Haiti
Ti chèz ba

Ayiti : De ki prevyen apre 2 mwa ?


Ekri jou madi 4 me 2004

Yon atik Ronald Colbert

Potop., 5 me 04 [AlterPresse] --- 2 mwa apre demisyon diktatè Jan Bètran Aristid nan tèt peyi karayib la, Repiblik d Ayiti ap debat piti piti pou retounen nan yon sitiyasyon nòmal. Nouvo gouvènman an ki gen nan tèt li Jera Latòti, yon ansyen fonksyonè Oganizasyon Nasyon Zini pou Devlopman Endistriyèl (ONUDI), trè lan nan pran desizyon ki nesesè yo, dapre obsèvasyon divès sektè.

Nouvo ekip, ki pran direksyon peyi a, fè konnen se yon siklòn rejim bout di lavalas la te pase sou peyi a. Aristid ak patizan l yo dechèpiye kès Leta a, sove ak anpil resous lajan peyi a.

Gouvènman Latòti a, ki mete yon sèvis kont koripsyon nan bank santral ak ministè finans, deklare li koumanse demach bò kote gouvènman aletranje yo pou wè kouman li ka rekipere moso nan lajan Aristid ak akolit yo pati al sere nan bank aletranje.

Anpil moun ap mande èske sèvis kont koripsyon sa yo ap mete dispozisyon pou veye sou transfè mago lajan ki ap fè alevini nan bank yo, kote yo di gen lajan sal yon seri chabrak konn pase.

Antouka, popilasyon an Ayiti a gen abitid regle zafè l ak lajan nan men, san itilize ni chèk ni kat kredi. Gen anpil biznis ki pè jiska prezan resevwa chèk akoz sistèm jistis lan pa fonksyone byen, akoz konn gen difikilte pou retrase moun ki siyen fo chèk, malgre yo ta gen yon kat idantite kòrèk.

Fatra fè mikala w

Pwoblèm kès leta a ki vid sanble gen pou wè ak difikilte nouvo otorite yo genyen pou ranmase fatra ki tounen bèl flè / movès odè nan plizyè katye nan kapital la. Dapre Enfòmasyon ajans AltèPrès jwenn, se 400 mil goud (plis pase 11 mil 400 euro) ki ta nesesè pou ranmase fatra chak jou nan kapital la ak konkou machin leta ak prive.

Nouvèl yo fè konnen tou gen patizan lavalas ki ta dèyè politik simaye fatra toupatou nan kapital la, pou eseye met po fig anba pye ekip ki sou pouvwa a.

Apre yon ti jefò ki te koumanse fèt pou debarase Pòtoprens ak chay fatra yo, tout kwen lari vin replen ak anpil bèl flè / movèz odè. Machin sèvis ki konn ranmase fatra yo ra sou tout wout.

Nan anpil katye, chak fanmi eseye peye yon travayè ki pote sou bouwèt fatra divès kay. Pèsonn pa konnen ki kote travayè sa yo al jete tout batanklan sa yo. Anpil moun panse ravin yo, se depotwa a.

Anplis, gen yon travay edikasyon ki pa fèt bò kote divès kategori nan popilasyon an. Toulejou, ou ka remake moun, nan machin piblik oswa prive, deside lage nan lari a po kann, vye papye, sirèt, boutèy plastik, e latriye.

Popilasyon an konn pwofite lè lapli pou jete fatra nan rigòl ak tou regou. Depi gen lapli tou, tankou nan peryòd avril ak me nan Pòtoprens, dlo sal k ap koule sou fatra yo lakoz moustik, marengwen ak lòt azipwopo ki ka gen gwo konsekans sou lavi moun k ap viv tou pre oswa kretyen vivan k ap pase bò kote espozisyon fatra sa yo. Dlo sal k ap dòmi sou tout kalite fatra ka trennen jèm maladi ki ka simaye.

Gen moun ki di fòk yo ta mete poubèl nan tout rakwen. Men, esperyans ki fèt lontan ak poubèl yo te montre anpil sitwayen ak sitwayèn te pran plezi gaye fatra yo arebò poubèl yo, malgre, kèk fwa, sèvis ki konsènen an konn pran anpil reta anvan yo vin ranmase oswa vide poubèl yo.

Jounen jodi a, gen nesesite pou ta gen dispozisyon ki pran pou separe dechè yo : rès po manje ki ka sèvi kòm konpòs ta dwe ale nan sachè espesyal ; materyèl plastik ta dwe nan sachè pa l, elatriye. Sa pral mande pou ta gen biznis ki kapab mete lajan nan resiklaj dechè yo. Sa pral mande tou kouran pou izin ki pral okipe de transfòmasyon sa a.

Deja, an Ayiti, gen divès esperyans ki fèt pou resikle papye ki vin bay yon materyo ki ka ranplase chabon. Sa koumanse nan Latibonit ak nan Pòtoprens. Te gen yon travay pou prepare konpòs ak rès manje, ki vin kanpe nan wout san okenn esplikasyon.

Gen tou divès rechèch ki te fè konnen gen yon pati nan fatra sitwayen yo pwodui, ki kapab sèvi pou bay kouran.

Tout kesyon an, se ki plan yo pral defini pou anviwonman an rete pwòp, san azipwopo pou sante moun. Erezman, zafè boule kawotchou pou ti krik ti krak la sispann depi 2 mwa. Men, gen afè jesyon espas kote anpil moun frekante, kote yo pa fè pwomosyon pou moun yo aprann ki jan pou jere fatra epi ki kote yo dwe mete yo.

Gen tou zafè mache piblik ki gaye sou tout twotwa ki lakoz fatra vin simen toupatou nan kapital Pòtoprens. Gen biwo leta ak biznis prive ki pa okipe byen kesyon bwat manje moun yo fin itilize, yo lage nenpòt ki kote nan lakou, ki vin bay lòt pwoblèm ki ka gen konsekans sou sante moun.

Kè kase pou Sekirite piblik la

Nan yon operasyon li tanmen nan apremidi 4 me 2004, Lapolis Nasyonal d Ayiti arete 6 moun, yo sispèk ki ta gen men yo tranpe nan anpil move zak k ap blayi nan jou sa yo nan kapital la.

Pami moun sa yo arete yo, gen yon ansyen polisye yo rele Harold Gaspard, ki te deja komèt move zak ane anvan yo, espesyalman yon atak ki te fèt sou anplwaye anbasad dominiken nan Pòtoprens, dapre sa enspektè jeneral Michael Louisius, responsab Direksyon Santral Polis Jidisyè, fè konnen sou antèn Radyo Kiskeya.

Koumansman mwa me 2004 la, divès kategori nan popilasyon an pa gen konfyans sou sistèm sekirite piblik ki an plas depi 29 fevriye 2004, lè diktatè Jan Bètran Aristid te vole gagè.

Ti machann, gwo machann, senp sitwayen ak sitwayèn sibi zak agresyon nan Pòtoprens ak nan plizyè lokalite an pwovens. Tanzantan, gen kouri, panik, nan sant vil Pòtoprens, avèk zam k ap chante, vòlò k ap mache mete presyon sou sitwayen ak sitwayèn yo.

Kolektif atis ak entelektyèl, ki rele NON, mande otorite yo pran dispozisyon nesesè kont bandi, ladan yo manm polis nasyonal, k ap kase ponyèt moun toupatou, nan katye popilè Pòtoprens ak nan vil pwovens peyi a. Kolektif NON an rele anmwe kont pakèt zak ensekerite, dechèpiyay k ap ogmante nan dènye jou sa yo.

Mèkredi 5 me 2004, gen yon bann chimè, ki te konn fè ak defè sou reny Aristid la, ki menase pou kreye dezòd nan peyi a, si yo revoke yo nan sèvis TELEKO, kote yo te konn estannbay ak gwo zam lou anvan 29 fevriye.

Ofisyèlman, se polis nasyonal la ak fòs miltinasyonal la ki an dwa pote zam, fè patwouy epi fè fouy. Men, gen manm ansyen Fwon Nò a ki toujou avèk zam yo te itilize kont rejim lavalas la.

Gen tou ansyen chimè ki sere zam rejim lavalas la te ba yo pou gaye zak dappiyanp moun, vòlò machin oswa agrese moun nan katye popilè, nan vil pwovens ak seksyon kominal. Antretan, anpil gwoup ak zam kontinye ap fè e defè toujou, espesyalman nan Nò ak Plato Santral.

Pa ekzanp, nan depatman Nò a, ou jwenn patizan rejim ki tonbe a, ki andedan yon pati politik, ki chaje ak zam, k ap menase peyizan, dapre temwayaj ki vin jwenn AltèPrès. Sa lakoz peyizan sa yo ap asiste manje yo pwodui k ap rete pouri sou pye, akoz presyon pati politik kòkòday lavalas sa a ap fè sou yo.

Anpil nan 200 polisye gouvènman Latòti a revoke poko remèt zam ak lòt materyèl Leta ki te nan men yo, alòske yo sispèk plizyè nan ansyen polisye sa yo pa t respekte prensip pwofesyonèl yo, te gen men yo tranpe nan yon pakèt zak maspinay dwa moun detan yo te gwo bwa sou reny rejim bout di lavalas la.

Gen tou yon bann atoufè lavalas ki kontinye gen gwo zam nan men yo, san anyen pa fèt pou retire materyèl lanmò yo nan men yo.

Otorite tou nèf yo poko janm di si yo rive dekouvri kachèt bann lwijanboje ki te konn pèsekite sitwayen ak sitwayèn ak chay zam lavalas te remèt yo.

Se vre, gen kèk arestasyon ki fèt. Men, okenn jijman poko fèt sou moun yo sispèk ki t ap komèt krim. Deja, pandan 2 mwa ki sot pase yo, gen 2 ajan Administrasyon Penitansye Nasyonal (APENA) ki viktim anba zak atoufè. Youn nan 2 ajan APENA sa yo mouri. Lòt la t ap pran swen sou kabann lopital.

Jiska prezan, pèsonn pa rive konnen kote yon bann atoufè, ki te komèt gwo zak, ki te sove yon fason sispèk nan Penitansye nasyonal nan dat Premye janvye 2004, pase. Lapolis pa di, non plis, si l ap bouske yo oswa si li rive reprann pami yo, fè yo retounen nan prizon.

Kesyon sekirite a rete yon gwo tèt chaje pou sitwayen ak sitwayèn yo, avèk anpil zak bandi, vòl machin, kidnaping ki fèt espesyalman nan Pòtoprens ak lòt gwo vil nan peyi a. Pwoblèm sekirite a rete poze, malgre prezans fòs okipasyon etranje a. Depi 2 mwa, gen kouvre fe sou tout teritwa peyi a, ant minui pou rive 5 è di maten chak jou.

Koumansman mwa me 2004 la, ansyen manm Fwon Nò a remèt bay lapolis, apeprè 50 zam divès kalib. Fòs miltinasyonal la rekipere tanzantan kèk zam, men dezameman an poko total sou tout teritwa peyi a.

Apati mwa jen 2004 la, dapre desizyon konsèy sekirite Nasyon Zini pran vandredi 30 avril 2004, ap genyen an Ayiti yon fòs lapè 6 mil 700 militè ak mil 622 polisye k ap vin pran plas fòs miltinasyonal la ki genyen ladan, depi 2 mwa, 3320 militè etranje, pami yo 1900 ameriken, 730 fransè, 360 kanadyen ak 330 chilyen.

Al Chèche bourad lajan

Jera Latòti ta renmen fè peyi d Ayiti tounen yon poto mitan, nan kesyon ankouraje biznismann peyi etranje vin itilize resous lajan yo pou bay dyòb.

Se sa li fè konnen nan premye jou vizit li aletranje nan Wachintonn, kapital peyi Etazini. Latòti pral chèche fè Ayiti retounen sou lis pwojè Inyon Peyi Ewòp yo, espesyalman nan pwogram anfavè peyi Afrik, Karayib ak Pasifik, kote Ayiti ta sipoze benefisye yon seri bourad lajan ansanm ak peyi vwazen l Repiblik Dominiken.

Se apremidi madi 4 me 2004 Latòti tanmen yon vire won nan kèk gwo kapital peyi etranje, tankou Wachintonn, Pari ak Briksèl, pou fè pwomosyon pwogram ekonomik gouvènman l ap dirije a. Nan mitan mwa avril 2004 la, nan Pòtoprens, sous lajan entènasyonal yo te gen okazyon fè konesans ak plan batay ekonomik gouvènman an.

Nan dat sa a, ekip Latòti a te presize yo ta swete pou kominote entènasyonal la sispann fè sopoudraj nan èd l ap bay Ayiti. Se poutèt sa, ekip Latòti a anvizaje 4 gwo aksyon pou remete peyi d Ayiti sou bon wout : elektrisite (enèji) pou tout peyi a ak devlopman enfrastrikti, sekirite, devlopman lokal (kidonk desantralizasyon), devlopman resous moun.

Sou bò pa yo, peyi Karayib yo, ki regwoupe tèt yo andedan Karikòm, ap reyini semenn sa a pou diskite ki desizyon y ap pran konsènan Ayiti. Peyi KARIKà’M yo te mande, koumansman mwa mas 2004, louvri yon ankèt sou fason Jan Bètran Aristid te demisyone.

Nan bouske lavi miyò

Pri lavi a kontinye trè wo, sitou nan nivo pwodui moun plis bezwen. Sitwayen ak sitwayèn yo ap rele anmwe devans pri machandiz k ap monte grad divizyon nan dènye jou sa yo. Ministè komès pral chita ak moun k ap kòmande machandiz yo, pou w`e ki jan yo ka amelyore sitiyasyon an, pou popilasyon an ta rive gen yon souf nan lavi chè a.

Malgre pwoblèm sekirite a, popilasyon an, ki swaf pou reprann lavi nòmal li, te desann an foul, finisman mwa avril 2004 la sou Chann Mas, pi gwo plas piblik nan kapital Pòtoprens, pou al asiste espozisyon pwodui lokal yo te òganize nan okazyon Premye Me, fèt agrikilti ak travay.

Se kesyon travay, moun yo difisil pou jwenn, ki te pouse plizyè milye jèn te vare ak papye nan men yo pou al enskri nan polis nasyonal la, sa gen kèk semenn, dapre sa obsèvatè yo panse. Bouyay ki te genyen te lakoz youn nan kandida polis sa yo te mouri nan kondisyon yo poko eklèsi jis kounye a.

Sou dosye agrikilti, peyizan nan depatman Plato Santral krenn pou yo ta pèdi sezon pwodiksyon yo, si yo pa jwenn konkou ministè agrikilti pou plante disi 2 semenn pandan lapli k ap tonbe a. Peyizan sa yo te viktim zak agresyon rejim lavalas la ki, nan epòk yo te la a, te fè konnen y ap chèche asayan nan zòn yo rele Pènal toupre fwontyè ak Repiblik Dominikèn.

Anpil nan peyizan sa yo, ki viv nan yon lokalite ki rele San Pèd (sou bò Ayiti) t al eseye refijye kò yo nan lokalite Rinconcito (sou bò teritwa Repiblik Dominiken), apre rejim lavalas la te boule pase 200 kay, sou pretès yo t ap eseye deloje gwoup ansyen militè ant 2002 pou rive 2004.

Gen 18 mil moun ki viktim trafik moun, ant janvye pou rive desanm 2003, ki al ateri lòt bò fwontyè panyòl, sou pwomès y ap fè yo jwenn travay.

Se GARR, Gwoup k ap Apiye Refijye ak Rapatriye, ki soti nan Repiblik Dominiken, ki bay chif sa a nan yon bilan li prezante devan laprès finisman avril 2004.

Ant janvye pou rive desanm 2003, GARR anrejistre ka 18 mil moun, gouvènman Hipolito Mejia voye retounen an Ayiti, san li pa t respekte kondisyon rapatriman 2 peyi yo te diskite sou sa. Chif ofisyèl biwo migrasyon ak òganis dwa moun an Repiblik Dominiken pale pito de 21 mil moun gouvènman lòt bò fwontyè a ta rapatriye, yon fason gwoponyèt, nan menm peryòd la.

An janvye 2003, gouvènman lavalas la te raze yon vilaj ki te genyen yon kantite refijye gouvènman dominiken an te pimpe tounen an Ayiti. Vilaj sa a chita sou fwontyè Malpas, anviwon 50 kilomèt nan nòdès kapital Pòtoprens.

GARR te pran dispozisyon, ak sipò lajan yon ONG, konstwi yon santèn kay pou loje fanmi ki te viktim nan zak kraze brize ansyen minis enteryè a, Jocelerme Privert, ki nan prizon kounye a, te otorize polis lavalas la fè an 2003 a.

Nouvo vilaj sa a tabli nan lokalite Fon Parizyen, toupre fwontyè Malpas la. Se Declas Polynice, yon abitan nan zòn lan, ki ofri GARR pòsyon tè sa a kòm don, pou akeyi fanmi viktim yo. Yon bon pati nan fanmi sa yo te kouri al refijye kò yo nan kay sa yo nan moman evenman dènye semenn mwa fevriye 2004 la, ki pote ale rejim lavalas la.

Dimanch 25 avril 2004, GARR te siyen kontra ak yon pati nan fanmi ki te viktim zak kraze brize rejim lavalas la. Fanmi sa yo p ap gen dwa ni lwe ni vann kay sa yo ki gen 2 pyès nòmal ak yon galri, plis yon ti lakou.

Fanmi, ki koumanse viv nan vilaj sa a, pral kapab jwenn dlo potab pou bwè, apre ONG, ki te bay bourad lajan an, te fè fouye yon pi atezyen sou tè vilaj la.

Voye pye kont nominasyon nan lakomin ak delegasyon

Divès vwa ap leve depi 2 semenn kont yon seri nominasyon gouvènman Latòti a fè pou al rsponsab lakomin yo epi pou reprezante Pouvwa Ekzekitif la nan chak depatman.

Se sitiyasyon sa a ki prezante pou lakomin Pòtoprens, lakomin Dèlma ak delege nan depatman Sid, yon seri sitwayen akize dèske yo ta moun nan zòn sa yo. Kòm kwa, se ta etranje, se ta moun vini yo ye kote yo pral sanse pran responsablite a.

Anpil moun di se sèl madan Kolo ki te moun natif natal Pòtoprens. Apa limenm, tout lòt moun ki vin ap viv nan zòn metwopoliten kapital d Ayiti a, se moun vini yo ye. Yon senp ti ankèt ka montre yon bon pati popilasyon ki vin tabli nan Pòtoprens, se nan vil pwovens, toupatou nan peyi a, yo te fèt.

Moun, ki di yo pa dakò ak nominasyon sa yo, deklare tou gouvènman Latòti a pa t konsilte yo, pa t pale ak yo anvan li pran desizyon yo. Sa ta vle di, dapre sa yo fè konprann, se yomenm ki ta gen dwa deside ki yès k ap alatèt lakomin oswa delegasyon.

Nominasyon manm konsèy administrasyon kominal ki pral jere lakomin yo, nominasyon delege ak vis delege, ki an chaje reprezante Pouvwa Ekzekitif la nan tout depatman jewografik yo, se jis apre yon mwa enstalasyon l, gouvènman an fè yo.

Nòmalman, gen divès kesyon yo ta ka poze majistra ak delege ki te sou rejim Aristid la, lè yo konsidere kantite zak briganday ki te rive sou administrasyon moun sa yo.

Kèk jou sèlman apre li monte, gouvènman an te entèdi anpil gwo chabrak lavalas kite peyi a, menm si plizyè manm pati lavalas la kontinye kriye eskandal, kontinye kriye se ta dispozisyon ki depaman ak lalwa.

Jiska prezan, nouvo otorite yo poko rive kontwole toupatou nan peyi a, espesyalman teritwa lokal yo. Sitwayen ak sitwayèn yo fè konnen gen twòp tan ki pase, anvan lòt tèt tou nèf parèt nan administrasyon piblik lokal yo.

Ayiti pral retounen sou wout eleksyon

Se avèk anpil difikilte, san limyè, 8 sou 9 manm Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) tou nèf rive fè premye jounen travay yo nan dat 5 me 2004. 8 manm KEP sa yo te pran kontak ak anplwaye ki la yo, epi koumanse antre nan dosye yo jwenn, pou wè kouman yo ka derape tout bon.

Deja, yo idantifye pwoblèm blakawout, pwoblèm fè nwa ki lakoz yo pa ka limen òdinatè, pwoblèm lojistik (mwayen deplasman). Yo fè konnen yo pral gade ki jan yo ka rezoud pwoblèm sa yo, anvan yo rive monte biwo KEP a.

Se madi 4 me 2004 la, 8 sou 9 manm Konsèy Elektoral la te sèmante devan lakou kasasyon pou al òganize eleksyon an Ayiti.

Pati lavalas, ansyen diktatè Jan Bètran Aristid la, pran pretès pèsekisyon politik, pou li pa voye okenn reprezantan andedan òganis elektoral la. Premye Minis Jera Latòti kwè se pou popilasyon an ta rele anmwe kont pati lavalas ki vle bloke chimen eleksyon an, apre li fin bloke peyi a pandan ane ki sot pase yo.

Jera Latòti di gouvènman l ap dirije a ta kapab deja mete yon lòt moun nan plas reprezantan Pati Fanmi Lavalas la, avèk konkou sektè ki konsènen nan pwojè akò ki te fèt yo. Men, Latòti presize li pito montre Pati lavalas la kouman limenm ak gouvènman li an respekte règ jwèt demokrasi a.

De tout fason, yo pa ka ret tann twò lontan pou ranplase manm pati lavalas la, pou machin eleksyon yo ka vanse ak vitès ki nesesè. Latòti tou souliyen gouvènman li an pa pral eseye genyen okenn kontwòl sou machin eleksyon KEP a pral mete sou wout ane 2005 la.

Yon gwo Pati Sosyalis, lajman laj, ta sipoze parèt nan reyalite politik peyi d Ayiti, disi mwa jen ak jiyè 2004 la, dapre sa ajans AltèPrès aprann. Alyans Pati Sosyalis sa ta kapab gen ladan : pati politik Komite Nasyonal Kongrè Nasyonal Mouvman Demokratik (KONAKà’M), à’ganizasyon Pèp k ap Lite (OPL), Pati Nasyonal Pwogresis Revolisyonè Ayisyen (PANPRA), Jenerasyon 2004, elatriye.

Sou kesyon eleksyon yo, manm Fwon Nò, ki te pran zam pou jete rejim lavalas la, anonse, finisman mwa avril 2004 la, yo pral patisipe nan tout nivo eleksyon ki gen pou fèt nan ane 2005 la, depi nan eleksyon Konsèy Administrasyon Seksyon Kominal (KASàˆK), pase nan majistra, depite, senatè, rive nan Prezidan.

Hubert Deronceray, ansyen minis Afè Sosyal sou jan Klod Divalye, ki te vin vire do kont rejim Divalye a, ap fè pwomosyon yon Alyans lajman laj Pati Politik Ladwat, depi ane 2003 an Ayiti.

Depi rejim lavalas la tonbe, gen 2 nouvo pati politik ki vin ogmante latriye Pati Politik ki genyen sou teren an. Gen chif ki fè konnen ta gen plis pase yon santèn Pati Politik.

Anvan li fè enstalasyon manm gouvènman an, Premye Minis Jera Latòti te di li panse gen twòp Pati Politik sou teren an. Li ta swete pou peyi d Ayiti rive genyen 4 oswa 5 gwo Pati politik, pou jwèt demokrasi a ta ka mache pi byen.

Gen responsab plizyè Pati Politik ki pa t dakò ak pawòl Latòti a, dotan plis misye pa t chwazi mete reprezantan Pati Politik sa yo andedan gouvènman li an. Sa te lakoz responsab pati Politik sa yo pa t mete pye nan seremoni enstalasyon gouvènman Jera Latòti a.

Gen anpil Pati Politik ki pa ta kapab reyini moun anba yon poto elektrik, dapre pawòl k ap pale nan lari a. Plizyè nan yo pa ta gen yon konpòtman ki respekte règ jwèt demokrasi, nan fè eleksyon lakay yo, nan tande ak konsidere sa baz pati yo panse, nan reyalize kongrè regilye pou mete komite direksyon nan tout nivo andedan pati sa yo.

Laprès ak kesyon Entènèt

Oganizasyon jounalis yo bay anpil mesay nan okazyon 3 me 2004 la, ki te Jounen Entènasyonal Libète Laprès.

Sant Ayisyen Près rekonpanse 5 jounalis pou kouray yo te montre nan dènye evenman politik ki kapote rejim lavalas la. Se jounalis Marie Lucie Bonhomme, responsab sal nouvèl Radyo Vizyon 2000, ki pote lamayòl, dapre desizyon ekip jounalis ki t ap analize travay jounalis yo.

Gwoup Refleksyon ak Aksyon pou Libète Laprès (GRALIP) pibliye yon kasèt odyo ki ranmase temwayaj pase yon trantèn jounalis sou sa peyi d Ayiti sot viv, epi ki analize kèk eleman pèspektiv nan ekzèsis metye jounalis la an Ayiti.

Sou inisyativ Gwoup Medyaltènatif, Twazyèm edisyon fèt Entènèt an Ayiti a te rasanble, vandredi 30 avril 2004, anpil jèn nan plizyè espas aktivite nan Pòtoprens.

Kontrèman a ane anvan yo, se pa sèlman Gwoup Medyaltènatif ki te òganize seyans refleksyon ak jèn yo. Te gen fakilte syans imèn, ki andedan inivèsite Leta Ayiti, ak divès lekòl ki te òganize aktivite sansiblizasyon.

Te gen tou plizyè moun ki te voye mesaj, pami yo minis edikasyon nasyonal la ak rektora inivèsite Leta Ayiti. Sou bò pa l, Telesant Gwoup Medyaltènatif la, ki chita nan Dèlma 43, te akeyi, pandant tout jounen vandredi 30 avril la, plizyè dizèn jèn ki te vin fè konesans ak NTIC (Nouvo Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon).[rc apr 05/05/04 18:00]