Haiti
Ti chèz ba

Ayiti: Yon nouvo konplo kont mas popilè yo ak nasyon an


Ekri jou mèkredi 21 janvye 2015

Kominike plizyè oganizasyon politik

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 20 janvye 2015

Sa anpil patriyòt te prevwa epi t ap denonse depi lontan reyalize jounen jodi a. Pouvwa Martelly a ak alye li yo t ap kreye kondisyon pou chanm depite a ale, rann sena a disfonksyonèl pou l te ka dirije peyi a ak kout dekrè. Koudeta planifye sa a kont enstitisyon demokratik yo nan peyi a pèmèt patriyòt ayisyen yo dekouvri epi konprann pi byen mak fabrik gouvènman Martelly/Lamothe la pandan plis pase 3 lane pratik politik li yo. Sa ki te parèt pou sèten sektè kòm senp devyasyon ak tandans otoritè, montre vrè figi l jounen jodi a, tankou pwovokasyon jounalis ak manm pati politik, kanaval anpèmanans, alevini san rete aletranje, menas ak arestasyon ilegal opozan, negosyasyon bidon soti « El Rancho » rive « Kinam ». Tousa se te divès pyès teyàt pou te detounen atansyon tout moun sou nesesite òganizasyon eleksyon pou renouvle tyè sena a ak chanm depite a.

Anreyalite, pouvwa Martelly/Lamothe la te vle plonje peyi a nan yon kriz grav pou te anpeche enstitisyon demokratik yo renouvle nòmalman. Koudeta kont enstitisyon demokratik yo pa rive akouche jan yo te pwograme l la akòz rezistans sèten sektè popilè ak demokratik nan divès fòm manifestasyon. Mobilizasyon nan lari a pote ale Premye minis Lamothe, li fòse KEP koupyon an demisyone epi li fè Prezidan japwouv Kou Kasasyon an rale kò l. Men sa pa rive anpeche vid enstitisyonèl 12 janvye a, malgre akò 23 desanm, akò chanpwèl 11 janvye, nominasyon yon premye minis defakto ak yon kabinè ministeryèl defakto. Enstans dekorasyon defakto sa yo pa anpeche Prezidans lan rete jodi a sèl enstans ki gen pouvwa deside. Gouvènman defakto a pral tounen yon jiwèt.

Malgre sa, misyon enperyalis la ak oligachi lokal la bay Martelly pou l egzekite a panko fini. Martelly gen pou l kreye kondisyon legal pou miltinasyonal yo ansanm ak lòt gwo antrepriz nasyonal kou etranje yo piye richès peyi a, eksplwate fòs kouraj travayè yo pou granmesi, fè dappiyanp sou tè peyizan ak sou ti lajan pèp la nan vann yo machandiz ak sèvis byen chè. Pou sa, fòk Martelly voye jete Konstitisyon 1987 la epi vini ak fotokopi nouvo konstitisyon pisans etranje yo deja genyen nan valiz yo, tankou sa te fèt an 1918, nan tan premye okipasyon meriken.

Si ti pwojè rakèt pa reyisi andyoze sifizàmman konsyans politik mas yo, si pa gen ase divizyon nan mitan aktè òganize nan sosyete a, MINUSTHA, Lapolis ak atoufè pouvwa a ap genyen pou ogmante nivo represyon an kont mas popilè yo. Kidonk konplo ak koudeta antidemokratik enperyalis la ak gouvènman Martelly a ap deplòtonnen kont pèp ayisyen an e kont nasyon an pral kontinye vanse ak lòt vitès.

Sitwayen ak sitwayèn peyi d Ayiti, sitiyasyon an vrèman kritik, men lit la dwe kontinye!

Lit mas yo dwe kontinye kont vòl ak koripsyon nan Leta a ki vin anvlimen pi plis sitiyasyon moun ki pi pòv yo epi ogmante dèt peyi a nan fè gaspiyaj ak gagòt. Nou dwe goumen pou bon jan ankèt fèt sou lajan Petwo Karibe ak lajan Fon Nasyonal pou ledikasyon an. Fòk nou fòse Lakou Siperyè Kont fè travay li kòmsadwa sou jesyon kès Leta a ak fonksyonnman administrasyon piblik la.

Lit mas yo dwe kontinye pou peyi a rive òganize nan bon kondisyon eleksyon jeneral antisipe ki pa anba kontwòl pouvwa a ni anba lòd kominote entènasyonal la. Kote souvrènte popilè a ka eksprime l epi vòt pèp la respekte.

Lit mas yo dwe kontinye kont volonte pouvwa a ak kèk pisans etranje pou amande konstitisyon 1987 la san respè pyès prensip ki anndan konstitisyon an. Sa y ap rapouswiv se fè pèp ayisyen an pèdi tout konkèt demokratik li te fè nan mouvman 1986 yo epi fè peyi a tounen yon savann kote yo ka fè ak defè jan yo vle.

Lit mas yo dwe kontinye nan mete kanpe Komite Vijilans Patriyotik nan katye yo, nan vil yo ak nan seksyon kominal yo, pou batay kont tout fòm gwo ponyèt, abi, enjistis ak krazezo gouvènman Martelly/K-Plim/Defakto a. Se konsa n ap rive pwoteje an granmoun divès espas peyi a ak tout richès ki gen ladan yo.

An nou angaje nou pou mete kanpe yon « Fwon politik pou di NON » kont tout fòm pouvwa defakto, kont titèl-okipasyon ekonomik, politik, sosyal ak ideyolojik pisans etranje yo mete sou peyi a.

Objektif tout lit sa yo se rive konstwi ansanm yon pwojè politik altènatif ki ranmase enterè tout Ayisyèn ak tout Ayisyen. Yon pwojè politik altènatif k ap pèmèt peyi a reprann dwa grandèt majè li. Yon pwojè politik altènatif ki chita sou yon modèl devlopman fòs pwodiktiv yo ki respekte lanati, ki respekte dwa moun epi k ap fè kreyasyon ak redistribisyon richès nasyonal yo san fòs kote.

Pòtoprens, 20 janvye 2015

Pati ak òganizasyon politik ki siyen pozisyon sa a:

Junot Felix / Aksyon pou Konstwi yon Ayiti Òganize - AKAO .........................................

John Blot / Ayiti Djanm ...........................................................................................

Ernst Mathurin / Gwoup Refleksyon Moïse Louverture - GRML ......................................

Fritz Pérard / Komite Rezistans Popilè Benoit Batraville - KRPBB ...................................

Marc Arthur Fils Aimé / Pati Rasin Kan Pèp la .............................................................