Ti chèz ba

Èske se Prezidan Repiblik la ki dwe enstale Premye Akademisyen Lang Kreyòl Peyi d Ayiti yo ?


lundi 24 novembre 2014

Fritz Deshommes *

Tèks sa a vin jwenn AlterPresse 21 novanm 2014

Nan yon nòt pou laprès nou te siyen nan dat 21 oktòb 2014 nan non Komite Pou Tabli Akademi Kreyòl ayisyen an, nou te di :

« Nan lespri pa nou, lè nou konsidere Akademi an se yon enstitisyon tou nèf, yon enstitisyon Leta, ki soti dirèk dirèk nan Konstitisyon peyi a ; lè nou konsidere sa li ye, sa l gen pou l fè , nannan travay li ; lè nou konsidere estati l, plas li nan chapant Leta a, nou panse se Chèf Leta a li menm ki ta dwe enstale premye Konsèy akademisyen an, ki ta dwe louvri pòt enstitisyon Leta tou nèf sa a, nan yon seremoni kote tout Pouvwa Leta yo ta dwe prezan [1] » .

Plizyè kòlèg pa twò dakò ak pozisyon sa a. Nan yon atik nou jwenn sou sit « Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l’Avenir d’Haiti » Jafrikayiti eksplike ki jan li pran gwo « sezisman » lè l tande se Prezidan an n ap tann pou n enstale Akademisyen yo [2]. Li site yon atik AlterPresse pibliye nan dat 21 oktòb 2014 : « Les 33 membres de l’Académie du Créole attendent Martelly pour être installés » [3]. Bagay sa a ba li « kè sere ». Pou li menm : « Akademi Kreyòl la ta dwe tabli granmounalite l depi nan vant ! Vwalatilpa nou chwazi lage destine nou nan men yon prezidan ki … » Se pou sa li panse : « Depi opa nou fè fo pa ».

Pou ki sa se Prezidan an ? Pou ki sa nou vle mete Prezidan an nan tout bagay ? Èske pa gen yon danje nan sa ? Èske sa pa bay Prezidan an yon okazyon anplis pou l bloke Akademi an ? Sitou lè nou sonje jan l te fè objeksyon sou lwa a epi pakèt tan l te pran pou l te voye pibliye l nan jounal ofisyèl « Le Moniteur » ?

Èske nou pa ta dwe tou pran dwa granmoun nou apre tout batay nou fin mennen pou n rive nan etap sa a ?

Se tout kesyon sa yo anpil moun ap poze.

Se vre, tout pawòl sa yo t ap pale nan moman te gen anpil dout sou desizyon Prezidans lan sou kesyon louvri pòt Akademi an.

Dèske koulye a nou gen dizon Palè Nasyonal sou dat enstalasyon Akademi an (4 desanm 2014) [4], nou ta ka di : ann kite sa, ann pa rete sou kesyon an, ann pouse pou pi devan.

Jan Jafrikayiti di l : Nou si tèlman gen bagay pou n okipe … « Pa gen tan pou gaspiye. Nou deja anreta plizyè deseni ».

Poutan nou panse kesyon an enpòtan anpil anpil. Li pa yon senp zafè pwotokòl, kòmkwa nou ta bonbe lestomak nou lè se Prezidan an ki ta fè enstalasyon an. Oubyen nou ta santi n pi alèz, paske se konsa alatèt peyi Lafrans yo fè pou Akademi franse.
Kesyon an al pi lwen pase sa. Li envite n reflechi sou chapant Leta a li menm, sou wòl ak estati Akademi an. Li ta menm mande n pou n rantre pi fon nan rezon ki fè manman lwa peyi a kreye enstitisyon endepandan yo epi ba yo anpil konsiderasyon.


1- Ki kalite enstitisyon Akademi an ye ?

Ann sonje ki kote Akademi Kreyòl la soti : se Konstitisyon 1987 la menm ki kreye l. Se menm Konstitisyon sa a ki mande n pou n fini ak tout diskriminasyon, tout sitiyasyon miwo miba kèlkilanswa kiltirèl, relijye, lengwistik. Menm Konstitisyon sa a ki mete lang kreyòl kòm yonn nan de (2) lang ofisyèl peyi d Ayiti anplis li se sèl lang nasyonal ki simante tout popilasyon an. Menm konstitisyon sa a ki mande pou lajistis fonksyone an kreyòl tou, pou tout lwa, tout dekrè, tout arete, kominike, elatriye, yo bay yo an kreyòl tou. …

Epi pou n rive aplike tout mezi sa yo nan bon kondisyon, Konstitisyon an tou kreye yon zouti espesyal. Li rele Akademi Kreyòl. Zouti sa a gen de (2) gwo misyon. Yonn se : « fikse lang kreyòl la ». Lòt la se : « fè l kapab devlope an fòm, ann òd epi selon prensip lasyans ».

Sou premye misyon an, nou konnen anpil lengwis pa renmen mo « fikse » a . Paske yo panse sa ta ka bay kèk moun tandans pou bloke lang lan, anpeche moun pale, anpeche lang lan devlope, vin pi djanm. Erezman woumble [5] nou te òganize nan mwa oktòb 2011 la : “Akademi kreyòl ayisyen : ki avantaj, ki pwoblèm, ki defi, ki avni ?” rezoud pwoblèm nan. Tout patisipan yo mete yo dakò sou ki jan pou nou entèprete mo “fikse” a ak sou wòl ak misyon Akademi an. Epi lwa 23 avril 2013 [6] la byen eksplike wòl Akademi an nan zafè gramè, sentaks, vokabilè, òtograf ak fonoloji lang lan.

Kidonk, Akademi Kreyòl la se yon enstitisyon Leta ki soti dirèk dirèk nan Konstitisyon 1987 la. Sa vle di, nan batay pèp ayisyen an pou tabli yon lòt Leta, yon lòt peyi, yon lòt kalite relasyon ant alatèt yo ak popilasyon an. An nou sonje jan pèp ayisyen an te mobilize sou koze Konstitisyon sa a : nan elaborasyon l, nan diskisyon sou li, nan al vote l yon dimanch 29 mas ki te sanble tèt koupe ak yon kokenn jounen fèt nasyonal.

Men sa lwa sou Akademi an di : « Akademi Kreyòl ayisyen an se yon enstitisyon Leta ki gen konpetans pou li travay sou lang kreyòl la jan Konstitisyon 1987 la mande l, egzije l. Li la pou garanti dwa lengwistik tout Ayisyen sou tout sa ki konsène lang kreyòl la » (Atik 7).

Atik 8 la presize : « Leta ayisyen dwe mete tout mwayen finansye ak tout resous nesesè pou Akademi Kreyòl ayisyen an fonksyone kòmsadwa ».

Atik 10- Akademi Kreyòl ayisyen an ap jere finans ak resous li yo selon prensip kontablite piblik.
Akademi kreyòl la se pa yon enstitisyon prive. Se pa yon asosyasyon sosyete sivil. Se pa yon Fondasyon. Se pa yon ONG. Se yon biwo Leta. Konsa, se yon kondisyon nòmal pou se yon otorite Leta ki ba l envestiti.


2- Ki kalite otorite Leta ?

Menmsi se Leta a, pou ki sa se Prezidan an li menm ? Se pa sèl Prezidan an ki otorite nan Leta a ! Li ta gen dwa Premye Minis lan, yon Minis, yon Sekretè d Eta. Pou ki Komite pou tabli Akademi an vle se Prezidan an atoutfòs ?

Pou nou reponn kesyon sa yo, fòk nou al gade ki kalite sèvis Leta Akademi an ye, ki estati l, ki plas li nan chapant Leta a ?

Lwa sou Akademi an klè : “Akademi Kreyòl ayisyen an se yon enstitisyon Leta. Li endepandan e li kouvri tout peyi a  ». (Atik 5)

Nan Atik 7 la, nou jwenn : Akademi Kreyòl ayisyen an granmoun tèt li devan Lajistis, li responsab tèt li nan zafè jesyon, administrasyon ak finans.

Pwojè lwa sou bidjè 2014-2015 lan pa di lekontrè. Se nan mitan enstitisyon endepandan yo, yo mete Akademi Kreyòl la [7].

Epi, Konstitisyon an li menm te deja rezoud kesyon an. Se nan tit VI sou « Sèvis Leta ki endepandan yo » li mete Akademi an, menm kote ak Konsèy Elektoral (KEP), Koudèkont, Inivèsite Leta a, Biwo Pwoteksyon Sitwayen, elatriye.

Ki sa sa vle di ? Sa vle di, Akademi an pa ni yon sèvis dekonsantre, ni yon sèvis otonòm, ni yon Ministè. Li pa fè pati Gouvènman an.

Si l te yon branch nan Gouvènman an, li t ap sou kont Premye Minis la, oswa yon minis, oswa yon sekretè d Eta. Men se pa sa. Se pou tèt sa, se pa ni Premye Minis la, ni yon minis ki gen konpetans pou louvri pòt Akademi an.

Se pou n di tou li pa yon branch nan Pouvwa Lejislatif la oubyen Pouvwa Jidisyè a. Li se yon enstitisyon endepandan.


3- Ki sa k yon enstitisyon endepandan ?

Yo kòmanse ap pale sou enstitisyon endepandan nan peyi d Ayiti depi nan lane 1957 (Konstitisyon 1957). Konstitisyon 1987 la ba yo gwo wòl nan chapant Leta a. Men jiska prezan poko gen yon lwa ki di ki sa yo ye, ki pouvwa yo genyen, ki relasyon pou yo tabli ak lòt pouvwa Leta yo.

Nan yon liv nou pibliye sou Inivèsite Leta a (« Université et Luttes Démocratiques en Haiti ») [8], nou te sijere kèk pwen ki ta dwe makfabrik enstitisyon sa yo. Egzanp :

-  se pa yon sèl moun ki alatèt yo. Se yon Konsèy ki gen plizyè manm.

-  règ jwèt pou yo deziye alatèt yo dwe bay bonjan garanti transparans ak konpetans ;

-  yo pa gen dwa ni revoke ni arete manm sa yo nenpòt ki jan, sitou lè y ap fè travay yo.

-  ni enstitisyon yo ni responsab yo pa sou zòd okenn ministè.

Nan yon pwojè lwa yon gwoup enstitisyon sa yo met ansanm pou prepare (Koudèkont, KEP, UEH, OPC), yo adopte tout pwen sa yo [9]. Epi yo bay plis detay sou kalite relasyon enstitisyon endepandan yo ta dwe tabli ak pouvwa Leta yo.

An reyalite, yon enstitisyon endepandan pa yon ti Leta pou kont li. Li pa gen dwa fè sa l vle. Li anndan Leta a. Li gen kont pou l rann. Li gen yon misyon espesyal anndan Leta a. Men li se yon branch nan Leta a. Gen moun ki di enstitisyon endepandan yo se yon 4e wòch dife Konstitisyon 1987 la mete pou kore Leta a kòtakòt ak 3 lòt pouvwa nou konnen yo : pouvwa Egzekitif, pouvwa Lejislatif, pouvwa Jidisyè.

Alòs, si akademi an se yon sèvis Leta tou nèf, ki pa depann de okenn lòt pouvwa, kilès ki pou louvri pòt li ?

Sèl pèsonaj ki ka jwe wòl sa a, se Chèf Leta a limenm. Se li ki la pou fè Leta a fonksyone kòmsadwa. Se li ki dwe veyatif pou lòt enstitisyon Leta yo egziste, epi pou yo byen fonksyone.

(atik sa a ap gen yon 2èm pati)
……………

* Vis rektè Inivèsite Leta Ayiti

[1Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen, « Ayibobo pou 33 premye Akademisyen Lang Kreyòl Peyi d Ayiti », Nòt pou laprès, 21 oktòb 2014

[2Jafrikayiti, “AKADEMI KREYÒL : Felisitasyon men atansyon” Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l’Avenir d’Haiti, 5 novanm 2014

[3AlterPresse, Les 33 membres de l’Académie du Créole attendent Martelly pour être installés, 21 oktòb 2014

[4N ap tou pwofite fè moun konnen dat sa a : 4 desanm 2014, 10 è nan maten

[5Govain Renauld (sou direksyon), Akademi kreyòl ayisyen : ki avantaj, ki pwoblèm, ki defi, ki avni ?”, Editions de l’Université d’Etat d’Haïti, 2012, Port-au-Prince

[6Jounal « Le Moniteur », Lwa sou kreayasyon Akademi Kreyòl Ayisyen, 7 avril 2014

[7Gouvernement de la République d’Haiti, Projet de Budget de l’Exercice 2014-2015, Juin 2014

[8Deshommes, Fritz, Université et Luttes Démocratiques en Haiti , Editions Cahiers Universitaires, 2003 ; Editions de l’Université d’Etat d’Haiti, 2009, Port-au-Prince.

[9CSCCA-UEH-OPC-CEP, Avant-Projet de Loi-Cadre sur les Institutions Indépendantes, 2014