Haiti
Ti chèz ba

Kolektif Machann pou Chanje Figi Ayiti mande desann pri gaz la « kòm sa dwa »


Ekri jou lendi 9 fevriye 2015

Nòt pou laprès

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 8 fevriye 2015

(…)

Nan founi je gade sitiyasyon an, nou rive konprann sitiyasyon socioekonomik peyi a ap konnen la a jounen jodi a, twò malouk pou mas pèp kap viv nan katye popilè yo ak nan peyizànri a. Nou menm ti machann kap vann sou twotwa ak nan mache piblik yo, nou gen gwo difikilte pou nou al achte lè nou fin vann paske sitirasyon latroublay peyi a ap konnen nan jou sa yo se kraze l ap kraze ti lajan ponya komès nou yo. Jounen jodi a, gaz la desann plat atè nan tout peyi sou latè. Fòk nou di tou pri tout pwodwi moute oswa desann dapre jan pri gaz la ye sa vle di pri manje, transpò piblik, fèm kay elatriye. Nou konstate kriz gaz la fe pèp la pa ka achte paske lajan banboch la rete yon sèl kote. Leta ak tout akolit li yo pa vle pran konsyans pou konprann prodwi premye nesesite yo twò chè pou pòch malere. Gaz pa vle desann, donk manje pou pitit pèp la manje pa vle desann tou. KOMACFA ap di yo nou konpran konplo y ap fè sou do mas pèp la ak sou do ti peyizan yo.

Kolektif machann pou chanje figi Ayiti, KOMACFA, sezi wè tou kijan prezidan Michel Martelly retire mas ki te bare figi l la depi twa lane a. Se nan zafè gaz sa a pou tout moun ta wè aklè kou dlo kòk pouvwa Michel Martelly a se yon pouvwa boujwa kap travay nan enterè gwo palto ak gro zouzoun sèlman. Nou menm ti machann, nèg ak neges kap viv nan katye popilè yo, peyizan kap viv de bra balanse nan vil pwovens yo, nou pa gen ni rele ni reponn. Men sel sa n konnen, pa bliye se nou ki konn ale vote. Sa ka la ka wè l.
Douvan sitiyasyon malouk sa a KOMACFA ap mande tout ti machann nan kat kwen peyi a pou leve kanpe paske nou bouke. Nou bouke travay pou chwal galonnen.
Douvan sitiyasyon mangoumen sa a peyi ap pran an, nap mande ak tout Ayisyen konsekan, tout Ayisyen ki kwè nan Ayiti yo, pou yo leve kanpe epi angaje yo nan bon jan batay ki dwe pèmèt pri gaz la desann kòm sa dwa. Angaje nou nan bon jan batay pou produi premye nesesite yo desann nan pri pou pèp la ka achte pou vann, men nan pri tou pou malere ak malerez kapab achte pou bay pitit yo manje. Nap profite di gouvenman an ak tout leta a, nou menm ti machann, nou pa t manje pwa, nou pa ka bay lapire. Nap profite di tout moun ki kanpe nan fòs fè nwa yo epi ki tap banbile lajan petro karibe a, se pa pèp la, ni se pa nou menm ti machann ki dwe peye fakti a. Jwèt lajan petro karibe a, se jwèt chodyè monte sou do pèp, li desann sou non gwo zouzoun. Nou men m nou di abraram di sètase.

(…)

Moun ki siyen not sa a :

Marc Dieubénit,
Kowòdonatè

Jean Claude Jean Marie, Pòt pawòl