Haiti
Atik

Òganizasyon ak pati politik nan Sidès kondane zak kriminèl nan rejyon an epi apiye mouvman leve kanpe san vyolans


Ekri jou mèkredi 21 novanm 2012

Deklarasyon pou laprès plizyè òganizasyon politik

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 21 novanm 2012

Òganizasyon ak pati politik k ap milite nan depatman Sidès la ki se : KROS, Kolektif Anba Zanmann, OPL, MRN, FUSION, KID ; santi yo touche devan sitiyasyon malouk peyi a ap konnen depi kèk tan, sitou ak jan machin ensekirite a ap vale teren nan depatman Sidès la, patikilyèman nan komin Jakmèl.

Sitiyasyon sa a se rezilta jesyon politik pouvwa ak otorite eli nan depatman an ki jwenn sous li nan pouvwa Leta santral la ki li menm plonje ra kou nan kòwipsyon, malvèsasyon, enpinite epi k ap sitire asasen ak kidnapè menn lè kriminèl yo avwe se yo ki komèt krim nan. Se rezilta iresponsablite dirijan pouvwa a ki prefere al gade match foutbòl an Ewòp pandan peyi a ap fete viktwa lame endijèn nan te ranpòte sou lame peyi Ewòp yo, 18 novanm 1803. Yon souflèt anplis pou Desalin ak lòt zansèt yo ki te bay san yo pou Ayiti te granmoun tèt li.

Sa pa ta kapab lòt jan, lè palmantè mete tèt yo ak apantè, notè ak lòt moun nan aparèy lajistis la nan depatman an ap mache pran tè prive moun ak tè Leta; lè palmantè ak gwo anplwaye ONA Jakmèl ki dechèpiye lajan kotizasyon ti anplwaye enstitisyon piblik ak prive ap sikile lib e libè nan vil la.

Si jodi a popilasyon an pa ka jwenn sekirite se paske se Senatè ak depite ki detèmine ki kote pou lapolis prezan ak kote pou l pa prezan. Se Senatè ak depite ki deside ki lè ak kibò pou transfere oubyen revoke, jij de pè ak polisye nan depatman an. Sa poko gen 2 jou depi se Wencesclass Lambert ki anonse nan laprès swa dizan mezi k ap pran pou rezoud pwoblèm ensekirite a. Sa ki pwouve yon lòt fwa ankò Wencesclass jwe tout wòl eksepte wòl senatè a. Sa ki pouse nou mande delege Pierre Michel Lafontant ranmase karaktè l osnon bay demisyon l. Desizyon pou transfere yon sèl kou tout polisye ki nan komisarya Jakmèl la pa lòt bagay sinon mannèv politik ki gen pou objektif mete polisye pa l ki pou sèvi l ak frè animal politik li. Bourik mèt mete chapo fòk zòrèy li parèt !

Soti mwa jiyè pou rive mwa novanm ane sa a, nou pa ka konte konbyen ka moun ki viktim zak sasinay, vòl, vyòl ak kidnaping nan depatman an. De (2) dènye ka ki soulve kòlè ak endiyasyon popilasyon an se kidnaping doktè Jean-Marie Brissot epi sasinay ki fèt sou agwonòm Jean-Marie Patrice Etienne annsanm ak anlèvman Johim Maxi ki poko menm gen 3 an, anba vant manman l. Pou moun ki pa konnen, Agwonòm Jean-Marie se yon jèn 32 zan ki pa gen manman ki pa gen papa e ki apèn fini etid li.

Òganizasyon ak pati politik ki siyen anba nòt sa a kondane ak tout fòs yo kalite zak kriminèl sa yo. Yo apiye san rezèv tout mouvman leve kanpe san vyolans k ap fèt pou mande jistis ak reparasyon pou viktim yo ak pou jwenn Ti Johim byen vivan, epi mete kriminèl yo anba kòd.

Òganizasyon ak pati politik yo ap mande tout lòt òganizasyon militan, tout lòt pati politik pwogresis, tout sitwayen konsekan tout popilasyon an jeneral pou rete mobilize, pou kontinye bat chalbari dèyè ensekirite, lamizè, grangou, chomaj, kòripsyon, elatriye…

Aba kidnaping ! Aba ensekirite !

Viv Ayiti ! Viv Sidès !

Jakmèl, 20 novanm 2012

Pou :

KROS - Lesly Cacisse

Kolektif Anba Zanmann - Mushi Jean-Baptiste

OPL - Antonis Télémaque

MRN - Raymond Jean-François

FUSION - Roc Auxène

KID - Macula Bellevue