ameriken an Ayiti 13 jiyè 2015 by Alterpresse on Mixcloud

Dapre enfòmasyon ki soti nan plizyè sous, Ameriken ap fè presyon sou Dominiken pou arete Bobo lè l pase an RD. Nan enfòmasyon anbasadé ameriken nan Santo Domingo voye nan depatman deta, li di Bobo rive jwenn 75 mil katouch. L ap pase pa Monte Christi pou l al goumen kont enfliyans Ameriken an Ayiti.

Depatman deta pase lòd. Li mande anbasadè ameriken nan Santo Domingo a pou soutni gouvènman domiken an pou li kab anpeche Bobo sèvi ak teritwa dominiken an pou al simen latwoublay an Ayiti.

Nouvèl k ap sikile bò kote anbasad ameriken nan Pòtoprens fè konnen yo arete doktè Bobo nan Monte Christi epi yo pral pimpe l an Ayiti. Rezon : misye vle fè revolisyon an Ayiti pou anpeche Ameriken pran kontwòl finans ak ladwann.

Bò pa li, Bobo konfime, anba presyon ameriken, Dominiken mete l nan yon bato, voye l nan zil tik ki anba kontwol angle, pou anpeche l vin an Ayiti. Men, sanble se byen konte, mal kalkile.

………..

Nouvèl k ap sikile jou 25 avril 1915 sa a, fè kwè bagay yo gate nan Nò. Gouvènman Vilbrun Guillaume Sam nan pa fin metrize sitirasyon an. Li te deja voye 2 jeneral lame nan Fort Liberté pou al chèche mete kontwòl, tandiske kako yo t ap chofe nan Nò.

Menm jou 25 avril la, yon santèn patizan ame Bobo antre nan vil Okap. Temwen deklare, chèf lame ki prezan nan vil la chape poul yo, yo kouri antre nan anbasad.

Bò pa li, gouvènman Vilbrun Guillaume Sam nan voye twoup nan Gonaives pou yo kab al twoke kòn ak twoup pa Bobo yo nan Okap. Men, pa gen pèsonn ki kab di ki kote Bobo twouve l egzakteman, menm si gen sous moun kab fè konfyans ki deklare li ta twouve l Fort-Liberté.

………….

Finisman mwa avril sa a, sitirasyon an a ap chofe nan Nò. Anpil moun ap pale sou yon mesaj Bobo ap fè sikile kote li mande popilasyon an ansanm ak militè yo pran zam kont Ameriken.

Nou jwenn kopi mesaj sa a kote Bobo di klèman kouman li admire pèp ameriken. Li di l al Etazini plizyè fwa. Li gen bon jan rapò ak gwo zotobre nan peyi sa a.

Li di tou, li ta renmen fè envestisè ameriken vin envesti an Ayiti, li ta renmen ba yo avantaj patikilye pou Ayiti kab benefisye tou. « Men, kanta pou livre yo ladwann nou, finans nou, epi pou se yo k ap dirije nou, se swa jamè ». Se sa ki ekri nan mesaj la.

Li kontinye pou li di, tan pou Ayiti ta rive nan sitirasyon sa a, li ta prefere peyi a disparèt.

Bobo fè remake, pou jan li wè sa ap pase an RD, ki aksepte konvansyon ameriken an, se krèv kè. Li di Dominiken yo pèdi kontwòl peyi yo, epi se imilyasyon sou imilyasyon gouvènman domiken an ap sibi.

Poutan, dapre Bobo, se sa Vilbrun Guillaume Sam, ki fèk tabli gouvènman li an Ayiti, pare pou li fè tou. Se poutèt sa, dapre mesaj li a, li mande tout sitwayen, sivil kou militè, pou manche zam yo.

Mesaj sa a tonbe nan rejyon nò a tankou dife ki pran nan chan kann, yon tan anvan jou 5 me sa a, lè sanzatann, doktè Rosalvo Bobo antre nan Okap. Dapre enfòmasyon yo, gen anpil eksitasyon. Pèp Okap sou 2 pye l. Tout moun kwè se yon prezidan k ap antre nan vil la.

……………

Kwonik sa a fèt granmesi seri liv "Les blancs débarquent" istoryen Roger Gaillard ekri. Groupe Medialternatif ak Radyo Kiskeya di Fondasyon Roger Gaillard mèsi poutèt li bay otorizasyon sèvi ak liv sa yo kòm materyo pou pwodui kwonik yo