Haiti
Kwonik 100 an debakman ameriken an Ayiti

1915/100an : Ameriken vle kontwole kès Leta ayisyen (ekri/odyo)


Ekri jou madi 7 jiyè 2015

Dènye nouvèl yo fè konnen Kanal Panama prèske fini. Se yon kokenn konstriksyon ki pèse Amerik santral pou fasilite transpò machandiz, ogmante komès ameriken.

Men, pou travay sa a rapòte tout bon vre, fòk lapè tabli nètalkole nan tout zòn nan. Se sa sekretè deta ameriken Philander Knox fè konnen pandan yon vizit l ap fè an Ayiti an avril 1912.

Knox deklare : « Konviksyon nou, sèke pou travay nou an reyisi tout bon vre, fòk gen lapè ak estabilite kay vwazen nou yo ».

Dapre enfòmasyon ki soti nan sous gouvènmantal, sa gran vwazen an vle, se kontwole ladwann. An reyalite, se yon demach ki deja abouti nan plizyè peyi nan rejyon an, ki remèt tout kontwòl lajan lakay yo bay yon otorite ameriken ki la pou sa.

Nou aprann Repiblik Dominiken, akote nou la a, pa fè rendong. Li remèt kès leta bay amriken depi 1907 e se ameriken ki jere sa.

Kwonik 100an debakman Ameriken an Ayiti by Alterpresse on Mixcloud

Etazini voye bay gouvènman prezidan Davilmar Theodore yon pwojè akò ant 2 peyi yo, pou ameriken kab pran kontwòl kès leta.

Enfòmasyon sa a fè lobo pete nan palman an, lè senatè Lherison lage koze a nan sena a devan tout kòlèg li yo ansanm ak foul la k ap asiste seyans. Yo sezi tande kesyon sa a ap diskite depi kèk jou ant gouvènman ameriken ak ayisyen.

Alaverite, nouvèl yo fè konnen, nan yon konsèy minis, tout gouvènman an rejte pwopozisyon akò a. Menm yon pwopozisyon minis afè etranjè a, Joseph Justin, pou eseye manje labouyi a sou kote, pa rantre nan santiman manm gouvènman an.

Justin konfime enfòmasyon an, nan seyans 3 desanm 1914 la, kote palman an konvoke l. Dapre sa li di, opinyon etranje sèke Ayiti pa kab gouvène tèt li. Se goumen tout lajounen ki prèt pou fè peyi a mache yon men devan, yon men dèyè. Yo di finans peyi a tèt anba. Ayiti bezwen yon mèt etranje ki pou mennen l.

Se pawòl sa yo ki fè seyans la vire an kòbòy. Pandan 2 fwa, foul la fè tantativ pou antre pran minis la, dapre sa jounalis konstate.

………….

Ameriken sanble pa fè bak devan rezistans ki manifeste an Ayiti parapòta volonte gran vwazen an pou pran kontwòl kès Lata.

Dapre sous diplomatik, prezidan Davilma Théodore resevwa nan aswè 13 desanm anbasadè ameriken an Bally Blanchard, ki tounen sou kesyon an pandan l ap fè chèf deta a konnen kondisyon Ameriken fikse pou rekonèt gouvènman li an.

Fwa sa a, se minis enteryè a limenm, doktè Rosalvo Bobo, ki leve kanpe e ki di non. Nan yon atik li pibliye nan Nouvelis 14 desanm, san li pa site Etazini, li envite gwo pisans yo reflechi sou istwa peyi a ak eslogan batay ewo yo : endepandans oubyen lanmò.

Menm jou a, nan Washington, otorite yo gen atik sa a tradui an Angle. Yo idantifye Rosalvo Bobo kòm prensipal advèsè yo sou teren an. Yo pa okipe yon pwopozisyon ofisyèl li fè pou rapwochman ekonomik ant Etazini ak Ayiti, malgre avantaj li ofri bay Ameriken pou ta vin fouye chèche min an Ayiti.

…………

Paralèlman, gouvènman an gen pwoblèm. Bobo pati al Okap, kote l moun, pou tate teren politik la pi byen epi chèche kalme opozisyon ame ki vle ranvèse gouvènman. Yo rele yo kako. Sanble y ap ranfòse. Yo tabli baz yo Wanament. Patizan yo deja pran Opèch, Valyè, Rankit, Piyon Mayisad ak Ench.

Pandanstan, Depatman deta ameriken pase alaksyon. Se gwo sezisman Pòtoprens, lè yon kòmando marin debake lavil la, antre nan labank epi resòti ak kès lò yo jwenn nan bank la.

Gouvènman Davilma Theodore la retwouve l 2 men vid, nan yon sitirasyon kote l ap pran presyon etranje, presyon opozisyon epi kote ekonomi peyi a ap fè fon. Nan jwèt sa a, tout enfòmasyon fè kwè gen yon madre k ap parèt tèt li pou chèche pran pouvwa a, se Vilbrun Guillaume Sam.

……………

Kwonik sa a fèt granmesi seri liv "Les blancs débarquent" istoryen Roger Gaillard ekri. Groupe Medialternatif ak Radyo Kiskeya di Fondasyon Roger Gaillard mèsi poutèt li bay otorizasyon sèvi ak liv sa yo kòm materyo pou pwodui kwonik yo