Haiti
Ti chèz ba

Pozisyon ak revandikasyon tèt kole ti peyizan ayisyen nan moman 200 zan endepandans peyi a, nan okazyon fèt travay ak agrikilti nan peyi Dayiti


Ekri jou vandredi 30 avril 2004

Kominike Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 30 avril 2004

Sityasyon peyi a ap viv jounen jodi a tris anpil epi li enkyetan pou nou menm peyizan ki gen kòd lonbrit nou mare ak tè a. Kriz peyi a ap viv la ki pran modèl devlopman enperyalis klas dominan yo enpoze peyi a depi apre lendepandans li nan lane 1804 vin pi grav nan lane 1980 yo avèk aplikasyon plan neyoliberal la. Kidonk, li klè se pa premyè fwa peyi Dayiti tonbe nan kriz. Anpil solisyon toujou chwazi pou rezoud kontradiksyon ki genyen nan sosyete a ki toujou ale nan enterè minorite a pandan majorite pitit pèp la ap viv nan mizè, nan malsite. Kontradiksyon ki genyen ant pwopryetè fonsye (grandon) ak travayè latè yo, ant patwon ak ouvriye nan peyi a pa janm rezoudÂ…Tèt Kole remake anpil fwa yo toujou fè kriz yo pase pou rezilta aksyon endividi ou gwoup moun kon wè sa te pase nan lane 1986 sou gouvènman Janklod Divalye a, nan lane 1990 sou rejim lavalas la. Nan sans sa a, pouvwa lavalas la gen gwo responsabilite l nan agravasyon kriz peyi a sitou nan aplikasyon plan neyoliberal la ki pa gen anyen pou l wè ak satisfaksyon revandikasyon esansyèl mas popilè yo kit se nan nivo ekonomik, politik ak sosyal. Depi byen lontan, revandikasyon mas popilè a anpatikilye nou menm nan Tèt Kole genyen:

- Sou plan ekonomik, se pou responsab Leta yo kreye kondisyon nan peyi a pou pwodiksyon nasyonal la pran jarèt, desann pri pwodwi premye nesesite yo, fè refòm agrè nan peyi a. Kòm repons, gouvènman Divalye, militè yo, lavalas yo chwazi antre tèt bese nan aplikasyon plan neyoliberal la pou detwi pwodiksyon nasyonal la ak ekonomi peyi a

- Sou plan sosyal, se pou Leta fè refòm nan sistèm edikayon ak sante a pou pèmèt nonsèlman pou tout ti moun al lekòl, pou tout moun jwenn swen sante men sitou pou sitwayen k ap fòme nan sistèm edikasyon an gen kapasite pou patisipe nan transfòmasyon sosyete a. Dwa pou pèp la jwenn travay pou l kapab fè fas ak bezwen fondalnatal li yo Kòm repons, Gouvènman Divalye, militè yo, lavalas yo antre edikasyon an nan lojik neyoliberal la avèk misyon fòme teknisyen ki swa pou egzekite operasyon pwodiksyon, swa pou sipèvize travay ouvriye yo ap akonpli. Kidonk sistèm edikasyon neyoliberal sa a se pou fòme de sitwayen zonbi ki pa gen okenn kapasite pou reflechi sou sosyete a epi patisipe nan transfòmasyon l.

- Sou plan politik, pou nou gen yon vrè demokrasi patisipativ popilè kote tout pitit pèp la kapab patisipe nan tout desizyon politik, ekonomik ak sosyal k ap angaje peyi a, pwononse yo sou fason dirijan yo ap mennen bak peyi a. Egzèse yon kontwòl sou pouvwa a kote prensip Jistis, Patisipasyon ak Transparans ap triyonfe. Kòm repons, otorite lavalas yo tabli yon rejim boutdi, yon rejim otoritè avèk Janbètran Aristid ki chouke yon klima represyon, latèrè ak ensekirite pou anpeche sitwayen, òganizasyon egzèse dwa politik, ekonomik ak sosyal konstitisyon 1987 la ak konvansyon entènasyonal yo garanti yo. Gouvènman sanginè lavalas la komèt yon seri egzaksyon baba sou popilasyon an. Jounen jodi a, ka nou vin pi grav lè n gade degradasyon peyi a nan tout nivo kit se nan nivo politik, ekonomik ak sosyal.

Apre 200 zan endepandans, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen konstate pwoblèm ti peyizan yo rete tennfas:

Sou plan ekonomik ak politik

Sityasyon pwodiksyon nasyonal la kòmanse degrade depi nan lane 1980 avèk aplikasyon plan lanmò neyoliberal la kote lè mas popilè a te koumanse manifeste pou fè revandikasyon yo pase, kote pwodiksyon an li menm te deja fè bèkatè pa rapò ak politik ekonomik kont enterè mas yo, rejim Divalye a t ap mennen. Sityasyon anviwonnman an vin pi grav nan koupe pye bwa pou fè chabon pou konsomasyon nan kay ak nan endistri, pou fè kay ak lòt bagay. Ti peyizan yo lage debra pandye:

- yo pa gen okenn ankadreman teknik

- Ewozyon blayi toupatou, zo dan mòn yo ap griyen chak jou pi plis

- yo pa gen kredi agrikòl.

- Pwodiksyon nasyonal la bese kote peyi a vin pi pòv chak jou pi plis. Pa gen kontwòl nan kantite byen k ap pwodwi nan ekonomi peyi a. Sa fè baz pwodiktiv peyi a ap disparèt.

- Kochon kreyòl ki te sèl espwa malere peyizan yo, ki te kanè bank peyizan yo enperyalis meriken ak tyoul li yo disparèt yo.

- Nan tout peyi a, grandon, chimè lavalas ap degèpi peyizan yo sou tè Leta yo. Nou ka pran egzanp sa ka p pase nan Nòdwès kote ti peyizan yo idantifiye nan 8e Bamoustik gen 8786 kawo tè kote depi 3 dawou 1998 peyizan yo koumanse yon lit bloke tè Leta yo pou grandon pa fè tranzaksyon sou yo. Jounen jodi a, grandon mete ak chimè lavalas ap pèsekite peyizan yo nan savann Mak 8e Bamoustik. Sou 40 kawo tè Leta peyizan rive pèdi rekòl yo plante a. Sou chak 100 manmit mayi pou pi piti lè mayi manke donnen ou ka rekòlte 100 manmit..Pandan latè pa rann ankò, pwodiksyon an ap bese chak jou pi plis, kantite peyizan ap ogmante, lavi a ap monte disèt wotè, sityasyon malsite sa a lakòz ti peyizan ap bandone tè a pou al chèche lavi miyò lòt kote.

- Pwoblèm distribisyon ak legalizasyon tè Leta yo ki pa fèt lakòz grandon yo gen plis fasilite pou degèpi ti peyizan yo sou tè Leta yo.

- Pwoblèm dlo pou awoze tè yo

- Peyizan yo ki pa gen menm yon ti mouchwa tè pou yo travay

- Ti pousyè tè yo genyen yo tounen zo wòch

- Kafe pa donnen ankò

- Nan tout peyi a, pwodwi pèpè yo vin ranplase pwodiksyon nasyonal la: Bannann Sendonmeng, zèl kodenn, pye poul, kochon grimèl, diri, piman, mayi elatriye

- Maladi ap fin touye tout plant lokal yo akoz iresponsabilite ministè agrikilti ( siga toka k ap detwi bannann yo, maladi k ap detwi kokoye)

- Manke yon refleksyon serye ki fèt pou ede peyizan konnen kijan pou yo pwodwi epi transfòme pwodwi yo fè yo jouk rive nan kòmèsyalizasyon, yon fason pou ta evite plant tankou mango, zaboka, kafe, pistach, mayi, pitimi, pwa, elatriye gaspiye. Malerezman pa gen yon sistèm mache ni nasyonal ni entènasyonal ki tabli pou fasilite lavant pwodwi agrikòl nasyonal yo. Anplis, pa gen okenn enfrastrikti pou soutni pwodiksyon agrikòl la.

- Pwoblèm pèch la ki pa gen okenn kontwòl, sa pèmèt pechè ayisyen ap pechè etranje antre nan lanmè a epi fè sa yo vle, jan yo vle.

Lavichè a ki se konsekans aplikasyon plan lanmò neyoliberal la vin ogmante pri lavi a pou mas popilè a. Nou ka wè depi 1986 rive jouk jounen jodi a, pri pwodwi pèpè etranje yo ap galope pandan pwodwi lokal yo ap bese ba. Sa lakòz goud ap pèdi valè l pi plis

- Se chimè, ansyen manm lame, grandon, k ap fè lalwa. Ensekirite ap vale tèren, KASEK, ASEK yo ap fè sa yo pito nan anpil seksyon kominal, yo mare sosis yo ak grandon, chimè, ansyen chèf seksyon ak adjwen ki ranplase KASEK yo epi ki kontinye ap pèsekite peyizan yo sou tè Leta yo. Se nan sans sa a, nou mande Leta Ayisyen pou l pran responsabilite l.

Nan nivo sosyal

Anpil pitit pèp la ap viv nan chomaj ki se konsekans aplikasyon plan neyoliberal la, chomaj sa a mele ak lavichè a vin konplike sityasyon an

- Mas popilè a, peyizan yo, malere ak malerèz lavil tankou andeyò ap viv nan plis malsite

- Privatizasyon antrepriz piblik tankou minotri, siman dayiti elatriye agrave sityasyon mas pèp ayisyen an

- Dezangajman Leta nan sèvis sosyal yo nan tout peyi a espesyalman nan seksyon kominal yo. Sa lakòz jouk jounen jodi a nan plen venteyniyèm syèk sa a, gen seksyon kominal ki pa gen menm yon lekòl nasyonal. Sa ki genyen yo nan movèz eta. Kidonk, sistèm edikatif peyi a andegraba. Leta pa mete, ni konstwi lekòl pou pitit malere yo. Se sèl peyi kote ou gen de gwoup moun k ap viv ladann: moun andeyò ak moun lavil.

- Kesyon batistè jouk jounen jodi a reprezante yon pwoblèm pou peyizan yo. Chak ofisye fikse pri batistè selon aparans ou.

Nan nivo lasante:

Sityasyon an grav anpil, pa gen moun ki ka jwenn swen sante. Nan anpil seksyon kominal pa menm gen yon sant sante. Konsa, anpil peyizan yo mouri espesyalman fanm ak maladi tankou: eklanmsi, kansè kòl matris, enfeksyon, tansyon elatriye. Lè n gade sityasyon an, nan Tèt Kole nou rann nou kont sityasyon malere eksplwate yo, peyizan yo patikilyèman vin pi grav:

Kidonk, li klè premye me a pa kapab fèt Agrikilti ak Travay pou mas yo, pou ti peyizan yo. Se pou tèt sa, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, nan okazyon premye me 2004 la, mande pou tout òganizayon peyizan, tout ti peyizan konsakre jou sa a kòm jou pou reflechi epi chèche altènativ pa rapò a sityasyon mizè, lavichè ak malsite y ap viv. Tèt Kole Ti Peyizan pwofite okazyon sa a pou mande:

Nan nivo Politik:

- Prese, prese pou gouvènman Aleksann Latòti a dezame tout chimè, gang lavalas yo nan tout peyi a, kit se lavil, andeyò tankou zòn kote peyizan yo ap sibi pèsekisyon pou tè Leta.

- Ranplase tout KASEK, Majistra yo. Men sa dwe fèt ansanm ak popilasyon an, pou evite chwa kont enterè popilasyon an pou asire tranzisyon an jouk rive nan eleksyon

- Arete epi fè jije kòrekteman tout kriminèl, tout tòsyonè rejim Divalye yo, rejim militè yo, rejim Aristid la, lame dayiti yo, FRAP, gangs chimè lavalas yo

- Demantle tout gang, tout kò ilegal k ap simen dèy, pote lanmò nan popilasyon an

- Pou Leta reglemante kesyon apantaj la nan peyi a

Nan nivo ekonomik :

- Desann pri pwodwi premyè nesesite yo

- Pwoteje mache lokal la kont envasyon pwodwi pèpè yo

- Relanse pwogram refòm agrè a

- Pran kontwòl tout tè Leta ki an konfli yo

- Pèmèt peyizan yo jwenn tè yo pou yo travay

- Pèmèt peyizan yo jwenn ankadreman teknik, kredi agrikòl pou yo travay tè yo

- Leta dwe kreye yon fon pou sibvansyone pwodwi agrikòl ti peyizan yo

- Leta dwe fasilite ti peyizan yo pwodwi sou gran plantasyon kolektif pou ranfòse pwodiksyon nasyonal la

- Leta dwe envesti nan fè rechèch sou tout sous dlo sou tè tankou anba tè pou fè kanal irigasyon ak lak kolinè pou awoze tè yo

- Pou Leta konstwi bank kredi agrikòl ak sant estokaj nan tout seksyon kominal yo pou ranfòse pwodiksyon nasyonal la pou fèt Agrikilti a kapab gen sans nan yon peyi yo di ki esansyèlman agrikòl.

- Pou Leta pran tout dispozisyon pou ogmante pwodiksyon diri nan Latibonit

- Pou Leta retounen ak repèpleman kochon kreyòl la ki te kanè bank peyizan yo

- Pou Leta reprann kontwòl antrepriz leta yo dekwa pou l bay mas yo sèvis li dwe yo.

- Pou Leta defini yon politik ki pèmèt peyizan yo kapab pwodwi pi byen, transfòme epi komèsyalize yon seri pwodwi ak fwi tankou: pistach, manyòk, mayi, pitimi, mango, zaboka elatriye.

- Pou Leta pran mezi nan egzije tout otorite lokal yo touche yon sèl pri pou lèsepase ak vize zannimo selon lalwa

- Pou Leta rekipere tout tè ki sou kontwòl li andeyò tankou lavil

- Pou Leta tabli yon kadas nan tout peyi a ki di kote tè Leta yo ye

- Pou Leta reyòganize Bidjè nasyonal la pa depatman an fonksyon de bezwen yo ak reyalite yo. Konsa, na rive nan yon fòm dekonsantrasyon ak desantralizasyon ki kapab aleje pwoblèm mas la

- Prese prese pou Leta fè yon ankèt nan peyi a sou kèk lekòl nasyonal ki genyen yo, ki nan move eta yo epi pote amelyorasyon ki nesesè epi konstrikyon lòt lekòl.

- Mete lekòl lise ak tout ekipman nesesè nan seksyon kominal yo

- Restriktire sistèm edikasyon peyi a

- Pou Leta pran mezi pou respete dekrè 2002 sou batistè. Nan sans sa a, fòk Leta bay materyèl epi veye pou tout ofisye eta sivil fè batistè yo gratis

- Pou Leta pran mezi altènativ pou evite pèp la koupe pye bwa yo

- Pou Leta prese prese, kòmande 2 milyon recho gaz pou distribye bay popilasyon an pou l kapab kanpe sistematikman kesyon koupe pye bwa nan tout peyi a.

- Mete ajan pou pwoteje koze anviwonnman an

- Fè wout nan tout seksyon kominal yo

- Mete dispansè nan tout seksyon kominal yo

- Akòde yon atansyon espesyal ak medsin natirèl (remèd fèy)

- Mete klinik mobil nan seksyon kominal yo youn a de fwa pa semèn

- Mete yon lekòl pwofesyonèl nan chak komin yo

- Mete sekirite nan peyi a dekwa pou fasilite envestisman ak kreyasyon travay pou bese chomaj la nan peyi a pou fèt travay la kapab gen sans.

Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen lanse yon apèl pou tout ti plantè, tout òganizasyon peyizan nan kat kwen peyi a, ouvriye, etidyan, ti atizan, pechè, òganizasyon fanm yo ranfòse tèt nou, kontinye batay liberasyon an pou rekonstriksyon peyi a.

Viv Ayiti vèt san pwodwi pèpè !

Viv Ayiti libere anba okipasyon enperyalis yo !

Viv ti peyizan, kle devlopman peyi a !

Pou Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen

Clément François

Kòdonatè, Komite Egzekitif Nasyonal Pèmanan (KENP)

Jacqueline Augustin

Trezorye, Komite Egzekitif Nasyonal Pèmanan (KENP)

Robert Metayer

Ervilus Monmus