Haiti
Ti chèz ba

Teknoloji-Pedagoji : Ti koze ak pwofesè Michel DeGraff sou nouvo teknoloji pou ansèyman syans ak matematik ann Ayiti


Ekri jou dimanch 6 janvye 2013

Sa se tradiksyon ak yon ti degi sou yon entèvyou Michel DeGraff, Pwofesè Lengwistik nan Massachusetts Institute of Technology (“MIT”), ki te parèt nan dat 16 oktòb 2012 nan Magazin Said & Done, MIT School of Humanities, Arts & Sciences: http://shass.mit.edu/news/news-2012... .

Se Yves Dejean ak Jacques Pierre ki te tradui atik la, epi Michel DeGraff mete degi sou li

Michel DeGraff, ki se Pwofesè Lengwistik nan Massachusetts Institute of Technology (“MIT”), fèk resevwa yon valè lajan, yon milyon dola, National Science Foundation o Zetazini (“NSF”) mete a dispozisyon l pou travay li pral fè, pandan omwen senk an, sou pedagoji epi lengwistik ann Ayiti. Rechèch sa yo ap devlope nouvo zouti teknolojik pou ansèyman syans ak matematik nan lang kreyòl Ayiti a pou premye fwa. Nou pale ak pwofesè a, nou mande l kouman li wè rechèch sa a, ki sitiyasyon lang kreyòl la, kouman edikasyon ka devlope pi devan ann Ayiti. Li reponn kesyon sa yo, epi li anonse yon seri atelye fòmasyon ki pral konmanse an janvye 2013 pou pwofesè matematik ak syans ann Ayiti.

Ki jan lajan NSF la ap ede travay ou fè pwogrè?

Michel DeGraff: Lajan sa a ap ban nou mwayen fè gran pwogrè pou nou vanse pi lwen pase premye ti pwogrè nou deja fè gras a konkou MIT ansanm ak patnè nou yo tankou Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL), Fakilte Syans nan Inivèsite Leta Ayiti epi Inivèsite Karayib. Gras a èd sa a, ki se yon finansman ki pral ban nou sipò pandan senk an, Inisyativ MIT-Ayiti a ap fè kichòy ki pa te ko janm fèt anvan sa. Dapre sa m konnen, se premye fwa vre yon pwojè ap devlope yon gran kantite materyèl an kreyòl pou syans epi matematik nan nivo ansèyman siperyè. Materyèl sa yo pral monte sou entènèt tou (nou ka wè yon pati nan yo nan sit sa a: http://haiti.mit.edu ). Epi pwojè a pral teste kalite materyèl sa yo. N ap ede nan preparasyon yon nouvo vokabilè ak nouvo zouti pou syans ak matematik an kreyòl, yon nouvo mòd panse kiltirèl pou etid wo nivo ann Ayiti.

Nouvo mòd panse kiltirèl sa a diferan nèt ak abitid yo devlope nan lekòl ann Ayiti. Wi, nouvo metòd aprantisaj sa yo diferan nèt ak mòd aprann pa kè yon pakèt pawòl ki ekri an franse—aprann tankou jako repèt, aprann pawòl yon ti pòsyon elèv sèlman ka konprann byen oubyen konprann malman. Epi pwojè sa a ap ka sèvi kòm yon modèl pou plizyè milyon elèv ak etidyan ki swaf konesans lasyans toupatou sou latè, e ki leve ak lang zòn pa yo tankou ti Ayisyen leve ak lang kreyòl nou an. Ki fè, pwojè nou an ap louvri baryè ni nan branch lengwistik ak edikasyon, ni nan branch syans ak matematik.

Mwen kontan anpil. Men, m enkyete tou—devan gwosè baryè nou wè nan sistèm edikasyon ann Ayiti, devan yon pakèt vye lide k ap plede di kreyòl pa ka sèvi kòm lang pou syans ak matematik. Malgre sa, m ankouraje paske gen anpil edikatè nan MIT, ann Ayiti ak lòt kote ki deside pou pwojè sa a reyisi. Mwen rete kwè ke, anvan lontan, efò sa a—yon efò ki deja konmanse—pral deklannche yon gran mouvman etid ak yon bon opòtinite pou etidyan nou yo tounen lidè nan edikasyon ak rechèch nan plizyè domèn.

Èske gen anpil diferans ant kreyòl ak franse? Ki konsekans diferans sa yo genyen sou edikasyon ann Ayiti?

Michel DeGraff: Kreyòl ak franse se de (2) lang diferan, kwak nan sikonstans istorik ki konsène yo, youn an rapò ak lòt. Sa yon ti jan tankou rapò franse ak laten. Pi fò mo kreyòl Ayiti a ak anpil modèl fraz soti nan franse. Men, modèl son, sentaks ak sans konn diferan, bon jan diferan, nan anpil kontèks. Epi tou, kreyòl montre enfliyans gwoup lang zòn Nijè-Kongo ann Afrik. Moun ki pale kreyòl sèlman ka konprann ti moso franse malman, epi moun ki pale franse sèlman ka konprann ti moso kreyòl malman.

An reyalite, franse kòm lang pou enstwi elèv lekòl ann Ayiti, sa sèvi kòm yon baryè ki klete nan figi pi fò elèv ak etidyan. An jeneral, konesans transmèt pi byen lè ni etidyan ni pwofesè sèvi ak yon lang yo ka rele “chè mèt chè metrès”. Kanta metòd modèn pou aprantisaj aktif nan syans ak matematik, yo mande pou etidyan yo sèvi ak bon sans yo pou yo fè anpil rezònman ak anpil diskisyon antre yo pandan y ap rezoud pwoblèm pou yo bati pwòp konesans pa yo. Aktivite pratik sa yo pa fouti reyisi nan yon lang yo pa konnen byen.

Epi tou, gen yon prensip enpòtan nou deja dekouvri nan rechèch k ap fèt sou wòl lang nan edikasyon: Lè nou sèvi ak lang natif-natal la pou nou bati fondasyon konesans sou lekti, ekriti, syans epi matematik, elèv la ap pi alèz pou li transfere konesans sa yo nan nenpòt ki lòt lang li pral aprann pi ta, kit se franse, angle, panyòl, eksetera.

Si nou vle kreye yon sistèm solid pou aprantisaj aktif epi pou inovasyon ak rechèch pwofonde ann Ayiti, yon sistèm ki pou pèmèt tout etidyan ak tout elèv jwenn chans pou yo vin maton nan syans ak matematik, se an kreyòl nou dwe fè sa, se an kreyòl pou materyèl yo ekri. Se kon sa, pi fò etidyan nou yo ap rive jwenn plis chans pou yo tounen syantis, enjenye oswa matematisyen ki ka rive fè bon jan rechèch ak inovasyon pou rezoud pwoblèm pa yo, pwoblèm kominote yo ak pwoblèm peyi a. Si nou pa fè sa, se toujou yon ti ponyen Ayisyen k ap rive jwenn yon edikasyon ki djanm, epi peyi a p ap ka develope kòm sa dwa.

Nan 17èm syèk ann Ewòp, se an laten epi an grèk pi fò save te konn mete syans ak matematik sou papye. An 1637, lè filozòf fransè René Descartes te pibliye Diskou sou metòd li a an franse olye de laten, se paske li te vle gaye metòd syantifik li yo pami plis moun nan peyi Lafrans. Se pou sa li te chache ekri liv li a nan yon lang ki klè tankou dlo kokoye, nan yon lang konpatriyòt li yo te ka konprann pi fasil pase laten. Li pa te vle pou filozofi li a te sèlman rete nan sèl men yon ti lelit save ki te ka pale laten. Nan menm liv sa a kote Descartes te fè bèl rezònman filozofik “Je pense, donc je suis” (ki vle di: “M ap panse. Ki fè, m egziste”), li te di tou:

“Si m ap ekri an franse, ki se lang peyi mwen, olye de laten ki se lang pwofesè mwen yo, se paske mwen vle pou moun k ap li liv sa a sèvi ak bon sans yo sèlman pou yo rive konprann sa m ap esplike a. Moun sa yo ap rive analize metòd syantifik mwen yo pi byen pase moun ki sèlman kwè nan liv demode ki ekri an laten.” (Descartes, Diskou sou metòd, paj 77)

Se kon sa nou-menm Ayisyen nou dwe kreye plis zouti pedagojik an kreyòl si nou vle gaye bon jan konesans pami pi fò Ayisyen nan peyi nou. E sa pral pèmèt etidyan nou yo sèvi ak bon sans yo pou yo aprann olye pou yo kontinye ap etidye pa kè san konprann.

Pwojè w la fèt pou moun ki pale lang ki pa ko gen ase mo pou syans ak matematik. Èske ou ka esplike ki kalite mank sa a epi ki dimansyon mank sa a?

Michel DeGraff: Se apre 1980 sèlman yo konmanse ekri kreyòl ak yon sistèm òtograf ki ofisyèl. Malerezman, ann Ayiti, pi fò materyèl pedagojik ekri an franse, ki fè nou pa ko gen ase mo kreyòl pou syans ak matematik, espesyalman pou pi wo nivo yo. Men, sa se yon pwoblèm ki ka rezoud. Kalite mank kon sa nan vokabilè se yon fenomèn nou abitye jwenn nan istwa lang, ata nan lang nou konn rele “lang entènasyonal”. Si nou fè yon lòt bak annaryè pou nou tounen nan dat nèg save ann Ewòp te ekri pi plis bagay an laten oubyen an grèk, lang mas pèp la (pa egzanp, franse pandan mwayennaj) pa te sèvi pou lasyans. Ki fè yon lang tankou franse pandan mwayennaj, tankou kreyòl kounyea, te manke mo pou syans ak matematik. An 1637, Descartes se youn nan premye savan ki te pibliye liv an franse. Lè sa a, yo te konsidere franse kòm “lang vilgè” devan laten ak grèk. Lè sa a, franse te tèlman “vilgè”, etidyan nan Inivèsite Pari te konn pran bon jan baton lè pwofesè yo te bare yo k ap pale franse.

Lè se kon sa nou wè istwa devlòpman lang tankou franse, vokabilè nan yon lang se tankou mis nan kò moun. Selon sèvis yo, se selon devlopman yo. Kote nouvo vokabilè soti? Pi souvan nanpwen okenn komite k ap regle sa. Kreyasyon nouvo mo, se yon mouvman ki abitye sòt anba, monte anwo. Mo angle pou nouvo mòd teknoloji pou kominikasyon se bon jan egzanp pou sa. Ann gade nouvo vèb ann angle tankou: “to xerox, to fax, to email, to skype” eksetera. Mo sa yo vin devlope selon nouvo bezwen mou ki pale lang lan. Kreyòl deja gen mo pou mezi, aritmetik, eksetera, e pi fò ladan yo soti nan franse. Pou koze lasyans ki pi konplike, men sa esperyans nou fè ak materyèl an kreyòl montre nou: genlè anpil mo lasyans (an biyoloji, fizik, matematik, pa egzanp) pral soti nan konpayèl franse yo. Anpil mo franse sa yo, yo menm, se nan mo laten ak mo grèk yo soti. An tou ka, mo sa yo ki soti nan franse, depi yo tounen mo kreyòl, yo ranmase kèk nouvo modèl son. Epi tou, pou kreye nouvo vokabilè pou syans ak matematik, gen de lè moun gen rezon chèche mo ki deja sanble ak pawòl an kreyòl nou abitye pale selon lide pa nou. Sa se yon branch ki mande pou nou fè anpil rechèch, fouye lang kreyòl la nan prepare yon nouvo vokabilè pou lasyans epi teste li. Ak konkou pwofesè ayisyen an kolaborasyon ak MIT Teaching & Learning Laboratory (“Laboratwa MIT pou ansèyan ak aprantisaj”), nou pral teste kouman nou ka sèvi ak nouvo vokabilè kreyòl sa a, ansanm ak nouvo materyèl an kreyòl, nan sal klas.

Ki kantite etidyan ayisyen ap jwenn mwayen etidye syans ak matematik an kreyòl pandan pwojè sa a?

Michel DeGraff: Pwojè nou an deja konmanse bonnè ane sa a. An mas 2012, nou te òganize atelye fòmasyon pou yon senkantèn pwofesè fizik ak biyoloji ann Ayiti. Resous pedagojik n ap devlope an kolaborasyon ak kolèg ayisyen nou yo, yo pral monte sou entènèt kòm Resous pedagojik san baryè (sa yo rele “Open Education Resources” ann angle). Pami resous sa yo, pral gen yon koleksyon lojisyèl ki baze sou “STAR” pou biyoloji (Software Tools for Academics and Resources, http://star.mit.edu/ ), “Mathlets” pou ekwasyon diferansyèl nan matematik ( http://math.mit.edu/mathlets/ ), “TEAL” pou fizik (Technology Enabled Active Learning nan http://web.mit.edu/8.02t/www/802TEA... ), OpenCourseWare pou yon dividal lòt matyè ( http://ocw.mit.edu/ ), eksetera. Kon sa, anvan lontan, resous sa yo ap rive nan men gran kantite pwofesè ki pale kreyòl, nan men etidyan ak lòt gwoup moun ki sèvi ak entènèt. Erezman rezo entènèt san fil (“Wi Fi”) ap pran pye chak jou pi plis ann Ayiti, ata kote ki byen lwen andeyò, ata nan mòn nan Lagonav kote m ap travay tou. Nou pral fè yon jan tou pou nou gaye resous nou genyen yo ak kle USB pou kote ki pa gen entènèt.

Plis toujou, youn nan manman anbisyon pwojè a se ogmante kapasite ansèyman siperyè ann Ayiti. Gras a pwojè sa a, pwofesè ann Ayiti ap vin pi pwofonde nan metòd aprantisaj aktif ki chita sou nouvo teknoloji. Nouvèl konesans sa yo, pwofesè ki patisipe nan atelye yo ap ka gaye yo pami pi gwo kantite pwofesè ak etidyan nan peyi a. Efò sa yo pral tabli yon espès gran bibliyotèk nasyonal ki pral chaje ak resous pedagojik san baryè. Resous sa yo, se an kreyòl y ap ye pou yo “san baryè” tout bon vre, pou pa gen okenn pwoblèm dekodaj nan yon lang etidyan yo pa fin alèz ladan. Kalite efò lokal sa yo ap bay pwojè a yon bèl chans anplis pou li pran pye fon nan peyi a. Sa pi garanti pase nan yon sitiyasyon kote resous yo ta soti andeyò peyi a sèlman.

Èske gen kichòy ou kab di nou pou w esplike n ki jan MIT te fasilite pwojè sa a?

Michel DeGraff: Dapre mwen, se gras a MIT yon pwojè kon sa ta ka konmanse. Nan MIT, ni pwofesè, ni administrasyon, ni lòt anplwaye, yo tout devwe toutbon pou avansman rechèch ak edikasyon tout kote sou latè. MIT fè kokennchenn pwogrè nan sèvi ak resous teknolojik pou gaye bon jan edikasyon ak rechèch tout kote sou latè. Youn nan kalite pwogrè sa yo, se mouvman Edikasyon san baryè a (“Open Education”), ki te konmanse ak Materyèl pedagojik san baryè (OpenCourseWare nan http://ocw.mit.edu ) epi ki vin devlope plis toujou ak MITx epi EdX nan https://www.edx.org/ . Objekfik aktivite sa yo se libere konesans pou bay lespri nou fòs (“Unlocking knowledge, empowering minds”).

Resous pedagojik san baryè sa yo vin tounen yon modèl pou edikasyon avanse lòt kote sou latè a. Ayiti se peyi kote m fèt la, yon peyi mwen renmen anpil. E se yon peyi ki sitèlman bezwen fè pwogrè nan branch sa a. Plis toujou, gen yon pakèt avantaj lè pwofesè ak etidyan toupatou ka pote-kole epi met tèt ansanm pou yo kontribye nan nouvo konesans k ap parèt yo. Epi nou-menm tou kòm pwofesè ayisyen an kolaborasyon ak lòt patnè nou yo, nou sèten nou gen esperyans ki gen anpil valè e ki ka itil pou mouvman edikasyon san baryè ka gaye nan enstitisyon toupatou sou latè.

Èske gen kolaboratè ou te jwenn e ou ta renmen nonmen non yo?

Michel DeGraff: Chans pa m, mwen travay ak yon bon kantite kolèg nan divès branch MIT epi ann Ayiti tou. Nou tout, nou enterese nan konsekans global kolaborasyon sa a. Si gen yon grenn moun pou mwen nonmen non li, fòk se Doktè Vijay Kumar (direktè Biwo Inovasyon ak Teknoloji Pedagojik nan MIT—“Office for Educational Innovation and Technology) ak ekip vanyan li a. Travay sa a pa ta ka wè limyè solèy la, si nou pa te gen konkou Vijay depi nou konmanse. Epi, se sèten, pa ta ka genyen okenn “Inisyativ MIT-Ayiti” a, si pa te gen tèt ansanm ak anpil devouman ant edikatè MIT ansanm ak edikatè ann Ayiti oubyen si pa te gen èd administrasyon MIT, espesyalman Philip Koury ak Tom Kochan ki se de (2) lidè nan administrasyon aktivite MIT ap fè ann Ayiti.

M ta dwe pale klè tou pou m deklare enpòtans sa te genyen pou nou te jwenn kolaborasyon ak sipò plizyè òganizasyon ann Ayiti ak lòt kote. Mwen gen yon mèsi espesyal pou Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL), Fondasyon Soros Open Society Foundations epi Wade Fund. Fondasyon sa yo, yo te pami premye òganizasyon ki te kwè nan pwojè sa a e ki te ban nou èd. Epi, depi nou konmanse travay sa a, nou toujou jwenn bon sipò nan men patnè nou yo ann Ayiti tankou Pwofesè Yves Dejean ak lòt kolèg nan Fakilte Lengwistik Aplike (Inivèsite Leta Ayiti), Inivèsite Karayib epi Lekòl Kominotè Matènwa nan Lagonav. Se yo ki devan bann nan nèt nan ansèyman ki bati sou kreyòl. Epi nou jwenn kokennchenn sipò nan men Fakilte Syans nan Inivèsite Leta Ayiti. Epi NATCOM ap ban nou èd teknik enpòtan pou aktivite kongrè nou yo ann Ayiti. Finalman n ap bay mèsi san bout pou NSF poutèt finansman estwòdinè sa a, pou Doktè Janet Kolodner (NSF Cyberlearning) ki ede nou derape, epi poutèt jan li konprann sa ki nesesè pou yon pwojè kon sa reyisi.

Ki dènye pawòl w ap di nou anvan n ale?

Michel DeGraff: Inisyativ MIT-Ayiti a montre posiblite kolaborasyon ant savan, matematisyen, lengwis, edikatè, administratè, eksetera, pou yo rezoud pwoblèm ki la lontan ni nan zafè edikasyon pou tout moun ki sou latè, ni nan zafè jistis sosyal. Men anpil, chay pa lou, jan pwovèb kreyòl la di a.

…………

Yon ti degi pou pwofesè ki enterese patisipe nan pwochen atelye Inisyativ MIT-Haiti a: Tanpri al gade pwogram nan nan sit http://web.mit.edu/mithaiti/www/MIT... epi voye Kourikoulòm Vite ansanm ak diplòm nou (nan fòma PDF oswa JPEG) nan adrès imel sa a: MIT-Haiti@mit.edu. Epi nou dwe ranpli yon sondaj pou enskripsyon nan sit sa a: https://www.surveymonkey.com/s/Sond...